Hesperian Health Guides

Medikaman ki pou kalme moun

Premye swen : Medikaman

Dyazepam


(dyazepam)
Nou ka sèvi ak diazépam pou detann vyann yo epi pou kalme yon moun. Epitou, nou ka sèvi avè l pou rete yon kriz. Men yon moun ki konn fè kriz malkadi tanzantan gen pou l pran yon lòt kalite remèd chak jou.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Dòmi nan je

EnpòtanNBgrnimportant.png
  • Lè nou bay twòp diazépam, li ka ralanti souf yon moun jis li rive koupe souf la. Pa bay pi gwo dòz pase sa ki ekri anba. Pa bay plis pase 2 dòz nan yon jou.
  • Diazépam se yon medikaman, lè moun kòmanse pran li, yo gen dwa santi fòk yo pran li toutan. (Yo rele sa adiksyon oubyen depandans.) Pa sèvi avè l souvan, ni pandan yon tan ki twò long.
  • Fanm ki gwo vant ak fanm k ap bay tete pa gen dwa pran li, sòf si yon fanm ki gwo vant fè kriz nan dènye mwa gwosès li (eklanpsi).
  • Pa bay piki diazépam si nou pa gen bon jan fòmasyon. Li difisil anpil, epi gen danje nan sa. Lè yon moun ap fè kriz, olye pou bay piki dyazepam, bay li nan twou dèyè pito (al gade anba).
Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Pou detann vyann kò a epi kalme yon moun
Bay diazépam nan bouch 45 minit anvan nou pral fè yon bagay ki ka fè mal, pa egzanp, anvan nou mete yon zo ki kase oubyen yon èni nan plas li.

Pou timoun, bay 0,2 – 0,3 mg pou chak kilogram pwa yon moun. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :

Timoun ki poko gen 5 ane : bay 1 mg.
Plis ke 5 ane : bay 2 mg.
Pou rete yon kriz
Sèvi ak diazépam likid (ki pou fè piki), oubyen kraze yon grenn diazépam epi melanje l ak dlo. Wete zegwi ki nan sereng lan. Rale medikaman an ak pwent sereng nan, epi mete l nan twou dèyè a. Oubyen sèvi ak jele diazépam ki pou mete nan twou dèyè a. Vire moun nan sou kote. Avèk yon sereng san zegwi, mete medikaman an byen fon nan twou dèyè a. Sere dèyè li pandan 10 minit, pou medikaman an pa p ka koule soti.
Timoun ki poko gen 7 ane : bay 0,2 mg pou chak kilogram pwa yon timoun, yon sèl dòz.
Timoun 7 - 12 ane : bay 3 - 5 mg, yon sèl dòz.
Plis ke 12 ane : bay 5 - 10 mg, yon sèl dòz.

Lè 15 minit fin pase depi nou bay medikaman an, epi kriz la poko rete, bay yon lòt dòz. Pa bay plis.

Lorazépam (lorazepam)


Lorazépam sanble anpil ak diazépam. Nou ka sèvi avè l pou detann vyann yo, epi pou kalme yon moun. Nou ka sèvi avè l pou rete yon sèl kriz. Men yon moun ki konn fè kriz malkadi tanzantan gen pou l pran yon lòt kalite remèd chak jou.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Dòmi nan je.

EnpòtanNBgrnimportant.png
  • Lè nou bay twòp lorazépam, li ka ralanti souf yon moun jis li rive koupe souf la.
  • Lorazépam se yon medikaman, lè moun kòmanse pran li, yo gen dwa santi fòk yo pran li toutan. (Yo rele sa adiksyon oubyen depandans.) Pa sèvi avè l souvan, ni pandan yon tan ki twò long.
  • Fanm ki gwo vant ak fanm k ap bay tete pa gen dwa pran li, sòf si yon fanm ki gwo vant fè kriz nan dènye mwa gwosès li (eklanpsi).
  • Pa bay piki lorazépam sof si nou gen bon jan fòmasyon. Li difisil anpil, epi gen danje nan sa. Lè yon moun ap fè kriz, olye pou bay piki lorazépsm, bay li nan twou dèyè pito (al gade anwo).
Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Pou detann vyann kò a epi kalme yon moun
Bay lorazépam nan bouch 45 minit anvan nou pral fè yon bagay ki ka fè mal, pa egzanp, anvan nou mete yon zo ki kase nan plas li.
Timoun 1 mwa - 12 ane : bay 0,05 mg pou chak kilogram pwa yon timoun, yon sèl fwa.
Plis ke 12 ane : bay 1 - 2 mg, yon sèl fwa.