Hesperian Health Guides

Ki jan pou nou sèvi ak ‘Wiki’ sante

SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Ki jan pou nou sèvi ak ‘Wiki’ sante

Finding Information

Ki jan pou nou jwenn sa nap chache konnen yo, li fèt menm jan ak yon lis koze nan yon liv; tout chapit nan jan yo ye nan liv la. Nou poko fin ekri liv NOUVO Kote ki pa gen doktè. Konsa, gen sèlman kèk chapit nan Health Wiki—sa yo ki ekri nan koulè wouj nan lis koze a. Si tit chapit la pa ekri nan koulè wouj, chapit sa a poko ekri. Nou espere ke chapit sa yo va ede nou, menm anvan tout liv la fin fèt. Si nou vle bay lajan pou fè travay la avanse, klike isit.

Gen yon bwat nan pati dwat ekran an, ki gen tit «nan chapit sa a» kote yo fè yon lis tout sa ki nan chapit la. Lè nou jwenn yon bagay ki entèrese nou, klike sou li.

Bg search field.png Button search.png

Oubyen nou ka sèvi «search» «bwat rechèch» kote nou ka antre sa ki entèrese nou. Nou jwenn ti bwat la adwat sou anwo ekran an.

Pou konprann ki jan pou nou navige

Nou ka mete sou yon sèl paj wiki sa ki pran kèk paj nan yon liv ki enprime. Gen lòt bagay toujou sou paj la, tankou mwayen pou ale sou yon lòt paj wiki, yon lòt liv, oubyen sou yon lòt sit. Gen de lyen (navigasyon) sou kote gòch la ki ka fè nou jwenn yo:

  • Sit prinsipal Hesperian
  • Boutik la «bookstore» ki pèmèt nou achte liv ki enprime
  • Chapit ki sanble ak yon liv enprime (PDF); nou ka telechaje yo oubyen fè enprime yo.
  • Posibilite pou enprime yon paj jan nou wè li nan ekran an
  • Menm dokiman nan yon lòt lang
  • Yon paj kote nou ka prete enfòmasyon nan men Hesperian, pou nou ka mete pwòp lide pa nou ansanm ak sa Hesperian ap bay la.


Sou anwo chak paj, nou ka jwenn lyen ki montre nou nan ki liv ak nan ki chapit paj sa a ye. Si nou klike sou tit liv la, sa va fè nou jwenn lis tout koze ki nan liv sa a. Si nou klike sou tit chapit la, sa va fè nou jwenn premye paj nan chapit la.

Menm jan ak sa nou ekri anwo a, gen lyen sou kote dwat ekran an ki va fè nou jwenn lòt paj nan chapit la.

Lè nou jwenn kèk mo ki souliye nan koulè wouj, nou konnen se yon lyen ki fè nou jwenn plis enfòmasyon sou menm sijè a lòt kote nan liv la. Si nou gen yon liv ki enprime, li ka di: «pou konnen plis, al gade nan paj 109». Ak Wiki, klike sou lyen an, epi li va fè paj sa a parèt. Pou tounen jwenn menm paj nou fèk kite a, nou mèt sèlman klike sou flèch ki endike retou a, (jeneralman toujou agòch sou anwo nan ekran an).

Nan NOUVO Kote ki pa gen doktè a, nou va jwenn de lyen ki nan koulè gri ki pa mache. Se paske yo poko fin ekri lòt chapit sa yo.

Lè fini, anba sou chak paj genyen lyen ki fè nou jwenn paj ki vini anvan an, ak paj ki vini apre a.

Ki jan pou konprann sa ki ekri sou yon paj, ki sa sa vle di

Pi fò paj yo gen kèk tit ki pa menm gwosè. Tit ki pa gran an, ki sou tèt paj wiki a, vle di sou ki sijè nou pral pale nan chapit sa a. Tit ki pi piti yo ban nou enfòmasyon ki pi klè sou sijè a.

Medikaman

Anvan nou sèvi ak yon medikaman, toujou li tou sa ki ekri sou li nan paj vèt yo. Si nou klike sou non medikaman an ki ekri nan koulè wouj, sa va fè nou rive jwenn kote yo ban nou enfòmasyon ki detaye sou medikaman sa a. Chak chapit nan NOUVO Kote ki pa gen Doktè a gen enfòmasyon sou medikaman ki nan chapit sa a (paj medikaman). Lè liv la fin fèt, yo va mete tout medikaman nan yon sèl chapit nan fen liv la. Men pandan tan li poko fini an, nou va jwenn enfòmasyon sou medikaman an nan fen chak chapit. Genyen yon lyen ak medikaman adwat sou anwo sou chak paj wiki nan chapit la. Pou lòt liv ki nan wiki, nou ka jwenn sa nou vle konnen sou medikaman, si nou al gade nan lis medikaman, oubyen nan paj vèt yo. Genyen de fason nou ka jwenn yo: klike sou tit la ki nan lis koze pou tout liv la, oubyen klike sou non medikaman an ki ekri nan koulè wouj nan tèks la.


Lòt bagay nou dwe konnen sou Health Wiki, Hesperian

Genyen paj ki gen bwat medikaman ki sanble ak sa:

Medikaman pou enfeksyon chanpiyon
Tranpe yon moso koton wat nan vyolèt jensyàn 1%. Mete l nan vajen an chak swa pandan 3 swa. Wete koton an chak maten. Oubyen nou mèt sèvi ak youn nan medikaman sa yo.
Medikaman Ki dòz pou nou pran Ki lè ak ki jan pou nou pran li
Miconazole Yon sipozitwa 200 mg Nan fon vajen an, chak swa pandan 3 swa
Oubyen nystatine Yon sipozitwa 100,000 inite Nan fon vajen an, chak swa pandan 14 swa
Oubyen clotrimazole 2 sipozitwa 100 mg. Nan vajen an, chak swa pandan 3 swa

Nan bwat sa yo, yo di nou ki dòz medikaman pou nou bay, ki lè pou nou bay li, epi pandan konbyen tan. Yo ban nou konsèy ak avètisman sou ki jan pou nou sèvi avè l, ak ki lè pou nou pa sèvi avè l. Gen de fwa nou rekòmande yon medikaman nan tèks la san nou pa mete l nan yon bwat.

Genyen de liv ki gen yon «lis pwoblèm» nan kòmansman paj vèt yo. Nan lis sa a, nou ka jwenn yon pwoblèm sante, nou ka jwenn kote nan liv la yo pale sou pwoblèm lan, ak ki medikaman nou ka sèvi pou trete l. Lè nou sèvi ak «lis pwoblèm» lan, nou ka fasil jwenn sa nou vle konnen sou yon pwoblèm. Men li toujou bon pou nou etidye pwoblèm lan nan pwofondè nan liv la.

Nan kèk liv, nou sèvi ak grafik oubyen imaj pou avèti nou oubyen fè nou konnen kèk bagay.

Men kèk egzanp:

TRANSPÒ!

Mennen l lopital! Chache konkou san pèdi tan!
ATANSYON! Sa ki ekri isit enpòtan anpil
NBgrnimportant.png
ATANSYON! Siy danje!
Icon-cautionpregnant.png
Li ta pi bon pou fanm ansent pa pran li.
Icon-nopregnant.png
Fanm ansent pa gen dwa pran li.
Icon-cautionbreastfeeding.png
Li ta pi bon pou fanm kap bay tete pa pran li.
Icon-nobreastfeeding.png
Fanm kap bay tete pa gen dwa pran li.

Liv Hesperian pibliye yo fasil gen yon chapit ak tit: «other resources» (lòt kote nou ka jwenn enfòmasyon). Isit la, gen yon lis liv, materyèl, ak òganizasyon ki ka bay yon kout men ak plizyè pwoblèm nou ka genyen. Nan lis koze nan chak liv, gen yon lyen ki va fè nou rive jwenn lis sa a. Sou paj Hesperian «books and resources», (liv e lòt kote nou ka jwenn enfòmasyon), epi sou paj «resources by languages», (sa ki ekri nan lòt lang), nou va jwenn plis lyen ankò ki fè nou jwenn plis enfòmasyon. Sèvi ak yo! Genyen yon rezo moun nan lemonn antye ki travay pou lasante ak lajistis sosyal. Si gen lyen ki pa mache, oubyen si nou konnen lòt resous nou ka mete sou lis la, tanpri, fè nou konnen. Kontakte nou nan adrès sa a: [email protected].

Nou ka fè resous sa a vin pi byen si tout moun mete tèt ansanm.

Si nou gen lide sou ki jan Health Wiki Hesperian ka ede nou plis, oubyen si nou vle chanje kèk bagay nan liv yo, tanpri, ekri nou nan adrès sa a [email protected]. Nap tann repons nou.