Hesperian Health Guides

Blesi ki fon

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Se pou nou kite louvri yon blesi ki fon. Si nou pa fèmen l korèkteman, enfeksyon ka mete pye. Sitou blesi ki chire, ki sal, ak blesi pike, nou gen pou lave yo 2 fwa nan yon jou ak dlo bouyi. Kite yo louvri, oubyen louvri yo ankò, pou yo ka geri depi anba rive sou anwo.

Enfeksyon tetanòs (maladi kò rèd) ka mete pye nan yon blesi ki fon. Si genyen plis pase 5 ane ki pase depi moun nan te vaksinen, sa mande pou nou vaksinen li kont tetanòs koulye a ; mete sou sa ba li piki sewòm antitetanik.

Si nou pa konnen si li ta bon pou nou fèmen yon blesi, kite l louvri.

Pa janm fèmen mòde bèt ak dlo e savon, tout blesi pike, ak tout blesi ki chire e ki sal.


Mòde bèt

Lave mòde bèt ak dlo e savon pandan 15 minit pou pi piti. Mòde bèt fasil pou anvlimen. Poutèt sa, trete yo ak amoxicilline avec acide clavulanique oubyen ak yon lòt konbinezon antibyotik ki bon pou trete mòde bèt. Pou mòde chen, si chen an te ka pran laraj, fè menm trètman an.

Pou mòde makak, chovsourit, ak rat dlo, prese bay moun nan vaksen kont laraj, ansanm epi piki sewòm ki pou kraze laraj la.

Laraj se yon maladi ki touye moun. Li aji sou sèvo a, epi li fè yon moun bwouye oubyen paralize. Nan detwa jou, li pèdi konnesans; lè fini, li mouri. Lè yon bèt ki gen laraj mòde yon moun, li ka pran jis yon mwa oubyen plis anvan nou wè siy maladi a, men lè sa a li twò ta pou trete l. Si se ka laraj bèt la gen, epi nou pa jwenn ni vaksen ni sewòm ki pou kraze laraj, kontakte otorite Sèvis Sante Piblik touswit.

Menm si nou pa gen sewòm kont laraj, nou ka anpeche laraj vin sou yon moun si nou fè vit lave po a ak savon epi rense l byen plizyè fwa. An plis, bay yon seri vaksen kont laraj pi vit ke posib."

NWTND fa Page 16-1.png

Premye siy laraj sanble ak siy yon grip. Men li pi mal anpil pase grip. Se lamò sèten. Si nou pa jwenn ni vaksen ni sewòm, pran kontak avèk Sèvis Sante Piblik touswit.

NWTND fa Page 16-2.png

Kout kouto

Blesi ki fon ki fèt ak kout kouto, jeneralman nou dwe kite yo louvri, epi netwaye yo souvan. Bay cloxacilline oubyen clindamycine oubyen céphalexine si nou wè yo vle enfekte.

Kout kouto nan lestomak oubyen nan vant ka grav anpil. Chache konkou doktè.

Lè yon moun pran yon bal fizi

NWTND fa Page 17-1.png

Kouri al chache konkou doktè. Pou rete san an, fè fòs sou blesi a. Tyeke kote bal la antre ak kote l soti. Si nou pa wè kote l te soti, sa ka mande pou yo fè li operasyon pou wete l.

Blesi fèt ak bal fizi fasil pou yo enfekte. Antouka, se pou nou byen lave blesi a. Bay cloxacilline, clindamycine OUBYEN céfalexine.

Si yon moun pran yon bal nan tèt, pandan nou nan wout pou chache konkou, sèvi ak dra pliye oubyen ak zòrye pou leve tèt moun nan yon ti kras. Mete yon pansman pwòp sou blesi a.

Blesi pa bal fasil pou yo enfekte. Fè tout sa ki posib pou nou chache konkou doktè, menm anvan nou wè siy enfeksyon.

Li pran yon bal fizi nan janm. Zo a fele.
Si nou sispèk li te pran yon bal nan zo, zo a ka kase oubyen fele. Fè yon aparèy ki pou kenbe zo a nan yon pozisyon fiks. Moun nan pa dwe sèvi avè l pandan kèk senmenn. Aprann plis sou zo kase.
Li pran yon bal atravè yon zo nan janm. Li kase.