Hesperian Health Guides

Respirasyon

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Moun k ap toufe

NWTND fa Page 4-1.png

Si yon moun ka touse ak pale, sa fè nou konnen li kapab pran souf.


Lè gen manje oubyen yon lòt bagay k ap bouch gòj oubyen kannal souf yon moun, epi moun nan pa kapab pran souf, nou di l ap toufe.

Si moun nan ap touse, kite l touse. Men si li pa ka touse epi li pa ka pale, sa fè nou konnen li pa kapab pran souf non plis. Nou ka sove lavi li si nou fè vit pote l sekou.


Pou aprann ki jan pou ede yon tibebe k ap toufe, al gade en bas.

Ba li kou sou do
Fè l panche kò li sou devan bò tay li. Ba li 5 kou nan mitan do a, ant omoplat yo (gwo zo pa dèyè ki atache sou zepòl yo). Sèvi ak pla men ou.

Si sa pa bay rezilta :
Imaj la montre nou ki jan pou n bay kou sou do.
Peze fò e vit sou vant li.
Kanpe dèyè do li. Pase 2 bra ou kenbe moun nan nan tay li.

Fèmen men ou youn sou lòt sou vant li, anlè lonbrit la, pi ba pase zo kòt yo.


Peze fò sou vant lan yon sèl kou, ba li yon soukous anba jis anwo. Fè l ase fò pou leve moun nan anwo tè a. (Pa fè l si fò kay timoun.) Repete sa jis 5 fwa.


Si genyen yon bagay k ap bouche gòj li, ki fè lè a pa ka antre nan poumon li, sa fòse lè ki nan poumon yo soti, epi sa gen dwa degaje gòj li.


Pou fanm ansent oubyen pou moun ki gra anpil, pase de bra ou kenbe moun nan nan lestomak li. (Mete men ou youn sou lòt nan mitan sen li yo.) Peze lestomak li yon sèl kou, tou dwat nan direksyon do a.

Imaj la montre nou ki jan pou n peze fò sou vant lan

Si moun nan ap toufe epi li pèdi konnesans

Ak anpil swen, mete li kouche sou do. Louvri bouch li pou ou ka gade anndan gòj li. Si ou wè yon moso manje oubyen lòt bagay k ap bouche gòj li, pliye yon dwèt pou ou ka wete sa ki nan bouch la. Men pa foure dwèt ou nan fon gòj li, pou ou pa pouse bagay la pi fon toujou. Lè fini, fè respirasyon bouch nan bouch pou li.

Tibebe ki poko gen ennan

Si yon tibebe ap toufe epi li pa kapab ni kriye ni touse, eseye debouche gòj li. Ba li kou sou do li ; peze lestomak li.

Moun k ap neye

Fè vit wete moun nan nan dlo a. Fè vit kòmanse fè respirasyon bouch nan bouch, epi kòmanse peze lestomak li. Premye bagay pou nou fè se respirasyon bouch nan bouch pou fè lè antre nan kò moun nan.

Si moun nan vomi, mete li kouche sou kote. Sèvi ak dwèt nou oubyen ak yon ti twal ; avèk anpil swen, wete vomi a pou sa pa toufe li.

Respirasyon bouch nan bouch

Lè yon moun sispann pran souf, li gen 4 minit pou l viv ase. Petèt ou ka sove lavi li si ou fè respirasyon bouch nan bouch pou li. Men sa ki ka fè yon moun sispann pran souf : li ka gen yon bagay ki kole nan gòj li, li te ka pran gwo kou nan tèt li, li te ka manke neye, li te ka pran nan kouran, li te ka pran twòp medikaman, oubyen li twò frèt (chalè kò li twò ba).

Si yon moun sispann pran souf, gen de fwa nou ka sove lavi li, si nou fè vit kòmanse fè respirasyon bouch nan bouch pou li.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024