Hesperian Health Guides

Kriz sik (dyabèt)

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Maladi sik se yon maladi ki fè kò yon moun pa kapab trete sik ki nan manje a. Si li vin gen twòp sik nan san an, oubyen, si li pa gen ase, li ka dekonpoze sanzatann. Moun ki gra pi fasil pran Maladi sik (dyabèt) men nenpòt moun ka pran li.

Si nou konnen yon moun ki gen pwoblèm ki soti nan maladi sik la, men nou pa konnen si li pa gen ase sik nan san an, oubyen si li fè twòp sik, trete li kòm si li pa gen ase sik (ba li yon ti dous) epi mennen li kay doktè.

Lè pa genyen ase sik nan san an

Se sèlman lè yon moun pran insuline (ensilin), oubyen lòt medikaman ki pou trete maladi sik, ke kantite sik ki nan san an kapab desann twòp. Men sa ki ka fè l desann twòp : li pran twòp medikaman, li pa manje ase, li fè twòp travay fizik, li tann yon tan ki twò long pou l manje, oubyen li bwè alkòl.

Lè kantite sik ki nan san yon moun twò ba, li ka maladwat, li bwouye, nèvè, oubyen li sanble ak yon moun ki sou. Li ka swe oubyen tranble. Si sa rive, fòk li manje. Si li pa manje, maladi ap vin pi rèd toujou. Epitou, li pral gen pwoblèm grav ki ekri anba.

Yon mesye ki pa kapab mache byen, men fanm nan fèmen je sou li.
Si yon moun pa gen ase sik nan san an, li ka sanble ak yon moun ki sou. Konsa lòt moun ka pa rekonèt jan li malad grav.
SIY KI MONTRE GEN DANJE
  • Li mal pou mache, li fèb.
  • Li wè twoub.
  • Li bwouye, li aji yon ti jan dwòl, (Lòt moun ka konprann se yon bwasonyè li ye).
  • Li endispoze.
  • Li fè kriz.
TRÈTMAN

Si li ak tout konnesans li, fè vit ba li sik, ji fwi, kola, sirèt, oubyen yon vè dlo ak kèk kiyè sik ladann. Lè li santi li refè, se pou li manje gwo manje. Lè 15 minit fin pase depi nou ba li sik, epi li toujou bwouye oubyen li poko fè mye, chache konkou.

Si li endispoze, mete yon ti kras sik oubyen siwo myèl anba lang li. Kontinye ba li sik ti kras pa ti kras. Sa ap pran tan pou sik la pase nan san an. Lè li reveye, nou mèt ba li plis sik.

Lè genyen twop sik nan san an

Yon moun ki soufri ak maladi sik ka gen twòp sik nan san li. Sa rive si li manje twòp, li pa fè kò a fè mouvman jan li te konn fè l, li malad grav, li trape yon enfeksyon, li pa pran medikaman pou maladi a jan li dwe pran li, oubyen li manke dlo nan kò a. Sa ka rive menm si yon moun pa konnen li gen maladi sik. Si nou wè siy ki ekri anba yo, chache konkou :

SIY KI FÈ NOU KONNEN YON MOUN AP FÈ SIK :
  • Li swaf ; toutan li bezwen bwè dlo.
  • Li pipi tanzantan epi li pipi anpil.
  • Li wè twoub.
  • Li pèdi pwa.
  • Li gen kè plen ak vomisman.
  • Li gen vant fè mal.


Si nou pa trete yon moun ki gen twòp sik nan san an, se gwo danje. Li ka endispoze oubyen li ka mouri menm. Si nou wè siy danje ki ekri anba yo, pou sove lavi malad la, chache konkou :

SIY KI MONTRE GEN DANJE
  • Kè li bat vit
  • Souf li santi fwi.
  • Po li sèch.
  • Tansyon li ba.
  • Li depale, li bwouye.
  • Souf li anlè, li rale gwo souf
  • Li endispoze.
TRÈTMAN

Kouri mennen moun malad la nan yon sant sante. Si li ak tout konnesans li, ba li bwè anpil dlo, ti kras pa ti kras.

Si nou sèten l ap fè sik, epi nou konnen ki dòz ensilin l ap pran, ba li yon ti dòz pandan nou nan wout. Men si nou pa konnen tout bon vre, pa ba li ensilin. Si li pa gen ase sik nan san an, epi nou ba li ensilin, sa kapab touye li.