Hesperian Health Guides
Chòk

Chòk se yon eta ki ka pote yon moun ale. Men sa ki kapab lakòz : li pèdi twòp san, li manke dlo nan kò a, li blese, li boule grav anpil, li fè yon reyaksyon alèji ki grav, oubyen li fè enfeksyon san. Chòk sa a se pa tankou lè moun pran yon chòk oubyen yon sezisman, lè yo pè, oubyen lè yo aprann yon move nouvèl. Chòk nou esplike la a, se lè kò a ap etenn, li pa p fonksyone ankò. Depi yon moun tanmen fè chòk, sa ka byen vit vin pi mal. Fè vit trete moun nan pou li pa mouri.
Siy pou chòk
- Moun nan pè, li ajite ; apre sa, li depale, li fèb, epi li pèdi konnesans.
- Li frèt men l ap swe, po li blèm, li frèt, epi li mouye.
- Kè li bat vit, men poul la fèb
- Tansyon li ap desann.
Trètman
Chache konkou. Men sa pou nou fè pandan nou nan wout :
- Pi vit ke nou kapab, trete sa ki lakòz chòk la. Si l ap pèdi san, fè fòs sou blesi sou blese a. Si li manke dlo, ba li sewòm oral. Si se enfeksyon san ki bay chòk la, ba li antibyotik touswit.
- Si moun nan manke dlo epi li pa ka leve chita ni li pa ka vale, sa mande
pou nou mete li sou sewòm nan venn.
- Si se enfeksyon san ki bay chòk la, ba li antibyotik touswit (paj 20)
- Pa kite moun nan bat fredi, kouvri li (oubyen, si li twò cho, wete kèk
rad ki sou li).
- Leve janm li yo anlè, soutni jenou li.
- Pran san nou; fè li santi tout bagay sou kontwòl, (al gade nan Abilte ajan sante, chapit sa a poko ekri).
