Hesperian Health Guides

Mak sou kò

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Lè yon moun gen yon mak sou kò a, sa fè nou konnen ke chè ki anba po a blese, epi l ap senyen yon ti jan. Yon mak konsa ka fè mal anpil, epi li ka bay yon moun ti kontraryete. Men yo pa souvan bay gwo pwoblèm. Trete l menm jan ak yon foulay : poze manm nan, mete glas sou li, fè konpresyon (mare l yon ti jan sere ak yon pansman), epi leve l wo.

Si yon moun gen mak sou tèt li oubyen sou vant li, se ka yon siy ki di ke li gen yon pwoblèm ki pi grav. Aprann ki sa nou dwe fè si yon moun fèk pran yon gwo kou nan tèt oubyen si li pran yon kou nan vant.

Gen de lè nou remake yon moun ki pran mak souvan. Nan mak sa yo, genyen kèk ki prèske geri, epi gen lòt ki fèk rive. Se yon siy ki fè nou wè ka genyen lòt moun k ap fè vyolans sou li. Al gade nan chapit Vyolans (ki poko ekri).