Hesperian Health Guides

Lòt pwoblèm kè

Batman kè a ki pèdi konpa li

Prèske tout moun konn santi yon lè kote kè yo te bat byen fò, oubyen li t ap pile la ; oubyen lè yo sezi, yo kwè kè yo «sote yon batman». Lè konsa, yo di batman kè a pèdi konpa li ; yo rele sa «aritmi». Lè moun antre nan laj, jan kè a bat ka fasil chanje, epi pi souvan, pa gen pwoblèm. Men genyen pwoblèm batman kè ki rive souvan, ki danjere, epi ki mande pou nou trete.

Si konpa batman kè ou chanje twò souvan, li ka aji sou kè a jis ou wè lòt siy. Al wè yon ajan sante si se souvan ou remake kè ou pèdi konpa li (ou santi yon bagay k ap flote nan lestomak oubyen nan kou a), si kè ou sote anpil batman, oubyen si ou wè nenpòt nan siy ki ekri anba :

NWTND heart Page 17-1.png
  • kè ou bat fò oubyen l ap pile la
  • ou fatige
  • ou gen tèt vire, ou santi ou fay
  • ou dekonpoze oubyen ou manke dekonpoze
  • souf ou kout
  • ou gen lestomak fè mal (anjin)


Genyen bwason, medikaman, oubyen dwòg ki ka fè kè a pèdi konpa li, oubyen ki ka deranje konpa a pi mal, tankou :

  • Kafeyin, ki nan kafe, nan kèk kalite te, epi nan kèk kalite bwason nan bwat oubyen nan boutèy
  • Nikotin, ki nan sigarèt ak lòt pwodui tabak
  • Alkòl
  • Remèd grip ak tous
  • Medikaman ki pou trete pwoblèm batman kè. Sa pa rive souvan, men gen de fwa medikaman ki pou trete pwoblèm batman kè a ka menm bay yon moun pwoblèm nan ! Ajan sante yo dwe veye byen moun k ap swiv medikaman konsa.
  • Dwòg tankou cocaïne (kokayin), marijuana (mariwana), ak amphétamine (anfetamin)


Si w ap swiv trètman pou pwoblèm batman kè a, fè ajan sante a konnen si w ap sèvi ak nenpòt nan bwason oubyen pwodui sa yo. Petèt se yo ki ba ou pwoblèm nan, oubyen yo ka aji sou medikaman ki pou trete l.

Lestomak fè mal (anjin, kè fè mal, doulè anba kè)

Lè yon moun gen lestomak fè mal, yo rele sa «anjin». Doulè sa a ka rive lè nou fè plis aktivite oubyen lè nou sou emosyon. Lè nou poze san nou, doulè a ka ban nou souf. Doulè a rive lè venn san yo ki alimante kè a yo sere oubyen yo bouche.

Lestomak fè mal la kenbe tankou yon pwasenkant k ap peze sou lestomak la, sou bra, kou, machwè, oubyen do a. Gen de fwa lestomak fè mal la sanble ak gonfleman. Doulè a ka pi rèd lè w ap mache, epitou souf ou ka vin kout, sitou lè w ap monte mòn.

Se pa toujou maladi kè ki bay lestomak fè mal. Li kapab yon bagay ki pa si grav, tankou zègrè oubyen gonfleman. Pran yon anti-asid, epi si li soulaje mal la, se pi fasil pwoblèm vant ki bay doulè a.

Fè atansyon lè yon moun gen lestomak fè mal

NWTND heart Page 18-1.png

Lestomak fè mal kapab yon siy ki fè nou rekonèt yon kriz kè, malgre se pa tout kriz kè ki bay lestomak fè mal. Li ka yon siy lòt maladi ki grav tou, tankou enfeksyon nan poumon, yon venn san nan poumon an ki vin bouche, oubyen yon gwo atè k ap chire.

Paske lestomak fè mal se yon siy ki fè nou konnen yon moun ka gen pwoblèm kè, sa mande pou yo fè tès pou wè si se pa yon ka ijan. Men tès yo ka fè nan yon klinik : tès san, radyografi poumon, oubyen yon elektwokadyogram (EKG, ECG). Lè yo fè yon elektwokadyogram, yo atache fil nan lestomak yon moun pou wè ki jan kè a ap bat. Tès sa yo pa fè mal. Pou trete lestomak fè mal, li ka mande moun chanje jan yo manje, epi mande trètman ak medikaman oubyen operasyon.

Si gen de lè ou santi yon lestomak fè mal pran ou (doulè anba kè, kè fè mal), epi ou konnen deja se pa yon ka ijan, kouche sou papye chak lè mal la pran ou. Montre ajan sante a papye a. Si ou deja ap pran yon medikaman pou kè a, sa va ede li konprann ki jan medikaman an ap mache.

Men sa pou ou kouche sou papye :

  • dat epi konbyen fwa ou te santi doulè a jou sa a
  • ki sa ou t ap fè lè doulè a pran ou, tankou ou t ap fè egzèsis, ou fè yon seziman, ou manje gwo manje, oubyen ou soti lè li fè frèt.
  • si li pa t fè ou twò mal, si li fè ou yon ti jan pi mal, oubyen si ou te soufri serye.
  • pandan konbyen tan doulè a sou ou, epi si li te pase lè ou te pran yon ti repo.


Si moun chanje jan yo konn manje ak jan yo mennen lavi yo, li ede konbat maladi kè ak anjin toulede : sispann fimen, ralenti sou grès ak fritay n ap manje, pa bwè anpil alkòl oubyen pa bwè alkòl ditou, epi chache poze san nou. Li bon pou nou fè egzèsis, men si anjin nan ap pran ou lè ou fè egzèsis, mande konsèy bò kote ajan sante a sou ki kalite ak konbyen egzèsis kapab bon. Men kèk medikaman ki ka sèvi pou trete anjin : inhibiteurs calciques (inibitè kalsik), béta-bloquants , (beta-blokan), aspirin, epi yon kalite medikaman ki rele nitrate (nitrat).

Feblès kè a (insuffisance cardiaque congestive)

Feblès kè a se yon pwoblèm kè kote kè a fèb, epi batman kè a pa ase fò pou byen ponpe san an. Konsa genyen twòp likid nan kò a ; se sa ki fè likid la akimile nan poumon yo, janm yo, ak lòt kote nan kò a. L ap rann ou fèb, epi san trètman, ou ka rive mouri. Men si nou trete l, kè a ka mache pi byen ; konsa, ou ka santi ou pi anfòm epi ou ka viv pi lontan.

Siy ki fè nou rekonèt feblès kè
NWTND heart Page 21-1.png
Janm anfle (edèm, efranjit) se ka yon siy feblès kè a.
  • Yon moun bouke anpil epi li fèb. Lè kè a pa gen ase fòs pou ponpe san an, pa gen ase oksijèn ki rive nan vyann yo nonplis. Sa fè nou santi nou bouke pi fasil.
  • Souf kout. Lè gen dlo nan poumon nou yo, li pi difisil pou nou pran souf. Souf nou kapab kout, sitou lè nou kouche apla, epi nou ka touse anpil. Ka genyen ti bri souflèt lè n ap rale souf.
  • Anflamasyon (edèm). Lè gen twòp likid nan kò a, kò a ap vin anfle ; li ka pran kèk jou oubyen plis pou sa rive. Pye ak je pye nou yo ka anfle, epi rad ak soulye nou vin jennen nou. Anflamasyon sa a pa p desann menm lè nou ret kouche.
  • Vant anfle. Se ka fwa a ki anfle, epi ajan sante a ka manyen l lè l ap egzaminen ou. Vant ou ka gonfle ak likid.
  • Se toutan nou bezwen fè pipi.
Trètman
  • Ralanti sou sèl n ap manje. Annik kwit manje a ak yon ti sèl, pa mete sèl sou manje ki deja kwit, epi evite manje nan bwat, manje ki fèt nan faktori, oubyen tyaw tankou chip ak bonbon. Manje ki fèt nan faktori konn gen anpil sèl (sodyòm) ladan yo menm si yo pa gen gou sale.
  • Gen medikaman ki ka desann kantite likid ki nan kò a ; yo rele diurétiques, grenn ki fè moun pipi anpil. Kèk ladan yo fè kò a pèdi potasyòm. Poutèt sa, yon moun ki pran yo ka bezwen manje bannann, fig mi, zoranj, sitwon, oubyen zaboka chak jou pou ranplase potasyòm l ap pèdi a.
  • Béta-bloquants, tankou métoprolol, bisoprolol, ak carvédilol yo sèvi pou trete feblès kè a. Fòk ou kòmanse ak yon dòz ki tou piti, epi monte doz la ti kras pa ti kras, sitou si tansyon ou deja ba. Travay ansanm ak ajan sante a.
  • Inhibiteurs IEC tankou captopril, énalapril, oubyen lisinopril yo sèvi tou pou trete feblès kè a. Medikaman sa yo konn fè kèk moun touse. Si sa rive, al wè ajan sante a pou wè si pa gen yon lòt remèd ki ta pi bon.

Lafyèv rimatis (cardiopathie rhumatismale)

Se timoun ak jennmoun ki pi plis gen maladi lafyèv rimatis. Se yon enfeksyon estreptokòk nan gòj ki pa t trete, ki konn vin tounen lafyèv rimatis. Lafyèv rimatis konn kòmanse ak doulè nan jwenti, souf kout oubyen lestomak fè mal, epi li ka fè malad la sote san li pa ka kontwole mouvman kò li. Fòk nou prese trete l ak antibyotik. Si nou pa trete l, lafyèv rimatis ka enfekte yon vav (soupap) nan kè a, epi enfeksyon an ka fè mak nan vav la. Li ka donmaje vav la epi fè li pa p mache byen. Vav la tankou yon ti pòt kay ki pa vle louvri. Batman kè a vin fèb, epi moun nan vin fèb tou. Donmaj sa a pa p geri ; yo rele l lafyèv rimatis. Si nou pa p kwape donmaj ki fèt nan vav la, oubyen si nou pa p repare l, moun nan ka mouri.

Siy
NWTND heart Page 22-1.png
Pou anpeche moun pran lafyèv rimatis, trete enfeksyon estreptokòk nan gòj la ak antibyotik. Men si yon timoun vin gen lafyèv rimatis, fòk nou ba li remèd chak mwa pou kè a pa pran donmaj.
  • Yon jennmoun pa ka fè 100 mèt a pye san li pa soufle anlè.
  • Pou yon timoun ka domi, nou bezwen apiye li nan kabann nan ; sinon, li pa p kapab pran souf.
  • Ak yon estetoskòp, yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon ka tande yon bri nan kè a ki pa nòmal (san an fè bri sa a lè l ap pase nan vav ki vin andomaje a.
Trètman
  • Ajan sante a dwe bay piki pénicilline G benzathine (penisilin G banzatin) yon fwa chak mwa pou anpeche enfeksyon an tounen sou li, epi pou enfeksyon an pa fè plis donmaj toujou.
  • Si kè a deja pran donmaj, yo ka fè li yon operasyon senp pou louvri vav kè a. Yo pase yon ti tib fen (katetè) nan yon atè ki mennen nan vav kè a. Pou debloke vav la, yo pase yon balon tou piti nan ti tib la, epi yo gonfle l nan vav la. Si lafyèv rimatis la pi grav, sa mande pou yo fè yon operasyon ki pi konplike.


Gwosès ak akouchman yo fè kè a travay anpil. Si yon fanm ki te soufri lafyèv rimatis tonbe ansent, yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon dwe egzaminen l pou wè si gwosès la pa yon danje pou li. Ajan sante a dwe gen garanti ke li pa p pran medikaman pou kè a ki ka yon danje pou fanm ansent lan. Li ta pi bon pou fanm nan al akouche lopital. Moun ki pi fasil soufri ak lafyèv rimatis, se timoun ki malnouri, ki viv andeyò nan lamizè, ki viv youn sou lòt, ki san dlo potab, san pwòpte, san medikaman, epi san swen sante. Nan peyi kote yo lite ak pwoblèm sa yo, menm si yo pa fin rezoud tout pwoblèm yo, nou mal pou jwenn timoun ki soufri ak lafyèv rimatis.

Tibebe yo ki fèt ak yon donmaj nan kè

NWTND heart Page 23-1.png

Tibebe ki fèt ak yon donmaj nan kè ki grav ka mouri touswit apre yo fin fèt. Lòt pwoblèm, tankou yon ti twou nan vyann ki separe 2 chanm kè a, yo ka al fè wout yo san trètman. Genyen donmaj nan kè ki grav, men nou ka trete anpil ladan yo ak operasyon oubyen medikaman. Kèk peyi gen pwogram espesyal kote yo fè operasyon kè pou timoun san mande lajan.

Siy ki fè konnen yon tibebe ka gen yon pwoblèm kè
  • Li soufle anlè
  • Li pa vle tete
  • Kè a bat twò vit oubyen twò dousman


Yon ajan sante ka sèvi ak yon estetoskòp pou koute batman kè yon tibebe ; konsa li vin konnen si pa gen bri nan kè a ki pa nòmal, oubyen si kè a pa bat twò vit. Yo ka sèvi ak radyografi pou wè fòm kè a. Sa ka mande yon elektwokadyogram pou montre tras batman kè tibebe a.

Gen de fwa nou jwenn pwoblèm kè kay yon timoun ki pi gran oubyen kay yon jennjan. Sa ka rive paske li te fèt ak yon donmaj kè, oubyen se ka lafyèv rimatis ki pa t trete.



Nou te mete paj sa a ajou: 04 fev 2021