Hesperian Health Guides

Kriz sante mantal

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Si yon moun chanje konpòtman li sanzatann, si li gen lide etranj, si li wè bagay lòt moun pa ka wè yo, oubyen si li bwouye nèt, sa ka ba li menm laperèz, epi fè lòt moun pè tou ki bò kote l. Chapit Sante mantal (ki poko ekri) fè nou konnen plis sou maladi mantal, ak lide dwòl ki anpeche yon moun fonksyone nòmalman.

Lè yon moun gen lide ak konpreyansyon ki tèlman dwòl la, epi l ap menase fè tèt li mal oubyen fè lòt moun mal, se ka ijan. Pote li sekou san pèdi tan. Menm jan nou fè nan tout ka ijan, gade pou wè si li pa p respire byen, si li pa p pèdi san, epi si li pa gen lòt blesi. Lè fini, eseye fè l poze san li, epi fè l santi tout bagay sou kontwòl. Sa ka sove lavi li.

Si yon moun di li pral fè tèt li mal oubyen li pral fè lòt moun mal, se pou nou kwè sa li di nou.

Si yon moun ap menase lòt moun, anpil fwa li pi bon pou moun ki ozalantou li rale kò yo nan sityasyon an, pase pou fè moun malad la deplase. Chache lòt moun ede ou pou asire ke moun nan ak katye a an sekirite. Veye pou ou pwoteje pwòp tèt pa ou tou.

De gason kap pale; youn chita ap kenbe tèt li.
Ou gen lè pran emosyon.
Se twòp ! M pa kapab sipòte plis !

Si yon moun di l ap pral blese oubyen touye tèt li, premye bagay pou ou fè se rete poze, epi koute sa l ap di a. Poze li kesyon an dousè ; konsa wa fè li konprann ke ou gen kè sansib pou li, epi w ap konprann sa li di ou. Lè w ap poze li kesyon, sa ka chanje lide li, epi fè li abandonnen pwojè li.

  1. Mande li fè ou promès ke li dakò avèk ou pou l pa fè tèt li mal, ni pou l pa fè lòt moun mal. Epi wete tout zouti ak zam li genyen.
  2. De gason kap pale toujou.
    Eske ou kwè ou ta vrèman touye tèt ou ?
    Lide sa a nan tèt mwen toutan. Koulye a m pral fè l !
  3. Mande li si li deja fè plan pou touye tèt li. Mande li si li gen mwayen pou rive fè l. Plis li ka di ou egzakteman sa li vle fè, se plis pwoblèm lan grav.
  4. NWTND fa Page 43-2.png
    Ki jan ou pral fè l ?
    M gen fizi. Depi timoun yo al lekòl, m ap fè l.
  5. Mande li fè ou promès ke li dakò avèk ou pou l pa fè tèt li mal, ni pou l pa fè lòt moun mal. Epi wete tout zouti ak zam li genyen.
NWTND fa Page 43-3.png
Eske ou dakò pou ou pa fè tèt ou mal jodi a ?
Petèt, pou jodi a sèlman.
NWTND fa Page 43-4.png
Eske ou pèmèt mwen gade fizi ou—pou jodi a ?

Si li tonbe dakò ak ou, konsa li ka kenbe men jis ou jwenn bon jan trètman pou regle pwoblèm li yo. Pa kite l pou kont li. Rete avè l, oubyen mande fanmi li oubyen zanmi li rete avè l. Veye pou li pa soule tèt li—pou l pa sèvi ak ni alkòl, ni dwòg. Alkòl ak dwòg ka fè li bwouye, konsa li gen pi gwo chans pou fè tèt li mal. Li ka bon pou nou chache èd bò kote moun ki responsab nan legliz oubyen bò kote chèf yo nan kominote a. Nou dwe montre l jan nou gen kè sansib pou li. Pou konnen pi byen ki jan nou ka toujou pote l sekou, al gade nan chapit Sante mantal (ki poko ekri).

Lè nou mande yon moun si li gen lide touye tèt li, se pa kesyon sa a ki va pouse l fè l.