Hesperian Health Guides

Kadejak

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Kadejak ak vyolans seksyèl se lè yon gason fè sèks san li pa t planifye ak yon fanm. Si fanm nan pa dakò, se vyolans seksyèl. Fanm ak jenn fi ka sibi kadejak nan men moun etranje, men pi souvan se nan men moun nan fanmi yo, mari yo, ak menaj yo. Gason ak jennjan ka sibi vyolans seksyèl tou. Pou aprann plis, al gade nan chapit Vyolans (ki poko ekri)).

Yon moun ki sibi kadejak bezwen yon moun pou okipe blesi li yo. An plis, fòk li jwenn yon moun ki ka pran ka li, yon moun li ka fè konfyans, epi li ka konte sou li. Okipe li nan bon santiman e ak bon kè. Pa bay li tò.

NWTND fa Page 36-1.png

Zak kadejak ka bay gwosès. Yon fanm ka evite tonbe ansent si li pran grenn planin ki fèt pou ka ijan, oubyen si li pran yon gwo dòz nan kèk kalite grenn planin nòmal. Fòk li pa kite 5 jou pase anvan li bwè grenn yo. An plis, zak kadejak ka enfekte li ak maladi moun pran nan fè bagay. Al gade nan Pwoblèm nan aparèy ki pou fè pitit (chapit sa a poko ekri). Pou maladi VIH/SIDA pa antre sou li, al gade nan chapit VIH ak SIDA (ki poko ekri).

Paske li ka gen pwoblèm pou l kite nou egzaminen kò li, oubyen manyen li, nou dwe esplike l sa nou pral fè. Nou dwe tann li pare pou sa anvan nou manyen l oubyen trete l.

Kèk fwa, vajen (kannal fi) yon fanm ka chire oubyen blese pandan zak kadejak la. Maleng yo ka fè fanm nan mal anpil. Ba li paracétamol (parasetamòl), osinon ibuprofène (ibipwofèn). Si twou dèyè li oubyen vajen li ap bay anpil san, fè fòs sou li pou rete san an. Fè fanm nan konnen ki jan pou fè l li menm, si li ta pran senyen ankò.

Pou ti chire ak ti blesi, li mèt tranpe dèyè li twa fwa nan yon jou nan yon kivèt dlo tyèd. Lè l ap fè pipi, sa ka boule l ; pou soulaje l, li mèt vide dlo tyèd sou pati li pandan l ap fè pipi. Si li gen pi gwo chire, li ka nesesè pou koud yo.

Yon dosye ak yon desen kò yon moun kote yo make tout blesi yo jwenn nan kò fanm nan.
Fè yon desen epi make sou li tout kote li gen maleng. Fè foto si li dakò. Konsa n ap wè si maleng yo ap geri. Epitou, li ka pote l avè l si li deside ale lajistis.

Egzaminen li pou wè si li pa blese lòt kote nan kò a. Si nou jwenn lòt problèm, al gade pi lwen nan chapit sa a pou konnen ki jan pou nou trete yo. Fè yon dosye kote nou ekri tout sa li rakonte nou, ak tout sa nou jwenn lè nou egzaminen li. Fè l konnen li ka ale lajistis ak papye sa a pou apiye plent lan—menm si li tann yon bon ti tan pou fè l.

Fè fanm nan tounen vin jwenn nou nan de twa jou, pou nou ka konnen ki jan li ye, si blesi yo ap geri, epi si moral li ap remonte. Gade byen pou wè si pa gen siy enfeksyon kote li te blese a. Anpil fwa yo konn fè enfeksyon blad pipi a, sitou si se te yon zak kadejak sovaj. Al gade nan chapit Pwòblem aparèy pipi (ki poko ekri).