Hesperian Health Guides

Malarya

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

a mosquito with spotted wings
Yon marengwen ki bay malarya ka gen zèl zenga.

Se yon parasit ki rele plasmodyòm (Plasmodium) ki bay moun maladi malarya. Se yon marengwen ki rele anofèl (Anophèles) ki konn pike moun lannuit, ki bay moun li. Pifò ka malarya senp (san konplikasyon) bay lafyèv ak frison ki ale vini pandan kèk jou ; yo dezagreyab, men, si nou trete maladi a, yo al fè wout yo nan detwa jou. Men, si nou pa trete l, li ka vit tounen pi mal. Yo rele sa malarya ki grav. Nan zòn kote ki gen malarya, si moun gen lafyèv san yo pa konnen pouki sa, yo dwe ale nan yon sant sante pou fè yon analiz san. Si rezilta analiz la fè konnen se malarya, oubyen si yo pa ka fè analiz la, men ajan sante yo kwè se malarya, kòmanse trètman malarya san pèdi tan.

Genyen diferan kalite parazit ki bay diferan kalite malarya, tankou falsiparoum, vivaks (falciparum, vivax), ak lòt. Otorite Sèvis Sante Piblik yo dwe konnen ki kalite malarya ki nan zòn kote nou rete a, epi ki medikaman ki pi efikas. San medikaman, malarya ka tounen sou moun anpil fwa, paske parazit yo rete nan kò yon moun. Medikaman yo ap ede yon malad refè paske yo touye parazit yo,

Malarya se gwo danje pou tibebe, timoun ki poko gen 5 ane, fanm ansent, ak moun ki gen VIH/SIDA. Lè gwosès, VIH/SIDA, oubyen yon lòt maladi anpeche kò a defann tèt li kont maladi, yo ka pran malarya pi fasil, oubyen yo gen pi gwo chans pou yo pran yon kalite malarya ki grav.

Malarya senp

Yon siy malarya nou wè pi fasil se yon lafyèv frison ki ale vini. Gen de fwa moun nan swe lè lafyèv la ap desann. Epoutan, anpil ka malarya pa swiv modèl sa a. Genyen lòt siy ki kouran, men se pa tout moun ki bay siy sa yo, mete sou sa, yo se siy lòt maladi tou.

SIY MALARYA SENP
  • Ti lafyèv, men li konn bay yon lafyèv cho, 39° (102°F) oubyen pi wo.
  • Frison epi swè
  • Maltèt, tout kò a ap fè mal
  • Anvi vomi, vomisman, bouch li amè
  • Po a vin blenm, li fèb paske san li tounen dlo
  • Ti lajonis (blan je li yo tounen koulè jòn, ak po yon moun ki gen po koulè klè
  • Gwo larat (yon ajan sante ka remake l lè li egzaminen vant lan.


a health worker taking a drop of blood from the finger of a child who is sitting on his mother's lap
Analiz rapid pou malarya mande yon sèl gout san. Si moun nan deja ap pran medikaman pou trete malarya, analiz la ka pa bay rezilta ki kòrèk.

Nou ka fè yon egzamen san pou konnen si yon moun gen malarya oubyen non. Genyen analiz pou malarya ki mande pou sèvi ak yon mikwoskòp, men anpil ajann sante gen twous ki pou fè analiz rapid ; analiz sa a mande yon sèl gout san. Paske malarya ki pa trete ka bay lafyèv frison plizyè fwa pandan kèk ane, mande si moun nan gen tan montre menm siy yo nan mwa ki fèk pase yo.

KI JAN POU NOU TRETE MALARYA SENP

Kòmanse ba li medikaman ki bon pou trete malarya kou nou wè rezilta analiz an pozitif, oubyen nou pa ka fè yon analiz, men nou kwè se malarya. Nan zòn kote ki gen malarya falsiparoum (falciparum) li enpòtan anpil pou nou mete yon moun anba remèd san pèdi tan. Paske se marengwen ki simen maladi a, nou ka anpeche lòt moun pran maladi a si nou trete moun malad yo.

Chache konnen bò kote otorite Sèvis Sante Piblik yo ki medikaman ki ka bon pou trete malarya nan zòn pa nou. Genyen anpil zòn kote malarya vin gen yon fòs pou kenbe tèt ak medikaman ki te konn trete l. Sa vle di, medikaman ki te bon pou anpeche oubyen trete malarya yo vin pa ka fè anyen sou maladi a. Medikaman ki ka geri malarya nan yon zòn ka pa geri l nan yon lòt zòn.

Yon moun k ap soufri ak malarya gen pou poze kò li, epi bwè dlo pwòp, soup, ak sewòm oral si li gen lafyèv, vomisman, oubyen dyare.

ATANSYON! Pran tout medikaman ou gen pou bwè, pandan tout jou yo di ou pou bwè yo, menm si ou santi ou refè. Si ou pa p pran tout medikaman ou yo, malarya ka tounen sou ou, epi lè sa a, medikaman yo ka pa fè anyen pou ou.
a healthy looking woman
Fanm nan ki pran tout medikaman li yo gen tan refè. Fanm nan ki pa t fin pran tout medikaman li yo ap kouche malad toujou.
a woman in bed with a fever

Malarya ki grav

Malarya ki grav ka mete pye lè nou manke trete yon malarya senp, oubyen nou pa t trete l ase vit. Si se parazit plasmodyòm falsiparoum (Plasmodium falciparum) ki bay malarya, li pi fasil bay yon maladi ki grav. Yon moun ki soufri ak malarya ki grav mande pou trete ak yon swen espesyal nan lopital oubyen nan yon klinik. Malarya ka touye yon moun nan youn oubyen de (2) jou, sitou si li gaye nan sèvo a ; yo rele sa «malarya serebral».

SIY MALARYA KI GRAV KI FÈ NOU KONNEN GEN DANJE
  • Li twò fèb pou l ka chita oubyen kanpe debou, toutan li anvi domi
  • Li bwouye, li fè kriz, oubyen li pèdi konnesans
  • Li vomi plizyè fwa, li pa ka bwè ni li pa ka tete
  • Souf li anlè, oubyen souf li kout
  • Tansyon li desann oubyen li fè lòt siy pou chòk
  • Pipi a gen koulè fonse, lè ren li yo kòmanse febli; li pa pipi anpil


Ajan sante yo ka fè analiz san ak pipi pou tyeke si gen :

  • Anemi (san tounen dlo)
  • San nan pipi a
  • Kantite sik (glikoz) ki nan san an twò ba
KI JAN POU TRETE MALARYA KI GRAV

Pou granmoun ak timoun ki soufri ak malarya ki grav, yon ajan sante, ki gen bon jan fòmasyon, dwe bay artésunate (atesinat) nan venn (IV) oubyen nan piki nan vyann (IM), pandan 24 èdtan oubyen plis. Si nou pa pre yon lopital oubyen yon moun ki kapab bay trètman sa a, petèt genyen yon ajan sante nan kominote a ki gen fòmasyon e medikaman toulede ansanm, epi li ka bay piki artésunate oubyen quinine (kinin) pandan nou nan wout pou al lopital. Si pa gen artésunate ki pou bay nan piki, pou timoun ki poko gen 6 ane, nou ka ba yo kapsil artésunate nan dèyè li. Trètman an ijans pa p geri malarya. Lè nou fin trete kriz maladi a, fòk nou ba li lòt medikaman nan bouch pou 3 jou oubyen plis.

two children sleeping in a bed with a bednet
Marengwen ki bay malarya yo pike lannuit. Pou evite pran malarya, domi anba yon moustikè ki trete ak yon ensektisid.
KI JAN POU NOU EVITE PRAN MALARYA

Gen de fwa, pou evite pran malarya, yo sèvi ak medikaman ki bon pou trete malarya. Genyen de peyi kote li enpòtan pou fanm ansent pran medikaman pandan dènye 6 mwa gwosès la, pou anpeche yo pran malarya ; al gade nan sulfadoxine + pyrimethamine (silfadoksisin + pirimetamin). Nan peyi kote ki gen malarya sèlman nan tan lapli, yo ka monte yon pwogram pou bay timoun medikaman sèlman kèk mwa nan ane a. Moun ki vwayaje al nan yon zòn kote malarya kouran ka evite trape l si yo pran yon medikaman yon fwa nan yon jou oubyen yon fwa chak 8 jou. Sa depann de zòn nan ak medikaman an. Yo sou wout devlope yon vaksen ki pou anpeche malarya ; nou gen dwa jwenn youn pi devan.

Youn nan pi bon fason pou evite pran malarya se pou moun dòmi anba moustikè. Yo trete moustikè sa yo ak youn oubyen 2 ensektisid (pwazon ki pou touye ti bèt ak zèl), ki prèske san danje, sitou lè nou konpare sa ak danje ki gen nan maladi malarya a. Chache konnen plis sou ki jan moustikè anpeche moun pran malarya ak lòt maladi marengwen bay.

Kote yo bay moustikè kado ki trete ak ensektisid, epi yo fòme travayè yo pou flite anndan kay yo, si gen ase fanmi ki kole zepòl ansanm, yo ka rive mete yon fen ak maladi malarya a. Nou ka anpeche marengwen yo peple, oubyen anpeche ze yo eksploze. Si marengwen yo pa ka pike moun, yo pa ka simen maladi a.

a woman talking to a group about the causes of malaria
KI SA KI BAY MALARYA
Tan lapli k ap vin pi mal chak ane
Moun deplase al travay bò lanmè epi yo tounen lakay ak maladi yo te pran la
Klinik la manke gen medikaman
Nou mal pou nou jwenn nouvo moustikè
... epi ti twou sou chemen an plen dlo.

Lamizè ak lenjistis pèmèt malarya gaye. Si moun pa gen posiblite pou yo pwoteje tèt yo kont malarya, y ap pran enfeksyon an ; konsa marengwen yo ki nan katye a ka al bay lòt moun maladi a tou. Pou nou kapab evite epi trete maladi malarya, tout moun gen dwa jwenn moustikè, fè egzamen pou malarya, jwenn medikaman, epi chache mwayen ki pou anpeche marengwen yo peple.


Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020