Hesperian Health Guides

Vaksen pwoteje nou kont maladi

SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Vaksen pwoteje nou kont maladi

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Twa granmoun ak tibebe yo k ap chita nan yon klinik, ak yon siy ki di «Timoun an sante = fanmi yo an sante epi kontan».

Vaksen yo pwoteje moun kont anpil maladi grav ki konn fè malè sou yo, oubyen ki kapab menm pote yo ale. Travay vaksen se fòtifye sistèm defans kò a, pou li ka defann tèt li kont enfeksyon ak maladi ; konsa kò a ka gen posiblite pou l geri anba maladi a. Si sistèm defans kò a fò epi li byen ekipe, li va rekonèt byen vit pwoblèm k ap menase sante nou, epi li va tou prè pou konbat yo. Vaksen ki pou pwoteje nou kont tèl kalite maladi, yo pa p kapab nou maladi sa a.

Ki jan vaksen yo travay ? Yo fabrike vaksen yo ak mikwòb maladi a ki fèb oubyen ki mouri. Sa ede kò a pou l aprann konbat kalite mikwòb sa yo. Men jan li fè travay la : kò a ap fabrike «antikò» ki pou konbat maladi sa a, epi ki ede l kwape l. Konsa antikò sa yo ap pwoteje nou menm ak moun k ap viv bò kote nou, pou nou pa trape maladi a.

Tibebe yo gen kèk bon antikò lè yo fèt, paske manman an pase yo bay tibebe a. Lè manman yo ap bay tibebe yo tete, sa ap fòtifye sistèm defans tibebe yo toujou. Lè tibebe yo ap grandi, vaksinasyon ap fòtifye sistèm defans kò a. Menm jan byen manje fè kò timoun yo devlope, vaksen yo devlope sistèm defans lan.

Vaksen yo efikas. Genyen maladi ki te konn touye oubyen andikape anpil moun nan tan pase yo, tankou varyòl, men vaksen yo te disparèt maladi sa a, epi nou pa gen pou vaksinen kont li ankò.

Genyen lòt maladi kote yo te fè gwo kanpay vaksinasyon pou yo ; sa fè nou pa fasil jwenn maladi sa yo ankò. Si nou ta vaksinen tout tibebe, timoun, epi granmoun kote li nesesè, nou ka anpeche anpil maladi gaye.

Vaksen yo pwoteje moun ki pran vaksen. An plis, si gen ase moun ki pran vaksen, sa ap pwoteje lòt moun. Si mikwòb maladi a pa ka jwenn moun ki pa t pran vaksen, yo pa kapab gaye. Finalman, kote plis moun pran vaksen, nou pa p fasil wè maladi sa a ankò.

Yon gwoup granmoun ak timoun ki pote parasòl; chak parasòl gen non yon kalite vaksen ekri sou li. Pi wo yo bay non maladi : epatit B, tibèkilòz, lawoujòl, koklich, difteri, tetanòs.
Lè nou mete tèt ansanm, n ap gen plis fòs! Lè gen anpil moun ki vaksinen, sa ede nan pwoteje lòt moun yo ki twò piti oubyen ki twò malad pou yo pran vaksen. Mikwòb yo pa p kapab gaye paske yo mal pou jwenn moun yo ka enfekte. Se sa yo rele iminite gwoup la.

Chache aprann sa nou dwe konnen sou vaksen yo, epi pouki sa nou bezwen pran yo

Vaksen yo bay pwoteksyon kont anpil maladi ki grav, tankou koklich, tetanòs, nemoni, lawoujòl, epatit B, tibèkilòz (maladi pwatrin), ak enfeksyon wotaviris ki bay dyare. Yon vaksen kont VPH (yon kalite viris) anpeche kèk kalite kansè.

Yon jenn fanm ak yon tibebe k ap pale ak yon fanm ki pi aje.
M pa t janm tande pale isit ke gen moun ki trape polyo.
Lè m te jenn, li te yon pwoblèm ki grav. Koulye a, pa genyen polyo ankò paske yo vaksinen tout moun. Epi sa mache!

Nomalman, yo pa mande lajan pou vaksinen tibebe ak timoun. Chak peyi gen pwòp kalandriye vaksinasyon pa l ki di ki lè pou bay vaksen yo. Ajan sante yo bay tibebe ak timoun yo randevou pou tyeke si y ap devlope byen, epi pou ba yo vaksen ki nesesè pou yo ka rete an sante.

Anpil vaksen mande pou nou pran plis pase yon sèl piki ; konsa kò nou ap fòtifye li menm pou lite kont tèl kalite maladi. Lè moun yo pran premye seri yon vaksen, pa egzanp, 3 piki pandan 6 mwa, yo ka toujou gen pou pran yon rapèl oubyen plis pi devan. Lè fòs vaksen an ap febli, yon rapèl fè kò a sonje pou l devlope sistèm defans li pou kontinye konbat maladi a.

NWTND bag question.png
Si pitit mwen malad lè yo vin fè vaksinasyon ?
NWTND bag arrow.png
Yo gen dwa bay vaksen si li gen yon rim oubyen yon lòt ti maladi. Si pitit la gen yon gwo pwoblèm, ajan sante a va di fanmi an si yo gen dwa pran reta sou vaksinasyon an. Lè lòt moun nan fanmi an epi nan kominote a vaksinen, sa ap ede pwoteje moun ki pa t kapab pran vaksen.
NWTND vacc Page 3-1.png
NWTND bag question.png
Eske gen danje nan vaksen ?
NWTND bag arrow.png
Yo pa gen danje. Yo pa p bay maladi a. Genyen de vaksen ki bay yon ti doulè nan kò a epi yon ti lafyèv ; ya p pase vit. Si gen bri ki kouri ki fè konnen vaksen yo gen danje, al pale ak yon ajan sante ou ka fè konfyans. La p ba ou bon esplikasyon.
NWTND vacc Page 3-2.png
NWTND bag question.png
Eske vaksen yo pou timoun sèlman ?
NWTND bag arrow.png
Tout timoun gen pou pran vaksen, men granmoun gen pou yo pran kèk kalite vaksen tou. Pou kèk maladi, timoun ki pi gran ak granmoun yo gen pou pran rapèl, pou yo toujou pwoteje tèt yo kont maladi sa a. Se paske kèk vaksen ka pèdi fòs yo. Fanm ki gwo vant dwe pran vaksen pou pwoteje sante pa yo ak sante tibebe a tou. Granmoun oubyen yon moun k ap soufri anba yon maladi ki grav kapab bezwen pran vaksen kont yon maladi tankou gwo grip, paske kò a ka manke fòs pou konbat maladi a.
NWTND vacc Page 3-3.png
NWTND bag question.png
Kantite ak kalite vaksen yo chanje depi m fè premye pitit mwen. Pouki sa ?
NWTND bag arrow.png
Pou kèk maladi, genyen plis pase yon sèl fabrikan ki fè vaksen ki san danje epi ki efikas. Kèk nan yo ka gen pwòp kalandriye pa yo. Konsa, si de (2) peyi pa sèvi ak menm mak vaksen, oubyen si yon peyi kòmanse sèvi ak yon lòt mak vaksen, kalandriye vaksinasyon an ka byen chanje tou. Kapab gen lòt bagay ki chanje lè yo fabrike yon nouvo vaksen, oubyen lè gen vaksen ki pa nesesè ankò.
NWTND vacc Page 3-4.png


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024