Hesperian Health Guides

Lè yon moun pran nan kouran

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Lè yon moun pran nan kouran, kouran an ka bay boule, epi li ka fè kè a sispann bat.

[Yon nonm ki kouche atè, e men li touche ak yon fil kouran
An premye, koupe kouran an, oubyen sèvi ak yon zouti ki pa fèt an metal pou deplase fil la. Lè fini, deplase moun lan. Konsa nou evite pran kouran nou menm tou.
  1. Si yon moun pran nan kouran : Pa manyen li. Kouran an ka pase nan kò li pou antre nan nenpòt moun ki touche ak li. Premyèman, debranche oubyen fèmen aparèy oubyen zouti k ap bay kouran an. Si nou pa kapab koupe kouran an, sèvi ak rad ki sèch, yon kòd, oubyen yon bout bwa tankou yon bwa bale pou distanse moun nan ak kouran an. Pa sèvi ak okenn bagay ki mouye oubyen ki fèt an metal. Si moun lan kouche nan yon ma dlo, sèvi ak bwa oubyen twal pou rale l soti. Pa mete pye nou nan dlo a ! Lè fini, ou kapab distanse moun lan ak kouran an.
  2. Lè yon moun pran nan kouran, li ka koupe souf li. Fè respirasyon bouch nan bouch pou li.
  3. Si kè a pa bat, eseye fè l bat ankò. Peze lestomak li (réanimation cardiopulmonaire, RCP); peze fò e vit nan mitan lestomak la. Sa ka mande nou kenbe pandan yon bon ti tan. Pa lage.
  4. Si l ap respire epi si kè li ap bat, chache wè si li pa boule. Boule yo sanble ak yon blesi ki fèt ak bal fizi. Genyen yon blesi kote kouran an antre, epi genyen yon lòt kote l soti.
  5. Gade pou wè si li pa gen lòt blesi. Men pwoblèm li ka genyen : li depale, li gen pwoblèm pou fè mouvman, li pa santi anyen, li pa tande byen, san an pa sikile byen. Si kout kouran an te fè li tonbe, li ka blese nan tèt li, li ka gen zo ki kase, oubyen li ka bay san.

Si kout kouran an pa t twò fò, si de twa zèdtan fin pase, epi nou pa wè pwoblèm, moun nan gen dwa ale byen. Si kout kouran an te fò, si se kout zeklè li pran, oubyen si li gen lè gen pwoblèm, fè atansyon. Boule ki anndan kò a kapab pi rèd anpil pase ti boule nou wè sou po a, kote kouran an antre ak kote l soti. Li ka bezwen sewòm nan venn ak lòt trètman. Sa ka pran de jou, menm de senmenn, pou konnen tout donmaj li te pran.