Hesperian Health Guides

Kalite vaksen ki kouran

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Nan pifò peyi, genyen vaksen ki pou pwoteje kont :


Kote yo bezwen yo, gen vaksen ki pou pwoteje kont:

NWTND vacc Page 7-2.png



Vaksen BCG pwoteje kont tibèkiloz (maladi pwatrin)

Yo bay vaksen BCG nan piki jis anba po a. Fè efò pou bay vaksen an depi tibebe a fèt.
  • Si gen yon moun nan kay la ki malad ak tibèkiloz, epi timoun yo pa t pran vaksen BCG, bay yo vaksen an depi li posib.
  • Pa bay fanm ansent vaksen BCG.
  • Si manman tibebe a gen VIH, nou mèt bay tibebe a vaksen BCG lè li fèk fèt. Lòt moun ki gen VIH, sa vle di, ki fè tès ki fè konnen yo gen VIH la, yo dwe kòmanse trete VIH ak medikaman antiretwoviwo anvan nou ba yo BCG.
Tibèkiloz se yon enfeksyon, jeneralman nan poumon yo, ki grav anpil. Men gen medikaman ki ka geri maladi a. Si nou pa p trete l, maladi a ap donmaje poumon yo ti kras pa ti kras jis moun lan sispann pran souf. Vaksen BCG ka ede evite kalite TB yo ki pi danjere. Li ede kò a konbat lòt maladi tou.
Yon nonm k ap pale
Yo fè vaksen konbine pou moun pa oblije pran sitèlman anpil piki. Vaksen pentavalent (pentavalan) se yon konbinezon ki pwoteje kont 5 maladi, men ki mande yon sèl piki : difteri, koklich, tetanòs, epatit B, epi yon kalite gwo grip ki ka bay nemoni ak mennenjit. Nan kèk peyi yo sèvi ak vaksen hexavalent (eksavalan) pou pwoteje kont 6 maladi : 5 maladi ki ekri anwo a, mete sou sa polyo.



Vaksen DCT (epi DTaC, Tdap) pwoteje kont difteri, koklich, tetanòs

Vaksen DCT pwoteje kont 3 maladi. Vaksen pentavalent e hexavalent gen DCT ladann. Nan laj 6 mwa, tibebe yo dwe fin pran yon seri 3 piki.
  • Jeneralman yo bay timoun ki pi gran 3 rapèl DCT, oubyen yon konbinezon kont difteri e tetanòs (Td, Dt)
  • Vaksen DCT pandan gwosès ka pwoteje tibebe a.
  • Si yon moun pran tout 6 dòz (seri 3 dòz ak 3 rapèl) sa ap pwoteje kont tetanòs pou anpil ane. Rapèl tetanòs nesesè si yon moun manke pran tout vaksen lè li te timoun, oubyen si li gen blesi ki sal oubyen ki byen grav.

Difteri frape timoun piplis. Gòj la ka anfle jis li koupe souf la.

Koklich bay yon move tous ki bay moun difikilte pou l pran souf. Se pi gwo danje pou tibebe.

Tetanòs ka touye yon moun byen vit. Nenpòt moun ka trape l si li blese oubyen koupe po a. Tibebe ki fèk fèt ka trape l si manman an pa t pran vaksen.

Vaksen HepB (HBV tou) pwoteje kont epatit B

Nan laj 6 mwa tibebe yo dwe fin pran yon seri 3 - 4 piki.
  • Bay premye vaksen lè tibebe fèk fèt. Nan laj 6 mwa, tibebe dwe fin pran lòt vaksen, swa yon seri DCT ou yon konbinezon vaksen pentavalent ou hexavalent.
  • Si yo pa t pran vaksen lè yo timoun piti, vaksinen timoun ki pi gran e granmoun ak yon seri 3 piki HepB.
Epatit B bay pwoblèm fwa ki grav, epi kèk fwa kansè nan fwa. Manman ka bay tibebe maladi a nan moman akouchman an, oubyen moun ka trape l lè yo fè bagay oubyen lè yo sèvi ak zegwi ki sal.

Vaksen Hib pwoteje kont yon kalite gwo grip (Haemophilus influenzae de type b, Hib)

Nan laj 6 mwa, tibebe yo dwe fin pran yon seri 3 piki, swa ak yon seri DCT ou ak yon konbinezon vaksen pentavalent ou hexavalent.
  • Li ka mande yon rapèl nan laj 12 – 15 mwa.
  • Granmoun ak timoun plis pase 5 ane pa fasil bezwen vaksen Hib sof si yo gen anemi falsifòm oubyen pwoblèm sistèm defans kò a.
Kalite grip sa a se pa menm ak maladi nou konn rele grip. Se yon mikwòb ki ka bay enfeksyon sèvo, nemoni, enfeksyon po ak zo, ak lòt maladi ki grav.

Vaksen polyo (VPI, VPO) pwoteje kont polyo

Nan laj 6 mwa tibebe yo dwe fin pran yon seri 3 oubyen 4 dòz.
  • Bay premye vaksen lè tibebe fèk fèt, lòt vaksen pi devan ak seri DCT a.
  • VPO (vaksen polyo oral) se gout yo bay nan bouch, epi VPI (vaksen polyo ki pa vivan) nan piki. Swivan peyi a, yo konn sèvi ak toulede VPO ak VPI.
Polyo se yon viris ki ka koze paralize, difikilte pou pran souf, epi menm lanmò. Paske gen sitèlman anpil moun ki vaksinen kont polyo, li prèske fin disparèt sou latè.

Vaksen Rota (RV) pwoteje kont wotaviris

Nan laj 6 mwa, tibebe yo dwe fin pran 2 oubyen 3 piki, daprè esplikasyon fabrikan an. Se gout yo bay nan bouch.
  • Yo bay li nan menm tan ak seri DCT oubyen pentavalent.
Pou 15 jou apre vaksinasyon an, pou evite ti maladi, fè atansyon pou nou byen lave men nou chak fwa nou chanje kouchèt tibebe a.
Wotaviris se yon maladi ki kouran, ki ka bay yon dyare ki grav, lafyèv, epi vomisman. Li gaye vit, epi se danje sitou pou tibebe ak timoun piti.

Vaksen antinemokoksik (antipneumococcique conjugé) pwoteje kont nemoni ak lòt enfeksyon

Yo bay tibebe yon seri 3 piki.
  • Nòmalman yo bay li nan menm tan ak seri DCT oubyen pentavalent, men nan kèk peyi yo bay premye 2 piki nan 6 mwa, epi 3èm lan pi devan.

Vaksen sa a anpeche gwo enfeksyon sèvo ak san ke viris sa a ka bay.

Li pi enpòtan pou vaksinen timoun, men li ede pwoteje vye granmoun kont nemoni tou.

Vaksen rougeole, RR, RRO pwoteje kont lawoujòl

Yo bay li souvan nan vaksen konbine, swa ak RR (lawoujòl e ribeyòl), ou ak RRO (lawoujòl, ribeyòl, e malmouton). Bay timoun 2 dòz pou pi piti.
  • Lè gen epidemi lawoujòl, nou gen dwa vaksinen tibebe nan laj 6 mwa. Apre sa, yo gen pou pran 2 lòt dòz.
  • Yon timoun ak VIH/SIDA gen pou pran 2 oubyen kèk fwa 3 piki, men yon timoun ki byen malad ak VIH/SIDA gen pou swiv trètman ARV epi jwenn pi bon sante anvan vaksinasyon.
Lawoujòl gaye vit pami timoun; li bay gratèl, lafyèv, ak tous. Si nou pa trete l, li ka bay dyare, enfeksyon je oubyen zòrèy, fè moun avèg, oubyen pote yo ale.

Vaksen rubéole, RR, RRO pwoteje kont ribeyòl

Timoun dwe pran 1 piki pou pi piti. Bay li ansanm ak premye vaksen kont lawoujòl.
  • Yo bay anpil timoun 2 piki paske vaksen ribeyòl fè pati 2 vaksen konbiné ki kouran, RR (lawoujòl ak ribeyòl) epi RRO (lawoujòl, ribeyòl, e malmouton). Yo bay vaksen sa yo 2 fwa.
  • Kote yo pa t vaksinen pifò tibebe, yo ka fè pwogram vaksinasyon sitou pou fi ki pi gran.

Ribeyòl ka bay yon gratèl ak lafyèv, epi l ap pase. Men si yon fanm ansent trape l, se gwo danje pou tibebe ki nan vant lan.

Si nou vaksinen tout timoun, sa anpeche ribeyòl, epi pwoteje fanm ansent pou yo pa trape l. An plis, fi ki vaksinen yo pa p trape l si yo tonbe ansent lè yo pi gran.

Vaksen VPH pwoteje kont enfeksyon viris papiyom imen

Fi gen pou pran 2 oubyen 3 piki, selon laj yo.
  • Bay premye piki nan laj 9 - 10 ane, epi yon lòt nan 6 mwa. Pou yon fi ki deja gen 15 ane oubyen plis : bay premye piki a, tann 4 senmenn pou bay 2èm lan, epi tann 12 senmenn an plis pou bay 3èm lan.
Vaksen sa a pwoteje fanm kont kansè nan kòl matris, epi li pwoteje gason kont kèk kansè. Li pi enpòtan pou fi, men si gen ase vaksen ak mwayen, gen de peyi kote yo vaksinen gason tou.

Vaksen yo itilize sèlman nan kèk zòn, epi lòt vaksen yo bay kèk moun sèlman

Kolera

 Yon gwoup moun k ap fè reyinyon pou pale sou ki jan yo ka anpeche kolera.

Kolera se yon maladi ki bay yon dyare ki grav anpil, ki ka touye moun nan yon ti moman, paske li fè moun manke dlo, sitou tibebe ak timoun.

Yo bay vaksen kont kolera nan bouch. Yo bay li lè yon epidemi fèk kòmanse, oubyen lè li ka kòmanse. Sa rive sitou nan kan oubyen bitasyon kote refijye ak moun ki oblije kite kay yo vin abite. Li ka mande youn oubyen de (2) dòz, dapre esplikasyon fabrikan vaksen an. Si kolera a tounen nan yon zòn, sa ka mande pou moun pran tout yon seri vaksen, oubyen sèlman yon rapèl.

Lè yo fè kanpay vaksinasyon kont kolera, fanm ki ansent oubyen ka p bay tete ak moun ki gen VIH/SIDA yo dwe pran vaksen an tou.

Enfeksyon sèvo, mennenjit

Vaksen se pi bon pwoteksyon kont yon maladi ki grav anpil, mennenjit, yon enfeksyon sèvo. Nou jwenn li pi souvan nan Lafrik nò e santral. Vaksen an bon pou timoun ak granmoun. Si genyen yon epidemi maladi a ki pete, fòk ajan sante yo ka jwenn vaksen an. Pa gen danje pou fanm ansent. Yo gen pou bay youn oubyen de (2) dòz, dapre esplikasyon fabrikan vaksen an. Genyen plizyè kalite mikwòb ki bay maladi mennenjit la ; nou dwe sèvi ak yon vaksen ki efikas kont mikwòb ki nan zòn lan.

Lafyèv jòn

NWTND vacc Page 11-1.png

Lafyèv jòn se yon viris ; se yon kalite marengwen ki mache bay moun viris la. Lè lafyèv jòn fèk rive nan yon zòn, li gaye vit. Li se gwo danje pou timoun piti.

Kote nou konn jwenn lafyèv jòn, vaksinen timoun yo ak yon (1) dòz nan menm tan ak vaksen kont lawoujòl, nan laj 9 – 12 mwa. Si lafyèv jòn rive nan yon nouvo zòn, se pou nou vaksinen tout moun, tibebe ki gen plis ke 6 mwa ladann.

Enfeksyon sèvo japonèz

Enfeksyon sèvo japonèz se yon viris ; se yon kalite marengwen ki mache bay moun viris la. Nou jwenn li nan kèk zòn nan Lazi. An premye, yo ka eseye vaksinen tout timoun ki poko rive nan laj 15 ane. Apre sa, se sèl tibebe ki fèk fèt ki bezwen pran vaksen an. Yo gen pou bay youn oubyen de (2) dòz, dapre esplikasyon fabrikan vaksen an.

Yon enfeksyon sèvo, se tik (karapat, chik) ki transmèt li

Enfeksyon an se yon viris ; se tik ki mache bay moun viris la. Tik se ti bèt tou piti ki fouye kò yo nan po a, epi nou mal pou nou wè yo.

En jeneral, timoun dwe pran 3 piki, premye piki nan laj 1 ane oubyen 3 ane, dezyèm piki nan 1 – 7 mwa pi devan, epi twazyèm nan 9 – 12 mwa apre dezyèm lan, dapre esplikasyon fabrikan vaksen an. Kote nou konn jwenn kalite enfeksyon sèvo sa a, yo bezwen pran yon rapèl chak 3 – 5 ane. Paske maladi a pote gwo danje pou moun ki avanse nan laj, yo ka fè kanpay vaksinasyon sitou pou granmoun ki gen plis ke 50 ane.

Epatit A

Epatit A gaye nan manje ak dlo ki kontaminen, epi li donmaje fwa a. Li fè moun tonbe fèblès, gen de fwa pou plizyè mwa. Li al fè wout li pou kont li, epi li pa p tounen sou yon moun. Kote epatit kouran nan zòn lan, li pa nesesè pou vaksinen moun ; men kote pifò moun pa t janm pran maladi sa a, nou ka fè vaksinasyon pou evite li.

Yo bay youn oubyen de (2) dòz dapre esplikasyon fabrikan vaksen an. Kote yo vaksinen tout timoun, bay premye piki nan laj 12 mwa konsa, epi dezyèm lan 6 – 18 mwa pi devan.

Varisèl

Vaksen sa a anpeche yon moun trape varisèl, yon maladi ki bay lafyèv, gratèl, demanjezon, ak fatig pandan 8 - 15 jou. Dapre esplikasyon fabrikan vaksen an, yo bay chak timoun youn oubyen de (2) piki, epi kèk fwa yo vaksinen timoun ki pi gran ak granmoun yo tou.

Gwo grip, grip ak lafyèv

Grip se non yon gwoup viris ki kouran pandan kèk mwa chak ane. Li bay lafyèv, frison, ak lòt siy ki sanble ak yon rim senp men li pi grav. Pifò moun ap refè, men li ka grav pou tibebe, vye granmoun, ak moun ki gen lòt pwoblèm sante. Yo fè yon nouvo vaksen chak ane pou pwoteje kont viris gwo grip la ki chanje san rete. Souvan yo fè efò pou vaksinen sitou fanm ansent paske y ap pase pwoteksyon lan bay tibebe yo. Nou pa gen dwa vaksinen tibebe anvan yo rive nan laj 6 mwa.

Dabitid, yo bay yon piki chak ane. Premye fwa yo vaksinen timoun ki gen 6 mwa - 5 ane, yo bay 2 piki, dezyèm lan 4 senmenn pi devan.

Lafyèv tifoyid

Lafyèv tifoyid se yon enfeksyon ki bay lafyèv, vomisman, ak lòt siy. Nou ka trete l ak antibyotik. Tifoyid gaye nan manje oubyen nan dlo. Pou anpeche l gaye, moun dwe lave men yo souvan, fòk yo jwenn ase dlo pwòp, epi fòk yo pwòpte kote y ap viv la. Genyen 2 fòm vaksen kont tifoyid : piki oubyen grenn. Yo sèvi ak vaksen an sitou kote ki gen yon epidemi tifoyid, epitou pou moun k ap vwayaje al nan peyi kote lafyèv tifoyid kouran.

Laraj

NWTND vacc Page 12-1.png

Laraj se yon viris ki ka touye ; moun pran yo nan bèt, pi souvan chen oubyen chovsourit. Genyen peyi kote nou prèske pa ka jwenn maladi a ; gen lòt peyi kote li pi kouran. Si yo vaksinen tout chen kont laraj, sa ap diminye danje a. Si yon bèt anraje mòde yon moun, fòk nou fè vit kòmanse ba li yon seri piki vaksen kont laraj. An plis, yo ka bezwen yon piki sewòm pou kraze laraj la. Se pou nou lave byen lave blesi a ak dlo e savon pandan 15 minit pou pi piti.

Vaksen kont laraj lè yon bèt mòde yon moun : Lè yon moun bezwen pran toulede, sewòm ak vaksen kont laraj, bay sewòm lan an premye, epi sèvi ak yon lòt sereng pou bay vaksen an. Bay tout yon flakon vaksen (0.5 ml oubyen 1 ml, dapre esplikasyon fabrikan vaksen an) nan vyann nan anwo ponyèt la. Bay premye piki nan jou bèt la mòde li, epi bay yon lòt piki nan 3èm ak nan 7èm jou. Apre sa, bay yon 4èm piki ant 14èm jou e 28èm jou apre bèt la te mòde l. Pou timoun ki gen 2 ane oubyen ki poko rive nan laj 2 ane, bay piki nan anwo kwis la. Pa bay vaksen kont laraj nan fès.

Menm si nou pa jwenn sewòm kont laraj touswit, nou ka anpeche laraj antre sou yon moun si nou fè vit lave po a byen lave, epi si nou bay yon seri vaksen kont laraj.

Yo bay vaksen kont laraj anvan yon bèt mòde yon moun, men jeneralman li nesesè sèlman pou moun ki travay ak bèt ki ka fasil pran laraj.


Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020