Hesperian Health Guides

Manje plizyè kalite manje

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Pifò kote nan lemonn, moun gen yon sèl kalite manje yo manje prèske toutan. Manje sa a pa koute chè. Li ba yo fòs ak kouray pou lajounen. Men si se manje prensipal sa a (manje moun manje pi plis) sèlman moun manje, yo pa ka rete an sante. Pou yo grandi, pou yo jwenn fòs ak kouray, pou yo kenbe tèt ak enfeksyon, fòk moun manje lòt kalite manje tou.

Yon tigason ak yon labouyi chèch
Yon tigason ki tou kontan, tou eksite, ak yon yon labouyi ki gen legim ak pwa sou li
Labouyi chèch pa sifi. Mete sou li yon ti pwa, vyann, manje ki fèt ak lèt, ze, legim, osinon fwi.


Pou nou rete an sante, men sa nou bezwen :

Imaj la montre nou ki kalite manje nou bezwen pou nou rete an sante: manje ki bay fòs ak kouray, manje ki pou bati kò a, epi legim ak fwi ki pou pwoteje kò a
anpil sereyal tankou diri, legim ak fwi ki gen lanmidon, ki ban nou fòs ak kouray
manje ki gen pwoteyin ki ede kò a grandi, tankou pwa, ze, pwason, osinon vyann
manje ki gen vitamin ki pwoteje kò a, tankou legim ak fwi


Si nou manje plizyè bon kalite manje chak jou, nou kapab anpeche anpil gwo pwoblèm sante vin sou nou.

Manje ki gen lanmidon tankou ponmtè, fig, pen,ak diri

Manje ki gen lanmidon, ki ban nou fòs ak kouray

Lanmidon se manje ki bay fòs ak kouray, pou nou ka travay, pou nou ka okipe pwòp tèt pa nou, epi okipe fanmi nou. Sa depann de kote nou rete a, men kèk kalite manje moun manje pi plis :

  • diri
  • mayi
  • ble
  • kasav
  • lam veritab
  • bannann
  • ponmte
  • yanm
  • pitimi
  • osinon lòt grenn sereryal rasin legim
    tankou patat fwi ki ranpli ak lanmidon
Twa moun kap montre nou plizyè kalite manje ki bay fòs ak kouray


Avèk kalite manje sa yo ki gen lanmidon, moun ka fè labouyi ak bouyon, fè pen ; yo ka pile yo, moulen yo, osinon kwit yo tout antye.

Fanm nan jaden kap fè rekòt

Chwazi jèm ki leve nan peyi

Si nou ka chwazi ki sereyal nou vle achte, li pi bon pou n chwazi jèm ki leve nan peyi. Sereyal peyi ka pouse byen san kiltivatè yo pa oblije depanse lajan nan achte epi mete angrè nan tè a. An plis, sereyal peyi ka ranpli ak bon fòtifyan. Sereyal etranje bon, tankou ble, sondeble ak diri. Jèm ki leve nan peyi tankou ble, mayi, diri, pitimi osinon sògo ka gen plis pwoteyin, vitamin ak mineral ladan yo.

Diri ak ble

Diri, ble ak lòt sereyal nan menm fanmi an, gen plis valè nan koze bon manje a, si nou pa wete pay ki sou yo, lè nap moulen yo. Diri ak ble ki gen tout pay sou yo gen plis fòtifyan pase sa yo ki rafinen anpil. Diri glase ak farin blan bay fòs ak kouray sèlman.

Kasav, ak fèy li

Kasav, manyòk

Kasav se yon kalite manje nou jwenn fasil. Li bay fòs ak kouray, men li manke lòt fòtifyan. Si nou manje kasav souvan, li enpòtan anpil pou nou mete lòt manje sou li, tankou pwason ki seche, legim ak pwa. Fèy kasav gen anpil vitamin ak mineral ladan yo. Lè nou kwit yo, yo bay bon kalite manje. Genyen yon kalite kasav ki anmè, paske gen yon pwazon ladann. Yo rele pwazon sa syani. Moun ka wete pwazon sa a lè yo pile, graje, tranpe osinon fèmante manyòk la. Lè sa a, nou mèt manje li san pwoblèm.

Mayi

Si nou manje anpil mayi, se pou nou trete l davans ak kalsyòm, ‘kal’, pou nou ka fè soti fotifyan yo.

Yon fanm kap derefize pen blan ak biskwit nan bwat

Manje ki fèt nan faktori pa gen menm valè nitrisyonèl

Manje ki fèt nan faktori, osinon manje nou ka achte nan bwat, tankou pen blan, biswit, vèmisèl ak makawoni, yo pa gen bon kalite fòtifyan ladan yo. Anpil fwa. yo gen twòp ak grès, sèl, e sik ladan yo. Manje nou kwit lakay pi bon, tankou labouyi ak bouyon.

Manje ki pou bati kò nou : pwoteyin

Manje ki gen pwoteyin landan yo, tankou pwason, nwa ak lèt

Pwoteyin se kalite manje ki mete kò a kanpe. Se yo ki fè kò nou byen devlope, ki fè nou ka kenbe tèt ak maladi. Se yo ki ban nou fòs pou n soti anba maladi ak blese.

Men kèk manje ki gen pwoteyin ladan yo :

  • Pwa sèch, pwa frans, pwa tann, ak lòt legim
  • Pistach, lòt kalite nwa, sereyal
  • Ze
  • Tout kalite vyann nou ka jwenn kote nou rete a : gwo zannimo, ti zannimo, zwazo, pwason, bèt lanmè, ak ti bèt ak zèl.
  • Lèt, fwomaj, ak yawout
Yon timoun kap montre nou yon ze. Epitou, lap montre nou ki jan bra li fò

Diri ak ble ki gen tout pay sou yo gen ti pwoteyin ladan yo. Yo pi bon si nou pa wete pay ki sou yo. Genyen ti pwoteyin nan anpil chanpiyon tou.

Moun ka jwenn anpil pwoteyin lè yo manje vyann. Men yo ka jwenn menm kantite pwoteyin nan pwa tout kalite, pistach, ak nwa. Epi sa ap ede yo menaje ti kòb yo.

Se pou nou manje manje ki gen pwoteyin regilye. Sitou, fanm ki gwo vant, timoun, vye granmoun, ak moun malad osinon blese, yo fèt pou yo pran pwoteyin chak jou. Fè atansyon pou moun sa yo ka jwenn kalite manje ki pou mete kò a kanpe.

Manje ki pwoteje kò nou : legim ak fwi

Fwi ak legim,tankou zannanna, zaboka, ak kawò

Eseye manje fwi ak legim chak jou. Yo gen plizyè kalite vitamin ak mineral ladan yo. Men sa yo fè :

  • Yo pwoteje sistèm kò nou ; sa vle di, yo fè tout bagay nan kò nou mache jan yo dwe mache.
  • Yo fè po nou, cheve nou, ak dan nou rete an sante.
  • Yo fè nou kapab byen dijere manje nou. Nou kapab watè nòmalman.
  • Yo ban nou fòs pou konbat maladi mikwòb kap bay, epi lòt maladi tou.

Fwi ak legim ki pouse kote nap viv la, yo gen menm valè fòtifyan ak sa yo ki sot peyi etranje. Sa k pi bèl, nou ka jwenn yo pi bon mache, osinon menm gratis.


Timoun kap sèvi ak yon bout bwa long pou yo keyi fwi nan pye bwa

Manje plizyè kalite fwi ak legim. Tout fwi ak legim bon pou sante nou. Men, kèk nan yo :

  • Joumou.
  • Melon.
  • Piman dous.
  • Pwa frans ak pwa tann.
  • Seriz ak lòt ti grenn bwa.
  • Mango, papay, gwayav, zoranj dous, ak lòt fwi.
  • Legim fèy vèt, nou mèt plante yo nan jaden osinon keyi yo nan raje. Fèy ki sou legim, tèt patat, tèt nave, tèt kawòt, elatriye.


Si nou manje plizyè kalite ak plizyè koulè legim ak fwi, sa ban nou pi bon kalite vitamin ak mineral.

Pwoblèm sante ki rive lè moun pa manje plizyè kalite manje

Gen kèk maladi se nan manje nou jwenn pi bon mwayen pou nou evite yo, osinon pou nou soti anba yo. Si moun pa manje ase plizyè kalite manje, yo ka manke vitamin ak mineral. Sa ka lakòz maladi.

Anemi (manke san, san pòv) ak fè

Anemi, manke san, fè yon moun fèb, li bouke, souf li anlè.

Kòm fanm pèdi san tout tan lè yo gen règ, yo soufri souvan ak anemi. Lè yo gwo vant, tibebe a ka twò piti lè l fèt. Yo pi souvan bay anpil san lè yap akouche.

Nou ka fè yon tès san pou wè si yon moun manke san.

Men kèk siy ki fè nou wè yon moun ap soufri anemi (manke san)
Yon fanm kap montre nou jan jansiv ak anndan je li banch
  • Jansiv ak anndan po je li blanch.
  • Li fèb.
  • Li toujou bouke.
  • Tèt li vire.
  • Souf li anlè.
Ki jan pou nou evite osinon trete anemi
Manje ki gen anpil fè, tankou pwason, melas, ak legim vèt

Manje manje ki gen fè:

  • Pwa tout kalite, pwa sèch.
  • Legim vèt ak zèb lanmè.
  • Fwi ki seche.
  • Sereyal ak nwa.
  • Tout kalite vyann, vyann poul, pwason, bèt lanmè, osinon lòt kalite ti bèt.
NWTND Nut Page 8-3.png
Si moun kwit manje nan yon chodyè ki fèt an fè, manje a ap souse enpe nan fè ki nan chodyè a.

Fwadi, kè, wonyon ak manje fèt ak san, tankou boudin, chaje nèt ak fè. Epi yo bon mache.

Si yon moun gen po li blèm, li fèb, li bouke, osinon li rive pèdi anpil san, li ka soufri gwo anemi. Se pou li pran grenn ki gen fè.

Lè moun manje manje ki gen fè ladan l, se vitamin C ki fè kò a ka dijere fè a, epi li fè l antre nan san an. Toujou manje manje ki gen fè ansanm ak manje ki gen ak vitamin C.

Fruits and green leafy vegetables
Men manje ki gen vitamin C: legim vèt, prèske tout kalite fwi, tankou tomat, zoranj dous, papay, mango, melon, ak ti grenn bwa.
Yon timoun kap tribiche nan wòch lannuit

Zewoftalmi (avèg lannuit) lè yon moun manke vitamin A

Nou jwenn pwoblèm avèg lannuit kay moun ki pa manje ase manje ki gen vitamin A ladan yo. Lè fini, sa ka fè yo avèg. An plis, nou bezwen vitamin A pou fè po nou ak dan nou rete an sante. Li bay kò a fòs pou li konbat enfeksyon. Se pi souvan timoun ak fanm ki manke vitamin A.

Men sa ki ka rive lè moun pa manje ase manje ki gen vitamin A :

Si moun manke manje ase vitamin A, yap pase 3 etap sa yo, jis yo pa ka wè ditou
Premyeman, yo pa ka wè nan fènwa menm jan ak lòt moun.
Apre sa, je yo kòmanse vin chèch (zewoftalmi). Blan je a pèdi ti klere li gen sou li a, epi li kòmanse plise. Yon bann boul ki fè plak (tach Bitot) ka parèt nan je a.
Lè maladi a ap vin pi mal, glas je a pou kont pa li kòmanse vin chèch, li pa klere ankò. Li ka menm rive gen yon bann ti twou.
Avèk kous maladi a, glas je a ka rete konsa li vin mou, li gonfle, li ka menm rive pete. Lè konsa, moun nan ka pa santi anyen. Men li ka vin rive pa wè ankò.

Nou ka anpeche zewoftalmi antre sou moun lè nou manje manje ki chaje ak vitamin A. Chwazi kalite manje nou jwenn nan katye nou a :

NWTND Nut Page 9-3.png
  • Pifò fwi ak legim ki gen koulè jòn abriko, tankou joumou, kawòt, piman dous, melon frans, papay, mango, patat, yanm.
  • Pifò legim vèt tankou fèy vèt, pwa frans.
  • Fwa.
  • Ze.


Si nou wè maladi sa a gen tan mete pye paske moun nan manke vitamin A, ba li renmèd vitamin A, pi souvan an siwo. Lè nou vaksinen timoun, li bon pou nou ba yo vitamin A. Lè gen yon epidemi lawoujòl, bay timoun vitamin A pou yo pa vin avèg.

Gwo kou (gwat) ak iyòd

Lè moun manke yon bagay yo rele iyòd nan manje, sa bay yo gwo kou (gwat). Lè yon fanm ki gwo vant manke iyòd, sa konn fè pitit la lou, li ka soudè, kannannan, osinon kokobe. Sa ka rive menm si manman an pa gen gwo kou.

Pi bon mwayen pou evite manke iyòd ak maladi gwo kou a, se pou moun sèvi ak sèl ki gen iyòd ladann. Sa va evite pifò maladi gwo kou, epi ede moun ki gen gwo kou pou yo geri. (Gwo kou ki la depi lontan, ki di, se operayon ase ki ka wete l. Men yon moun pa toujou oblije fè sa). Sa va fè kichòy pou moun si yo manje manje ki gen iyòd ladan yo, tankou pwason, bèt lanmè, zèb lanmè, ak lòt manje ki sot nan lanmè. Men genyen zòn nan mòn kote moun pa ka jwenn ase iyòd nan sa yo manje.

Yon fanm ki gen gwo kou ap kenbe yon ti sak sèl odinè. Yon lòt fanm ki pa gen gwo kou ap kenbe yon ti sak sèl ki gen iyòd ladan
Sèl ki gen iyòd vann yon ti kras pi chè pase lòt la, men li pi bon anpil pou lasante.

Si nou pa jwenn sèl ak iyòd ladan li, nou ka oblije sèvi ak yon fòtifyan iyòd.

Lòt vitamin ak mineral

Depi nou byen manje, epi nou manje plizyè kalite manje, nòmalman nou jwenn tout vitamin ak mineral kò a bezwen. Se toujou pi bon pou nou byen manje pase pou nou achte grenn vitamin osinon fòtifyan. Nan tablo anba a, yo fè lis vitamin ak mineral ki pi enpòtan.

Vitamin osinon mineral Nan ki manje nou jwenn li Ki jan li travay nan kò a Pwoblèm ki rive lè kò a manke l
Zenk
Vyann, bèt lanmè, pwa, manje ki fèt ak lèt, sereyal tankou pitimi, diri ak ble ki gen tout pay sou yo.
Manje ki gen zenk ladan yo, tankou pwason, lèt ak pwa
Sa ede nou grandi, kenbe tèt ak enfeksyon, bay fòs ak kouray, ak anpil lòt bagay.
Moun pi fasil atrape enfeksyon. Timoun pi fasil pran dyare; yo mete pi lontan pou yo geri.
Fanmi Vitamin B
Vyann, pwason, fwa, ze, sereyal ki gen pay sou li, manje fèmante osinon fèt ak leven (pen)
Manje ki gen vitamin B ladan yo, tankou pen, fig ak ponmtè
Fè selil, e nè mache byen, e vyann ak aparèy kò ki goumen ak enfeksyon. Lè gen grangou ki grav epi gen yon sèl kalite manje pou moun manje, sa ka bay gwo maladi, pelag—po dekale, dyare, ak fè yon moun depale.
Asid folik
Legim vèt, pwa tann, pwa frans, fwi, zaboka, champiyon, fwa.
Manje ki gen asid folik ladan yo, tankou legim vèt ak pwa
Sitou fanm ki gwo vant yo bezwen li pou fè tibebe a devlope nòmalman.

Si yon fanm manke asid folik pandan gwosès li, tibebe a ka fèt twò piti, osinon li ka donmaje. Klike isit.
Kalsyòm Manje ki fèt ak lèt, zèb lanmè, legim vèt fonse, nwa ak sereyal, ti pwason kote nou manje zo paske se kalsyòm ase yo ye. Po ze pele epi moulen bon anpil tou.
Manje ki gen kalsyòm, tankou lèt, fwomaj ak pwason
Li fè zo ak dan nou yo gen fòs. Li ede vyann kò a ak nè nou.
Zo ki fèb, ki kase fasil.
Ma ak fil (fib)
Pwa, sereyal ki gen tout pay sou li, legim ak fwi, nwa.


Manje ki gen fib (ma ka fil), tankou sereyal ak legim
Se pa ni vitamin ni mineral, men ma ak fil bay moun bon dijesyon epi ede yo watè nòmalman. Konstipasyon (sere) ak lakranp vant. Si yon moun gen lontan li manke manje ase ma ak fil, sa ka ba li kansè ak lòt maladi trip la.


Ki sa nou di sou vitamin nan grenn osinon nan piki ?

Imaj yon piki ak yon ‘x’ sou li, ak mo ki di ‘NON’
NON!

Genyen moun ki kwè se vitamin nan grenn, nan siwo, osinon nan piki ki pou regle tout pwoblèm, soti problèm feblès rive pwoblèm nan rapò seksyèl. Lè vre doktè ak «doktè piki» yo toulede preskri vitamin pou tout pwoblèm ki genyen, sa fè pwoblèm nan tounen pi mal ankò. Epi sa fè moun pèdi kòb yo.

Tout moun ki manje plizyè bon kalite manje, tankou legim ak fwi, yo jwenn tout vitamin yo bezwen. Li ta pi bon pou nou achte bon kalite manje pase pou nou pèdi kòb nou nan achte grenn ak piki vitamin ki koute chè.

Vitamin se yon kalite medikaman yo ye. Tankou medikaman, se pou moun pran yo sèlman si yo vrèman bezwen yo. Se moun ki malnouri ak fanm ki gwo vant ki bezwen plis vitamin ; se pou yo pran vitamin. Sinon, moun pa fèt pou yo pran vitamin. Yo pa bay pi bon sante. Yo pa fè timoun grandi.

Pa pran piki vitamin. Sa prèske pa janm rive pou yon moun bezwen pran piki vitamin. Si yo bay piki ak sereng ki deja sèvi, sa ka bay moun absè, maladi fwa (lajonis, epatit), ak VIH/SIDA