Hesperian Health Guides

Premye swen : Medikaman

Premye swen : Medikaman

Antibyotik

Antibyotik se medikaman ki ka kraze fòs enfeksyon mikwòb kapab bay la. Yo pa aji sou maladi viris, tankou varisèl, lawoujòl, grip, ak rim. Se pa tout antibyotik ki ka konbat tout mikwòb maladi.

Antibyotik ki sanble youn ak lòt, nou di yo soti nan menm fanmi an. Se pou nou konnen nan ki fanmi antibyotik la soti. Men pouki sa nou dwe konnen :


  1. Antibyotik ki soti nan menm fanmi an ka byen trete menm pwoblèm yo. Sa vle di, nou ka sèvi ak yon lòt medikaman nan menm fanmi an.
  2. Antibyotik ka bay reyaksyon alèji. Depi yon moun fè alèji ak yon antibyotik, se tout antibyotik ki soti nan menm fanmi an ki va bay menm pwoblèm nan. Konsa, nou oblije sèvi avèk yon antibyotik ki soti nan yon lòt fanmi.


Se pou malad la pran antibyotik la san sote dòz, jis li fin pran tout medikaman li gen pou pran an. Si li sispann pran medikaman an anvan li fin fè tout trètman an, menm si li santi li geri, enfeksyon an ka tounen sou li pi rèd ankò. Lè sa a, l ap pi mal pou trete.

Pénicilline

(penisilin)

Medikaman ki nan fanmi pénicilline se pami remèd yo pi sèvi pou touye mikwòb. Yo bon pou anpil kalite enfeksyon.

Nou mezire dòz penisilin nan an miligram (mg), oubyen an inite. Pénicilline G : 250 mg = 400,000 inite.

Pou pifò moun, penisilin se yon medikaman ki pa gen danje. Si yo pran yon dòz ki twò gwo, li pa p fasil fè yo mal, men se lajan jete.

Lè pénicilline pa p travay

Gen de lè penisilin pa p aji sou enfeksyon an ; li pa ka konbat enfeksyon an jan pou l ta fè l la. Se ka paske mikwòb yo vin gen yon fòs pou kenbe tèt ak penisilin. Si penisilin senp pa bay rezilta, nou mèt eseye yon lòt kalite penisilin, oubyen yon antibyotik ki soti nan yon lòt fanmi. Pa egzanp, lè se nemoni k ap kenbe anba penisilin, sèvi ak cotrimoxazole oubyen érythromycine.

EnpòtanNBgrnimportant.png
Pou tout kalite pénicilline (ampicilline ak amoxicilline ladann)

Genyen kèk moun ki fè alèji ak penisilin ; san yo pa ale avè l. Lè konsa, yo konn gen gratèl ak bousòl ki leve sou kò yo. Sa konn pran kèk èdtan, menm kèk jou apre yon moun pran penisilin anvan gratèl la parèt. Reyaksyon alèji a ka dire kèk jou. Fòk malad la sispann pran penisilin touswit. Yon antihistaminique (anti-istaminik) ka soulaje gratèl la. Si penisilin bay kè plen ak dyare, se pa yon reyaksyon alèji yo ye. Menm si li bay ti traka, sa pa mande yon moun sispann bwè penisilin.

Yon lè konsa, pénicilline ka bay yon move reyaksyon yo rele chòk alèji. Lè konsa, fini yon moun fini bwè penisilin lan, se mèt kèk minit, se mèt kèk èdtan, figi li vin wouj, lèv ak gòj li yo kòmanse anfle, li pa ka pran souf byen, li kòmanse dekonpoze, epi li tankou yon moun ki pran yon chòk. Genyen gwo danje nan sa. Fòk nou ba li adrénaline touswit. Se pou nou toujou gen adrénaline disponib lè n ap bay piki penisilin.

Si yon moun fè alèji ak penisilin, fòk li pa janm pran penisilin ankò—ni amoxicilline, ni ampicilline, oubyen lòt antibyotik ki soti nan menm fanmi an—ni nan bouch, ni nan piki. Si li ta pran li yon lòt fwa, alèji a ka pi fò, epi li ka rive touye l menm. Se pou li sèvi ak érythromycine oubyen yon lòt antibyotik.

Piki

Jeneralman, penicilin nan bouch bay bon rezilta. Piki penisilin gen plis danje pase penisilin nan bouch; yo pi fasil bay yon reyaksyon alèji ki grav epi lòt pwoblèm. Fè atansyon jan nou sèvi avè l. Sèvi ak piki penisilin sèlman pou trete enfeksyon ki grav anpil.

Ampicilline e amoxicilline (anpisilin ak amoksisilin)


(ampicilline, amoxicilline ; ampicillin, amoxicillin)
'Ampicilline ak amoxicilline se antibyotik ki ka touye anpil kalite mikwòb. Nou ka sèvi ak ni youn ni lòt la. Kote liv sa a preski ampicilline, nou ka ranplase l ak amoxicilline. Veye byen pou nou bay bon dòz la.

Pa fasil genyen danje nan ampicilline ak amoxicilline. Yo bon anpil pou tibebe ak timoun piti.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Efè segondè (efè ki pa ann afè ak trètman an epi ki ka bay traka)
Toulede medikaman sa yo, men sitou ampicilline, ka bay anvi vomi ak dyare. Si yon malad deja gen dyare, li ta pi bon pou nou pa ba li medikaman sa yo. Chache jwenn yon lòt antibyotik.

Malad la ka gen yon gratèl ki leve sou kò a. Men si li leve glòb ak boul ki vini ale nan kèk èdtan, se byen posib se yon alèji l ap fè. Fòk li sispann pran medikaman an touswit, epi fòk nou pa janm ba li yon antibyotik nan fanmi pénicilline ankò. Si li ta pran li yon lòt fwa, alèji a ka pi fò, epi li ka menm rive touye l. Nou ka sèvi ak erythromycine pou trete kèk pwoblèm. Lè yon moun gen gratèl ak bousòl ki sanble ak lawoujòl ki leve sou kò a 8 jou konsa apre li kòmanse pran medikaman an, epi yo dire kèk jou, sa pa vle di toutan ke se yon alèji li fè. Men nou pa ka sèten si se yon alèji oubyen non. Jeneralman, li pi bon pou moun nan sispann pran antibyotik la.

EnpòtanNBgrnimportant.png
Genyen plis mikwòb toujou ki kenbe tèt ak ampicilline e amoxicilline. Nan chak zòn gen kèk kalite enfeksyon, tankou chigela, estafilokòk (staphylococque) ak lòt enfeksyon, kote nou pa ka sèvi ankò ak medikaman ke nou te konn sèvi pou trete yo.
Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninjectpill.png

Ampicilline ak amoxicilline, toulede bay bon rezilta lè moun pran yo nan bouch. Nou ka bay piki ampicilline pou trete maladi ki grav.

Menm jan ak lòt antibyotik, toujou bay yon moun pran medikaman an pou pi piti kantite jou yo. Si li toujou bay siy enfeksyon, bay remèd la jis 24 èdtan pou pi piti apre nou pa wè siy enfeksyon ankò. Si li fin bwè medikaman an pou pi gran kantite jou yo, epi li malad toujou, sispann bay antibyotik la, epi chache konkou doktè. Toujou bay moun ki gen VIH/SIDA medikaman an pou pi gran kantite jou yo.

Fòs dòz la chanje ak fòs maladi a, ak laj moun malad la, oubyen ak pwa kò li. Jeneralman, moun ki chetif oubyen moun ki pa malad grav, ba yo dòz ki pi piti a. Bay moun ki pi gwo oubyen ki malad grav dòz ki pi gran an.

AMOXICILLINE (AMOKSISILIN) (nan bouch)
Bay 45 - 50 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 2 dòz. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe ki poko gen 3 mwa : bay 125 mg, 2 fwa nan yon, jou pandan 7 - 10 jou.
Timoun 3 mwa - 3 ane : bay 250 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Timoun 4 - 7 ane : bay 375 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Timoun 8 - 12 ane : bay 500 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Plis ke 12 ane : bay 500 - 875 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
AMPICILLINE (ANPISILIN) (nan bouch)
Bay 50 - 100 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 4 dòz. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe ki poko gen 1 ane : bay 100 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Timoun 1 - 3 ane : bay 125 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Timoun 4 - 7 ane : bay 250 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Timoun 8 - 12 ane : bay 375 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Plis ke 12 ane : bay 500 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
AMPICILLINE (ANPISILIN) (nan piki)
Bay piki ampicilline sèlman lè yon moun malad grav, si l ap vomi, oubyen si li pa ka vale.
Bay piki 100 - 200 mg, pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 4 dòz. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe ki poko gen 1 ane : piki 100 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Timoun 1 ane - 5 ane : piki 300 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Timoun 6 ane - 12 ane : piki 625 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
Plis ke 12 ane : piki 875 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.

Amoxicilline avec acide clavulanique (amoksisilin avèk asid klavilanik)


Grenn amoxicilline avec acide clavulanique : amoxicilline pa toujou gen menm dòz an pa rapò ak dòz acide clavulanique. Pa egzanp, yo ekri 500/125 mg (ki vle di gen amoxicilline 500 mg ak acide clavulanique 125 mg), oubyen 875/125 mg (amoxicilline 875 mg ak acide clavulanique 125 mg). Pou timoun, li pi bon pou sèvi ak grenn 500/125 mg, oubyen ak siwo ki gen 125/31,25 oubyen 250/62,5 nan 5 ml. Souvan yo ekri sèlman dòz amoxicilline nan, jan nou ekri l anba.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpillspoon.png

Bay grenn pou vale ansanm ak manje oubyen ak lèt.

Pou trete mòde bèt Pou evite pran enfeksyon, lè nou sèvi ak grenn 500/125 mg oubyen siwo pou timoun, bay 20 mg pou chak kilo pwa you moun, separe nan 3 dòz, pandan 3 – 5 jou. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :

Timoun 3 mwa - 1 ane : bay 50 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 3 - 5 jou.
Timoun 1 - 5 ane : bay 125 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 3 - 5 jou.
Timoun 6 - 12 ane : bay 300 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 3 - 5 jou.
Plis ke 12 ane : bay 250 mg, 3 fwa nan yon jou OUBYEN bay yon grenn 875/125, 2 fwa nan yon jou, pandan 3 - 5 jou.

Si kote ki mòde a deja enfekte, bay menm dòz la jiska 14 jou

Pénicilline nan bouch, pénicilline V, pénicilline VK


(penisilin V, penisilin VK)
Si enfeksyon an pa twò grav, nou ka bay penisilin nan bouch (olye bay piki).

Menm si nou kòmanse trete yon enfeksyon ki grav ak piki, yon fwa malad la tanmen refè, nou mèt bay li nan bouch. Si, apre de twa jou, nou poko wè li kòmanse geri, nou ka kalkile si li ta bon pou nou ba li yon lòt kalite antibyotik, epi fè l wè doktè.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Pou medikaman an ka travay pi byen nan kò a, toujou bwè li ajen, pou pi piti inèdtan anvan manje, oubyen dezèdtan apre nou fin manje.

Bay 25 -50 mg pou chak kilo pwa yon moun, separe nan 4 dòz, pandan 10 jou. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe ki poko gen 1 ane : bay 62 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 10 jou.
Timoun 1 - 5 ane : bay 125 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 10 jou.
Timoun 6 - 12 ane : bay 125 - 250 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 10 jou.
Plis ke 12 ane : bay 250 – 500 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 10 jou.

Pou enfeksyon ki grav, double dòz la.

Si blesi a ka enfekte ak tetanòs, bay medikaman ki pou anpeche tetanus vin sou yon moun, epi kèk fwa yo bay antibyotik tou. Pa egzanp, lè nou fin bay piki pénicilline G pandan 2 jou, kòmanse bay pénicilline V. Bay dòz ki ekri anwo a pandan 5 – 8 jou anplis.

Pou mòde bèt, bay dòz ki ekri anwo a pandan 3 – 5 jou. An plis, bay métronidazole OUBYEN clindamycine.

Pénicilline nan piki, pénicilline G (piki penisilin, penisilin G)


(pénicilline, pénicilline G ; penicillin, penicillin G) Nou dwe sèvi ak piki penisilin pou trete kèk enfeksyon ki grav, tankou tetanòs.

Genyen kèk kalite piki penisilin : genyen ki aji vit, gen lòt ki rete pi lontan nan kò yon moun, epi gen lòt ankò ki rete anpil tan ap travay nan kò yon moun.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninject.png

PÉNICILLINE PROCAÏNE, BENZYLPÉNICILLINE PROCAÏNE (penisilin pwokayin) (ki rete pi lontan ap travay nan kò moun). Bay piki nan vyann sèlman (IM) ; pa bay li nan venn (IV).

Bay 25,000 - 50,000 inite, pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou. Pa bay plis pase 4,800,000 inite. Si pa gen balans, bay selòn laj li :
Timoun 2 mwa - 3 ane : piki 150,00 inite, yon fwa nan yon jou, pandan 10 - 15 jou.
Timoun 4 - 7 ane : piki 300,000 inite, yon fwa nan yon jou, pandan 10 - 15 jou.
Timoun 8 - 12 ane : piki 600,000 inite, yon fwa nan yon jou, pandan 10 - 15 jou.
Pi gran ke 12 ane : piki 600,000 - 4,800,000 inite, yon fwa nan yon jou, pandan 10 - 15 jou.

Pa bay tibebe li ki poko gen 2 mwa, sòf si nou pa gen ni lòt pénicilline ni ampicilline. Si se sèl medikaman nou gen sou lamen, bay 50,000 inite, yon fwa nan yon jou pandan 10 - 15 jou.

Pou enfeksyon ki grav anpil, pou timoun ak granmoun, double dòz la. Pa bay plis pase 4,800,000 inite nan yon jou.

Si yon blesi te ka enfekte ak tetanòs, mete sou ki pou anpeche yon moun pran tetanos, kèk fwa yo bay antibyotik tou. Pa egzanp, nou ka bay dòz ki ekri anwo a pandan 7 -10 jou OUBYEN nou ka bay dòz la pandan 2 jou, epi lè sa a, kòmanse bay penisilin nan bouch (pénicilline V) pandan 5 -8 jou

Cloxacilline


(kloksasilin)
Cloxacilline soti nan fanmi penisilin. Gen de lè nou ka sèvi avè l pou trete enfeksyon kote mikwòb kenbe tèt ak penisilin, tankou maleng sou po ki bay postim ak enfeksyon zo. Si pa gen cloxacilline, nou met sèvi ak dicloxacilline.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Kè plen, vomisman, dyare, lafyèv, ak doulè nan jwenti

EnpòtanNBgrnimportant.png
  • Pa sèvi avè l pou yon moun ki fè alèji ak penisilin.
Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Pou pifò enfeksyon
Timoun piti, bay 25 - 50 mg pou chak kilogram pwa yon timoun, nan yon jou, separe an 4 dòz. Granmoun, bay 50 - 100 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 4 dòz. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Timoun ki poko gen 2 ane : bay 75 mg, 4 fwa nan yon jou
Timoun 2 - 10 ane : bay 125 mg, 4 fwa nan yon jou
Plis pase 10 ane : bay 250 - 500 mg, 4 fwa nan yon jou

Pou enfeksyon ki grav, double dòz la.

Pou blesi ki fèt ak kout kouto oubyen bal, bay dòz ki ekri anwo a, pandan 10 - 14 jou. Si blesi a sal, oubyen si li blese nan vant, mete sou sa bay métronidazole.

Pou zo kase ki pete po a pou l parèt deyò, bay dòz ki ekri anwo a, pandan 5 - 7 jou. Si blesi a sal anpil, mete sou sa bay métronidazole.

Dicloxacilline


(dikloksasilin)
Dicloxacilline soti nan fanmi pénicilline. Gen de fwa nou ka sèvi avè l pou trete enfeksyon ki kenbe tèt ak penisilin. Si nou pa gen dicloxacilline, nou mèt sèvi ak cloxacilline.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Kè plen, vant fè mal, bouch anmè

EnpòtanNBgrnimportant.png
  • Pa bay dicloxacilline si moun nan fè alèji ak pénicilline. Pa sèvi avè l pou tibebe ki fèk fèt.
  • Sispann pran medikaman an si : pipi ou tounen koulè fonse, watè a gen koulè klè, oubyen ou gen lajonis (po ak je yo tounen koulè jòn).
Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Bay medikaman an ak tout yon vè dlo. Bay li inèdtan anvan manje oubyen dezèdtan apre li fin manje.

Timoun ki poko peze 40 kg, bay 12,5 - 25 mg pou chak kilogram pwa li, nan yon jou, separe an 4 dòz. Timoun ki peze plis pase 40 mg, bay 125 – 250 mg pou chak kilogram pwa li. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe ki poko gen 1 ane : bay 20 mg nan bouch, 4 fwa nan yon jou
Timoun 1 - 5 ane : bay 30 mg nan bouch, 4 fwa nan yon jou
Timoun 6 - 12 ane : bay 80 mg nan bouch, 4 fwa nan yon jou.
Plis ke 12 ane : bay 125 – 250 mg nan bouch, 4 fwa nan yon jou.

Pou blesi ki enfekte, bay dòz ki ekri anwo a pandan 5 - 7 jou. Si blesi a sal anpil, mete sou sa bay métronidazole.

Pou boule ki enfekte, bay dòz ki ekri anwo a pandan 5 - 7 jou. Pou gwo boule ki fon, oubyen si moun lan gen lafyèv, bay dòz la pandan 10 - 14 jou.

Lòt antibyotik

Érythromycine


(eritwomisin)
Nou ka sèvi ak érythromycine nan plas pénicilline pou trete anpil enfeksyon, epi moun ki fè alèji ak penisilin mèt sèvi avè l. An plis, li ka sèvi pou ranplase tétracycline pou trete plizyè kalite enfeksyon, epi pou trete difteri ak koklich tou.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Erythromycine ka fasil bay anvi vomi ak vomisman, sitou kay timoun. Pa sèvi avè l pou plis pase 15 jou, paske li ka bay lajonis.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Bay 30 - 50 mg pou chak kilogram pwa moun nan, chak jou, separe an 2 - 4 dòz. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe ki fèk fèt – 1 mwa : bay 62 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Timoun 1 mwa - 1 ane : bay 125 mg, 3 – 4 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Timoun 2 - 8 ane : bay 250 mg, 3 – 4 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Plis ke 8 ane : bay 250 - 500 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.

Pou enfeksyon ki grav, double dòz la.

Tétracycline, doxycycline


(tetrasiklin, doksisiklin)
Tétracycline ak doxycycline se antibyotik ki ka touye anpil kalite mikwòb. Yo bay bon rezilta lè nou bay yo nan bouch. (Pa bay piki tétracycline, ni doxycycline; yo fè mal anpil.) Genyen plis mikwòb ki vin kenbe tèt ak antibyotik sa yo. Konsa nou pa kapab sèvi ak yo jan nou te konn fè l, men yo bon pou trete kèk enfeksyon toujou.

Doxycycline ak tétracycline, nou ka sèvi avèk ni youn ni lòt. Doxycycline ka pi bon paske dòz la pi piti, epi li pa bay pwoblèm menm jan ak tétracycline.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Li ka fasil bay doulè anba kè, vant fe mal, dyare, ak enfeksyon chanpiyon.

EnpòtanNBgrnimportant.png
  • Fanm ki gwo vant pa gen dwa pran medikaman sa yo. Yo ka dekolore oubyen donmaje dan ak zo tibebe ki poko fèt la. Pou menm rezon sa a, pa bay timoun li ki poko gen 8 ane, esepte si pa gen okenn lòt medikaman nou ka ba yo. Men yo pa gen dwa pran li pandan anpil jou. Jeneralman nou ka ranplase tétracycline ak érythromycine.
  • Gen de moun k ap pran medikaman sa yo ki gen yon gratèl leve sou yo, oubyen yo fasil pou fè kout solèy. Si li posib, evite soti anba gwo solèy, oubyen pote yon gwo chapo.
Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

TÉTRACYCLINE
Pa bwè lèt, grenn fer (fè), oubyen anti-asid pou dezèdtan anvan ak apre nou pran tétracycline. Yo va fè medikaman an pèdi efikasite li.

Bwè tétracycline ajen, ansanm ak anpil dlo, inèdtan pou pi piti anvan manje oubyen dezèdtan apre nou fin manje.

Pou pifò enfeksyon
Bay 25 - 50 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 4 dòz. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Timoun 8 - 12 ane : bay 125 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Plis ke 12 ane : bay 250 – 500 mg, 4 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.

DOXYCYCLINE
Bay doxycycline 2 fwa nan yon jou (olye tétracycline 4 fwa nan yon jou).

Pa bwè grenn fer (fè) oubyen anti-asid pou dezèdtan anvan ak apre nou pran medikaman an; yo va fè remèd la pèdi efikasite li.

Bwè doxycycline ak anpil dlo. Si li bay yon moun lestomak chaje, li mèt bwè li ansanm ak manje oubyen lèt.

Pou pifò enfeksyon
Bay 2 mg pou chak kilogram pwa yon moun nan yon dòz, men pa plis pase 100 mg nan yon dòz, oubyen 200 mg nan yon jou. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Timoun 8 - 12 ane : bay 50 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.
Plis ke 12 ane : bay 100 mg, 2 fwa nan yon jou, pandan 7 - 10 jou.

Pou mòde bèt, bay dòz ki ekri anwo a pandan 3 – 5 jou. An plis, bay métronidazole oubyen clindamycine.

Cotrimoxazole, sulfaméthoxazole avec triméthoprime, TMP-SMX


(kotrimoksazòl, silfametoksazòl ak trimetoprim)
Cotrimoxazole se yon konbinezon 2 medikaman, li bon mache, epi li ka kraze anpil kalite mikwòb. Li bon anpil pou moun ki gen VIH/SIDA, paske li kapab anpeche anpil enfeksyon vin sou moun sa yo. Al gade nan {{futurelink|chapit VIH/SIDA (ki poko ekri).

EnpòtanNBgrnimportant.png

Pa bay tibebe li ki poko rive nan laj 6 senmenn. Fanm ki gwo vant pa gen dwa pran li pandan dènye 3 mwa gwosès yo. Genyen anpil chans pou yon moun fè alèji ak medikaman an. Lè konsa, li bay lafyèv, souf wo, ak gratèl. Si nou wè li gen gratèl, oubyen si nou kwè l ap fè alèji ak remèd sa a, sispann ba li medikaman an.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Genyen de kalite konbinezon yo fè avèk sulfaméthoxazole e triméthoprime. Youn gen sulfaméthoxazole 200 mg ak triméthoprime 40 mg. Yo ekri li konsa 200/40. Genyen lòt, tankou 400/80 osinon 800/160. Gen de fwa yo ekri dòz triméthoprime sèl (dezyèm nimewo a).

Pou pifò enfeksyon
Tibebe 6 senmenn – 5 mwa : bay sulfaméthoxazole 100 mg + triméthoprime 20 mg 2 fwa nan yon jou, pandan 5 jou.
Timoun 6 mwa - 5 ane : bay sulfaméthoxazole 200 mg + triméthoprime 40 mg 2 fwa nan yon jou, pandan 5 jou.
Timoun 6 - 12 ane : bay sulfaméthoxazole 400 mg + triméthoprime 80 mg 2 fwa nan yon jou, pandan 5 jou.
Plis ke 12 ane : bay sulfaméthoxazole 800 mg + triméthoprime 160 mg 2 fwa nan yon jou, pandan 5 jou.

Pou mòde bèt, bay dòz ki ekri anwo a pandan 3 - 5 jou. An plis, bay métronidazole oubyen clindamycine.

Clindamycine


(klendamisin)
Clindamycine se yon lòt antibyotik ki sèvi pou kraze anpil kalite mikwòb. Li bon anpil pou trete enfeksyon kote mikwòb yo kenbe tèt ak penisilin, tankou enfeksyon sou po ak absè.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Si yon moun k ap pran clindamycine kòmanse watè dlo oubyen san; se pou li sispann pran li touswit. Yon dyare konsa fè nou konnen antibyotik la te ka ba li yon enfeksyon ki grav. Tinouris pa gen dwa pran medikaman sa a paske li konn pase nan lèt manman an pou l bay tibebe a pwoblèm.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Bay clindamycine nan bouch.
Timoun ki poko gen 3 ane : bay 37,5 - 75 mg, 3 fwa nan yon jou.
Timoun 3 - 7 ane : bay 75 - 150 mg, 3 fwa nan yon jou.
Timoun 8 - 12 ane : bay 150 - 300 mg, 3 fwa nan yon jou.
Plis ke 12 ane : bay 150 - 450 mg, 3 fwa nan yon jou.

Pou mòde bèt, bay dòz ki ekri anwo a pandan 3 - 5 jou. An plis, bay yon lòt medikaman tankou doxycycline OUBYEN cotrimoxazole OUBYEN pénicilline V.

Pou blesi ki enfekte, bay dòz ki ekri anwo a pandan 5 - 7 jou.

Pou boule ki enfekte, bay dòz ki ekri anwo a pandan 5 - 7 jou. Pou boule ki fon, oubyen si malad la gen lafyèv, bay dòz ki ekri anwo a pandan 10 - 14 jou.

Pou zo kase ki pete po a pou li parèt deyò, bay dòz ki ekri anwo a pandan 5 - 7 jou. An plis, bay ciprofloxacine.

Pou blesi ki fèt ak kout kouto oubyen bal fizi, bay dòz ki ekri anwo a pandan 10 - 14 jou.

Métronidazole


(metwonidazòl)
Métronidazole bon pou konbat kèk mikwòb ak enfeksyon. Nou ka sèvi ak li menm sèl, oubyen ansanm ak lòt antibyotik.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Li ka fasil bay anvi vomi, vant fè mal, ak dyare. Pou eseye soulaje pwoblèm sa yo, bwè li ansanm ak manje. Gen de lè, li bay maltèt oubyen yon gou fè metalik nan bouch.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Yon fanm ansent pa gen dwa pran métronidazole pandan premye 3 mwa gwosès la, paske li ka donmaje tibebe ki poko fèt la. Li ta pi bon pou li pa pran medikaman sa a ditou pandan tout gwosès la ak lè l ap bay tete. Men si enfeksyon an mande pou nou trete l, epi pa gen lòt medikaman, li mèt sèvi avè l. Pa bwè alkòl pandan n ap bwè medikaman sa a, epi pou 2 jou apre nou sispann bwè l, paske li ka bay gwo anvi vomi. Moun ki genyen maladi fwa pa dwe sèvi ak métronidazole.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Bay 30 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 4 dòz. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe ki poko gen 1 ane : bay 37 mg, 4 fwa nan yon jou.
Timoun 1 - 5 ane : bay 75 mg, 4 fwa nan yon jou.
Timoun 6 - 12 ane : bay 150 mg, 4 fwa nan yon jou.
Plis ke 12 ane: bay 500 mg pandan 3 - 4 fwa nan yon jou. Pa bay plis ke 4 gm (4000 mg) pandan 24 èdtan.

Pou blesi ki enfekte, bay dòz ki ekri anwo a pandan 5 - 7 jou. An plis, bay dicloxacilline OUBYEN céfalexine.

Pou blesi ki ka fasil enfekte ak tetanòs, bay dòz ki ekri anwo a pandan 7 - 10 jou. An plis, bay immunoglobine de tétanos humaine (sewòm antitetanik).

Pou mòde bèt, bay dòz ki ekri anwo a pandan 3 - 5 jou. An plis, bay yon lòt medikaman tankou doxycycline, OUBYEN cotrimoxazole, OUBYEN pénicilline V.

Pou zo kase ki pete po a pou l parèt deyò, bay dòz ki ekri anwo a pandan 5 - 7 jou. An plis, bay céftriaxone, OUBYEN céfalexine, OUBYEN cloxacilline.

Ciprofloxacine


(sipwofloksasin)
Ciprofloxacine se yon antibyotik ki aji sou anpil kalite mikwòb. Li soti nan fanmi quinolone (kinolòn). Li bon pou trete anpil kalite enfeksyon po, zo, trip, ak aparèy pipi (blad pipi). Men plizyè kote nan lemonn gen de mikwòb ki vin kenbe tèt ak medikaman sa a, epi pwoblèm lan ap vin pi rèd toujou. Se poutèt sa, sèvi avè l sèlman kote nou konnen li aji sou enfeksyon nan zòn pa nou an. Li pa bon pou timoun.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Anvi vomi, dyare, vomisman, maltèt, tèt vire, gratèl, oubyen enfeksyon chanpiyon.

EnpòtanNBgrnimportant.png
  • Fanm ki gwo vant ak fanm k ap bay tete pa dwe pran li. Pa bwè li ansanm ak lèt oubyen pwodwi ki gen lèt, tankou fwomaj.
  • Sa prèske pa rive menm, men ciprofloxacine ka donmaje fil vyann yo. Sòf nan kèk ka byen espesyal, timoun ki poko rive nan laj 16 ane pa dwe pran li, paske fil vyann yo poko fin devlope. Si yon moun vin gen jarèt li fè mal pandan trètman an, se pou li sispann bwè l touswit.


Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Pou pifò enfeksyon

Bay 250 - 750 mg, 2 fwa nan yon jou jis 24 èdtan apre nou pa wè siy enfeksyon ankò.

Pou enfeksyon san, bay dòz ki ekri anwo a jis 2 – 3 jou apre nou pa wè siy enfeksyon ankò. An plis, bay clindamycine.

Pou zo kase ki pete po a pou l parèt deyò,bay dòz ki ekri anwo a pandan 5 - 7 jou. An plis, bay clindamycine.

Pou boule ki enfekte, bay dòz ki ekri anwo a pandan 5 - 7 jou. Si boule a fon, osinon si malad la gen lafyèv, bay dòz la pandan 10 - 14 jou.

Céftriaxone


(seftriyaksòn)
Céftriaxone se yon antibyotik ki fò, ki soti nan fanmi céphalosporine (sefalosporin). Céphalosporine yo se antibyotik ki ka kraze anpil kalite mikwòb. Yo konn koute chè, epi nou ka mal pou jwenn yo. Men, yo pa bay anpil pwoblèm (efè segondè), epi yo pa fasil gen danje. Yo bon pou trete kèk kalite enfeksyon ki grav.

Sèvi ak céftriaxone pou trete enfeksyon ki grav, tankou enfeksyon san, menenjit, ak enfeksyon kote pénicilline pa p aji plis sou yo. Sèvi avè l sèlman pou trete enfeksyon kote nou konnen li bay bon rezilta nan zòn pa nou an.

Céftriaxone bon anpil pou trete gonore (ekoulman). Li bon pou trete enfeksyon gonore nan je tibebe ki fèk fèt. Men si se pa sa, pa bay tibebe li ki poko gen 8 jou. Nou dwe evite bay tibebe li ki poko gen 1 mwa.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Piki sa a fè mal anpil. Melanje l ak lidokayin si nou konnen ki jan pou nou fè sa.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Si yon moun fè alèji ak lòt antibyotik ki soti nan fanmi céphalosporine, pa ba li medikaman sa a.

Pa bay tibebe li ki poko gen 8 jou, sof si li gen enfeksyon gonore nan je.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninject.png
Nou pa ka bay céftriaxone nan bouch. Lè nou bay piki, fè zegwi a antre fon nan vyann nan. Piki sa a ka fè mal. Melanje l ak lidocaïne 1% si nou konnen ki jan pou fè l.
Bay piki 50 - 100 mg pou chak kilogram pwa moun, nan yon jou, separe an 2 dòz. Si pa genyen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe 1 - 3 mwa : bay piki 150 mg, 2 fwa nan yon jou.

Timoun 3 mwa - 1 ane : bay piki 250 mg, 2 fwa nan yon jou.
Timoun 2 - 4 ane : bay piki 400 mg, 2 fwa nan yon jou.
Timoun 5 - 12 ane : bay piki 625 mg, 2 fwa nan yon jou.
Plis ke 12 ane : bay piki 1 - 2 gram, 1 fwa nan yon jou. Pa bay plis pase 4 gram pandan 24 èdtan.

Pou zo kase ki pete po a pou l parèt deyò, bay dòz ki ekri anwo a pandan 5 - 7 jou. Si blesi a sal, mete sou sa, bay métronidazole.

Pou enfeksyon san, bay dòz ki ekri anwo a jis 2 – 3 jou apre nou pa wè siy enfeksyon ankò. Si blesi a sal, oubyen si nou pa wè yon kòmansman gerizon lè nou fin bay céftriaxone pandan 24 èdtan, bay métronidazòle an plis.

Céphalexine


(sefaleksin)
Céphalexine soti nan fanmi céphalosporine (sefalosporin). Céphalosporine yo se antibyotik ki ka kraze anpil kalite mikwòb. Yo konn koute chè epi nou ka mal pou jwenn yo. Men, yo pa bay anpil pwoblèm (efè segondè), epi yo pa fasil gen danje. Yo bon pou trete kèk kalite enfeksyon ki grav.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Dyare—li watè dlo oubyen san; li gen lafyèv, gòj fè mal, maltèt, gratèl koulè wouj sou po ki fè glòb oubyen ki dekale. Pipi li gen koulè fonse, li bwouye oubyen li fèb.

EnpòtanNBgrnimportant.png
Si yon moun fè alèji ak lòt antibyotik ki soti nan fanmi céphalosporine, pa ba li medikaman sa a.
Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Bay 50 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 4 dòz. Pa bay plis pase 4000 mg pandan 24 èdtan. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :

Tibebe ki poko gen 6 mwa : bay 100 mg, 4 fwa nan yon jou.
Timoun 6 mwa - 2 ane : bay 125 mg, 4 fwa nan yon jou.
Timoun 3- 5 ane : bay 250 mg, 4 fwa nan yon jou.
Timoun 6 - 12 ane : bay 375 mg, 4 fwa nan yon jou.

Plis ke 12 ane : bay 500 gm. 4 fwa nan yon jou.

Pou blesi ki enfekte, bay dòz ki ekri anwo a pandan 5 - 7 jou. Si blesi a sal anpil, mete sou sa bay métronidazole.

Pou boule ki enfekte, bay dòz ki ekri anwo a pandan 5 - 7 jou. Pou boule ki fon, oubyen si malad la gen lafyèv, bay dòz la pandan 10 – 14 jou.

Pou zo kase ki pete po a pou li parèt deyò, bay dòz ki ekri anwo a pandan 5 - 7 jou. Si blesi a sal anpil, mete sou sa bay métronidazole.

Pou blesi ki fèt ak kout kouto oubyen bal, bay dòz ki ekri anwo a pandan 10 - 14 jou. Si blesi a sal, oubyen li blese nan vant, mete sou sa bay métronidazole.

Gentamicine


(jentamisin)
Gentamicine se yon antibyotik ki fò anpil. Li soti nan fanmi aminoglycoside (aminoglikosid). Sèl fason pou bay li se nan piki nan vyann oubyen nan venn. Medikaman sa a ka donmaje ren epi fè yon moun vin soud. Poutèt sa a, sèvi avè l sèlman nan ka ijan.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Lè nou bay piki gentamicine, fòk nou bay dòz medikaman ki egzak, san wete san mete. Si nou bay twòp, li ka donmaje ren yo ; an plis, li ka fè yon moun vin soud pou rès lavi li. Nou dwe bay li selon pwa yon moun. Pa bay li pandan plis pase 10 jou.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninject.png

Bay piki nan vyann (IM) oubyen nan venn (IV).

Pou enfeksyon nan san

Timoun 6 mwa - 12 ane : piki 2.5 mg pou chak kilogram pwa yon timoun, 3 fwa nan yon jou.
Plis ke 12 ane : piki 1 - 1.7 mg pou chak kilogram pwa yon moun, 3 fwa nan yon jou.