Hesperian Health Guides
Medikaman ki pou trete alèji oubyen demanjezon : Antihistaminques (anti-istaminik)
SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Premye swen > Medikaman ki pou trete alèji oubyen demanjezon
Medikaman sa yo pa p ka trete yon grip òdinè.
Fanm ki gwo vant dwe evite pran anti-istaminik yo. Si yo oblije pran youn, chwazi youn ki sèvi depi yon bon ti tan, tankou chlorphéniramine osinon diphenhydramine, epi bwè li ak anpil dlo.
Pou trete yon reyaksyon alèji ki grav, ki bay yon moun pwoblèm pou li pran souf, fòk nou ba li adrenaline (épinéphrine), mete sou sa, bay yon anti-istaminik.
Kontni yo
Chlorphéniramine, Chlorphénamine
(klòfeniramin, klòfenamin)
Chlorphéniramine se yon anti-istaminik ki sèvi pou trete pwoblèm alèji ka bay la, tankou demanjezon, estènen, gratèl. Li bon pou trete piki ti bèt ak zèl, alèji ak manje oubyen medikaman ki pa twò grav. Li bon tou pou trete lafyèv sezon (nen k ap koule larim ak je k ap grate ; ti poud jòn flè yo ka bay sa).

Dòmi nan je (lòt anti-istaminik ka bay pi gwo pwoblèm).

Fanm ki gwo vant pa dwe sèvi avè l, sòf si nou wè li vrèman nesesè. Moun ki fè kriz opresyon pa gen dwa pran li pandan kriz la sou yo.

Timoun 3 - 5 ane : bay 1 mg, nan espas 4 - 6 èdtan jis li fè mye.
Timoun 6 - 12 ane : bay 2 mg, nan espas 4 - 6 èdtan jis li fè mye.
Plis ke 12 ane : bay 4 mg, nan espas 4 - 6 èdtan jis li fè mye.
Pou trete yon reyaksyon alèji ki grav
Premyèman, bay piki adrénaline. Apre sa, bay chlorphéniramine nan bouch, selon dòz ki ekri anwo a. Sa ap anpeche alèji a tounen sou yon moun lè efè adrénaline yo ap pase.
Diphenhydramine
(difenidramin)
Diphenhydramine se yon anti-istaminik ki sèvi pou trete pwoblèm alèji ka bay la, tankou demanjezon, estènen, gratèl. Li bon pou trete piki ti bèt ak zèl, alèji ak manje oubyen medikaman ki pa twò grav. Li bon tou pou trete lafyèv sezon (nen k ap koule larim ak je k ap grate ; ti poud jòn flè ka bay sa.)

Dòmi nan je

- Diphenhydramine ka bay yon moun tèt vire ak dòmi nan je, epi fè li wè twoub. Moun pa gen dwa kondwi machin pandan y ap pran medikaman sa a. Si yon moun bwè alkòl pandan l ap pran diphenhydramine, sa ka ogmante anvi dòmi li.
- Tibebe ki fèk fèt ak fanm k ap bay tete pa gen dwa pran li. Li ta bon pou fanm ki gwo vant pa pran li nonplis, sòf si nou wè li nesesè.
- Moun ki fè kriz opresyon pa gen dwa pran li pandan kriz la sou yo.

Timoun 2 - 5 ane : bay 6 mg nan espas 4 - 6 èdtan. Pa bay plis pase 37 mg nan yon jou.
Timoun 6 - 11 ane : bay 12 - 25 mg nan espas 4 - 6 èdtan. Pa bay plis pase 150 mg nan yon jou.
Plis ke 12 ane : bay 25 - 50 mg nan espas 4 - 6 èdtan. Pa bay plis pase 400 mg nan yon jou.
Pou trete reyaksyon alèji ki grav
Timoun 2 - 11 ane : Pou chak kilogram pwa yon timoun, bay 1 - 2 mg nan espas 6 èdtan. Si pa gen balans, bay dòz ki ekri anwo a, epi bay dòz ki pi gran an. Pa bay plis pase 50 mg nan yon dòz; pa bay plis pase 500 mg nan yon jou.
Plis ke 12 ane : bay 25 - 50 mg nan espas 2 - 4 èdtan. Pa bay plis pase 100 mg pandan 4 èdtan, oubyen 400 mg nan yon jou.
Adrénaline, épinéphrine
(adrenalin, epinefrin)
Nou sèvi ak adrénaline pou trete yon moun fè yon reyaksyon alèij ki grav (chòk alèji) ak yon medikaman, ak yon manje, ak yon piki ti bèt ak zèl, oubyen ak lòt bagay ki ka bay gwo reyaksyon alèji. Li ka trete pwoblèm souf wo, opresyon, gratèl ki grav ak glòb ki leve sou po.

Li pè, li ajite, li enève, li sou tansyon, kè li bat vit, li ka gen maltèt ak tèt vire.

Nou jwenn adrénaline pi souvan nan flakon ki gen 1 mg nan 1 mililit dlo. Nou jwenn li tou nan sereng ki tou pare. Men se pa toujou menm valè adrénaline ki nan yon sereng. Fè atansyon pou nou toujou li etikèt ki nan sereng lan, epi swiv esplikasyon yo. Fòk nou bay dòz ki egzak la.

Pou trete reyaksyon alèji ki grav
Timoun 1 - 5 ane : bay piki ¼ mg (0,33 mg, twazèm nan yon miligram).
Timoun 6 - 12 ane : bay piki ⅓ mg (0,33 mg, twazèm nan yon miligram).
Plis ke 12 ane : bay piki ½ mg (0,5 mg, mwatye nan yon miligram).
Si nou wè li nesesè, bay yon 2èm dòz nan 5 - 15 minit, epi yon 3èm dòz 5 - 15 minit pi devan. Pa bay plis pase 3 dòz.
Lè nou fin bay piki adrénaline, bay yon anti-istaminik tankou chlorphéniramine oubyen diphenhydramine. Sa ap anpeche alèji a tounen lè efè adrénaline yo ap pase.
Salbutamol, albuterol
(salbitamòl, albitewòl)
Salbutamol louvri kannal ki mennen lè nan poumon yo, pou yon moun ka pran souf pi alèz. Li bon pou trete yon moun ki soufri ak opresyon oubyen ki te respire anpil lafimen dife ; toulede ka ba li souf kout oubyen yon ral lè l ap pran souf.

Li tranble, li enève, li gen tèt vire, kè li bat vit, tèt li ka fè mal.
Kouman pou itilize
Nou mèt bay yon moun plis pase dòz ki ekri anwo a, si li santi nesesite pou sa.
Nou jwenn medikaman sa a nan yon flitè ki bay yon ti boufe medikaman pou yon moun respire l. Li mache pi byen si ou gen yon espasè, yon aparèy ki kenbe medikaman an anndan l. Ou fè boufe medikaman an antre nan aparèy sa a pou l pa chape nan lè. Lè sa a, w ap respire l alèz. Ou ka fè you espasè ak 2 vè plastik. Mare bouch vè yo ansanm ak adeziv. Fè yon ti twou nan bout anba yon vè, epi mete bouch flitè a ladann. Nan bout anba lòt vè a fè yon twou ki pi laj pou ou mete bouch ou. Fè yon boufe medikaman antre nan aparèy la, epi rale 3 gwo souf dousman. Rekòmanse yon lòt fwa.