Hesperian Health Guides

Blesi

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

  1. Fè fòs sou blesi a pou rete san an.
  2. Depi nou kapab, byen lave blesi a. Plis nou byen lave l, se plis chans nou gen pou evite enfeksyon. Pou blesi ki gwo, bay moun nan remèd pou kalme doulè a anvan nou netwaye epi anvan nou okipe blesi a. Ba li yon piki lidocaïne (lidokayin) sou rebò blesi a epi jis anba po a anndan blesi a. Oubyen ba li yon lòt remèd, epi rete tann li fè efè anvan nou okipe l.
  3. Mete yon pansman sou blesi a. Fèmen blesi yo, oubyen kite ti blesi yo fèmen pou kont yo.

Netwaye tout blesi

Nenpòt blesi kapab enfekte, li mèt piti, li mèt gwo. Lave chak blesi byen lave.


Byen lave men nou ak savon. Apre sa, lave blesi a avèk 1 - 4 lit dlo ki pou koule sou li. Pa sèvi avèk dezenfektan (likid ki pou touye mikwòb) paske genyen dezenfektan ki fè yon blesi pran plis tan pou l geri. Si blesi a gen salte ladann, sèvi ak dlo savon pou netwaye l. Lè fini, rense l ak dlo senp.

Leve tout moso po nou ka leve epi netwaye anba yo. Pou yon blesi ki fon, ponpe dlo ladann ak yon ti ponp a men. Kite dlo a koule soti.

Li leve moso po a ak pens pandan lap rense blese a ak dlo.


Oubyen nou mèt wete zegwi ki nan yon sereng, epi sèvi ak sereng lan pou ponpe dlo nan blesi a.

Oubyen, annik vide anpil dlo pwòp sou blesi a ak anndan li.

Lè n ap netwaye yon blesi, fè atansyon pou nou wete tout salte, sitou tè, ti bout bwa, oubyen lòt ti moso salte. Nou ka sèvi ak yon twal gaz ki esterilize oubyen yon moso twal pwòp pou netwaye l. Lè fini, rense l byen.

Ki jan pou nou okipe yon blesi

Pandan yon blesi ap geri, pou evite enfeksyon, fè atansyon pou l toujou rete pwòp. Si li vin sal, netwaye l ak anpil dlo. Pou l rete pwòp, mete yon pansman sou li, yon bann twal gaz ki esterilize, fèy bannann ki lave, oubyen yon moso twal ki byen pwòp. Si nou mete siwo myèl sou blesi a, li ka anpeche l fè enfeksyon. Refè pansman an chak jou, epi lè li vin mouye oubyen sal. Li pi bon pou nou pa mete pansman ditou, pase pou kite yon pansman sou blesi a ki mouye oubyen ki sal.

Se pou nou voye je sou blesi a. Men siy ki fè nou konnen li enfekte : li vin wouj, li fè pi mal, li cho, li anfle, epi li gen pi ladann. Si nou wè siy sa yo, lave blesi a byen lave. Li ka mande pou nou louvri blesi a dousman pou netwaye l pa anndan. Fè atansyon pou enfeksyon pa gaye lòt kote nan kò moun nan.

Ki jan pou nou fèmen yon blesi

Si se yon ti blesi, li pi bon pou nou kite l geri pou kont li. Nou pa bezwen koud li. Sa ki pi enpòtan se kenbe l pwòp.

Si blesi a gen plis pase douzèdtan depi sa rive, lave blesi a, men pa fèmen l.

Lè yon gwo blesi gen de rebò ki kontre byen youn ak lòt, l ap geri pi vit si nou fèmen l.

Pou fèmen yon blesi ki pa twò fon epi ki byen pwòp, sèvi ak pansman an papiyon, lakòl, oubyen pwen kouti.

Pansman an papiyon

Fèmen yon ti blesi ak bandaj adezif an papiyon.

Yo montre ki jan pou nou fè yon pansman an papiyon
Fòk po ki bò blesi a pwòp e sèch, pou adeziv la kole byen.

Lakòl

Super Glue (soupè glou) oubyen Krazy Glue (krezi glou), se non mak pou yon kalite kòl ki byen fò (cyanoacrylate), ki ka sèvi pou fèmen pifò blesi, menm jan ak pwen kouti, men travay la fèt pi fasil. Sèvi avè l lè nou ka wè byen klè ki jan de rebò yo kontre youn ak lòt. Sa pa mache twò byen sou men ak sou jwenti yo, paske yo fè anpil mouvman. Pa janm sèvi ak lakòl bò je oubyen bò bouch yon moun. Super Glue ka fè po a irite.

Yo montre nou ki jan pou nou fèmen yon blesi ak lakòl.

Premye pwen : Fè atansyon pou nou byen netwaye blesi a, epi pou nou byen seche po bò kote blesi a.

Dezyèm pwen : Fè de rebò blesi a kontre youn ak lòt. Kenbe dwèt ou yo ase lwen pou yo pa pran nan lakòl la. Mande yon moun sèvi ak 2 ti baton pwòp pou kenbe de rebò yo tou kole ansanm.

Twazyèm pwen : Kenbe rebò yo kole ansanm ; mete yon kouch lakòl arebò blesi a.

Katryèm pwen : Kenbe blesi a fèmen pandan 30 segonn. Mete yon lòt kouch lakòl sou li. Rete tann yon lòt 30 segonn. Mete yon twazyèm kouch lakòl. Se pou chak kouch lakòl yon ti jan pi laj pase lòt yo.

Lakòl la va tonbe pou kont li. Lè sa a, blesi a dwe fin geri.

Ki jan pou nou koud yon blesi ak fil

Si blesi a long e li pa twò fon, oubyen si de rebò blesi a pa vle rete kole youn ak lòt, li bon pou nou koud li.

Mete rebò blesi yo kole ansanm. Rebò yo dwe yon ti jan pi wo pase po a ; yo pa gen dwa fonse nan blesi a.

Chak pwen kouti dwe gen menm pwofondè ak menm longè sou de kote rebò yo.

Yo montre nou ki jan pou nou fè yon pwen kouti ak yon zegwi ki koube.
Fè pwen kouti a isit
Pa isit

Premye pwen :
Fè premye pwen kouti a dwat nan mitan blesi a. Pa pase zegwi a anba blesi a.

Si nou pa gen fil oubyen zegwi koube ki pou koud blesi yo, pran yon zegwi kouti nòmal. File zegwi a ak yon wòch pou file. Bouyi zegwi a, fil swa oubyen fil nayilonn, e yon pens ki pou kenbe epi rale zegwi a kote po a di.

Yon pwen kouti ki fin fèt


Dezyèm pwen :
Fè yon bon ne :


Twazyèm pwen :

Yo te fèmen yon kout kouto ak 5 pwen kouti.

Fè kantite pwen kouti ki nesesè pou fèmen tout blesi a.

Si blesi a fon, fè kèk pwen kouti nan vyann ki anndan blesi a ak fil k ap fonn pou kont li. Lè nou fin fè yo, fèmen po a. Si nou pa kapab fè sa, pa fèmen po a.


Kite pwen kouti yo la pandan 8 jou konsa (10 jou pou yon gwo blesi nan janm). Aprè sa, koupe fil la bò ne a epi rale fil la soti. Si nou konn pase tan ap koud rad, n ap pi fò nan koze fèmen yon blesi ak pwen kouti.