Hesperian Health Guides

Medikaman ki pou trete boule

Premye swen : Medikaman

Boule ka fè mal anpil. Bay moun nan remèd fò pou kalme doulè a, tankou codéïne OUBYEN morphine, sitou anvan nou lave boule yo oubyen chanje pansman yo.

Boule yo byen fasil pou yo enfekte. Si nou wè yo kòmanse enfekte, bay yon antibyotik tankou dicloxacilline, OUBYEN clindamycine, OUBYEN céfalexine, OUBYEN ciprofloxacine.

Pandan boule yo ap geri, bay moun nan yon anti-istaminik tankou chlorphéniramine OUBYEN diphenhydramine pou kalme gratèl la.

Si yon moun pa t pran tout vaksen kont tetanòs, bay vaksen kont tetanòs.

Si yon moun te nan mitan yon dife, epi li te respire anpil lafimen, salbutamol ka pèmèt li respire pi alèz.