Hesperian Health Guides

Mòde bèt

Pa koupe ouvri yon mòde. Pa eseye rale pwazon an. An plis, si nou mare yon manm ak yon bann byen sere, sa pap anpeche pwazon an gaye nan kò a. Okontrè, sa ka andomaje manm ki mare a.

Pifò mòde fè mal anpil, men yo pa gen danje. Menm bèt ki gen pwazon ki ka touye moun, yo pa fasil pike ase pwazon. Rete poze. Rete veye kote li te mòde a. Si pa genyen pwoblèm, oubyen si pwoblèm yo kòmanse pase aprè de twa zèdtan, (selon bèt ki te mòde a) nou pa gen dwa enkyete nou. Se pi gwo danje kay timoun paske kò yo piti. Pwazon an aji plis sou yo. Sa konn mande yon swen espesyal.

Mòde koulèv

  1. Wete kò nou sou koulèv la. Genyen de koulèv ki ka mòde moun, menm si yo deja mouri depi kèk minit.
  2. Wete tout rad ak bijou ki pre mòde a, paske kò a ka anfle.
  3. Pati ki mòde a, gade l pi ba pase kè li. Pa kite li fè mouvman.
  4. Netwaye blese a byen dousman. Pa fwote l.
  5. Nan pifò ka mòde koulèv, oubyen si nou pa konnen ki kalite koulèv li ye, rete tann, voye je nou sou li pandan de twa zèdtan. Si mòde a yon ti jan anfle, wouj, si li pa fè twò mal, pa gen danje. Siy ki fè nou rekonèt gwo danje se: li anfle anpil, li fè mal anpil, moun nan anvi dòmi, po je li tonbe, li gen tèt vire, li fèb, li anvi vomi, oubyen lap senyen nan bouch osinon nan nen li. Chache konkou.


Si mòde koulèv la fè mak kwochè, koulèv la gen pwazon. Si li pat fè mak kwochè, li pa fasil gen pwazon, men li posib.

Ann Ayiti, nou wè kèk ti koulèv. Men sèlman kote ki gen anpil pye bwa ak gwo wòch, nou ka jwenn kèk gwo koulèv. Nou fasil wè yon ti koulèv ki gen koulè vèt, men pi fasil se yon kalite ki gen koulè zenga. Nou pa fasil tande koulèv viktim moun.

Ann Ayiti, nou pa jwenn koulèv ki gen pwazon ki ka touye moun. Genyen plizyè ti koulèv ki sèvi ak pwazon pou yo touye ti bèt, tankou vè, foumi, leza, zandolit, ak gounouy. Yo gen longè 8 rive 12 pous. Genyen lòt ti koulèv ki vlope kò yo sou ti bèt pou toufe yo. Yo pa pi gwo pasè 30 pous.

Arenyen ak eskòpyon

NWTND fa Page 53-2.png

Pifò arenyen, mete krab arenyen ladan yo, ak eskòpyon, lè yo mòde, li fè mal anpil, men pa fasil gen danje ladan l. Fè moun nan rete poze pou li pa fè mouvman manm ki mòde a. Mete dlo frèt osinon glas sou li, pou soulaje doulè a. Pa koupe l louvri. Pa mare mòde a ak yon bann osinon pansman. Si nou mete dlo cho sou li, sa pa itil anyen. Sa ki pi bon se pou li rete poze.

Chache konkou doktè si nou konnen arenyen an, osinon eskòpyon an, gen pwazon ki ka touye, si moun ki mòde a vin gen pwoblèm tankou: vant fè mal, li gen grate ki pran li, li swe, li pa ka respire byen. Petèt nou ka jwenn yon antipwazon.

Si se yon laktwodèk (lactrodecte; black widow spider) osinon yon eskòpyon ki te mòde l, nou ka ba li dyazepam pandan nou sou wout. Sa va anpeche vyann kò li vin rèd, epi sa va ede li rete poze.

Myèl ak gèp

Lè yon ti bèt pike yon moun, verifye si dan li (dard; stinger) toujou anba po a. Wete li pi vit ke nou kapab. Po ki kouwonnen piki a ka vin wouj, anfle, epi lap fè mal. Fè yon pat ak bikabonat e dlo, mete li sou plas kote li te pike a. Oubyen mete yon bagay frèt sou li. Sa va kalme doulè a epi desann anfleti a.

Moun ka fè yon reyaksyon alèji ak piki myèl e eskòpyon. Sa pa rive souvan, men, lè li rive, li ka pote moun nan ale. Aprann ki jan nou ka rekonèt osinon trete yon reyaksyon alèji ki grav.

Tik

Genyen anpil enfeksyon grav moun ka trape lè tik pike yo. Pou nou konnen plis sou sije tik ak ki jan pou nou wete yo san bay pwoblèm, al gade nan Pwoblèm po (chapit sa a poko ekri).

NWTND fa Page 53-3.png

Pwason ak gratèl (mediz)

(meduse; jellyfish)
Wete kò nou sou gratèl. Grate wete tout tantakil. Lave kò moun nan ak dlo lanmè. Pou pwason ki pike, wete tout pikan ak yon pens.

Tranpe manm lan nan dlo cho pandan 20 minit, pou soulaje mal la. Fè atansyon pou dlo a pa twò cho pou li pa boule moun nan. Dlo cho pi bon pou piki pwason pase pou piki gratèl.

Genyen plizyè remèd peyi, men yo pa bon pou tout pwason ak gratèl. Papay se yo bon remèd pou trete piki kèk gratèl, men sa pa mache pou tout mòde. Gen de fwa li fè l fè pi mal.

Lè yon bèt lanmè pike yon moun, li mèt fè mouvman epi li mèt sèvi ak manm nan. Li mèt rete poze, li mèt fè mouvman, sa pa fè anyen. Se pa menm jan ak mòde koulèv e arenyen. Si moun nan gen pwoblèm pou li respire, osinon si lap pi malad, chache konkou doktè.