Hesperian Health Guides

Tetanòs (maladi kò rèd)

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Yon moun ki kouche, do li kage sou dèyè epi pwen li yo mare.
Siy tetanòs konn parèt soti yon jou rive kèk senmenn aprè moun nan te blese.

Tetanòs se yon enfeksyon ki grav anpil ki pase antre nan kò yon moun kote li gen blesi, oubyen nan kòd lonbrit yon tibebe. Yon fwa mikwòb yo antre, yo gaye nan tout kò a.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT TETANÒS
  • Vyann nan tout kò li kòmanse rèd; sa fè li mal.
  • Pandan kò a rèd, li ka sispann pran souf ·
  • Li gen kriz kò ki rèd anpil, ki ale vini.
  • Machwè li sere (li pa fasil ka louvri bouch li)
  • Kou li rèd, vant li rèd tankou yon bout bwa


Si nou wè siy sa yo, kouri mennen li kay doktè !

KI JAN POU NOU EVITE TETANÒS

Li pi fasil anpil pou evite pran tetanòs pase pou geri l. Vaksinen tout timoun kont tetanos ; netwaye blesi yo byen pou yo pa vin enfekte. Timoun gen pou pran 3 dòz vaksen kont tetanòs lè yo tibebe, mete sou sa 3 dòz rapèl pi devan. Si yon fanm ansent epi vaksinasyon li yo pa ajou, li gen pou pran vaksen kont tetanòs.

Blesi ki pi fasil bay tetanòs (maladi kò rèd)

  • Blesi pike
  • Blesi ki fèt ak bal fizi
  • Zo kase ki pete po a pou l parèt deyò


Yon janm ki kase epi zo a pèse po a pou l parèt deyò.
  • Boule ki grav
  • Avòtman (jete pitit) ki fèt nan move kondisyon, piki ak zeg2i ki sèvi deja. fè pèse po a (tankou pèse zorèy) ak zouti ki sal e ki sèvi deja.


Yon pye k ap mache sou yon klou ki fikse nan yon bout bwa
Yon jenn fanm k ap bay tèt li piki pandan yon jennonm pale avè l.
Lè ou fini, m ap sèvi avè l.
fil fè.
[Y ap pèse yon zòrèy ak yon zegwi.


Netwaye blesi sa yo byen. Si moun nan pa vaksinen kont tetanòs, ba li sewòm antitetanik.

An plis, bay métronidazole.

Tetanòs kay tibebe ki fèk fèt

Mikwòb tetanòs konn antre nan kòd lonbrit tibebe yo, si vaksinasyon manman yo pa ajou. Pou pwoteje tibebe yo kont tetanòs; sèvi ak yon zouti ki esterilize pou koupe kòd lonbrit la, epi kenbe kòd la pwòp.