Hesperian Health Guides

Kèk kansè nou jwenn fasil

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Genyen plizyè kalite kansè. Genyen plizyè bagay ki ka lakòz sa, plizyè siy ki ka fè nou rekonèt li, ak plizyè jan pou nou trete l. Gen kansè ki fasil pou evite e pou trete; gen lòt ki tiye byen rapid. Menm nan zòn kote moun viv nan mizè, gen plizyè ka kansè nou ka trete. Nou dwe fè efò pou trete yo.

a man coughing.

Kansè nan poumon

SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI
  • Tous
  • Touse san
  • Doulè nan lestomak, jeneralman sou yon bò
  • Souf kout, souf wo


Depi yon moun fè siy sa yo, nou mèt konnen kansè a deja grav anpil.

Kalite kansè nou jwenn pi souvan se kansè nan poumon; men tou, se yon kalite kansè nou ka fasil evite. Prèske toutan se fimen ki lakòz sa. Menm si yon moun t ap fimen depi lontan, si li sispann fimen, li gen plis chans pou li pa fè kansè nan poumon. Fimen sigarèt bay lòt kalite kansè tou. Moun ki rete nan menm kay ak yon moun ki fimen, oubyen ki travay bò kote moun ki fimen, menm si yo pa fimen yo menm, y ap pran donmaj la.

NWTND Can Page 10-2.png

Gen lòt kalite lafimen ki bay kansè tou, pa egzanp, echapman kamyon ki sèvi ak gazòy, lafimen faktori, ak lafimen dife kote fanm kwit manje. Si nou fimen, epi plis pase sa, si nou travay yon kote ki gen lafimen—nan faktori oubyen lakay—gen plis chans toujou pou nou pran kansè nan poumon.

Pifò moun ki pran kansè nan poumon yo mouri. Pi bon fason pou nou pa pran nan pèlen sa a se pou nou sispann fimen. Pou nou jwenn bon konsèy sou sa, al gade nan Dwòg, alkòl, ak tabak (chapit sa a poko ekri).

Kansè nan gwo trip ak nan dènye bout gwo trip

a person from behind with "colon", "rectum", and "anus" illustrated.
gwo trip
dènye bout gwo trip
twou dèyè

Si nou gen yon moun nan fanmi an ki gen kansè nan gwo trip la oubyen nan dènye bout gwo trip la, se plis chans pou nou pran menm kansè a. Epitou, nou jwenn yo pi souvan kay moun ki deja soufri ak yon lòt maladi nan trip, tankou gwo anflamasyon ak maleng anndan trip la (colite ulcérative). Genyen klinik kote yo fè tès pou kansè sa yo. Yo fè tès watè pou yon moun pou wè si pa gen san ladann.

Si chak jou moun manje legim ak fwi kri, grenn seyeral ki gen pay sou li, ak lòt manje ki gen ma ak fil, yo pa p pran kansè nan trip menm jan ak lòt moun. Pa fimen, pa bwè anpil alkòl; sa ap pwoteje moun kont kansè sa yo tou.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI
  • Watè a gen koulè nwa oubyen li gen san ladann
  • Vant fè mal
  • Watè malad la ap chanje : yon moun ale pi souvan oubyen mwen souvan pase jan li konn ale, watè a pi dlo, oubyen li pi di.


Anemi, manke san, ka yon siy kansè. Si kansè a grav, li ka rann yon moun fèb epi li fè li pèdi pwa.

TRÈTMAN

Si nou detekte kansè sa yo bonè, nou ka trete yo ak chimiyoterapi, oubyen yo ka fè operasyon pou wete kansè a. Lè yo fè operasyon an, kèk fwa yo oblije fè yon kolostomi pou moun nan. (Lè moun nan fin geri, gen de ka kote yo ka fè yon lòt operasyon pou yo mare 2 bout trip yo ansanm; si li pa posib, moun nan ap sèvi ak kolostomi a pou rès lavi li.) Lè yo fè operasyon an, yo tache bout gwo trip ki an sante an ak yon twou yo fè nan vyann vant moun nan. Watè a soti nan twou a; li pase sou kote kansè a ye, epi jeneralman li pase nan twou a pou antre nan yon sak ki kole ak vant lan. Kòm doktè yo ap vin pi fò nan fè kalite operasyon sa yo, epi gen pi bon trètman pou kansè, gen plis chans pou moun pa bezwen fè yon kolostomi.

Kansè nan bouch matris

Genyen kansè ki devlope nan matris la menm; gen kansè ki nan bouch matris la. Kansè nan bouch matris la se yon kansè nou jwenn souvan; l ap gwosi ti pa ti pa. Si nou pran bonè ak kansè sa a, gen anpil chans pou nou jwenn yon bon trètman. Si ta genyen bon pwogram swen sante, nou ta ka fini nèt ak kalite kansè sa a.

Se VPH (virus du papillome humain) ki lakòz pifò kansè nan bouch matris la. Moun pran viris sa a nan kontak seksyèl (al gade nan Pwoblèm ak aparèy ki pou fè pitit, chapit sa a poko ekri). Paske VPH se yon viris nou jwenn prèske toupatou, pifò gason ak fi fini pa trape l. Men se pa tout fòm viris ki bay kansè.

a woman's torso with reproductive organs shown and an arrow to "cervix".
bouch matris, kòl matris

Genyen yon vaksen kont VPH ki aji sou pifò kalite viris (gen anpil fòm viris VPH). Si nou ta vaksinen tout jenn gason ak jenn fi nan zòn pa nou an, pa ta genyen anpil moun ki pran kansè nan bouch matris la. Men vaksen an pa kapab fini nèt ak maladi a. Li enpòtan anpil pou yo fè tès pou kansè a, epi mete malad yo sou trètman depi kansè a fèk mete pye. Tès ak trètman, toulede fasil pou nou fè, epi yo bay rezilta ki bon anpil.

Nou jwenn kansè nan bouch matris kay anpil fanm ki gen VIH/SIDA paske li fè kò yon moun pèdi posiblite li te genyen pou li defann tèt li kont maladi. Konsa, li enpòtan anpil pou tout fanm ki gen VIH fè tès pou kansè nan bouch matris—chak ane si gen posiblite.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI

Nan kòmansman, kansè nan bouch matris pa bay siy. Pi devan, yon fanm ka bay san lè l ap fè lanmou, oubyen nenpòt ki lè, menm si se pa nan moman règ li. Si nou pa trete kansè a, l ap kòmanse fè mal—nan do pa anba oubyen nan anba tivant li; pi devan, doulè a desann nan janm yo pa dèyè.

TÈS

Si nou detekte kansè a lè li fèk mete pye, prèske toutan nou ka geri li. Menm nan yon ti sant sante, nou ka fasil mete sou pye yon pwogram kote nou ka fè tès tanzantan pou tout fanm. Men 3 kalite tès ki ka fèt pou kansè nan bouch matris :

a doctor giving a woman a pelvic exam.
Lè yo fè tès pou kansè nan bouch matris, tès la ka bay yon ti malèz, men li pa fè mal.
  • Tès vinèg oubyen egzamen ak je nou (nou pase vinèg oubyen iode Lugol (iyòd ligòl) sou bouch matris la; lè fini, nou egzaminen bouch matris la ak je nou). Se bon mache nèt, epi nou ka fasil aprann kòman fè li. Gen de fwa, selil ki an sante yo parèt pa nòmal. Si sa rive, gen lòt tès nou ka fè pou verifye rezilta a. Pou aprann ki jan pou nou fè yon egzamen ak je nou, al gade nan liv la : Yon Liv pou Fanmsaj. Se Hesperian ki pibliye liv la.
  • PAP tès, papanikola. Tès sa a bon anpil, men gen posiblite pou li pa detekte tout ka kansè. Poutèt sa, se chak 3 ane konsa pou fanm yo al fè tès la.
  • Tès pou VPH. Tès la fè nou konnen si yon fanm gen kalite viris ki bay kansè a. Nou ka fè tès sa a pou kont li, oubyen ansanm ak yon PAP tès, oubyen lè PAP tès la fè nou konnen se ka kansè.
TRÈTMAN

Si nou pran bonè ak kansè nan bouch matris la, gen anpil chans pou nou geri l. Genyen trètman ki fasil pou nou fè, epi ki pa koute chè. Depi yon ajan sante fin fè egzamen an ki fè li konnen fanm nan gen kansè, li kapab fè trètman an touswit nan klinik la.

  • Kriyoterapi (cryothérapie) : se yon metòd kote yo sèvi ak yon gaz, oxyde nitreux (oksid nitrè) oubyen dioxyde de carbone (dyoksid kabòn). Metòd sa a glase bouch matris la jouk li touye selil ki pa nòmal yo. Konsa li anpeche yo tounen selil kansè. Kriyoterapi pa fè mal, epi li pa fasil gen danje. Li pa koute chè, epi ajan sante ak fanmsaj yo ka fasil aprann kì jan pou yo fè li. Al gade nan liv la : Yon Liv pou Fanmsaj; se Hesperian ki pibliye liv la.
  • Elektworeseksyon (électrorésection à l'anse diathermique; loop electrosurgical excision procedure, LEEP) : yo sèvi ak yon zouti ki gen yon wonn ki fèt nan fil. Fil la gen kouran ki pase ladann. Yo sèvi avè l pou wete pati nan bouch matris la ki gen selil ki pa nòmal yo. Se pou yo sèvi ak metòd sa a si pati ki pa nòmal la gran, oubyen si li rive gaye anndan bouch matris la.
  • Konizasyon ak fredi (conisation à froid; cold knife conization) : Pati nan bouch matris la ki gen selil ki pa nòmal, si li gwo anpil, yo sèvi ak yon bistouri pou wete yon pi gran pati nan bouch matris la. Sa se travay yon espesyalis. Yon fanm ki sibi operasyon sa a gen plis chans pou li fè fòskouch, oubyen pou li soufri lòt konplikasyon si li ta vin ansent.


Si kansè a gen tan gaye nan zòn nan, sa ka oblije yo opere pou yo wete tout matris la. Konsa yon fanm pa p janm ka fè pitit, men li gen anpil chans pou li jwenn gerizon.

Kansè nan blad pipi

Genyen 3 bagay ki fasil bay kansè nan blad pipi :

  • Fimen
  • Kontak ak pwodwi chimik ki gen pwazon (jeneralman nan faktori oubyen min). Pa egzanp, moun ki travay ak, oubyen moun ki travay kote yo fè : metal, penti, kawotchou, po bèt, twal, tapi, siman, ak plastik, yo pi vit tonbe malad ak kansè nan blad pipi. Epitou, nou jwenn kansè sa a pi souvan kay moun ki travay nan min, ki fè travay elektrik, epi ki travay ak pwodwi chimik e vapè yo.
  • Chistozomyas (al gade nan Kèk enfeksyon ki grav, chapit sa a poko ekri). Kote ki gen anpil moun ki soufri anba maladi sa a, se li ki lakòz pifò ka kansè nan blad pipi a.
SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI
  • Li gen san nan pipi
  • Li anvi fè pipi souvan, epi li mal pou li kenbe pipi a
  • Li gen doulè nan anba do sou yon kote; li fè mal jis anwo mitan zo basen an, oubyen nan fant janm nan (ant twou dèyè a e vajen an, oubyen ant twou dèyè a e sak grenn yo.
  • Li mal pou li fè pipi, men kay pifò moun ki gen kansè nan blap pipi, sa pa fè mal lè yo fè pipi.


Tout siy sa yo, nou jwenn yo souvan kay moun ki gen lòt pwoblèm nan blad pipi. Al gade nan Pwoblèm aparèy pipi (chapit sa a poko ekri).

TRÈTMAN

Jeneralman, pou moun ki gen kansè nan blad pipi, yo fè operasyon pou yo wete boul kansè a oubyen pou wete pati nan blad pipi a ki gen kansè a. Anvan yo opere, yo ka sèvi ak chimiyoterapi pou fè timè a vin pi piti. Oubyen yo ka fè chimiyoterapi apre operasyon an pou anpeche kansè a tounen sou li. Si timè a gwo anpil, li ka oblije yo wete tout blad pipi a.

Kansè nan blad pipi a ka tounen sou yon moun. Lè yo fin fè trètman an, fòk malad la al fè tès tanzantan pou wè si kansè a pa t tounen sou li.

Kansè nan fwa

Kansè nan fwa se yon kansè ki grav epi ki mal pou trete. Nou jwenn li pi souvan kay gason.

a man with his liver shown.
Fwa
SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI

Jeneralman li pa bay siy. Tansèlman, prèske tout moun ki tonbe malad ak kansè nan fwa, yo gen tan soufri anba lafyèv jòn (epatit), oubyen siwòz fwa (fwa a deja donmaje kay bwasonyè yo oubyen kay moun ki gen yon maladi nan fwa). Konsa, yon moun ki gen kansè nan fwa a, li ka fè siy maladi nan fwa :

  • Li gen lajonis (po li ak blan je li yo tounen koulè jòn)
  • Li gen doulè sou bò dwat anba kòt
  • Vant li gonfle
  • Li bouke toutan
KI JAN POU NOU EVITE KANSÈ NAN FWA

Nou mal pou nou trete kalite kansè sa a. Men si nou vaksinen moun kont epatit B, nou ta ka evite anpil ka kansè. Aprann plis sou maladi epatit.

Pou nou evite siwòz fwa a, pa bwè plis pase 1 oubyen 2 vè alkòl nan yon jou. Si nou te deja ap soufri ak yon maladi fwa, pa pase alkòl ditou nan bouch nou. Konsa nou gen plis chans pou nou chape anba kansè nan fwa.

Kansè nan tete

Kansè nan tete se yon kansè nou jwenn pi plis kay fanm, men gason ka pran kansè nan tete tou. Si nou pran bonè ak li, gen bon trètman pou li. Yo trete l ak operasyon, radyoterapi, chimiyoterapi, òmòn, oubyen yon konbinezon trètman sa yo.

Tout moun kapab aprann egzaminen tete yo pou wè si pa gen boul oubyen siy ki dwòl. Jeneralman, kansè nan tete fè yon boul ki di, ki pa fè mal, bò boul yo pa egal e yo pa regilye, epi boul la rete tou rèd anba po a san li pa fè mouvman. Egzaminen chak tete apa. Si gen yon boul, yo ka fè yon radyografi (li rele yon manmogram) oubyen yon iltrason pou wè pwoblèm nan pi klè. Men pou konnen san dout, fòk yo fè yon biyopsi (yo koupe yon ti moso chè nan boul la pou egzaminen l nan mikwoskòp).

a woman performing a self breast exam.
Sa ap pran kèk minit pou byen egzaminen tete yo. Fanm nan oubyen ajan sante an gen pou li peze chak tete ase fò, epi woule dwèt li yo sou chak pwen anvan li pase nan yon lòt kote. Chache wè si pa gen bagay ki dwòl tankou yon boul, yon kote ki pi pwès, oubyen ki chanje koulè li. Mache fè wonn tout tete a, epi rive bò anba bra a.


Pa gen anpil nou ka fè pou evite kansè nan tete. Li bon pou nou byen manje, pa fimen, pa bwè alkòl, epi fè kò a fè mouvman. Si manman yo bay tibebe yo tete, sa ap bay ti pwoteksyon tou.

Kansè nan lestomak (vant)

NWTND Can Page 16-2.png
SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI
  • Li gen vant fè mal
  • L ap pèdi pwa
  • Li mal pou vale
  • Li gen yon boul nan vant
  • Watè a gen koulè nwa (li ka sanble ak goudwon)


Genyen yon enfeksyon ak yon mikwòb ki rele H pilori (H. pylori) ki ka bay kansè nan vant. Mikwòb sa a lakòz pifò ilsè nan lestomak. Menm si moun ki enfekte ak H pilori pi fasil pran kansè nan lestomak, gen lòt bagay toujou ki ka antre nan kòz ki bay kansè sa a, tankou fimen, epi manje anpil vyann ki konsève nan bwat yo, vyann wouj, fritay, ak manje yo konsève ak sèl.

Pifò kansè nan lestomak pa gen bon trètman. Li pi bon anpil pou nou chache evite kansè sa a. Si chak jou nou manje fwi e legim kri, ak grenn seryal ki gen pay sou li, sa ap ban nou ti pwoteksyon.

Kansè nan glann pwostat

Gason yo gen yon glann pwostat ki chita anba blad pipi a, ki gwosi lè y ap pran laj. Nòmalman, kansè nan glann pwostat la gwosi ti kras pa ti kras. Li ka pran plizyè ane anvan li vin ase gwo pou li bay pwoblèm. Menm jan ak lòt kansè, trètman kansè nan glann pwostat la pi efikas si nou pran bonè avè l. Men menm si li te deja gaye lòt kote nan kò a, gen trètman ki ka bay rezilta. Nou jwenn kalite kansè sa a pi souvan kay gason ki gen plis pase 65 ane. Anpil granmoun gason ki gen kansè nan glann pwostat, menm si yo pa trete l, yo ka viv ak li jis yo mouri anba yon lòt maladi.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI

Lè kansè a fèk mete pye, li ka pa bay okenn siy. Pifò gason vin konnen yo gen kansè sa a lè yo al fè konsiltasyon medikal pou nenpòt lòt pwoblem yo genyen.

Siy nou wè pi plis se li gen pwoblèm pou li fè pipi. Men se ka yon glann pwostat anfle ki lakòz sa e pa yon kansè. Anpil granmoun gason gen glann pwostat yo anfle.

Ki lè pou nou al konsilte yon ajan sante :

  • Lè ou gen difikilte pou ou kòmanse fè pipi, oubyen, lè pipi a ap koule, ou pa ka rete l.
  • Ou fè pipi souvan, sitou lannuit
  • Lè w ap fè pipi, sa fè mal oubyen sa boule ou
  • Ou wè san nan pipi a oubyen nan jèm gason an
  • Gwo doulè nan anba do, nan vant, nan ranch, oubyen anba tivant, k ap mòde ou ase souvan.


Gen yon tès san yo ka fè pou detekte si gen kansè nan glann pwostat la. Li rele ASP (antigène spécifique de la prostate). Si nivo ASP nan san an twò wo, sa ka vle di nou gen kansè, men tou, sa ka vle di nou gen yon glann pwostat ki anfle oubyen ki enfekte (al gade nan Pwoblèm aparèy pipi, chapit sa a poko ekri).

TRÈTMAN

Yo trete kansè nan glann pwostat ak operasyon, radyoterapi, chimiyoterapi, òmòn, oubyen yon konbinezon trètman sa yo. Sa depann de kalite kansè nou genyen an, si kansè a gen tan gaye nan kò a, ki laj nou genyen, eta jeneral sante nou, epi ki sa nou vle pou yo fè. Genyen de kansè nan glann pwostat la ki gwosi tèlman lant, sèl trètman pou nou fè se pou fè doktè a egzaminen nou tanzantan.

Kansè nan po

Moun ki gen po koulè klè trape kansè sa a fasil; nou prèske pa janm wè li kay moun ki gen po koulè nwa. Men nenpòt moun ka pran kansè nan po. Nou jwenn li pi souvan kay granmoun ki te pran yon gwo kout solèy lè yo te timoun.

Genyen 2 kalite kansè nan po. Kalite kansè nou jwenn pi souvan se kansè ki pa melanòm. Paske li gwosi piti piti, gen anpil chans pou nou trete l. Yon ajan sante ka annik koupe l. Lòt kalite kansè nan po se melanòm; li gen anpil danje ladann.

a man with sores on his cheek and nose.

Kansè nan po ki pa melanòm kòmanse tankou yon ti boul koulè wouj oubyen koulè wòz, yon bouton, yon kal nan figi oubyen lòt kote nan po a. Si l ap gwosi, li bon pou wete l paske kansè a ka gaye nan kò a.

Melanòm se yon kansè nan po ki gwosi vit, ki gen gwo danje, epi ki mande trete san pèdi tan. Premye bagay pou fè se koupe kansè a. Si kansè a gen tan gaye nan kò a, sa ka mande lòt kalite trètman.

SIY KI FÈ NOU KONNEN SE KANSÈ NAN PO

Yon melanòm pa parèt menm jan ak yon grenn bote (graine de beauté). (Yon grenn bote si yon ti bouton sou po ki lis, ki gen fòm won; li rete menm jan, li pa p gwosi).

NWTND Can Page 18-2.png Li fè yon plak sou po ki gen yon fòm dwòl; li gen fòm ki pa ni won ni oval.
NWTND Can Page 18-3.png Bò plak yo pa egal, yo pa regilye
NWTND Can Page 18-4.png Li gen plizyè koulè nan menm plak la
NWTND Can Page 18-5.png Li pa rete menm jan; li ka gwosi, chanje koulè li, oubyen chanje fòm li
a man putting a hat on a small boy.
KI JAN POU NOU EVITE MELANÒM

Pwoteje timoun yo, sitou timoun ki gen po koulè klè, pou solèy la pa bat yo. Mete chapo, mete rad ki kouvri bra ak janm yo, epi pase yon pomad sou po a ki pou pwoteje yo kont limyè solèy la.

Si nou travay nan solèy, kouvri po nou epi pote yon chapo.

Sakòm kapozi (Sarcome de kaposi)

Kansè sa a se yon fòm kansè nan po ki atake kèk moun ki enfekte ak VIH. Li parèt tankou yon plak ki gen koulè wouj, mawon, oubyen vyolèt; nou jwenn yo anndan bouch la oubyen nenpòt kote nan kò a.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI

Plak ki pa fè mal, ki sanble ak mak ble anfle ki parèt bò kote bouch la, anndan bouch la, oubyen nenpòt kote nan kò a. Plak sa yo pa fasil fè mal, ni yo pa vin enfekte sòf si yo pete.

TRÈTMAN

Al konsilte yon ajan sante oubyen yon doktè ki konn trete VIH. Gen de fwa nou ka evite kansè sa a kay moun ki gen VIH, oubyen nou ka anpeche li anvlimen si nou mete yo sou trètman antiretwoviwo (ARV). Pafwa yo trete kansè sa a ak chimiyoterapi oubyen lòt medikaman.


Nou te mete paj sa a ajou: 11 okt 2020