Hesperian Health Guides

Boule

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Boule ki pa grav

Pou okipe yon boule ki pa gwo oubyen ki pa grav, fè vit vide dlo frèt sou li pandan 15 - 30 minit. Sa ap refwadi e netwaye po a, epi soulaje doulè a.

NWTND fa Page 37-1.png

Lave boule a ak dlo e savon dou. Nou ka pase siwo myèl oubyen dlo lalwa sou yon ti boule, pou l ka geri pi vit. Tann boule a frèt anvan nou pase l sou li.

Ti boule dwe fin geri nan 8 - 22 jou.

Boule ki grav

Men boule ki grav :

  • Boule ki fon (ki prèske pa gen po ki rete, oubyen ki pati ak po a nèt, epi vyann nan parèt tou wouj). Si po a ak tout nè yo ki pou fè yon moun santi doulè a, si yo boule nèt, moun nan ka pa santi okenn doulè sòf lè nou fè fòs sou boule a. (Nè se yon bann fil ki soti nan sèvo a al nan tout kò a, ki pèmèt moun fè mouvman, epi ki pèmèt yo santi.) Si nou fè fòs sou yon boule konsa, li pa p chanje koulè li. Li ka gen aparans yon bann ti mak ki sanble ak yon pakèt mab. Si boule a pi grav, li ka sanble ak siwo myèl blan, ak po bèt ki gen yon koulè grizat, oubyen li ka kankannen.
  • Boule ki laj Yon boule ki laj se youn ki kouvri yon dizyèm nan kò a oubyen plis. Menm si li pa twò fon, gen danje nan yon boule gwosè sa a. Pou kalkile gwosè boule a, gade gwosè pla men li. Si boule a menm gwosè ak pla men li, sa fè youn pousan (1%, yon santyèm) nan kò a ki boule. Si boule a bay 10 pla men, sa vle di dis pousan nan kò a boule (10%, yon dizyèm).
  • Boule bò jwenti, nan figi, oubyen nan pati li. Boule sa yo ka bay gwo sikatris, mak boule ki rete lè yo fin geri. Mak boule yo ka redi po a pou jennen mouvman moun nan, sitou kay timoun.
  • Boule ki mache ansanm avèk lòt blesi..
  • Boule kay timoun : Timoun ki boule mal pou yo refè. Si nou gen posiblite, fè yo ale lopital kote yo ka ba yo swen espesyal pou moun ki boule.


Si yon moun boule grav, chache konkou. Pandan n ap mennen li lopital, si je li klè, ba li bwè ti dlo chak de twa minit. Mare boule a ak yon moso twal ki byen pwòp. Si boule a grav anpil, pa tranpe l nan dlo frèt. Sa ka fè chalè kò a desann twòp. Si moun nan twò frèt, genyen danje nan sa. Eseye kalme li.

TRÈTMAN
  • Salbutamol (salbitamòl) ka ede yon moun pran souf pi alèz si li te respire anpil lafimen.
  • Yon moun ki gen gwo boule oubyen boule ki fon ka fasil vin manke dlo. L ap pèdi anpil dlo paske boule yo bay anpil dlo. Ba li bwè anpil likid. Nòmalman, li pi bon pou mete l sou sewòm nan venn. Men, si je li klè epi li kapab bwè, nou ka ba li bwè anpil sewòm oral. Lè yon moun vin manke dlo, li ka fè chòk ; voye je sou li pou wè si li pa fè siy pou chòk. Pou aprann ki jan pou nou bay sewòm nan venn, al gade nan chapit Ki jan pou nou okipe moun malad (ki poko ekri).
  • Boule ak po ki kouwonnen boule yo byen fasil pou yo enfekte. Yon boule dwe rete pwòp. Lave l chak jou ; koule dlo sou li, oubyen plonje l pou yon ti moman nan dlo pwòp. Yon ti savon dou bon, men pa sèvi ak dezenfektan (ki pou touye mikwòb) oubyen yòd—y ap anpeche boule a geri. Tou dousman, wete moso po ak vyann ki mouri.
  • Pase yon pomad antibyotik sou boule a. Mete twal gaz fen ki byen pwòp sou li, oubyen mete yon lòt pansman ki byen pwòp. Mare l fèm, men pa twò sere pou l pa anpeche san an sikile. Chanje pansman an chak jou epi chak fwa li sal. Yon pansman ki sal ka bay enfeksyon. Si pansman an kole nan boule a, tranpe l nan dlo pou nou ka wete l. Fè atansyon pou nou panse chak dwèt ak chak zòtèy apa ; yo pa gen dwa kole ansanm.
  • Si yon glòb pete, kenbe l pwòp. Pa pete glòb yo. Yon glòb ki pete pi fasil pou li enfekte.
  • Se pa ti mal boule yo konn fè mal. Pa pè ba li yon remèd fò pou kalme doulè a. Genyen morphine (mòfin) ak lòt medikaman ki gen pou wè ak opyòm. Toujou ba li yon medikaman ki pou kalme doulè anvan nou lave oubyen anvan nou panse yon gwo boule. Lè yon boule ap geri, li ka ba li gratèl. Pou soulaje l, ba li yon antihistaminique (anti-istaminik) .
  • Pou ede boule a geri, moun nan dwe manje anpil bon jan manje ki gen plis pwoteyin ladann. Menm si bouch li anmè, se pou li manje manje ki bay fòs ak kouraj. Li dwe manje 4 fwa nan yon jou. An plis, se pou li pase yon ti manje nan bouch li tanzantan. Al gade nan Byen manje bay bon sante pou konnen ki manje ki bay anpil enèji, epi ki pi nourisan.
  • Mak boule yo ka redi po a pou jennen mouvman moun nan. Sa rive sitou si boule a bò yon jwenti. Fòk nou lonje dwèt yo ak manm ki boule yo tout longè yo, plizyè fwa nan yon jou, pandan l ap geri. Si li pa ka fè l pou kont li, ba li kout men, dousman dousman.


Menm jan nou fè pou tout moun ki gen gwo blesi, si ka a ap vin pi mal, oubyen si nou pa gen mwayen pou nou okipe l, chache konkou.