Hesperian Health Guides

Enfeksyon

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Nenpòt blesi kapab enfekte.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT ENFEKSYON

Yon blesi enfekte lè :

  • Li vin wouj, li anfle, li cho
  • Li gen pi ladann
  • Li kòmanse santi fò


Enfeksyon an kòmanse mache nan tout kò a lè :

  • Li bay lafyèv
  • Li bay glann ki anfle e ki sansib
Glann lenfatik se yon bann ti boul moun gen anba po a, ki sèvi tankou ti pèlen pou mikwòb. Lè yo enfekte, yo gonfle, epi yo vin mou.
Kò yon moun ki montre nou 5 bò nan kò a kote nou jwenn glann yo.
Lè se glann gonfle pa anba machwè, se dan ak gòj li ki enfekte.
Lè se glann gonfle dèyè zòrèy li genyen, se nan tèt osinon nan po tèt enfeksyon an ye. Se ka yon blesi, osinon pou (vèmin) ki lakòz sa. Gen de lè, se ribeyòl ki bay sa.
Lè se glann pa anba zorèy epi nan kou, se nan zòrèy, nan figi, osinon nan tèt enfeksyon an ye. Se ka tibèkiloz tou.
Lè se glann anba bra, se nan bra, nan tèt, osinon nan pwatrin enfeksyon an ye. Kansè nan tete ka lakòz sa tou.
Lè se glann nan lenn, se nan janm, nan pye, nan pati sansib, osinon nan twou dèyè enfeksyon an ye.
KI JAN POU NOU TRETE ENFEKSYON

Netwaye blesi a byen. Gen de fwa nou dwe louvri yon absè, oubyen wete pwen kouti yo. Pou aprann plis, al gade nan Pwoblèm po (chapit sa a poko ekri). Si se yon ti enfeksyon tou piti epi l ap geri, nou mèt kite l geri pou kont li. Sinon, jeneralman li bon pou nou bay moun nan antibyotik. Ba li dicloxacilline, céfalexine, OUBYEN clindamycine. Si vaksinasyon moun nan pa ajou. ba li vaksen kont tetanòs. An plis, si blesi fon, bay sewòm antitetanik tou.

Si enfeksyon an pa vle geri, li ka pase nan san yon moun. Yo rele sa enfeksyon san (septisemi).