Hesperian Health Guides

Pwoblèm gwo chalè ka bay

Lakranp, dekonpozisyon, ak pwoblèm gwo chalè ka bay

Lè tan an fè cho, moun k ap travay di epi k ap swe anpil, yo konn gen yon lakranp ki pran yo nan janm, nan bra, oubyen nan lestomak. Sa rive paske, lè yon moun ap swe, kò li vin manke sèl.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT DEKONPOZISYON GWO CHALÈ
NWTND fa Page 55-2.png
  • Swaf la rèd sou li
  • Li pèdi fòs.
  • Tèt li fè mal
  • Li gen kè plen oubyen lakranp nan vant
  • Nòmalman, kò li mouye, li ka vin frèt, li blèm.
  • Po a ka tingting li, gratèl ka leve sou po a.
NWTND fa Page 55-3.png
TRÈTMAN
  • Kouche moun nan yon kote ki fè fre. Wete rad ki pa nesesè sou li.
  • Ba li sewòm oral—melanje yon demi kiyè sèl nan yon lit dlo
  • Ba li bwè anpil lòt likid ki fre.
  • Lonje manm ki fè lakranp la tout longè li, fè li bouje pye li oubyen fè ti mache dousman.


Si nou manke trete dekonpozisyon gwo chalè, moun nan ka endispoze nèt.

Endispozisyon gwo chalè

Endispozisyon gwo chalè se gwo danje. Sa rive lè tan an fè cho anpil, epi yon moun rete twò cho pandan yon tan ki twò long. Si nou pa trete l, li ka pote yon moun ale.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI
  • Kè li bat vit, souf li wo.
  • Po a vin wouj, li cho, li sèch oubyen mouye.
  • Li gen vomisman oubyen dyare.
  • Li depale.
  • Li endispoze, oubyen li fè kriz.
  • Li gen gwo lafyèv, pi wo pase 40 degre C.
yon fanm ki gra k ap kenbe yon vantilatè; li gen lè malalèz
yon jennjan ki swe pandan l ap travay deyò.
Endispozisyon gwo chalè rive moun ki pa ka reprann yo ase vit lè yo twò cho. Sa pi fasil rive vye granmoun, tibebe, moun ki malad, moun ki gra anpil, ak moun ki bwasonnyè. Sa konn rive jennjan ki an sante, si yo travay twò di, oubyen si yo fè twòp egzèsis nan tan gwo chalè. Moun sa yo konn gen po mouye olye po sèch.


TRÈTMAN

Fè vit desann lafyèv la: mete l kouche nan lonbraj. Wete rad ki pa nesesè sou li. Fè van pou li. Mouye tout kò li ak dlo frèt. Mete glas, oubyen twal ki mouye ak dlo frèt, sou kou li, nan zesèl, ak nan lenn li. Si se yon moun ki an sante, nou ka plonje l tout antye nan dlo frèt. Men se danje pou vye granmoun ak pou moun ki deja malad.

Si li gen je klè, ba li sewòm oral. Oubyen ba li nenpòt likid frèt. Men fè atansyon pou li pa toufe; kriz chalè ka fasil bay yon moun pwoblèm pou l pran souf.

Endispozisyon an ka anvlimen sanzatann. Si li posib, li pi bon pou nou chache konkou doktè.

KI JAN POU NOU EVITE KRIZ CHALÈ

Pou nou evite kriz chalè lè nou deyò, pote rad ki gen koulè klè; pote chapo pou bay figi ak kou a lonbraj. Kote moun travay anndan, se pou lè a ka byen pase, epi pou yo sèvi ak vantilatè. Moun gen dwa pran yon pòz tanzantan, epi bwè likid frèt ase souvan. Lè moun travay, oubyen lè y ap jwe lè tan an fè cho, yo pa gen dwa pran plis pase yon ti kras tafya oubyen lòt alkòl. Alkòl fè moun vin manke dlo.

Kout solèy

Se moun ki gen po klè ki pi fasil pran gwo kout solèy. Po a vin wouj, li fè mal, li cho. Nan ka grav, li leve glòb epi li anfle. Glòb kout solèy ka bay yo kapab enfekte, menm jan ak lòt boule. Pa gen danje nan yon sèl kout solèy, men si yon moun pran anpil kout solèy, li ka koze kansè nan po.

NWTND fa Page 57-1.png

Yon kout solèy ap geri pou kont li pandan kèk jou. Dlo lalwa oubyen medikaman pou kalme ti doulè ka soulaje mal la. Ka gen kèk remèd peyi oubyen remèd fèy nan zòn pa nou an ki kapab kalme mal la.

KI JAN POU NOU EVITE KOUT SOLÈY

Lè nou soti anba gwo solèy, pote chapo ak rad ki kouvri po a. An plis, pou evite kout solèy, nou ka pase yon ponmad solèy (ponmad ki pou pwoteje po a kont solèy la) sou po a anvan nou soti.