Hesperian Health Guides
Medikaman ki pou kalme doulè ak lafyèv
Kontni yo
Premye swen : Medikaman
- Antibyotik
- Medikaman ki pou anpeche moun trape tetanòs
- Medikaman ki pou trete mòde bèt
- Medikaman ki pou trete boule
- Medikaman ki pou trete alèji oubyen demanjezon : Antihistaminques (anti-istaminik)
- Medikaman ki pou trete kriz kè (atak kè, kriz kadyak)
- Medikaman ki pou trete anpwazonnman
- Medikaman ki pou kalme doulè ak lafyèv
- Medikaman ki pou andòmi chè a
- Medikaman ki pou kalme moun
Paracétamol (pi bon remèd pou timoun), aspirine, ak ibuprofène se medikaman ki bon pou kalme doulè ki pa twò grav, epi pou desann lafyèv. Aspirine ak ibuprofène goumen ak anflamasyon tou. Konsa yon moun ap refè pi vit. Pa egzanp, si yon moun foule je pye li, medikaman sa yo va kalme doulè a; an plis, yo va desann anflamasyon an. Men timoun ki soufri ak maladi viris epi ki gen lafyèv, yo pa gen dwa pran aspirin.
Veye pou nou pa bay pi gwo dòz pase sa yo di pou nou bay la. Tout medikaman sa yo ka bay pwoblèm si yon moun pran twòp. Pa egzanp, si yon moun sèvi twòp ak aspirine oubyen ibuprofène, yo ka bay ilsè nan lestomak. Si yon moun bwè twòp paracétamol, se pwazon. Lè nou soufri anpil oubyen nou gen gwo lafyèv, nou ka evite pran twòp si nou pran paracétamol yon fwa, epi ibuprofène lòt fwa a.
Paracétamol, acétaminophène
(parasetamòl, asetaminofèn)
Paracétamol pa koute chè; li bon pou kalme ti doulè epi pou desann lafyèv.

Veye pou nou pa pran plis medikaman pase sa yo di pou nou pran. Lè nou pran medikaman sa a twòp, li ka donmaje fwa a; li ka menm pote yon moun ale. Sere medikaman an kote timoun pa ka rive, sitou si se medikaman an siwo li ye.
Yo mete paracétamol nan anpil siwo grip. Poutèt sa, si n ap bay paracétamol, pa bay siwo grip. Sinon, nou ka bay twòp.

Timoun ki poko gen 1 ane : bay 62 mg (mwatye nan yon ¼ {ka} grenn 500 mg, ki vle di 1/8, yon uityèm nan yon grenn), nan espas 4 - 6 èdtan.
Timoun 1 - 2 ane : bay 125 mg (¼, ka nan yon grenn 500 mg) nan espas 4 - 6 èdtan.
Timoun 3 - 7 ane : bay 250 mg (½, mwatye nan yon grenn 500 mg) nan espas 4 - 6 èdtan.
Timoun 8 - 12 ane : bay 375 mg (¾, twa ka nan yon grenn 500 mg) nan espas 4 - 6 èdtan.
Plis ke 12 ane : bay 500 - 1000 mg, nan espas 4 - 6 èdtan. Pa bay plis pase 4000 mg nan yon jou.
Ibuprofène
(ibipwofèn)
Ibuprofène bon pou trete maltèt, pou kalme doulè nan vyann ak jwenti, epi pou desann lafyèv.

Ibuprofène ka bay vant fè mal. Pou diminye problèm sa a, bwè li ansanm ak lèt oubyen ak manje.

Moun ki fè alèji ak aspirin pa gen dwa pran ibuprofène nonplis. Gen de moun, depi yo fè alèji ak youn, y ap fè alèji ak lòt la tou. Pa bay ibuprofène pou vant fè mal, ni pou lestomak chaje. Se yon asid li ye, ki ka fè pwoblèm lan vin pi mal. Poutèt sa, yon moun ki soufri asid pa dwe janm pran li. Pa bay tibebe li ki poko rive nan laj 6 mwa, epi pa bay fanm ansent li pandan dènye 3 mwa gwosès yo.

Tibebe 6 mwa - 1 ane : bay 50 mg nan espas 6 - 8 èdtan.
Timoun 1 - 2 ane : bay 75 mg, nan espas 6 - 8 èdtan.
Timoun 2 - 3 ane : bay 100 mg, nan espas 6 - 8 èdtan.
Timoun 4 - 5 ane : bay 150 mg, nan espas 6 - 8 èdtan.
Timoun 6 - 8 ane : bay 200 mg, nan espas 6 - 8 èdtan.
Timoun 9 - 10 ane: bay 250 mg, nan espas 6 - 8 èdtan.
Timoun 11 ane : bay 300 mg, nan espas 6 - 8 èdtan.
Plis ke 12 ane : bay 200 – 400 mg, nan espas 4 - 6 èdtan.
Pa bay plis pase 40 mg pou chak kilogram pwa yon moun, pandan 24 èdtan. Pa bay plis pase 4 dòz nan yon jou. Pa bay li pandan plis pase 10 jou youn apre lòt.
Aspirine
acide acétylsalicylique (aspirin)
Aspirine pa koute chè; li bon pou kalme ti doulè epi pou desann lafyèv.

Aspirine ka bay vant fè mal ak doulè anba kè. Pou evite sa, bwè aspirin ak lèt, ak yon ti gout bikabonat, ak anpil dlo—oubyen ansanm ak gwo manje.

- Pa bay aspirin pou vant fè mal, ni pou lestomak chaje. Se yon asid li ye, ki ka fè pwoblèm lan vin pi mal. Poutèt sa, lè yon moun gen ilsè nan lestomak, li pa dwe janm sèvi ak aspirin.
- Lè yon moun manke dlo nan kò li, pa ba li plis pase yon sèl dòz aspirin, jis nou wè li ka pipi byen.
- Li pi bon pou nou pa sèvi ak aspirin pou timoun ki poko gen 12 ane, sitou pa pou tibebe (paracétamol pi bon). Moun ki soufri opresyon pa gen dwa sèvi avè l (li ka bay yon kriz opresyon). Pa bay timoun ki gripe aspirin paske sa ka bay pwoblèm.
- Toujou sere aspirin kote timoun pa ka jwenn yo. Lè yon moun pran medikaman sa a twòp, li ka tounen pwazon.
- Fanm ki gwo vant pa dwe pran aspirin.

Timoun 3 - 7 ane : bay 150 mg, nan espas 6 èdtan.
Timoun 8 - 12 ane : bay 300 mg, nan espas 6 èdtan.
Plis ke 12 ane : bay 300 - 600 mg, nan espas 4 - 6 èdtan.
Pa bay plis pase 2400 mg nan yon jou. Pa bay timoun plis pase 4 dòz nan yon jou.
Pou kriz kè (kriz kadyak)
Bay 300 - 325 mg nan bouch, touswit. Fè li kraze l nan bouch li epi vale l.
Codéïne, sulfate de codéïne
(kodeyin)
Codéïne se yon medikaman ki soti nan fanmi opyòm. Li bon pou kalme gwo doulè. Sèvi avè l sèlman lè lòt medikaman, ki pa si fò, pa ka kalme doulè a.

Li ka fè moun sere (watè a di anpil). Lè yon moun kòmanse pran medikaman sa a, li ka gen difikilte pou li fè pipi. An plis, li ka bay kè plen, vomisman, gratèl, ak maltèt.

- Codéïne se yon medikaman, lè moun kòmanse pran li, yo gen dwa santi fòk yo pran li toutan. (Yo rele sa adiksyon oubyen depandans.) Pa sèvi avè l souvan, ni pandan yon tan ki twò long.
- Pa bwè alkòl pandan n ap pran medikaman sa a. Genyen gwo danje nan sa; li ka menm pote yon moun ale.
- Codéïne fè lespri ak reyaksyon yon moun vin lou. Pran prekosyon lè nou kondwi machin, oubyen lè nou fè lòt bagay ki mande pou nou rete veyatif anpil.
- Lè nou vle sispann pran li, desann dòz la yon ti kras chak jou. Si yon moun sispann pran li yon sèl kou, li gen pou travèse yon moman difisil, yon moman kote kò li poko dezabitye ak medikaman an.
- Moun ki fè alèji ak morphine pa gen dwa sèvi ak codéïne.
- Fanm ki gwo vant ak fanm k ap bay tete pa gen dwa sèvi ak codéïne.

Timoun 3 - 6 ane : bay ½ - 1 mg nan bouch, pou chak kilogram pwa yon timoun, nan espas 4 - 6 èdtan.
Timoun 7 - 12 ane : bay 15 - 30 mg nan bouch, nan espas 4 - 6 èdtan.
Plis ke 12 ane : bay 15 - 60 mg nan bouch, nan espas 4 - 6 èdtan. Pa bay plis pase 360 mg nan yon jou.
Morphine, Sulfate ou hydroxide de morphine (mòfin)
Morphine se yon medikaman ki soti nan fanmi opyòm. Li bon pou kalme gwo doulè.

- Morphine se yon medikaman, lè moun kòmanse pran li, yo gen dwa santi fòk yo pran li toutan. (Yo rele sa adiksyon osinon depandans.) Pa sèvi avè l souvan, ni pandan yon tan ki twò long.
- Pa bwè alkòl pandan n ap pran medikaman sa a. Genyen gwo danje nan sa; li ka menm pote moun ale.
- Morphine fè lespri ak reyaksyon yon moun vin lou. Pran prekosyon lè nou kondwi machin, oubyen lè nou fè lòt bagay ki mande pou nou rete veyatif anpil.
- Lè nou vle sispann pran li, desann dòz la yon ti kras chak jou. Si yon moun sispann pran li yon sèl kou, li gen pou travèse yon moman difisil, yon moman kote kò li poko dezabitye ak medikaman an.
- Moun ki fè alèji ak codéïne pa gen dwa sèvi ak morphine.
- Fanm ki gwo vant ak fanm k ap bay tete pa gen dwa sèvi ak morphine.

Tibebe ki poko gen 6 mwa : bay 0,1 mg nan bouch, pou chak kilo pwa tibebe a, nan espas 3 - 4 èdtan. Si pa gen balans, bay 0,5 mg nan bouch nan espas 3 - 4 èdtan.
Tibebe ki plis ke 6 mwa : bay 0.2 - 0.5 mg nan bouch, pou chak kilo pwa tibebe a, nan espas 4 - 6 èdtan, si nou wè li nesesè.
Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Timoun 6 mwa - 1 ane : bay 2 mg nan bouch, nan espas 4 - 6 èdtan
Timoun 1 - 5 ane : bay 3 mg nan bouch, nan espas 4 - 6 èdtan
Timoun 6 - 12 ane : bay 8 mg nan bouch, nan espas 4 - 6 èdtan
Plis ke 12 ane : bay 10 - 30 mg nan bouch, nan espas 4 èdtan
Pou kriz kè
Bay piki 10 mg nan vyann, dousman, pandan 5 minit (2 mg chak minit). Bay yon lòt dòz 5 - 10 mg si nou wè li nesesè.