Hesperian Health Guides

Lè yon moun ap pèdi san

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Fè fòs sou blesi a

Si nou fè ase fòs dirèkteman sou yon blesi, prèske nan tout ka yo, sa ap rete san an, menm si blesi a gwo oubyen si l ap senyen anpil. Si se tèt li k ap senyen, fè fòs sou blesi a.

  1. Leve pati ki blese a anlè, yon jan pou li pi wo pase kè a.
  2. Pran nenpòt twal ki disponib, ki pa twò sal ; epi, pliye l pou fè li anviwon menm gwosè ak blesi a. Mete l sou blesi a epi fè fòs sou li. Montre moun ki blese a ki jan pou fè fòs sou blesi a li menm, si li kapab. Si blesi a gwo, mete twal gaz oubyen lòt twal anndan blesi a. Fè fòs sou li jis san an rete. Si twal la vin tranpe nèt ak san, pa wete l. Okontrè, mete yon lòt twal sou li. Si blesi a gwo, fè fòs sou li pandan 15 minit pou pi piti, san ou pa menm leve men ou pou wè si san an gen tan rete.


NWTND fa Page 8-1.png


Lè san an prèske rete oubyen li rete nèt, nou ka eseye mete yon pansman byen sere sou kote k ap senyen an. Mete yon twal gaz oubyen yon twal pliye anndan oubyen sou blesi a. Apre sa, mare l byen sere ak yon pansman k ap fè fòs sou blesi a. Fè atansyon pou sere l ase fò pou rete san an, men pa twò sere pou l pa anpeche san an sikile nan manm nan.

Sa mande gwo efò pou fè fòs sou yon blesi pou fè san an rete. Pa lage!


Pa janm sèvi ak tè, gaz blan, lacho, oubyen ma kafe pou eseye rete san an.

Lè yon moun pèdi san, se yon pakèt afè. Li ka parèt kòm si moun nan te pèdi plis san pase kantite li te vrèman pèdi a. Men voye je nou sou moun nan byen pou wè si li pap dekonpoze.

Siy ki montre gen danje
  • Li depale, li dekonpoze, li pèdi konnesans.
  • Kè li bat byen vit.
  • Po li blèm, li frèt, li mouye.


Kou nou wè siy sa yo, mete pye li sou kichòy pou leve yo anlè, pi wo pase tèt li. Voye chache konkou pou trete chòk.

Menm si nou pa wè siy sa yo, rete avè l, oubyen pase wè li chak 10 - 15 minit. Konsa nou asire tèt nou ke l ap fè mye, epi sa ap kalme moun ki blese a. Voye je sou li jis li fè mye epi tout bagay ap mache nòmalman.

Tounikèt (mare yon bra oubyen yon janm pou rete senyen an)

Si finalman nou pa rive rete san an epi nou asepte pran chans pèdi yon manm pou sove lavi moun lan, se lè sa a nou ka sèvi ak yon tounikèt.

Sèvi ak tounikèt sèlman lè :

  • Aksidan an te koupe manm nan n nèt ale, oubyen li tèlman metri nou konnen san dout yo pa kapab sove l.
  • Yon bra oubyen yon janm ap senyen si fò nou pa kapab rete san an lè nou fè fòs sou li. (Men poze tèt nou kesyon : èske nou te vrèman mete tout fòs kouraj nou ?)
  • Li gen yon blesi grav nan kwis ki fon anpil, tankou yon blesi ki fèt ak bal fizi, ak ekla obi (zam lagè), oubyen ak yon lòt bagay ki fonse byen fon nan vyann nan. Mete sou sa nou wè siy ki fè konnen l ap pèdi twòp san : li fèb, l ap depale, epi li blèm. (Gen de fwa, si se yon blesi nan yon gwo kwis, nou pa ka peze ase fò pou rete san an.


Sèvi ak yon gwo sentiwon, ak yon bout twal pliye pou fè yon bann, oubyen ak yon aparèy tansyon. Avèk aparèy tansyon an, gonfle ponyèt la byen wo pou san an pa ka sikile. Pa sèvi ak kòd, fisèl, oubyen fil fè ; y ap koupe po a.

Mennen li lopital, pi vit ke nou kapab. Genyen sèlman detwaz èdtan pou sove manm nan. Aprè sa, nou mal nou pou sove l.

Premye pwen :
Mete tounikèt anwo, men toupre blesi a. (Moun ka fasil mete tounikèt la twò lwen ak blesi a.)

Dezyèm pwen :
Vlope manm nan 2 fwa ak tounikèt la. Apre sa, bay li yon ne.

Twazyèm pwen :
Mete yon bout bwa solid sou ne a. Bay li 2 ne an plis sou bout bwa a.

Katryèm pwen :
Tòde bout bwa a pou sere tounikèt la jis san an rete.

Senkyèm pwen :
Mare bout bwa a ak yon lòt twal pou l pa delage.
NWTND fa Page 10-1.png