Hesperian Health Guides
Gwo blesi nan vant
Nan chapit sa a, n ap jwenn :
Si yon moun pran yon gwo so, si li fè yon aksidan machin, si li pran yon kout pwen oubyen yon kout pye nan vant, tout sa yo ka fè yon moun senyen anndan kò li. Gade pou wè si li pa gen mak ble ki fè nou wè l ap senyen. Si li pèdi twòp san anndan kò li, sa ka bay chòk. Voye je sou li pou wè si li pa gen siy sa yo, ki montre ke li blese grav nan vant li :
SIY KI MONTRE GEN DANJE
- Yon doulè rèd k ap mòde l.
- Li depale.
- Vant li di kou yon bout bwa, oubyen l ap gonfle.
- Li montre siy ki fè konnen l ap pèdi san : li dekonpoze, li blèm, kè li bat vit
Si nou wè nenpòt nan siy sa yo, trete l pou chòk), epi chache konkou. Pa met anyen nan bouch li, pa ba li ni manje, ni bwè. Pou konnen plis sou pwoblèm vant ki mande pou nou jwenn swen prese, al gade nan Vant fè mal, dyare ak vè.

Lè yon bagay pèse kò a
Si yon bagay pike yon moun epi bagay la rete kole nan vant li, prèske nan tout ka yo, li pi bon pou nou kite l la. Al chache konkou. Menm si n ap fè de jou nan wout pou nou rive jwenn konkou, pa wete bagay la. Mare l byen pwòp ak pansman oubyen twal, pou l pa ka bouje.
