Hesperian Health Guides

Medikaman ki pou trete mòde bèt

Premye swen : Medikaman

Lave mòde bèt yo byen lave ak dlo e savon. Bay antibotik, paske mòde bèt yo byen fasil pou yo enfekte.

Pou mòde bèt, pi bon antibyotik se amoxicilline avec acide clavulanique. Si nou pa gen amoxicilline avec acide clavulanique, bay de (2) antibyotik :

Doxycycline OUBYEN
Cotrimoxazole OUBYEN
Pénicilline V

AN PLIS, bay youn nan sa yo :
Métronidazole OUBYEN
Clindamycine.

Si se yon chen, yon chovsourit, oubyen yon lòt bèt ki te ka enfekte ak laraj ki te mòde yon moun, mete sou sa bay vaksen kont laraj epi sewòm pou kraze laraj, si li nesesè (al gade anba).

Vaccin contre la rage e immunoglobuline de rage


(vaksen kont laraj ; iminoglobilin laraj, sewòm ki pou kraze laraj)
Kote nou jwenn bèt ki soufri ak laraj, si yon bèt mòde oubyen grate po yon moun jis li pèse po a, fòk nou lave blesi a byen lave ak dlo e savon, pandan 15 minit pou pi piti. Ba li yon seri vaksen kont laraj; mete sou sa, si li gen gwo chans pou trape laraj, bay sewòm ki pou kraze laraj. Men menm si pa gen sewòm ki sèvi pou kraze laraj, nou ka anpeche laraj antre sou yon moun si nou lave po a byen lave, epi si nou bay li yon seri vaksen kont laraj.

Ki jan pou nou sèvi ak vaksen kont laraj

Bay tout yon flakon vaksen (swa 0,5 mg oubyen 1 ml, selon esplikasyon fabrikan an). Bay piki a nan vyann nan anwo ponyèt la nan jou bèt la mòde moun nan, epi bay yon lòt dòz nan 3èm jou, epi nan 7èm jou a. Bay 4èm dòz la ant 14èm jou a 28èm jou aprè bèt la te mòde l. Pou timoun ki gen 2 ane oubyen ki poko rive nan laj 2 ane, bay piki yo nan kwis.

Lè nou sèvi ak sewòm kont laraj

Genyen 2 kalite sewòm ki pou kraze laraj. Youn fèt ak sewòm moun, immunoglobuline de rage humaine (IGRH) (iminoglobilin raj imèn). Lòt la fèt ak sewòm cheval, immunoglobuline de rage chevaline (IGRC) (iminoglobilin raj chevalin). IGRH pa gen danje menm jan ak IGRC.

Lè nou bay sewòm ki pou kraze laraj, bay vaksen kont laraj tou, men sèvi ak yon lòt sereng ki byen pwòp, epi bay piki a nan yon lòt pozisyon nan kò a.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Gen de moun ki fè alèji ki grav ak sewòm ki pou kraze laraj. Fòk nou toujou gen adrenaline (épinéphrine) disponib, pou konbat yon reyaksyon alèji.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninject.png

Fè piki sewòm nan anndan blesi a menm, ak sou tout rebò li. Blesi a dwe pwòp.

Si genyen plizyè blesi, epi si nou pa gen ase sewòm pou pike yo tout, dekoupe sewòm nan ren pou ren ak salin (dlo sale) ki pou fè piki. Konsa, n ap bay moun nan dòz ki kòrèk la, epi chak blesi ap jwenn yon ti kras sewòm.

Lè nou bay sewòm ki fèt ak sewòm moun (IGRH),

NWTND bag arrow.png
Pou chak kilogram pwa yon moun, bay piki 20 inite yon sèl dòz.


Lè nou bay sewòm ki fèt ak sewòm cheval (IGRC),

NWTND bag arrow.png
Pou chak kilogram pwa yon moun, bay piki 40 inite, yon sèl dòz.