Hesperian Health Guides

Kriz

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Kriz se lè yon moun rete konsa li pèdi konnesans, oubyen li ka aji yon ti jan dwòl. L ap bat kò li, oubyen l ap tranble san li pa ka kontwole mouvman kò li. Nòmalman, sa pase nan de twa minit.

Sa ki kapab kòz yon kriz se gwo lafyèv, menenjit, manke dlo nan kò, yon blesi, malarya, anpwazonnman, oubyen lòt pwoblèm toujou. Si nou pa wè okenn pwoblèm grav konsa, epi si se yon sèl kriz li te fè, se ka pa grav (men lè nou wè yon moun ap fè kriz, sa ka fè nou pè anpil).

Si yon moun fè kriz tanzantan, se ka malkadi li genyen, yon pwoblèm ki dire sou moun, men nou ka trete l ak medikaman. Se pou li al wè yon ajan sante.

TRÈTMAN

Lè yon moun ap fè kriz, wete tout pwoblèm bò kote l pou l pa fè kò a mal. Kouche li sou kote ; konsa, si li vomi, li pa p rale vomi an nan poumon li. Pa sere yon moun k ap fè kriz, ni pa eseye kenbe lang li.

Si li fè kriz paske li manke dlo, chache konkou doktè. Lè kriz la fin pase, ba li sewòm oral.

Se si menenjit ki bay kriz la, se pou nou kòmanse ba li yon konbinezon antibyotik touswit, pandan nou nan wout pa al kay doktè.

Si se malarya ki bay kriz la : Depi li posib, kòmanse trete l ak medikaman ki konn sèvi nan zòn pa nou an; jeneralman se artesunate (atesinat). Kriz la se yon siy malarya ki grav anpil. Si nou pa fè vit trete l, li ka pote yon moun ale. Al gade nan chapit Malarya ak lòt maladi moustik bay.

Si kriz la dire plis pase 15 minit, ba li diazépam (dyazepam) likid nan twou dèyè li. Sèvi ak yon sereng san zegwi. Pa bay plis pase dòz yo di pou nou bay la epi pa bay plis pase 2 dòz

Lè yon moun soufri ak tetanòs, kò li vin tou rèd. Nou ka twonpe nou epi kwè se yon kriz l ap fè. Machwè li sere (machwè rèd) epi tout kò a vin rèd. Pou aprann rekonèt premye siy tetanòs.

Aprè kriz la fin pase, moun nan ka lou, epi li ka anvi dòmi. Fè li santi tout bagay sou kontwòl.

NWTND fa Page 50-1.png