Hesperian Health Guides

Kriz fredi

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Lè chalè kò a twò ba

Si yon moun twò frèt pandan yon tan ki twò long, li ka mouri. Nan yon ti moman li ka fè yon moun depale, epi ba li lespri lou, ki fè li pa kapab kalkile byen sou sa li dwe fè pou chofe kò li.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI
  • L ap frisonnen
  • Kè li bat vit, souf li anlè.
  • Li pa pale klè, li maladwat.
  • Li bwouye.
  • Li pipi plis.


Pandan chalè kò a ap desann, batman kè a ak souf li ap ralanti tou. Moun nan ka chita, li sispann frisonnen, epi li tèlman bwouye, li kòmanse wete rad sou li. Lè fini, li ka endispoze oubyen mouri.

TRÈTMAN

Si li pa p pran souf, fè respirasyon bouch nan bouch pou li. Yon moun ki frèt anpil ka reprann li, menm si li pa t pran souf pandan yon bon ti tan. Nou ka oblije fè respirasyon bouch nan bouch pou li pandan inèdtan oubyen menm plis pase sa.

  • Mete li kote li fè cho epi li sèch.
  • Wete rad ki mouye.
  • Vlope l ak dra ki cho e sèch. Fè atansyon pou nou kouvri tèt li, men li, ak pye li yo.
  • Fè tout sa nou kapab fè pou rechofe moun nan. Karese l pou chalè kò nou chofe kò pa l. Chofe pyè epi mare yo nan twal, oubyen sèvi ak yon boutèy dlo cho pou chofe l. Men fè atansyon pou nou pa boule po a.
L ap trete yon moun ki gen chalè kò li twò ba
Rad ki sèch, dra, ak chapo
Chalè kò yon lòt moun (oubyen pyè ki chofe, boutèy dlo cho)
Bwason ki cho e sikre
Dra ki pliye, oubyen bwat katon, pou kouvri tè frèt kote li chita a.

Si moun nan ka leve chita, epi si li kapab kenbe yon vè, ba li bwè bwason cho. Pa ba li tafya. Menm si tafya santi «cho» nan bouch ak nan vant yon moun, li fè kò a pèdi chalè. Ba li manje. Sirèt ak lòt dous bon anpil. Apre sa, ba li manje gwo manje. Ankouraje li bwè anpil dlo.

Si chalè kò a tonbe pi ba pase 32 degre C (90 degre F), si li pèdi konnesans, epi si li pa p frisonnen ankò, ka a grav anpil. Fè vit chache konkou, men pandan nou nan wout, eseye aji jantiman avè l.