Hesperian Health Guides
Pwoblèm sante timoun
Menm si nou fè tout sa nou kapab pou nou anpeche timoun nou yo pran maladi, gen de fwa yo tonbe malad. Kote yon maladi ka pran kèk senmenn anvan li vin grav kay yon granmoun, menm maladi sa a ka byen vit vin grav kay yon timoun. Konsa, fòk nou rete veyatif anpil pou nou ka rekonèt tout siy maladi kay timoun yo, pou nou okipe yo touswit.
Siy ki montre gen danje |
Si nou wè youn nan siy sa yo ki ekri anba, sa mande swen prese. Fok nou voye je sou li toutan. Si nou okipe l byen, jou aprè jou li dwè fè yon ti mye. Si li bay plis pase yon siy, oubyen si li vin pi malad toujou, lavi timoun nan an danje :
|
Kontni yo
- 1 Manke dlo, dezidratasyon
- 2 Dyare
- 3 Vomisman
- 4 Lafyèv
- 5 Malarya
- 6 Kriz
- 7 Menenjit
- 8 Nemoni (enfeksyon poumon)
- 9 Touse
- 10 Kwoup (tous ki sanble ak bri yon chen k ap jape)
- 11 Koklich
- 12 Tibèkilòz (maladi pwatrin)
- 13 Respirasyon tankou souflèt
- 14 Rim ak grip
- 15 Enfeksyon zòrèy
- 16 Malgòj
- 17 Difteri
- 18 Saranpyon, lawoujòl
- 19 Ribeyòl (ti lawoujòl)
- 20 Varisèl
- 21 Gal
- 22 Malmouton
- 23 Paralizi timoun (polyo, maladi kokobe)
- 24 VIH ak SIDA
Manke dlo, dezidratasyon
Dezidratasyon vle di yon moun pa gen ase dlo ki rete nan kò li ankò ; li manke dlo. Pifò timoun ki mouri anba dyare mouri paske yo manke dlo. Trètman an byen senp : fòk nou ba li bwè ase likid pou ranplase dlo l ap pèdi a. Isit la yo di nou ki jan pou nou trete manke dlo a, kit se dyare ak vomisman ki ba li, kit se moun k ap travay twò di kote li fè cho anpil. Lè dyare fè yon timoun piti vin manke dlo, se gwo danje. Voye je sou li pou wè si li pa p fè siy sa yo :
MEN SIY KI FÈ NOU REKONÈT SA
- Dyare menm si pa gen lòt siy pou manke dlo
- Swaf (men timoun pa toujou di nou lè yo swaf)
- Bouch ak lang li sèch (lè nou manyen anndan bouch li, li sèch)
- Li pa pipi anpil, pipi a gen koulè fonse
Kòmanse trete li touswit, anvan maladi a vin pi grav.
SIY KI FÈ NOU REKONÈT LÈ MANKE DLO A AP ANVLIMEN
- Kò li kraze, li bouke, li manke fòs
- Kè li bat vit
- Souf li anlè epi li fò
- Je li fon, li pa bay dlo lè l ap kriye
- Po li vin fennen ; lè nou penche po a, li rete plise
Ak 2 dwèt konsa, leve po a sou do men li, oubyen sou vant li. | Lè nou lage l, si po a rete plise, si li pa tounen nan plas li touswit, timoun nan ka manke dlo. |
Lè nou wè yon timoun ki sitèlman pèdi dlo nan kò li, nou mèt konnen se grav. Li mande pou nou ba li swen prese prese pou sove lavi li.
KI JAN POU NOU EVITE AK POU NOU TRETE MANKE DLO
Remèd la senp : ba li bwè anpil likid. Aprann ki jan pou nou prepare sewòm oral. Si timoun nan pa p kòmanse geri byen vit, chache konkou.
Lèt manman
Si timoun ki manke dlo a nan tete, toujou ba li tete, epi ba li ti sewòm oral tou. Ba pitit la tete pi souvan — chak dezèdtan pou pi piti. Kite l tete mezi li kapab.
Dyare
Dyare vle di yon moun ap watè dlo. Genyen anpil bagay ki ka bay timoun dyare ; pi souvan se manke pwòpte ki fè mikwòb maladi yo gaye, epi malnitrisyon. Nou ka geri pifò ka dyare san medikaman. Trètman ki bon pou tout moun k ap soufri ak dyare se ba li bwè ase likid pou ranplase dlo l ap pèdi a. Si yon timoun ak dyare pa bwè ase likid, li ka sitèlman pèdi dlo jis li rive mouri.
Pou sove lavi yon timoun, ba li bwè ase likid pou ranplase dlo l ap pèdi a.
Lè nou bay yon timoun bwè likid, eske nou kwè sa ap fè dyare a vin pi mal toujou ? Lè nou wè kantite watè dlo l ap bay la, nou ka fasil kwè sa. Men se pa likid la a ki bay dyare a.
Si nou pa pèmèt yon timoun bwè, sa pa p geri dyare a ; sa ap mete lavi li an danje | Si yon timoun ki gen dyare ap bwè ase, li ka rete an sante. |
Aprann plis sou koze dyare. Anba yo pale sitou sou sa nou dwe fè pou timoun yo.
KI JAN POU NOU TRETE DYARE
- Ba li sewòm oral. Yon timoun ki poko gen 2 ane, ba li pou pi piti yon ka (¼) nan yon vè chak fwa li watè dlo. Yon timoun ki gen plis pase 2 ane, ba li mwatye (½) nan yon vè rive yon vè, chak fwa li sot watè dlo. Fè sewòm oral avèk dlo ak yon ti sèl e sik ladann. Nou mèt mete yon ti ji sitwon sou li pou bay li gou.
- Ba li manje. Yon timoun ki malad pa fasil di li grangou. Men si li pa manje, l ap pi fèb, epi pi malad toujou. Pran pasyans avè l. Ba li kèk kiyè manje 6 fwa nan yon jou oubyen pi souvan. Lè l ap refè, ba li plis. Fè labouyi a pi pwès ; mete sou li manje ki bay fòs ak kouraj, tankou pistach (kraze), ze, pwason, yawout, zaboka, oubyen fig mi. Lè nou pa genyen legim oubyen pwoteyin, ajoute yon kiyè luil kizin (luil ki sèvi pou fè manje).
- Pa ba li remèd pou dyare. Remèd sa yo se tankou yon bouchon. Yo pa kite enfeksyon an sòti deyò ; yo kenbe l anndan.Antibyotik ka sèvi sèlman pou trete kèk ka kolera e dyare ak san.
- Anpeche dyare tounen sou moun. Chache fè kò ak kay nou yo pi pwòp. Eseye manje pi bon kalite manje.
Malnitrisyon ak dyare
Timoun ki pa byen manje trape dyare pi fasil. Lè fini, li pi difisil pou yo geri anba maladi a. Se paske 2 pwoblèm sa yo se yon laviwonndede yo ye ; youn ap fè lòt la vin pi mal.
Se nan laviwonndede malnitrisyon ak dyare sa a anpil timoun rive pèdi lavi yo. Oubyen timoun k ap soufri ak toulede yo mouri ak enfeksyon, paske kò yo twò fèb pou yo ka goumen ak mikwòb yo.
Si se yon ti lajan sèlman nou genyen, sèvi ak ti lajan sa a pou achte manje pou timoun nou yo. Manje bay timoun yo fòs. Se konsa yo ka pi fasil sòti anba yon maladi, epi yo pi fasil jwenn fòs pou yo pa tonbe malad ankò ak dyare.
Aprann ki jan pou trete malnitrisyon ki grav.
Vomisman
Genyen de timoun ki vomi pi fasil pase lòt timoun. Men, si genyen yon timoun k ap vomi anpil, oubyen si nou wè li kòmanse manke dlo, ba li sewòm oral. An premye, ba li bwè yon kiyè chak 15 minit, menm si li kontinye ap vomi. Lè li sispann vomi gòje sa yo, ba li yon kiyè chak 5 minit. Apre sa, ba li kèk gòje. Si nou bay yon timoun likid ak manje kou li kapab pran yo, nou ka ede li reprann fòs li.
Lafyèv
Timoun yo ka fasil gen lafyèv lè yo malad, epi lafyèv la ka cho sou yo. Pou mete yon timoun pi alèz, ba li paracétamol oubyen ibuprofène. Vide dlo fre (men pa frèt) sou li, oubyen mete konprès dlo fre sou lestomak li ak sou tèt li. Ba li bwè anpil likid, pou li pa vin manke dlo. Lè yon timoun piti gen yon lafyèv cho sou li, li ka fè yon kriz. Sa ki pi enpòtan, se pou nou jwenn ki sa k ap ba li lafyèv la, epi wè si nou ka trete maladi sa a.
SIY KI MONTRE GEN DANJE, AK KI SA KI BAY LAFYÈV
Lafyèv ki mache ak pwoblèm ki ekri anba | Maladi li ka genyen |
Kou rèd ak gwo tèt fè mal | Menenjit |
Yon bann ti bouton k ap leve sou tout kò li | Lawoujòl |
Tous depi anpil jou | Tibèkilòz |
Vant fè mal, ak dyare oubyen konstipasyon, kèk fwa li gen yon bann ti bouton wouj ki leve sou vant lan oubyen sou de bò yo. (Pou tifoyid : lafyèv la konn monte yon ti kras chak jou pandan 8 jou; lè fini, vant fè mal mete pye.) | Tifoyid Kèk enfeksyon ki grav (chapit la poko ekri). |
Frison, oubyen nenpòt lafyèv, si gen malarya kote nou rete a. | Malarya |
Malarya
Yo pale sou malarya an detay nan Malarya, lafyèv deng, ak lòt maladi moustik bay. Kote nou jwenn anpil malarya, se la ki konn genyen anpil timoun ki pèdi lavi yo anba maladi sa a.
SIY KI FÈ NOU REKONÈT MALARYA
- Lafyèv
- Frison oubyen swe
- Maltèt, doulè nan vyann kò, vant fè mal
- Vomisman oubyen dyare
TRÈTMAN
Toutan li posib, fè yon yon tès pou li anvan nou bay yon moun remèd malarya. Men si pa genyen posiblite pou fè analiz la, si genyen anpil malarya nan zòn kout nou rete a, epi si nou pa wè lòt pwoblèm ki kapab bay lafyèv la, ba li remèd pou malarya san pèdi tan. Timoun k ap soufri maladi malarya konn gen anemi (san pòv). Poutèt sa yo dwe pran grenn fer tou.
SIY KI FÈ NOU KONNEN GEN DANJE
- Souf li kout
- Li fè kriz, li bwouye, li endispoze, oubyen nou wè siy enfeksyon sèvo a (al gade (menenjit)
Lavi timoun nan an danje. Kouri mennen l lopital, oubyen jwenn konkou doktè anvan li twò ta. Pandan nou nan wout, ba li piki artesunate (atesinat). Si nou pa genyen l, ba li piki quinine (kinin).
KI JAN POU NOU EVITE MALARYA
Al gade nan Malarya, lafyèv deng, ak lòt maladi moustik bay pou konnen ki sa nou ka fè pou anpeche maladi sa a vin sou fanmi nou, ak sou katye nou.
Kriz
Yon kriz se lè yon moun rete konsa epi yon maladi parèt sou li. Li ka pèdi konnesans, li ka bwouye oubyen li pa gen bon nanm li sou li, epi li konn bat kò li. Men kèk fwa timoun nan rete san li pa fè mouvman menm. Kriz yo konn pase vit.
Maladi ki pi fasil bay timoun piti yo kriz se gwo lafyèv, se manke twòp dlo nan kò yo, se yon blesi, se malarya, oubyen lòt pwoblèm. Si yon moun tanzantan ap fè kriz san nou pa wè maladi, yo rele pwoblèm sa a malkadi. Nou ka jwenn esplikasyon sou malkadi nan Pwoblèm tèt ak sèvo (chapit la poko ekri).
Lè yon timoun ap fè kriz, wete tout bagay bò kote l, pou li pa blese kò li. Vire li sou kote pou li pa toufe si li vomi. Pa sere li pou l pa ka bouje. Pa eseye sezi lang li.
- Si se malarya ki lakòz kriz la, chache konkou doktè. Pandan nou nan wout, ba li dyazepam. Ba li remèd malarya.
- Si li fè kriz paske li manke dlo, chache konkou doktè. Lè kriz la fin pase, ba li sewòm oral.
- Si se menenjit ki lakòz kriz la, chache konkou doktè.
Si yon timoun k ap fè kriz la pa sanble ap soufri ak youn nan maladi grav sa yo, yon sèl kriz kapab pa bay gwo pwoblèm (menm si sa fè nou pè, lè nou wè li). Si li fé yon lòt kriz, al konsilte yon ajan sante.
Lè yon timoun soufri ak maladi tetanòs (maladi kò rèd), sa ka sanble ak yon kriz. Machwè li kòmanse sere ; tout kò li kage sou dèyè sanzatann. Aprann rekonèt premye siy tetanòs.
Menenjit
Menenjit se yon kalite enfeksyon sèvo ak nan mwal epinyè (ki nan mitan zo rèl do a) ki grav anpil. Nou pa wè li fasil. Pifò ka menenjit kòmanse ak lafyèv, san nou pa ka wè klè ki sa ki bay maladi a. Li ka rive kòm konplikasyon yon lòt maladi, tankou malarya, tibèkilòz, lawoujòl, oubyen malmouton.
Menenjit ki sòti nan tibèkilòz pran plizyè senmenn pou l devlope.
KI SA KI FÈ NOU REKONÈT MENENJIT
- Lafyèv
- Gwo tèt fè mal
- Vomisman
- Kriz
- Kou rèd - timoun nan pa ka mete tèt li nan mitan de janm li yo
- Li pa vle moun manyen li — si nou eseye karese li, l ap kriye
- Je li sansib, li pa vle wè limyè
- Li kriye san rete, li sansib, li pa kontan menm
- Kò li kraze, li fèb, se toutan li bezwen dòmi, oubyen li pèdi konnesans li
SIY KAY TIBEBE KI FÈK FÈT
Ti fontenn tèt li ka anfle. Tibebe a ka genyen vomisman oubyen dyare. Li ka gen lafyèv, oubyen chalè kò li ka twò ba.
Lè n ap leve tèt yon tibebe ki an sante, li pliye kou li konsa. |
Yon tibebe k ap soufri ak menenjit gen kou li rèd. Lè nou leve tèt li, do li leve nan menm tan. |
KI JAN POU NOU TRETE LI
Pa rete ap gade malad la, kouri mennen l kay doktè. Ba li yon konbinezon antibyotik (ampicilline ak céftriaxone OUBYEN ampicilline ak gentamicine.
Si pitit la t ap soufri ak maladi tibèkilòz (maladi pwatrin) anvan nou wè siy menenjit yo, trete maladi tibèkilòz la tou. Pou aprann ki jan pou nou trete tibèkilòz nan sèvo, al gade nan Kèk enfeksyon ki grav (chapit la poko ekri).
Nemoni (enfeksyon poumon)
Tous, larim, souf kout, pwoblèm sa yo ka tou lejè, oubyen yo ka grav. Youn nan maladi ki pi grav se nemoni, yon gwo enfeksyon ki atake poumon yon moun. Yo ekri plis sou nemoni nan Pwoblèm respirasyon ak tous (chapit la poko ekri). Se anba gwo maladi sa a anpil timoun piti pèdi lavi yo.
SIY KI FÈ NOU KONNEN SE NEMONI
- Souf timoun nan wo epi li kout, se siy sa a ki pi enpòtan. Lè nou di souf li kout, sa vle d i:
Tibebe ki fèk fèt - 2 mwa : plis pase 60 fwa pandan yon minit
Tibebe 2 - 12 mwa : plis pase 50 fwa pandan yon minit
Timoun 12 mwa - 5 ane : plis pase 40 fwa pandan yon minit
Tout timoun gen souf wo lè y ap kriye. Mete timoun nan alèz. Lè li sispann kriye, poze men ou sou vant li pou ou ka santi jan l ap monte desann. Kontwole konbyen fwa li pran souf pandan yon minit.
- Li gen lafyèv
- Li touse
- Li gen po dèyè kou li ak po nan mitan kòt li yo ap danse paske l ap fè anpil efò pou l respire
- Li pa vle manje
KI SA POU NOU FÈ POU TRETE NEMONI
Si nou kwè yon timoun piti ap fè nemoni, kòmanse trete l touswit ak amoxicilline e cotrimoxazole.
Ba li bwè anpil, ba li manje.
Timoun nan dwe kòmanse fè mye nan 2 jou konsa. Si li pa p kòmanse geri, se ka yon lòt maladi li genyen, tankou tibèkilòz, opresyon, oubyen enfeksyon vè ki pase nan poumon li. Si l ap vin pi malad, si li pa ka respire byen, si li pèdi konnesans, oubyen si li fè kriz, chache konkou doktè. Pitit la ka bezwen pran piki ampicilline ak céftriaxone (oubyen piki ampicilline ak gentamicine si li poko gen 1 mwa).
KI JAN POU NOU EVITE NEMONI
Tout bagay ki fè poumon yo irite ka fè yon moun trape yon enfeksyon poumon. Lafimen rann poumon yo pi fèb, epi li fè moun pi fasil tonbe malad ak nemoni. Si genyen moun nan kay la ki fimen, se pou yo toujou soti deyò, epi pou yo al fimen kote ki pa gen timoun.
Si fanm yo konn fè manje anndan yon ti kay, mete yon tiyo sou tèt kay la ki pou rale lafimen an soti deyò. Konsa n ap pwoteje poumon fanm k ap kwit manje ak timoun ki bò kote yo.
Nemoni ak malnitrisyon
Pifò timoun ki mouri anba nemoni yo malnouri. Malmanje fè yo twò fèb pou yo ka goumen ak enfeksyon.
Lè timoun yo jwenn ase bon kalite manje, sa ap ede yo rete an sante. Epi sa ap ede tout moun respire pi byen.
Touse
Timoun ki touse yo pi souvan gen yon rim senp. Medikaman pa p geri l. Pou soulaje yon timoun ki gripe, ba li bwè ti te sikre, fè li respire vapè dlo cho, oubyen karese l epi konsole l. L ap refè nan 8 jou konsa.
SIY KI FÈ NOU REKONÈT GWO MALADI TOUS
SIY | SE KA |
Li touse pandan plis pase 15 jou, l ap pèdi pwa, li gen lafyèv. | Tibèkilòz Al gade Pwoblèm respirasyon ak tous (chapit la poko ekri). |
Li touse epi souf li kout. | Nemoni |
Li touse sèch lannuit, men nou pa wè lòt siy maladi. Nou ka tande yon ti bri souflèt, sitou lè l ap lage souf. | Opresyon Al gade Pwoblèm respirasyon ak tous (chapit la poko ekri). |
Kwoup (tous ki sanble ak bri yon chen k ap jape)
Yon tous ki fè yon bri ki sanble ak bri yon chen k ap jape, oubyen yon tous ki dire sou yon timoun ap ba li yon vwa anwe, se ka kwoup l ap fè. An plis, gen de fwa nou tande yon ti bri souflèt lè l ap rale souf.
Sa ki bay kwoup la se yon enfeksyon kannal souf la nan gòj la. Pi souvan nou pa ka trete l ak antibyotik. Pou eseye soulaje li, fè timoun nan respire vapè dlo cho. Oubyen lannuit, sòti deyò avè l pou l ka respire lè fre. Sa ka soulaje li.
Gen de lè anndan gòj la tèlman anfle, ti pitit la gen pwoblèm pou pran souf. Kontwole souf li. Si souf li anlè, si l ap bat pou li pran souf, mennen li kay doktè. Gen de medikaman ki ka dezanfle gòj la.
Koklich
Maladi koklich kòmanse tankou grip - ak lafyèv, nen k ap koule, ak tous. Nan 8 - 15 jou konsa, koklich la di men li ; tous la vin pi rèd. Timoun nan touse dri plizyè fwa san li pa pran souf. Li ka touse ase fò pou fè li vomi.
Lè atak tous la pase, souf timoun nan vin wo. Lè l ap bat pou rale souf li, li ka fè yon gwo bri souflèt. Koklich la konn fè plizyè mwa sou yon timoun.
Koklich fè tout moun soufri, men li pi rèd pou timoun. Yon tibebe ki poko gen 1 ane ka mouri anba tous k ap koupe souf li. Kay tibebe piti, nou pa toujou tande bri souflèt lè l ap rale souf li. Alò, se pa fasil pou nou konnen si se koklich l ap fè.
TRÈTMAN
- Fè li poze anpil ; sa ka kalme tous la.
- Bay pitit la tete pi souvan, oubyen ba li bwe plis epi manje plis.
- Si pitit la pèdi pwa, oubyen li pa ka respire byen, al kay doktè avè l.
Pi bon fason pou nou pwoteje timoun yo kont maladi sa a, se pou nou mennen yo pran vaksen kont koklich (vaksen DTC). Al gade nan Vaksen.
Tibèkilòz (maladi pwatrin)
Tibèkilòz aji pi vit sou timoun pase sou granmoun. Si yon timoun touse pandan plis pase 22 jou, sitou si li gen lafyèv, oubyen si gen yon moun nan kay la ki kapab soufri ak tibèkilòz, al gade nan Pwoblèm respirasyon ak tous (chapit la poko ekri).
Respirasyon tankou souflèt
Respirasyon tankou yon souflèt vle di, lè moun nan pran souf, nou ka tande li gen yon bri tankou yon ti bri souflèt. Se kannal souf la ki sere ki bay sa. Se yon rim, osinon yon maladi ki pi grav, ki lakòz pwoblèm lan. Si yon timoun ap soufri ak yon respirasyon souflèt souvan, se byen posib se opresyon lap fè. Maladi tibèkilòz kapab lakòz sa tou, sitou si nou tande ti bri souflèt la pi fò sou yon kote nan lestomak la. Al gade nan Pwoblèm respirasyon ak touse (chapit sa a poko ekri).
Rim ak grip
Lè yon timoun gen nen koule, gòj fè mal, ak tous, pwoblèm sa yo ka al fè wout yo si nou ba yo bwè anpil likid, ba yo bon kalite manje, epi fè yo pran ti repo tanzantan. Antibyotik pa p aji sou yon rim. Gen de lè, timoun ki anrimen ka fè enfeksyon zorèy, oubyen gòj fè mal estreptokòk ka bay la.
Enfeksyon zòrèy
Si yon timoun ap kriye, epi l ap grate bò zòrèy li, se ka yon enfeksyon zòrèy li fè. Timoun piti fè enfeksyon zòrèy la fasil, sitou lè yo anrimen oubyen lè nen yo ap koule rim. Genyen de ti kannal ki sòti depi anndan nen an ki rive jis anndan zòrèy yo. Mikwòb ka fasil pase nan ti kannal sa a pou yo rive nan zòrèy la.
SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI
- Timoun ki pale kapab di nou zòrèy li yo ap fè mal.
- Tibebe ap kriye, oubyen y ap grate bò zòrèy yo oubyen bò tèt la.
- Yo ka gen lafyèv, yo pa vle manje, yo pa dòmi byen, oubyen yo kriye san rete.
TRÈTMAN
Yon timoun ka gen gwo doulè nan zòrèy, ki ka fè li kriye anpil. Men, si li an sante, li pa malnouri, enfeksyon an ka byen al fè wout li san remèd. Ba li paracétamol pou soulaje doulè a.
Genyen yon remèd fèy ki ka soulaje li. Mete yon dan lay nan yon ti luil kizin (ki sèvi pou fè manje) ; kite l chita ladann pou tout yon nwit. Sèvi ak yon konngout pou mete kèk gout luil nan zòrèy la, de twa fwa nan yon jou.
KI LÈ POU NOU SÈVI AK ANTIBYOTIK
Si se yon timoun ki pa an sante, li ka bon pou nou trete l ak amoxicilline oubyen cotrimoxazole. Yon timoun ki pa anfòm mal pou li kenbe tèt ak enfeksyon. Lè konsa, enfeksyon zòrèy la ka dire yon bon ti tan sou li. Si yon timoun gen yon enfeksyon zòrèy ki dire oubyen ki ale vini, li ka rann li soud. Toujou ba li antibyotik lè :
- zòrèy la bay postim oubyen san
- enfeksyon an dire plis pase de twa jou
- si se yon tibebe ki poko genyen 6 mwa ki fè enfeksyon zòrèy
SIY KI MONTRE GEN DANJE
Si nou wè yo, chache konkou doktè:
- Doulè nan zo ki dèyè zòrèy la
- Maltèt, tèt vire, oubyen kriz
- Kò li kraze (li tou bouke epi li fèb)
- Li soud, li pa tande
POU EVITE MALADI
Gen de fwa, timoun mete ti bagay nan zòrèy yo. Fè yon melanj mwatye dlo, mwatye dlo oksijine oubyen vinèg. Pran yon sereng ki pa gen zegwi. Plen sereng nan ak solisyon sa a, epi ponpe solisyon an nan zòrèy la. Oubyen, si nou pran tout prekosyon pou nou pa pike anndan zòrèy la, nou ka sèvi ak yon ti pens pou wete l. Pa mete okenn lòt bagay nan zòrèy yon moun, pou mikwòb pa antre nan zòrèy la, oubyen pou nou pa pete tande zòrèy la. Menm yon ti grafouyen ka bay enfeksyon.
Tibebe nan tete pa fasil trape enfeksyon zòrèy.
Malgòj
Pifò ka malgòj kòmanse ak yon rim. Gòj la ka vin wouj, epi li fè mal lè timoun nan vale. Amigdal yo (2 boul chè ki nan fon gòj la, youn chak bò lalwèt la) ka anfle, yo konn fè mal, epi yo konn bay pi.
TRÈTMAN
- Ba li bwè anpil ji fwi, te, ak lòt likid.
- Montre timoun nan ki jan pou l gagari ak dlo tyèd ki gen ti sèl ladann (mete mwatye nan yon ti kiyè sèl nan yon vè dlo).
- Ba li paracétamol pou doulè.
Antibyotik yo pa bon pou kalite malgòj ki fasil mache ak yon grip. Pa sèvi ak yo. Men gen yon mikwòb - ki rele estreptokòk - ki bay yon kalite malgòj ki grav anpil, epi ki fèt pou trete ak penisilin.
SIY KI FÈ NOU REKONÈT ENFEKSYON ESTREPTOKÒK
(estreptokòk se yon mikwòb ki ka bay gwo enfeksyon)
- Fon anndan bouch la ak amigdal yo anfle, epi yo genyen mak pi (ti mak blan).
- Glann anba machwè ak anba zòrèy yo anfle.
- Li gen lafyèv.
- San grip, san tous
Si yon timoun ap soufri ak 3 oubyen 4 nan siy sa yo, se byen posib ke l ap fè enfeksyon estreptokòk. Se pou nou trete l (bay pénicilline oubyen amoxicilline nan bouch pandan 10 jou, oubyen bay yon sèl piki pénicilline benzathine. Fè yon analiz se sèl jan nou ka konnen san dout ki sa ki lakòz enfeksyon an. Si gen posiblite, fè analiz la.
Si nou pa trete enfeksyon estreptokòk ka bay la, li ka tounen yon maladi ki fè mal anpil epi ki gen ki grav, ki rele lafyèv rimatis.
Lafyèv rimatis
Enfeksyon estreptokòk nan gòj ka bay yon maladi ki rele lafyèv rimatis. Se timoun ak jennmoun ki konn genyen li, pi souvan lè yo gen 5 - 15 ane. Si 2 - 4 senmenn pase depi li te gen malgòj, epi si nou wè de twa nan siy sa yo, se ka lafyèv rimatis li soufri.
- Doulè nan jwenti, sitou nan zo ponyèt ak nan zo je pye yo.
- Jwenti yo anfle, yo cho, yo vin tou wouj.
- Lafyèv.
- Yon bann tras wouj nan fòm won, oubyen ti boul ki parèt anba po a, sou kò a, sou bra ak janm li yo, men pa nan figi li.
- Li pa ka kontwole mouvman figi li, l ap voye men li, l ap voye pye li. Yo rele sa maladi newolojik, (non maladi a : chorée, dance de St. Guy).
- Li fèb, souf li kout, li ka genyen doulè nan kè.
Si nou sispèk timoun nan gen lafyèv rimatis, ba li pénicilline pou trete enfeksyon an. Chache konkou doktè. Lafyèv rimatis ka donmaje kè a epi fè li vin fèb. Yo rele sa maladi rimatis nan kè. Li ka andikape yon moun, epi menm fè li mouri jenn.
Difteri
Difteri se yon maladi ki grav anpil ki kòmanse tankou yon malgòj e ti lafyèv. Kèk jou apre sa, tout fon gòj li ka kouvri ak yon plak koulè blan oubyen gri. Vwa timoun nan ka anwe, kou li konn vin anfle, epi nou ka pran yon move odè nan bouch li. Gòj anfle a ak plak nan fon gòj la konn fè timoun nan gen pwoblèm pou li pran souf. Li ka toufe menm.
TRÈTMAN
- Chache konkou doktè. Gen yon remèd (antipwazon) pou maladi sa a. Al wè si nou ka jwenn li.
- Ba li érythromycine oubyen pénicilline.
- Fè li gagari dlo tyèd ak ti sèl ladann.
- Fè li respire vapè dlo cho.
Si plak la ki nan fon gòj li vin pwès anpil, epi l ap toufe, pran yon moso twal pwòp, vlope l nan dwèt ou, foure l nan gòj li pou rache plak la.
Nou ka byen fasil evite maladi sa ak vaksen DTC. Asire nou ke gen kanpay vaksinasyon nan zòn pa nou an, epi mennen pitit nou yo al pran vaksen.
Saranpyon, lawoujòl
Premye siy lawoujòl se lafyèv, rim k ap koule nan nen li, je li yo wouj, yo fè mal, epi li touse. Pwoblèm sa yo parèt 10 jou konsa apre timoun nan pran mikwòb saranpyon. Apre sa, bouch li fè mal, epi dyare ka mete pye tou. Lè fini, bouton yo parèt dèyè zòrèy yo, nan gòj, nan figi, nan tout kò a, epi apre sa, nan ponyèt ak nan janm li yo.
TRÈTMAN
Yon timoun k ap soufri ak maladi saranpyon kapab refè nan 5 - 10 jou, si nou ba li bwè, ba li manje, epi kite l ret kouche nan kabann li.
- Ba li bwè anpil likid. Si li gen dyare, oubyen si nou wè li kòmanse manke dlo, ba li sewòm oral souvan.
- Pou tibebe nan tete, toujou ba li tete, mezi li vle e ke li kapab pran. Si tibebe a pa ka tete, fòk manman an tire lèt la bay li ak yon ti kiyè.
- Ba li ti manje plizyè fwa nan jounen an. Si li mal pou vale manje a, ofri li soup, labouyi, ak ji.
- Pou lafyèv ak doulè, bay timoun nan paracétamol oubyen ibuprofène.
- Ba li vitamin A.
Pi gwo danje pou timoun ki gen saranpyon se ke yo ka trape lòt maladi ki pi grav ankò. Pi souvan sa rive timoun ki malnouri, oubyen timoun ki gen lòt maladi tankou VIH/SIDA. Voye je sou timoun yo ki malad. Si nou wè siy ki ekri anba, fè vit trete yo :
- Dyare : Ba li sewòm oral. Si timoun nan pa fè mye nan 1 oubyen 2 jou, chache konkou.
- Enfeksyon zòrèy : Yon enfeksyon zòrèy lawoujòl ka bay la ka fè yon timoun pa kapab tande. Si li gen zòrèy fè mal, ba li antibyotik, amoxicilline oubyen cotrimoxazole.
- Li vin pa ka wè byen : je li vin fèb ; saranpyon ka fè timoun vin avèg. Pou sa pa rive, bay tout timoun ki gen saranpyon vitamin A.
- Nemoni : Si yon timoun ki soufri ak lawoujòl gen souf li anlè, souf li kout, trete li pou nemoni.
- Menenjit : Al kay doktè avè l si timoun nan bwouye, si li gen gwo maltèt, si li fè kriz, oubyen si li pèdi konnesans.
KI JAN POU NOU EVITE MALADI SA A
Fòk nou vaksinen tout timoun kont saranpyon. Si yon timoun trape saranpyon, petèt nou ka evite lòt timoun nan kay la ak nan lekòl la trape maladi sa a, si nou vaksinen yo san pèdi tan. Timoun ki malad la dwe rete lakay. Si frè ak sè li yo poko malad, si li posib, yo pa dwe rete menm kote ak li menm ki malad la. Men frè ak sè li yo kapab byen deja enfekte, menm si yo poko montre siy ke yo genyen maladi a. Sa ki pi bon, se pou tout timoun lakay pa al lekòl ni al pwomennen jis nou konnen yo tout an sante. Konsa nou ka anpeche saranpyon gaye nan katye a. Se yon sèl fwa moun trape saranpyon ; apre sa, yo pwoteje kont maladi a.
Ribeyòl (ti lawoujòl)
SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI
- Lafyèv ki pa two grav, ki pa pi wo pase 38.3° C (100° F)
- Bouton ki konn leve nan figi li ; lè fini, yo pase sou tout kò a
- Glann ki anfle dèyè zòrèy li ak dèyè tèt e kou a
Kay timoun ak jennjan, ribeyòl pa grav menm jan ak saranpyon. Nan twa kat jou, maladi a fin fè kous li.
Kay fanm, maladi sa a ka bay doulè jwenti nan jenou, ponyèt, ak dwèt yo.
Genyen yon sèl fason pou pwoteje fanm ki gwo vant kont ribeyòl — vaksinen tout timoun nan katye a.
Varisèl
Varisèl bay yon ti lafyèv. N ap wè yon bann ti mak wouj ki parèt sou timoun nan, epi k ap grate li. Yo tanmen leve sou kò a anvan. Apre sa, yo parèt nan figi, nan ponyèt, ak nan pye. Lè fini, yo tounen ti bousòl, oubyen glòb k ap pete, epi ki bay kwout.
Apre yon senmenn konsa, maladi a ap fin fè kous li. Men si timoun nan grate mak yo, sa pèmèt mikwòb ak kras antre anba po a. Li ka rive fè enfeksyon po.
Pou anpeche timoun nan grate l, fè ti jwè avè l, fè ti distrè li. Koupe zong li yo byen kout. Lave men li souvan. Oubyen mete chosèt sou men li. Pou kalme gratèl la, tranpe yon twal nan dlo avwàn bouyi, oubyen nan dlo lanmidon, epi pase l sou gratèl la. Yon anti-istaminik tankou chlorphéniramine ka kalme gratèl la tou.
Pi bon pwoteksyon kont varisèl se vaksen. Si nou pran vaksen an, oubyen si nou deja pase anba maladi sa a, nou pwoteje.
Gal
Gal fè yon bann ti boul ki grate anpil. Boul sa yo konn parèt bò senti a, nan men, bra, ak janm yo, ak sou ti pijon an. Gal se yon pwoblèm ki kouran kay timoun. Pou aprann plis sou koze gal ak lòt pwoblèm po, al gade nan Pwoblèm po, zong, ak cheve (chapit la poko ekri).
Malmouton
Premye siy malmouton se lafyèv, fatig, maltèt, epi malad la pa vle manje. Li ka fè mal lè nou louvri bouch nou, ak lè nou manje. Nan 2 jou, anba zòrèy yo vin anfle, epi yo mou rive jis nan machwè. Li ka kòmanse sou yon bò machwè anvan ; apre sa, li vire nan lòt bò a.
Li ka kòmanse sou yon bò machwè anvan. Apre sa, li vire nan lòt bò a.
Apre 10 jou konsa, malmouton an ap fin fè kous li. Si li pa p dezanfle, se ka yon lòt pwoblèm li genyen. Genyen de maladi ki bay glann anfle anba zòrèy ki pa vle geri, epi ki sanble anpil ak malmouton. Maladi sa yo se : malnitrisyon, ak VIH/SIDA (al gade nan VIH ak SIDA, chapit la poko ekri).
Sa pa rive souvan, men malmouton an ka gaye jis nan zòrèy yo oubyen nan sèvo a. Si li sanble timoun nan ka gen menenjit,oubyen si li sanble li soud, al kay doktè avè l.
Pi bon pwoteksyon kont maladi malmouton se vaksen.
Paralizi timoun (polyo, maladi kokobe)
Paralizi timoun se yon maladi ki grav. Li kòmanse tankou yon grip ak lafyèv, dyare, vomisman, epi doulè nan tout kò a. Pifò timoun ap refè byen vit. Men kay kèk timoun, polyo atake vyann (misk) nan manm yo.
Timoun sa yo vin fèb ; pi souvan se yon janm ki vin fèb. Yon lè konsa, janm nan vin paralize. Apre kèk tan, janm ki paralize a vin pi piti pase lòt la. Li pa p janm rive devlope tankou lòt la. Si nou wè yon timoun ki pa ka bouje kò li oubyen yon manm nan kò li, mennen li kay doktè san pèdi tan.
Polyo ka fè mal. Pou kalme doulè a, ba li paracétamol oubyen ibuprofène. Epitou, nou ka benyen manm ki malad la ak dlo cho, oubyen mete konprès dlo cho sou li. Se pou timoun nan fè egzèsis pou manm li yo ka reprann fòs, epi pou li pa rete kokobe.
POU EVITE MALADI SA A
Fòk tout timoun pran vaksen kont polyo. Genyen anpil peyi nan lemonn kote kanpay vaksinasyon yo si efikas, pa gen polyo la ankò. Si tout timoun ta pran vaksen, nou ta kapab fini nèt ale ak maladi sa a sou latè.
VIH ak SIDA
VIH/SIDA fè kò yon moun pèdi posiblite li te genyen pou defann tèt li kont maladi. Konsa, yon moun kapab byen fasil trape yon maladi tankou nemoni, tibèkilòz, dyare ak lòt maladi. Li enpòtan pou nou chache konnen, pi vit ke nou kapab, si yon timoun genyen VIH/SIDA.
Poze tèt nou kesyon ki ekri anba a. Si nou reponn nenpòt kesyon ak «wi», tanpri, al gade nan VIH ak SIDA (chapit la poko ekri).
- Eske nou fasil jwenn moun nan katye a ki gen VIH/SIDA ?
- Eske ou se yon manman oubyen yon papa ki ka gen VIH/SIDA ?
- Eske n ap pran swen yon fanm ki gwo vant e ki ka gen VIH/SIDA ?
- Eske n ap okipe yon timoun ki ka gen VIH/SIDA ?
- Eske n ap okipe yon timoun piti ki pa p byen vini, ki malad pi souvan, epi ki malad pi plis pase lòt timoun piti ?
Medikaman pou VIH/SIDA ka ede yon timoun rete an sante epi viv pi lontan.