Hesperian Health Guides

Premye swen

Poze san nou epi kenbe sitiyasyon an sou kontròl

Pwoteje tèt nou

NWTND fa Page 1-1.png

Pran prekosyon pou nou pa sal kò nou ak san osinon ak likid kò yon lòt moun, pandan nap pran swen yon moun kap senyen.

  • Lave men nou pi souvan ke nou kapab. Si ti san antre nan je nou osinon nan ti grafonyen sou po nou, rense l byen rense. Sa ka anpeche nou atrape enfeksyon.
  • Kouvri je ak po nou. Mete linèt ak gan pwòp, si nou genyen yo. Osinon nou ka mete sak plastik sou men nou. Al gade nan Ki jan pou nou okipe moun malad (chapit sa a poko ekri) pou n aprann plis sou ki jan nou ka pwoteje kò nou kont mikwòb maladi.


Lè yon ka ijan rive, li enpòtan anpil pou nou gen yon plan, ki jan nou ka fè fas ak pwoblèm yo youn pa youn. Sa va ede nou gen lespri klè, pou nou konnen ki sa pou nou fè an premye.

1. Rale yon gwo souf. Yon moun ka fasil kraponnen nan ka ijan. Men lè nou poze, se atò lè sa nou fè yon bon travay. Epitou, sa va kalme moun ki blese a, ak lòt moun kap gade; sa ka fè yo santi tout bagay sou kontròl.
2. Mande tèt nou: eske nou an sekirite kote nou ye a? Si gen dife, si lari a chaje ak moun, osinon si gen lòt danje, se pou nou deplase ak moun ki blese a ale yon kote ki an sekirite. (Si moun nan te kase kou li osinon do li, fòk nou pran anpil prekosyon avè l lè nap deplase l. Deplase li san ou pa kite kou a panche.)
3. Trete pwoblèm ki pi grav la an premye. Sa pa fè anyen si ou pa chache konnen pouki sa li blese, premye bagay pou nou fè se kontwole souf li. Pran souf se lavi. Al gade pwoblèm respirasyon.
4. Lè nou fin kontwole souf li, gade pou wè si lap pèdi san. Si li pèdi twòp san, sa ka touye l.
5. Lè malad la ap respire byen epi li pap pèdi twòp san, kontwole tout kò li pou wè si li pa gen lòt kote nan kò li ki blese. Gade pou wè si li pa gen zo kase. Kòmanse depi nan tèt li, rive jis nan pwent zòtèy li. Poze l kesyon avèk jantiyès. Egzaminen tout kò li, epi manyen kò li dousman pou wè si li genyen lòt blese ki poko parèt. Li rive souvan pou yon moun gen plis pase yon sèl blese. Gen de blese nou pa wè yo fasil.
6. Fè ti pale ak yon moun blese nan yon fason pou li ka santi ke nap pran ka li. Li gen dwa sou emosyon, osinon li gen yon bagay kap fè l mal. Si nou ka kalme l, sa ka fè souf li ak batman kè li tounen nòmal.

Kontwole respirasyon li detanzantan. Gade pou wè si li pap senyen. Si nou kapab kontwole tansyon li, fè sa detanzantan. Yon moun ki blese ka sanble anfòm, men nan yon ti tan touswit, li ka rete konsa, epi li vin byen mal. Kontinye pale avè l. Konsa nou va rekonèt si lap depale oubyen si lap dekonpoze

Yon fanm pale ak yon moun nan foul la pandan lap okipe yon moun ki blese.
Atansyon! Tout moun fè bak tanpri souple. Map chache pote l sekou.


Lè genyen yon aksidan, souvan gen yon foul moun ki kouri vin gade. Mande yo pote nou lanmenfòt. Moun otoritè ki gen gwo vwa, mande yo debleye kote nou ak moun blese a ye. Voye youn chache konkou nan men doktè. Oubyen voye l chache twal pou pansman, osinon voye l al chache dra. Si nou bay chak moun kichòy pou l fè, sa ede yo kalme tèt yo. Konsa nou ka rive fè tou sa nou gen pou fè. Si gen anpil moun ki blese, al gade nan Dezas ak refijye (chapit sa a poko ekri) pou nou konnen ki moun nou dwe pote sekou an premye.

Moun blese a ka petèt ede tèt li. Pifò moun kap pèdi san, yo ka peze sou pwòp blese pa yo Sa va okipe lespri li. Answit, sa pèmèt nou kontwole pou wè si li genyen lòt blese. Oubyen nou ka al pran swen lòt moun ki blese.

? Mande moun ki blese si li gen doulè, si li gen pati kò li ki mouri, si li mal pou bouje.
NWTND fa Page 3-1.png
Siy sa yo fè nou konnen li ka soufri antòs osinon zo kase. Al gade enfòmasyon sou zo kòt kase ak zo kase. Si li santi pi ba kò li mouri, osinon tout kò li mouri, petèt li gen zo rèl do kase.
Mande oubyen gade pou wè si li gen pwoblèm pou li pran souf, oubyen si lap toufe.
NWTND fa Page 3-1.png
Si li gen yon doulè kap mòde l lè li pran souf, se ka yon zo kòt ki kase.
NWTND fa Page 3-1.png
Si li gen souf li wo, lesomak li lou, si nou tande ti bri souflèt lè lap respire, se ka opresyon lap fè. (Al gade nan Pwoblèm respirasyon ak touse - chapit sa a poko ekri.)
NWTND fa Page 3-1.png
Si yon moun anpwazonnen ak pwodui chimik, osinon si li pran twòp medikaman, yo ka lakòz Ii gen pwoblem pou li pran souf.
Gade pou wè si lap depale, osinon si li mal pou li pale. Sa ka ede nou konprann si li blese grav. Aprann ki sa nou dwe fè si yon moun pèdi konnesans.
NWTND fa Page 3-1.png
Sa rive fasil pou moun bwouye lè yo fè aksidan. Men si yo pa ka pale klè, yo endispoze, epi yo rete bwouye, sa se yon siy ke yo blese nan tèt, oubyen yo pran twòp tafya osinon dwòg.
NWTND fa Page 3-1.png
Si yon moun pa ka pale klè, se ka yon donmaj nan sèvo li soufri. Eske li gen yon kote figi li osinon kò li ki fèb, ki tonbe? Al gade nan Pwoblèm tèt ak sèvo (chapit sa a poko ekri).
NWTND fa Page 3-1.png
Si yon moun bwouye, osinon endispoze, se ka maladi sik (dyabèt) ki bay sa. Aprann ki sa nou dwe fè si se sibitman yon moun tonbe malad.
? Gade byen: eske lap pèdi san, eske li gen antòs, anfle, mak ble, mak wouj sou kò, osinon genyen kote nan kò a defigire? Fè konparezon yon kote kò a ki ak lòt la. Pa egzanp, si yon janm pi kout pase lòt la, li ka kase.
NWTND fa Page 3-1.png
Aprann ki sa nou dwe fè si lap pèdi san.
NWTND fa Page 3-1.png
Aprann ki sa nou dwe fè si li gen zo kòt kase osinon lòt zo ki kase.
NWTND fa Page 3-1.png
Si li anfle, si li gen mak ble osinon wouj, li ka senyen anndan kò a. Voye je sou li pou wè si lap dekonpoze.


? Manyen li tou dousman, tèt li, figi, kou, do, devan kò, bra, ak janm li yo. Wè si li genyen kote ki sansib, ki fè mal, ki mouri. Wè si li gen zo deplase. Si moun nan te tonbe, si li blese nan aksidan machin, osinon si li te ka blese zo rèl do li, manyen chak ti zo rèl do li, depi tèt li rive jis fant dèyè li.
NWTND fa Page 3-1.png
Aprann ki sa nou dwe fè si li blese nan tèt li.
NWTND fa Page 3-1.png
Si nou sispèk moun lan ka blese nan kou li, oubyen nan zo rèl do li, anvan nou deplase li, al gade nan "Zo rèl do kase ak kou kase".