Hesperian Health Guides
Medikaman ki pou anpeche moun trape tetanòs
Yon moun pwoteje kont tetanòs lè :
- Li gen tan pran 6 dòz vaksen kont tetanòs (yon seri 3 vaksen lè li te tibebe, epi apre sa, pou pi pitit, 3 rapèl)
OUBYEN
- Li gen tan pran premye 3 dòz yo epi, pou pi piti, yon rapèl nan dènye 10 ane yo.
Pou konnen ki medikaman ki nesesè pou pwoteje yon moun kont tetanòs, li ta bon pou konnen si li gen tan vaksinen kont tetanòs, epi ki lè sa te fèt. Men anpil moun pa konnen si yo vaksinen oubyen non. Si li pa konnen, bay medikaman jan nou fè l pou moun ki pa t vaksinen.
Bay vaksen kont tetanòs, METE SOU SA bay sewòm antitetanik :- Si blesi a fon oubyen sal, epi si gen plis ke 5 ane ki pase depi li vaksinen, oubyen nou pa konnen si li te vaksinen.
- Pou tout blesi, menm youn ki piti e pwòp, si nou pa sèten ke moun nan gen tan pran pou pi piti 3 vaksinasyon kont tetanòs (premye 3 dòz vaksen pandan premye ane lavi tibebe yo).
- Si blesi a fon oubyen sal, epi dènye fwa li te vaksinen se ant 5 pou rive 10 ane pase.
- Si blesi a piti e li pa sal, men kat vaksen li pa ajou.
- Si blesi a fon oubyen sal, epi 5 ane poko pase depi li te vaksinen kont tetanòs.
- Si blesi a piti e li pa sal, epi kat vaksen li ajou.
Men si moun lan gen VIH/SIDA oubyen yon lòt maladi ki afebli sistèm defans kò a, bay sewòm antitetanik pou nenpòt blesi, menm si yo piti. Si kat vaksen li yo pa ajou, sa mande pou nou bay vaksen kont tetanòs tou.
Vaksen kont tetanòs
- Nou konn jwenn vaksen kont tetanòs nan konbinezon ak lòt vaksen yo. Yo ekri yo ann abreje, tankou : DTC, Tdap, Td, Dt ak lòt.
- Vaksen DCT pwoteje kont difteri, koklich e tetanòs. Lè tibebe yo rive nan laj 6 mwa, yo dwe fin pran yon seri 3 vaksen sa yo.
- Timoun ki pi gran gen pou pran 3 rapèl DCT oubyen yon lòt konbinezon vaksen, pou pwoteje yo kont difteri ak tetanòs. (Td oubyen Dt).
- Si nou gen tan pran tout 6 dòz vaksen kont tetanòs (yon seri 3 dòz epi 3 rapèl), nou pwoteje pandan plizyè deseni.
- Moun ki pa t pran tout 6 dòz sa yo, oubyen yo pa t vaksinen pandan 10 ane ki fèk pase yo, sa ka mande pou yo pran yon piki rapèl.
- Si kat vaksen yon fanm ansent pa ajou epi nou vaksinen l, sa ap pwoteje li menm ak tibebe li kont tetanòs.
Immunoglobine de tétanos humaine
(iminoglobilin tetanòs imèn, sewòm antitetanik)
Si yon moun pa t pran tout vaksen kont tetanòs (li pa t pran yon seri 3 vaksen ak yon rapèl chak 10 ane), epi si li gen yon blesi ki ka enfekte ak tetanòs, se pou nou ba li sewòm antitetanik pi vit ke nou kapab, anvan yon moun tonbe malad ak tetanòs. Si nou pral ba li sewòm antitetanik ak vaksen kont tetanòs an menm tan, sèvi avèk yon nouvo sereng pou chak piki. Pa bay piki sa yo menm kote nan kò li.
Kote l pran piki a ka sansib epi li ka fè mal.
Gen de moun ki fè gwo reyaksyon alèji ak sewòm antitetanik. Se pou nou toujou gen adrenaline (épinéphrine) disponib pou trete yon reyaksyon alèji.
Depi yon moun pran sewòm antitetanik, pa ba li yon vaksen ki fèt ak viris ki vivan (tankou vaksen kont polyo, varisèl, ak lawoujòl) pandan 3 mwa, paske sa ka fè vaksen an pa pran jan li dwe a.
Lè nou bay piki, fonse zegwi a byen fon nan vyann nan.
Si 24 èdtan poko pase depi li blese,
Bay piki 250 inite yon sèl fwa.
Si se plis pase 24 èdtan depi li blese, oubyen si blesi a ka byen enfekte ak tetanòs,
Bay piki 500 inite you sèl fwa.
An plis, bay yon antibyotik tankou métronidazole OUBYEN pénicilline G.