Hesperian Health Guides

Pwazon

Lè yon moun bwè pwazon, prèske toutan se pou nou fè vit ba li bwè anpil dlo, pou rense pwazon an fè l soti nan kò li. Si nou ba li poud chabon, sa va bwè pwazon an pou li pase nan watè li. Si nou konnen non pwazon an, al gade nan tablo pou konnen ki sa pou nou fè.

Granmoun: bay 50 rive 100 gram poud chabon, melanje l ak dlo.
Timoun: bay 1 gram pa kilogram pwa timoun nan, melanje l ak dlo.


Poud chabon pa koute chè. Li bon pou nou mete li nan famasi nou.

Si yon moun pa ka respire byen, osinon si lap pèdi konnesans, pa ba li ni dlo, ni poud chabon, ni okenn lòt bagay nan bouch li. Sonje byen: sa ki pi enpòtan, se pou yon moun ka pran souf.

Lè yon moun bwè pwazon, li pa fasil bon pou nou fè li vomi. Sa ka menm bay danje. Si yon moun te vale yon pwodui chimik kap boule, tankou asid, oubyen gazolin, gaz lanp, gazòy, terebantin (tinè), pa janm fè li vomi. Si souf li anlè, pa fè li vomi nonplis.

Si nou vle fè moun nan vomi, fè l ase vit ke nou kapab. Fòk poko gen de twa zèdtan depi sa rive. Pou fè yon moun vomi, foure yon dwèt nan gòj li. Oubyen fè li vale yon kiyè sèl.

Ki sa pou nou fè pou moun pa bwè pwazon
Yon timoun kap chache rive nan gadmanje ki anba kle.
Sere tout pwazon kote timoun pa ka rive.

Nou kapab evite anpwazonnman. Mete letikèt byen klè sou tout pwazon ak medikaman. Sere tout bagay ki pwazon kote timoun pa ka rive, byen wo, oubyen mete yo anba kle. Pa janm sèvi ak bwat osinon boutèy ki te sèvi pou bagay ki pwazon, pou nou mete manje osinon bwason ladan yo—menm si nou lave yo. Pa janm mete pwazon nan bwat osinon nan boutèy ki te sèvi pou sere manje ak bwason.

Lè moun vle fè tèt yo mal, osinon touye tèt yo, yo souvan sèvi ak pwazon. San fè gwo jefò, nou ka anpeche moun touye tèt yo, si nou mete anba kle tout pwazon, fizi, ak lòt bagay ki ka bay lamò. Pou aprann plis sou ki jan nou ka ede yon moun ki vle touye tèt li, al gade nan Sante mantal (chapit sa a poko ekri).

Anpwazonnman ak pwodui chimik

Kalite pwodui chimik
Danger.png
 Siy
anpwazonnman
+
Ki sa pou nou fè
Pwodui ki boule:
  • Amonyak (ammoniaque; ammonia)
  • Pil
  • Asid
  • Pwodui pou debouche twou rego
  • Soud kostik (soude caustique; caustic soda)
  • Lesiv (lessive, lye)
pil ak lesiv

Asid osinon soud kostik. Yo boule anndan kò a.
  • Bouch la bay anpil dlo
  • Bouch, gòj, lestomak, vant, osinon do fè li mal
  • Li vomi
  • Li mal pou vale
  • Pa fè li vomi.
  • Poud chabon pa itil
  • Ba li bwè anpil dlo, mezi li ka pran. Chache konkou.
Idwokabi (hydrocarbure; hydrocarbons):
  • Gazolin
  • Asid kabolik
  • Terebantin
  • Kanforik
  • Tinè
  • Luil pen
  • Gaz lanp
  • Fenòl (phénol)
Yon bwat gazolin.

Gen pi gwo danje si moun respire yo.
  • Souf li anlè,
  • Li touse, toufe, trangle
  • Li fè lafyèv
  • Li fè kriz, li endispoze
  • Souf li ka gen sant pwazon an.
  • Pa fè li vomi.
  • Pa ba li poud chabon.
  • Ba li bwè anpil dlo.
  • Lave po, cheve li, wete tout rad ki kontamine.
  • Ede l respire, si nesesè. Voye je nou sou jan lap respire pandan 2 jou.
  • Chache konkou.
Syani (cyanure; cyanide):
Yo sèvi avè l nan min, faktori, tannen kwi, pwazon rat.

Moun ka respire l oubyen vale l ak manje e dlo kontamine.

Yon bwat pwazon rat.

Dife anndan kay ka fè moun respire syani nan lafimen an. Sa ka bay sant zanmann amè.
  • Souf li anlè.
  • Li gen maltèt, li fè kriz, li bwouye.
  • Donmaj nan sèvo li kap dire lontan sou li
Òganofosfat ak kabamat:
(organophosphorés; organophosphates, carbamate)

Nou jwenn yo nan kèk pèstisid (pwazon pou touye ti bèt), tankou:

  • Malatyon (malathion)
  • Paratyon (Parathion)
Yon bwat pwazon ki pou touye ti bèt.

Yo ka fè moun sispann pran souf, ak lòt gwo pwoblèm.
  • Kè li bat dousman, kò li fèb, souf li anlè.
  • Nen, je ak bouch li bay anpil dlo.
  • Li fè kriz
  • Souf li santi tankou gazolin osinon lay.
  • Pwoblèm grav, ki ka lakòz lanmò, ka rive plizyè jou aprè li bwè pwazon an. Pwoblèm nè ki dire sou moun ka parèt nan plisyè senmenn.
  • Gade pou wè si lap respire byen. Fè respirasyon bouch nan bouch, si nesesè.
  • Ba li atwopin.
  • Ba li poud chabon si poko gen inèdtan depi li bwè pwazon an.
  • Fè vit lave po a. Jete tout rad kontamine.
  • Si li fè kriz, ba li dyazepam.
Pwazon pou touye plant:
  • Parakat (paraquat, gen plizyè non mak)
  • Glifosat (glyphosate, non mak: Roundup ak lòt non)
Yon moun ap flite pwazon nan jaden.

Li ka pase nan po a antre nan kò, nan souf moun; sa ki pi mal, se lè moun vale yo.
  • Pwoblèm souf (ki parèt nan plisyè jou).
  • Bouch fè mal
  • Pipi koulè wouj osinon mawon, li pa pipi anpil oubyen li pa pipi ditou (sa fè nou konnen ren yo pa mache—se grav anpil).
  • Si yon moun bwè anpil pwazon nan bouch, sa ka boule bouch ak gòj li, bay vant fè mal ak pwoblèm pou li pran souf.
  • Gade pou wè si lap respire byen. Fè respirasyon bouch nan bouch si nesesè.
  • Ba li poud chabon.
  • Chache konkou.

Anpwazonnman ak medikaman

Medikaman
Danger.png
  Siy nou wè lè yon moun bwè twòp
+
Ki sa pou nou fè
Fè (fer, iron):
  • Silfat fè (sulfate de fer; ferrous sulfate)
  • Glikonat fè (gluconate de fer; ferrous gluconate)
  • Vitamin pou fanm ki gwo vant
  • Miltivitamin, grenn ak siwo
Yon flakon grenn fè.

Si moun pran
twòp, sa
donmaje vant
ak fwa yo.
  • Li gen doulè, vomisman, dyare, li vomi san, li bwouye
  • Chòk, touswit osinon jis de jou pita.
  • Fè vit fè li vomi, sa ka ede l.
  • Ba li bwè anpil dlo, mezi li kapab
  • Poud chabon pa bon
  • Antidòt se deferoksamin (deferoxamine)
  • Voye je nou sou souf li.
Parasetamòl (paracetamol):
  • Asetominofèn (Tylenol, Panadol ak anpil lòt)
  • Yo mete parasetamòl nan anpil medikaman pou grip ak doulè (li etikèt yo).
NWTND fa Page 47-2.png

Sa donmaje
fwa a si moun
pran twòp.
  • Li gen kè plen, li swe, po li blèm, li fatige
  • Pita, li gen doulè nan fwa (anwo vant, kote dwat), lajonis, li bwouye, li pipi san
  • Si nou fè l vomi touswit, sa ka ede
  • Ba li poud chabon ak anpil dlo
  • Antidòt se asetilsistin (acetylcysteine)
Nakotik:
  • Mòfin (morphine)
  • Ewoyin (heroïne; heroin)
  • Metadòn (methadone)
  • Opyòm (opium)
  • Oksikodòn (oxycodone)
  • Lòt medikaman ki pou kraze gwo doulè
Si yon moun
bwè twòp, sa
ka fè li sispann
pran souf.
  • Lespri li lou,
  • Reyaksyon li lou,
  • Souf li piti osinon li sispann pran souf
Alkòl:
NWTND fa Page 47-3.png
Si yon moun pran twòp, sa ka fè li sispann pran souf.
  • Li vomi
  • Li bwouye
  • Li fè kriz
  • Souf li lant, li pa regliye
  • Li endispoze
    Si li bwouye, dekonpoze, souf li pa regliye, li gen lè malad, li pa byen menm, se ka yon kriz maladi sik li fè.
  • Voye je sou souf li. Fè respirasyon bouch nan bouch si li nesesè.
  • Vire l sou kote pou li pa toufe si li vomi.
  • Gade l cho.
  • Si li ka bwè, ba li sewòm oral.