Hesperian Health Guides
Medikaman ki pou andòmi chè a (anestezik)
Premye swen : Medikaman
- Antibyotik
- Medikaman ki pou anpeche moun trape tetanòs
- Medikaman ki pou trete mòde bèt
- Medikaman ki pou trete boule
- Medikaman ki pou trete alèji oubyen demanjezon : Antihistaminques (anti-istaminik)
- Medikaman ki pou trete kriz kè (atak kè, kriz kadyak)
- Medikaman ki pou trete anpwazonnman
- Medikaman ki pou kalme doulè ak lafyèv
- Medikaman ki pou andòmi chè a
- Medikaman ki pou kalme moun
Lidocaïne, lignocaïne
(lidokayin, liyokayin)
Lidocaïne se yon anestezi, yon medikaman ki pou andòmi chè a. Lè nou gen pou netwaye oubyen koud yon blesi, bay piki lidocaïne sou tout rebò blesi a, pou mouri tout zòn nan nèt.
Jeneralman, nou jwenn lidocaïne nan solisyon 2% (pousan), ki vle di, gen lidocaïne 20 mg nan chak mililit. Si solisyon nou genyen an pa gen 20 mg nan chak mililit, kalkile konbyen mililit ap bay menm dòz la.
Ki jan pou nou sèvi avè l

Bay piki lidocaïne, nan espas 1 santimèt konsa, sou tout rebò blesi a, oubyen nan zòn kote nou pral koupe oubyen mete pwen kout yo, pou mouri tout zòn nan nèt.
Premyèman, byen netwaye po a ; apre sa, bay piki dousman jis anba po a. Bay yon mililit anestezi konsa pou chak 2 santimèt po. Pa bay plis pase 20 milllit.