Hesperian Health Guides

Manke dlo (dezidratasyon)

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Yon timoun ki mèg, li bouke, je li fon

Lè yon moun pa gen ase dlo ki rete nan kò a, yo rele sa dezidratasyon. Nou ekri sou pwoblèm nan nan chapit sa a paske se dyare ki pi souvan fè moun vin manke dlo. Lòt bagay ki ka fè yon moun manke dlo se vomisman, chalè solèy la frape l twòp, li travay twòp, oubyen li mete twòp rad. Maladi sa a mache pi vit, epi li gen pi gwo danje pou timoun piti. Nan yon ti tan touswit, yo ka rete konsa, epi yo mouri.

Pou tout kalite maladi ki fè moun vin manke dlo, gen yon sèl trètman : se ba li bwè anpil. Chak moun ka fè trètman sa a lakay yo. Pou sove lavi malad la, ba li bwè.

SIY KI MONTRE YON MOUN MANKE DLO
  • Li swaf.
  • Bouch ak lang li sèch (lè ou manyen anndan bouch la, li sèch.)
  • Li pa pipi anpil, pipi a gen yon koulè fonse.


Kòmanse trete l depi koulye a, anvan li vin pi grav.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT MANKE DLO A AP VIN PI GRAV
  • Li fèb, li bouke, li manke fòs.
  • Kè li bat vit.
  • Souf li wo.
  • Je li yo fon, yo pa bay dlo lè l ap kriye.
  • Po li vin fennen.
Imaj la fè nou wè ki jan nou ka leve po yon moun. Lè nou lage l, po a rete plise.
Leve po a ak 2 dwèt konsa. Lè nou lage po a, si li pa tounen nan nòmal li touswit, moun nan ka manke dlo.
  • Kay tibebe, fontenn tèt la vin fon.
KI JAN POU NOU ANPECHE EPI TRETE MANKE DLO

Li toujou pi bon epi pi fasil pou anpeche yon moun vin manke dlo pase pou trete l lè li deja etabli. Bay malad la bwè anvan nou wè siy ki montre li manke dlo.

Se menm bagay pou nou fè, ni pou anpeche ni pou trete manke dlo a — ba li bwè.


Yon fanm kap kite travay li pou yon ti moman pou li bwè dlo

Sewòm oral

Lè nou bwè sewòm oral, sa pèmèt nou ranplase dlo n ap pèdi a. Lè nou gen dyare, lè n ap vomi, ak lè n ap swe, n ap pèdi dlo. Se poutèt sa, fòk nou fè sewòm nan ak dlo. Plis pase sa, n ap pèdi fòtifyan ki nan manje a, sitou sèl ak manje ki bay fòs ak kouraj (nou jwenn fòtifyan sa yo nan sik, nan sereyal, ak nan pwoteyin). Lè n ap trete manke dlo a, fòk nou ranplase fòtifyan sa yo tou. Dlo + ti sèl + manje k ap bay enèji (sik, diri oubyen mayi moulen) = sewòm oral

Bay malad la bwè sewòm oral mezi li kapab pran. Ba li bwè 1 oubyen 2 vè chak fwa li sot watè. Bay yon timoun piti bwè pou pi piti yon vè chak fwa. Bay yon timoun ki pi gran ak yon granmoun yon vè oubyen plis.

Ba li sewòm oral jis dyare a rete, epi nou pa wè siy li manke dlo ankò.


Ki kalite sewòm oral ki bon pou nou bay malad la bwè ? Pifò likid nou ka fasil prepare lakay ap bon

NWTND bag Page 22-1.png

Sewòm oral ki fèt avèk sèl e sik

Lakay nou oubyen nan klinik la, nou ka fasil prepare yon sewòm oral tou senp. Nou ka achte ti sache ki gen preparasyon pou fè sewòm oral la (Sel de Réhydratation Orale), men yo ka koute chè anpil, epi yo pa pi bon pase sa nou ka fè lakay.

  1. Pran yon lit dlo potab. Oubyen plen 3 boutèy kola vid ak dlo pwòp. Vide dlo a nan yon veso ki pwòp.
  2. Mete mwatye nan yon ti kiyè sèl. NWTND bag Page 22-2.png
  3. Goute l pou wè si li pa pi sale pase dlo je.
  4. Mete 8 ti kiyè sik ra bouch san tiyon.
OUBYEN, olye sèvi ak sik, mete 8 ti kiyè sereyal ra bouch ak tiyon, tankou farin diri oubyen mayi moulen. Si nou fè l ak sereyal, mete l bouyi pou kèk minit anvan nou sèvi avè l. NWTND bag Page 22-3.png NWTND bag Page 22-3.png


  Pou fè yon sèl vè sewòm oral :

NWTND bag Page 41-2.png
NWTND bag Page 22-5.png
NWTND bag Page 22-6.png
child being fed rehydration drink from a glass
1 vè dlo + yon ti kras sèl + 2 – 3 ti kiyè sik oubyen labouyi ki kwit

Dlo diri

Nou ka fè sewòm oral ak dlo diri ; li bon menm jan ak sewòm ki fèt ak sèl e sik. Pou fè sewòm ak dlo diri, kwit yon ti diri, men double mezi dlo a. Ajoute yon ti sèl (yon demi kiyè konsa nan chak lit, oubyen yon ti kras nan chak vè). Si nou vle, nou mèt ajoute yon ti sik. Bwè mezi nou kapab pran. Nou mèt manje diri a tou

Lòt sereyal

Si nou abitye fè yon labouyi pou timoun piti lakay nou, nou ka dekoupe l ak dlo pou fè sewòm oral. Mayi moulen, pire ponmdetè (pase nan pilon), ak pire manyòk, yo tout bon (fòk nou byen kwit manje an, dekoupe l ak ase dlo pou fè l tounen yon likid, epi ajoute yon ti sèl).

Lè nou dekoupe labouyi a ak dlo pou fè sewòm nan, likid sa a pa kapab ranplase manje a. Si nou sèvi avè l pou fè sewòm oral, bay malad la manje labouyi nòmal la tou. Fòk malad la bwè, epi fòk li manje tou pou l ka geri anba manke dlo a.

Yawout oubyen lèt kaye

Yawout ak lèt kaye bon pou fè sewòm oral. An plis, yo gen pwoteyin ladan yo (manje ki pou bati kò a). Si yawout la twò pwès, ajoute yon ti dlo. Mete yon ti kras sèl nan chak vè.

Lèt manman

Yon manman kap bay tibebe li tete

Pa sispann bay yon timoun tete lè li gen dyare. Ba li tete pi souvan — chak fwa li fè poupou, pou pi piti. Kite l tete mezi li kapab pran. Si nou wè li bay ti siy ke li manke dlo, lè li fin tete, ba li sewòm oral ki fèt ak sik e sèl.

Pa bwè sa ki fè moun manke plis dlo

centeralt=Yon boutèy kola ak yon gran X sou li
Non !

Si nou bay yon moun bwè likid ki genyen anpil sik, kafeyin oubyen alkòl ladan yo, sa ka fè li vin manke plis dlo toujou. Evite bwason tankou :

  • Kola ak ji fwi ki gen anpil sik ladan yo
  • Kafe ak te ki fò
  • Tafya, kleren ak lòt bwason ki gen alkòl ladan yo

Ki sa nou di sou dlo senp ?

Lè yon moun manke dlo, sewòm oral la pi bon pase dlo senp, paske dlo senp pa gen fòtifyan ladann. Epi kò a bezwen yo. Si ou vin manke anpil dlo epi ou bwè dlo senp, li ka rann ou malad, paske ou bezwen sèl ak fòtifyan tou. Men li pi bon pou bwè dlo senp pase pou rete san ou pa bwè anyen — men pa pandan yon tan ki twò long. Bwè dlo senp pandan w ap tann yo kwit dlo diri oubyen lòt kalite sereyal.

Eske nou dwe bouyi dlo a ?

Li pi bon pou nou bouyi dlo oubyen pirifye l (pou touye mikwòb ki nan dlo a). Chache konnen ki jan pou nou pirifye dlo.

Men si nou pa gen bwa pou bouyi dlo a, oubyen nou mal pou jwenn dlo pwòp, sèvi ak dlo nou genyen an, jis nou ka rive pirifye dlo a.

Sache ki pou fè sewòm oral

Yon pakèt ki pou fè sewòm oral

Genyen ti sache tou pare ki pou fè sewòm oral la. Gen de lè nou ka achte yo nan famasi, nan klinik, oubyen nan boutik. Menm jan ak sewòm nou ka fè lakay, yo gen sèl ak sik ladan yo nan bon ti mezi. Yo bon pou trete moun ki manke dlo. Sa ki pi bon, yo gen fòtifyan (potasyòm, sitrat, ak zenk) ki bon pou trete moun k ap soufri ak dyare. Kote yo bay sache sa yo gratis, nou ka byen sèvi ak yo pou fè sewòm oral. Fòk nou pa twonpe nou de mezi dlo pou nou mete — prèske toutan, se yon sache nan yon lit dlo (mezi 3 boutèy kola). (Toujou li etikèt ki sou sache a epi swiv esplikasyon yo, paske si nou mete twòp dlo, oubyen si nou pa mete ase dlo, li ka anvlimen maladi a.)

Si yo pa bay sache sa yo gratis, li pi bon pou nou fè sewòm oral ak sa nou genyen lakay. L ap pi bon mache anpil. Mete sou sa, li pi bon pou nou depanse lajan nou pou achte legim, pwa, ze, ak lòt bon kalite manje. Sache ki tou pare pa pi bon pase sewòm oral nou ka fè lakay, epi manje nou ka achte ak lajan sa a ap fè nou geri pi vit.