Hesperian Health Guides
Medikaman ki pou trete anpwazonnman
Kontni yo
Poud chabon
Charbon actif (poud chabon)
Poud chabon bon pou trete kèk ka anpwazonnman, tankou lè yon moun bwè kèk pwazon ki pou touye ti bèt, epi ki pou touye plant. Lè chabon an desann nan lestomak yon moun, l ap bwè pwazon an, ki fè pwazon an pa p kapab pase nan kò a. Poutèt sa, depi yon moun bwè pwazon, bay poud chabon pi vit ke nou kapab. Pa gen danje nan sa. Konsa nou mèt bay li menm si nou pa sèten ke moun nan te bwè pwazon an.
Si nou pa gen poud chabon, nou mèt sèvi ak chabon bwa, oubyen menm ak pen griye. Pile l pou fè l tounen poud. Mete yon gwo kiyè poud chabon nan yon vè dlo tyèd. Chabon aktif pi bon, men chabon bwa ap mache tou.
Pa janm sèvi ak brikèt chabon, chabon etranje—se pwazon yo ye !
Poud chabon pa p bon si yon moun te pran :
- Pwodui ki wonje anndan yon moun - amonyak (ammoniaque), pil, asid, pwodui ki pou debouche twou rego, soud kostik (soude caustique), lesiv (lessive)
- Idwokabi (hydrocarbure) - tankou gazolin, gaz lanp, terebantin (térébenthine), tinè (diluant à peinture), fenòl (phénol ; pwodui ki sèvi pou fabrike plastik ak anpil lòt bagay) ; asid kabolik (acide carbolique), kanf (camphre), lwil pen (huile de pin).
- Syani (cyanure) - Yo sèvi avè l nan min, nan faktori, tannen kui (po bèt), e nan pwazon rat.
- Étanol (éthanol) - yon kalite alkòl
- Medikaman fè (fer) - grenn fè, miltivitamin, vitamin pou fanm ki gwo vant.
- Lityòm (lithium) - yon medikaman ki pou trete yon kalite maladi mantal.
- Metanòl (méthanol) - nou jwennn li nan vèni, tinè, ak pwodui pou mete nan gazolin
- Asid mineral - acide minéral
- Desolvan òganik (ki sèvi pou fonn oubyen pou dekoupe) - yo mete yo nan tinè, solisyon pou fonn lakòl, solisyon pou wete vèni pou zong, solisyon pou wete tach.
Watè moun ka tounen koulè nwa, li vomi, li sere, oubyen li ka gen dyare.
Ki jan pou nou sèvi avè l
Tibebe ki poko gen 1 ane : bay 10 - 25 gram
Timoun 1 - 12 ane : bay 25 - 50 gram
Plis ke 12 ane : bay 50 gram.
Atropine
(atwopin
Atropine sèvi pou trete anpwazonnman ak kèk kalite pwazon ki pou touye ti bèt e ti bèt ak zèl, epitou pou trete anpwazonnman ak kèk gaz ki pwazon (gaz neurotoxiques). Li esplikasyon ki sou bwat pwazon an ; sèl kote pou nou bay atropine se si li di pou nou bay atropine, oubyen si yo ekri ke pwazon a se yon «inhibiteur cholinestérase» (inibitè kolinesteraz). Dòz atropine depann de kalite ak kantite pwazon yon moun te bwè. An jeneral, anpwazonnman ak yon òganofosfat (organophosphate) mande pou nou bay plis medikaman pase anpwazonnman ak yon kabamat (carbamate).
Dòmi nan je, maltèt, tèt li fè laviwon, tèt li gaye, li sere.
Lè nou fin bay yon moun atropine, mete li kote l fè fre, pou kò li pa chofe twòp.
Timoun ki poko gen 2 ane : bay piki 0,05 mg pou chak kilogram pwa yon timoun, nan espas 5 - 10 minit.
Timoun 2 - 10 ane : bay piki 1 mg nan espas 5 - 10 minit.
Plis ke 10 ane : bay piki 2 mg nan espas 5 - 10 minit.
Depi nou wè po li tounen koulè wouj, li sèch, epi nou wè nwa je li vin gwo, sispann bay piki. Si anpwazonnman an grav anpil, double dòz ki ekri anwo a.
Déféroxamine
(defewoksamin)
Déféroxamine sèvi pou trete anpwazonnman ak fer (fè) ; li wete fè ki nan san an.
Li wè twoub ; tèt li gaye.
Pa sèvi avè l si yon moun gen maladi ren, oubyen si li pa ka fè pipi. Pa bay timoun li ki poko gen 3 ane.
Timoun ki poko gen 5 ane : bay piki dousman, 500 mg, chak 6 èdtan, pandan 24 èdtan (4 fwa).
Timoun 5 - 12 ane : bay piki dousman, 1000 mg, chak 6 èdtan tan, pandan 24 èdtan (4 fwa).
Plis ke 12 ane : bay piki dousman, chak 6 èdtan pandan 24 èdtan : 2000 mg (2 fwa), apre sa, 1000 mg (2 fwa).
Acétylcystéine
(asetilsisteyin) Lè yon moun pran twòp paracétamol (acétominophène), ba li acétylcystéine pi vit ke nou kapab. Pou granmoun, yon dòz paracétamol ki twò gwo se yon dòz ki plis pase 7000 mg ; pou timoun, se 140 mg pou chak kilogram pwa li.
Acétylcystéine santi fò ; melanje l nan ji fwi pou yon moun ka tolere l pi byen.
Lè yon moun pran twòp paracétamol
Naloxone
(naloksòn)
Nou sèvi ak naloxone pou trete yon moun ki te pran twòp nakotik (medikaman ki pou kalme gwo doulè) tankou morphine (mòfin), héroïne (ewoyin), fentanyl (fantanil) méthadone (metadòn), opium (opyòm), oxycodone (oksikodòn), codeïne (kodeyin), ak lòt medikaman ki pou kalme gwo doulè. Bay yon moun naloxone jis li kapab respire byen pou kont li. Medikaman an ka pèdi fòs li. Lè 20 minit fin pase, epi li tounen gen pwoblèm ankò pou li pran souf, bay menm dòz la yon lòt fwa.
Kè plen, vomisman ; li swe, li pa alèz menm.
Moun ki gen plis pase 5 ane oubyen ki peze plis pase 20 kg : bay piki nan vyann, ½ (0,5 mg) - 2 mg. Si nou wè li nesesè, ba li menm dòz la nan espas 2 - 3 minit, men pa bay plis pase 10 mg antou.
Nitrite de sodium
(nitrit sodyòm)
Nitrite de sodium sèvi pou trete moun ki bwè pwazon syani (cyanure). Epi bay thiosulfate de sodium tou. Sèl fason pou bay li se nan venn (IV). Si nou pa gen bon jan fòmasyon sou ki jan pou bay piki nan venn, pa fè l.
Timoun ki poko gen 12 ane : bay piki nan venn 4 - 10 mg pou chak kilogram pwa yon timoun. Pa bay plis pase 300 mg.
Plis ke 12 ane : bay piki nan venn, 300 mg.
Lè fini, bay piki thiosulfate de sodium. Al gade anba.
Thiosulfate de sodium (tyosilfat sodyòm)
Thiosulfate de sodium sèvi pou trete moun ki bwè pwazon syani (cyanure). BEpi bay nitrite de sodium tou. Sèl fason pou bay li se nan venn (IV). Si nou pa gen bon jan fòmasyon sou ki jan pou bay piki nan venn, pa fè l.
Timoun ki poko gen 12 ane : bay piki nan venn, 400 mg pou chak kilogram pwa li.
Plis ke 12 ane : bay piki nan venn, 12,5 gram.