Hesperian Health Guides

Vant fè mal

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Si malad la ap soufri ak vant fè mal, mande li lonje dwèt li pou montre nou ki bò egzak k ap fè l mal la. Si nou wè ki kote k ap fè mal la, sa ka ede nou konnen ki pwoblèm li genyen. Fòk nou chache konnen si trip la ap mache, epi si li ka dijere manje a. Si li pa kapab, se ka yon siy ki grav anpil.

  1. Mande : Eske li ka watè, eske li ka fè van ? Si li watè nòmalman, se yon bon siy. Si li pa t al watè depi kèk jou, li ka sere. Si li pa ka watè, li pa ka fè van, epi vant li ap fè l mal, se ka trip la ki bouche trip.
  2. Koute : Eske nou ka tande bri gaz la k ap mache nan vant lan ? Si nou tande bri yo, sa fè nou konnen trip la ap mache. N ap koute bri gaz la menm si li sere. Si nou pa tande anyen, trip la ka bouche. Se gwo danje.
  3. Egzaminen : Eske vant lan di, tankou yon bout bwa ? Eske sa fè li mal anpil lè nou manyen l ? Se yon siy ki fè nou konnen li malad grav anpil.
Imaj yon moun ki san chemiz ki montre nou kote yon ilse fè l mal nan kòf lestomak li.
Doulè nan kòf lestomak la.
Imaj yon moun ki san chemiz ki montre nou kote vant li fè l mal nan lonbrit la; apre sa doulè a desann sou bò dwat la
Premyeman, li fè mal bò lonbrit la isit
Apre sa, li desann fè mal isit.
Imaj yon moun ki san chemiz ki montre nou yon ti kote kap fè l mal sou dwat vant lan anwo, ki rive jis nan dwat lestomak la.
Doulè konn rive jis nan do a.
Imaj yon moun ki san chemiz ki montre nou yon kote laj kap fè l mal sou bò dwat anba zo kòt yo.
Doulè bò isit ki konn mache rive nan kòf lestomak la.
Imaj yon moun ki san chemiz ki montre nou ki kote li gen doulè nan ren ak anba tivant, ki rive jis nan do
Doulè nan do ak nan anba do ; doulè a konn fè wonn ren an jis nan anba tivant lan.
Imaj yon fanm ki san chemiz ki montre nou kote li gen doulè nan anba tivant ki rive jis nan do
Doulè sou yon bò anba tivant, ki konn rive jis nan do oubyen nan kou.

Ki jan pou nou koute

Sèvi avèk yon estetoskòp oubyen ak zòrèy nou pou nou ka tande ti bri nan vant lan, pou ede nou konnen si lavi malad la nan danje

Si vant lan ap mache nòmalman, n ap tande ti bri chak de twa moman. (Si se ajan sante nou ye, aprann tande bri nan vant moun ki an sante, pou nou ka rekonèt bri nòmal yo. Nou dwe pratike l pou aprann tande ti bri sa yo nan vant lan.)

Yon moun kap koute bri vant yon fanm

Anpil gwo bri nan vant lan ka di ke manje a pase byen vit nan trip la. Eske malad la gen dyare ?

Si vant lan fè bri ki fò, oubyen si li pa fè bri ditou pandan de (2) minit, li ka gen move doulè vant (abdomen aigu). Manyen vant lan. Si li di, epi li fè li mal anpil, kouri mennen malad la lopital.

Ki jan pou nou egzaminen vant lan

Gason a ki montre ak dwèt li kote l fè mal sou bò gòch. Ajan sante kap peze sou bò dwat la

Mande malad la lonje yon dwèt sou kote k ap fè l mal la.

Kòmanse sou bò ki anfas kote li montre nou an ; mache peze dousman nan tout vant lan pou nou ka wè ki kote ki fè l mal la. (Egzaminen kote ki fè pi mal la an dènye.) Peze dousman men fè sa ak fèmte, epi egzaminen chak pati nan vant lan avèk presizyon.

An plis, gade pou wè si vant lan mou oubyen di, epi si li ka lage vyann vant lan. Si vant lan di tankou yon bout bwa, se ka trip la ki bouche.

Ki jan pou nou konnen si se apenndisit oubyen enfeksyon nan sak vant (douleur de rebond)

Peze vant lan jis anwo lenn gòch la, dousman men ak fèmte, jis li fè l mal yon ti kras. Retire men ou vit. Genyen yon kalite gwo doulè k ap mòde malad la lè ou wete men ou, ki pi rèd pase lè ou peze vant lan (rebond, douleur à la décompression). Si ou pa wè yon doulè konsa sou bò gòch, fè menm bagay la sou bò dwat la. Kalite doulè sa a fè nou konnen ke se ka apenndisit oubyen enfeksyon nan sak vant. Fè vit mennen malad la lopital.

Yon ajan sante kap peze vant yon moun ak men li sou bò dwat
Li leve men li, sa ki fè l fè pi mal

Gwo doulè nan vant

Yon fanm kap sere kò li

Genyen yon kalite gwo doulè nan vant ki kòmanse sanzatann, ki pa bay souf menm, k ap vin pi rèd tanzantan, epi ki san dyare. Yo rele sa move doulè vant (abdomen aigu). Trip bouche, apenndisit, gwosès sou deyò manman vant lan, ak lòt pwoblèm ki grav kapab bay gwo vant fè mal. Si nou wè siy ki ekri anba, pou sove lavi malad la, mennen l lopital san pèdi tan.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI
  • Gwo doulè san rete — lè gen doulè sa a, se pou ta di se kout kouto y ap bay
  • Vomisman
  • Malad la pa ka watè, oubyen li bay yon ti kal sèlman ; li sere
  • Vant lan di, epi li pa fè bri menm
  • Li santi li malad grav


Yon malad k ap soufri ak yon move doulè vant konn tòde ak yon vant fè mal ; li pa kapab mete l alèz, epi l ap pwoteje vant li ak bra li yo.

Trip bouche

Lè gen yon bagay ki chita yon kote nan trip la, li bouche l oubyen li jennen manje ak watè a pou yo pase. Sa ka lakòz gwo doulè ak enfeksyon.

Ansanm ak doulè sa a, li ka sere, epi li ka vomi. Vant li ka pa fè bri ditou, oubyen li ka fè anpil gwo bri.

Yon ti gason kap vomi ak fòs
Lè trip la bouche, malad la ka vomi ak anpil fòs.

Men bagay ki ka bouche trip la :

  • Yon makòn gwo vè won.
  • Yon èni.
  • Si yo te fè yon moun operasyon sou trip la, oubyen si li te blese nan vant lan, mak blesi a ka redi epi tòde trip la.
  • Kansè.


Si nou kwè yon moun ka gen trip li bouche, men de (2) bagay pou nou fè :

  1. Mennen malad la lopital san pèdi tan. Yo ka bezwen fè li operasyon..
  2. Si genyen gwo vè won (askaris) nan zòn kote nou rete a, ba li remèd vè pandan n ap fè wout pou al lopital. Se ka vè ki bouche trip la. Chache konnen plis sou Medikaman pou vè.
Imaj la montre nou ki kote sa fè yon moun mal lè li soufri apenndisit
Doulè a ka kòmanse bò lonbrit la.
Apre sa, li desann bò dwat vant lan pa anba.

Apenndisit ak enfeksyon nan sak vant lan (peritonit)

Apenndisit se yon enfeksyon apenndis la. Apenndis la se yon ti sak ki kole ak gwo trip la, sou bò dwat vant lan, pa anba. Pa gen anyen nou ka fè pou anpeche yon moun fè apenndisit ; se rive l rive san nou pa konnen pouki sa.

Pi gwo siy ki fè nou rekonèt apenndisit la, se yon gwo doulè nan vant san rete k ap vin pi mal tanzantan

Anpil fwa, malad la pa vle manje. Li pa fasil gen dyare. Li konn gen lafyèv. Si li mache a pye, oubyen si li pran machin sou yon wout ki an movèz eta, sa fè l mal anpil. Li gen kalite doulè (douleur de rebond) ki fè nou konnen li gen apenndisit oubyen enfeksyon nan sak vant.

Chache konkou doktè. Si malad la pa jwenn trètman, yon apenndis ki enfekte ka pete louvri. Lè sa a, mikwòb yo ap gaye nan tout sak vant lan. Li bay yon enfeksyon ki grav anpil ki rele enfeksyon nan sak vant (peritonit). Lavi malad la an danje.

Yon blesi nan vant lan — pa egzanp, yon gwo kou, oubyen yon kout kouto — kapab bay yon enfeksyon nan sak vant lan.

Si vant lan di, si li pa fè bri, epi si li fè mal tout kote, se enfeksyon nan sak vant lan (peritonit).

De moun kap pote yon moun sou yon branka

Si nou kwè l ap fè apenndisit oubyen enfeksyon nan sak vant, men sa pou nou fè :

  • Mennen li lopital san pèdi tan.
  • Ba li 2 remèd : métronidazole (metwonidazòl), AN PLIS, bay ciprofloxacine (sipwofloksasin), OUBYEN céftriaxone (seftriyakzòn) OUBYEN ampicilline (anpisilin). Chache konnen ki dòz pou nou bay.
  • Pa ba li anyen ni pou manje ni pou bwè, sòf medikaman sa yo ak yon ti gout dlo.


Voye je sou malad la pou wè si li pa p endispoze. Men siy pou chòk : kè li bat vit men poul la fèb, li blèm, po li frèt e mouye, l ap depale, li pèdi konnesans.

Gwosès sou deyò manman vant lan (gwosès ektopik)

Imaj yon gwosès ki nan kannal ze a
Prèske nan tout ka yo, tibebe a devlope anndan manman vant lan.
Lè rive gen yon gwosès sou deyò manman vant lan, tibebe a ap devlope nan youn nan kannal ki soti nan pòch ze yo — men pa gen plas pou li la. Lè tibebe a ap devlope, li gonfle kannal la jis li pete. Sa bay gwo doulè, epi fè fanm nan bay anpil san anndan kò a.

Menm jan avèk yon foskouch, gwosès sou deyò manman vant lan bay siy nan kòmansman gwosès la — anpil fwa, menm anvan fanm nan konnen ke li gwo vant. Li gen lakranp nan anba tivant la, epi li kòmanse bay ti san, menm si li pa t wè règ li pandan youn oubyen 2 mwa.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI
  • Fanm nan ap bay yon ti gout san nan vajen an (yon fanm ap senyen plis lè li fè yon foskouch).
Yon fanm kap sere vant li ak kou li akòz doulè a
  • Li ka fè pi mal sou yon bò anba tivant lan.
  • Si gwosès la fè kannal ze a pete, doulè a vin gwo, pi rèd ankò.
  • Doulè a ka rive jis nan zepòl la oubyen nan kou a.
  • Fanm nan ka soufri tèt vire, li santi li fay, paske l ap senyen anndan kò li.


Genyen anpil bagay ki ka bay gwo doulè nan anba tivant lan, tankou enfeksyon nan aparèy pipi, apenndisit, elatriye. Depi gen posiblite, fè yon tès gwosès pou fanm nan. Si li pozitif, oubyen si nou pa ka fè yon tès, men nou kwè li ka gen yon gwosès sou deyò manman vant lan, pou sove lavi li, fè vit mennen l lopital. Si tès gwosès la negatif, n ap konnen se pa yon gwosès sou deyò manman vant lan.

Pandan nou nan wout pou al lopital, trete fanm nan pou chòk (endispozisyon). Men siy pou chòk : kè li bat vit men poul la fèb ; li blèm, po li frèt e mouye ; l ap depale epi li pèdi konnesans.

Lakranp nan vant

Pifò lakranp yo pa grav. Men bagay ki ka bay lakranp :

  • Manje manje ki gate oubyen manje nou te kite la pandan yon tan ki twò long
  • Bwè dlo sal
  • Ilsè lestomak
  • Kè sou biskèt, oubyen difikilte nan lavi
  • Grangou
  • Lalin, règ, peryòd


Te cho osinon kafe pou bwè

Lakranp nan vant konn pase pou kont li nan de twa jou. Men sa ki ka bay ti soulajman :

  • Bwè tizann ki fèt avèk jenjanm, mant, kamomi, oubyen lòt remèd fèy ki ka kalme vant lan
  • Manje papay. Sa ede nou dijere manje ki nan vant lan.
  • Pran yon beny cho, mete yon konprès cho sou vant lan, oubyen chache yon kote trankil pou ou ka pran yon ti repo. Pou konnen ki jan pou nou fè yon konprès cho, al gade nan Ki jan pou nou okipe moun malad (chapit la poko ekri).
  • Evite manje ki ka bay gaz. Se ka manje tankou lèt, chou, piman, zonyon, oubyen pwa ki bay pwoblèm nan.


Yon fanm kap fè ti masay sou vant li
Bay vant lan ti masay ; fwote l lantman tankou nou t ap woule yon boul.

Nou ka evite anpil ka lakranp nan vant si nou kwit manje a byen, si nou manje l pandan li cho toujou, epi si nou lave men nou anvan nou fè manje ak anvan nou manje. Chache konnen plis sou Ki jan pou prepare epi sere manje.

Yon fanm ki mete men l sou lestomak li; li gen lè mal alèz
Asid — lestomak la boule, li fè mal, epi kèk fwa gòj la tou.

Lestomak boule ak asid

Lestomak boule, asid, endijesyon, ak doulè anba kè, se de non pou doulè k ap manje yon moun nan kòf lestomak la, oubyen nan kannal manje a. Asid ki nan lestomak la monte jis nan gòj li. Li ka fè mal anpil. Sa rive pi fasil lè nou kouche oubyen lè nou fin manje — sitou si nou te manje twòp, oubyen si manje a gen twòp grès oubyen twòp piman ladann.

Lè yo pale sou doulè anba kè, li pa gen anyen pou wè ak kè a li menm. (Lè se yon vre pwoblèm kè a, yon moun ap santi yon doulè ki kenbe l tankou yon pwa senkant sou lestomak li. Doulè a ka rive jis nan machwè a, bra gòch la, oubyen vant lan.

KI JAN POU NOU TRETE AK EVITE MALADI SA A
  • Lè nou fin manje, rete tann 3 zèdtan pou pi piti anvan nou al kouche.
  • Pa manje anpil yon sèl kou, men manje pi souvan.
  • Evite manje manje ki gen twòp grès oubyen twòp piman ak epis ladan yo
  • Pa bwè alkòl, pa fimen. Bagay sa yo fè doulè a vin pi rèd sou nou
  • Eseye yon anti-asid pou kalme doulè a.
Yon fanm kap chita kage nan kabann li
Apre ou fin manje, rete chita toudwat. Lannuit, mete ou nan pozisyon chita kage (oubyen mete kèk blòk anba tèt kabann nan pou leve tèt ou). Konsa asid la pa p ka monte nan gòj ou).
Imaj la montre nou ki kote nou jwenn vant ak trip nan kò a, ak ki kote yon moun ka gen ilsè
Yon ilsè se yon maleng anndan lestomak oubyen trip la.
Flakon pou grenn medikaman avèk yon gwo X sou li.
Non !

Ilsè lestomak

Si doulè lestomak la ap ale vini, se ka yon ilsè ki bay doulè a. Yon moun ka santi yon doulè k ap manje l, oubyen k ap boule l nan kòf lestomak la, tankou grangou. Anpil fwa, doulè a kenbe l pandan kèk senmenn ; apre sa li pase. Apre kèk senmenn, menm kèk mwa, li ka tounen ankò. Si yon moun manje oubyen bwè, sa ka soulaje doulè a. (Kèk fwa manje ka fè doulè a vin pi rèd sou li. Sa depann de ki kote ilsè a ye.)

TRÈTMAN, KI JAN POU NOU SOULAJE DOULÈ A EPI EDE ILSÈ A GERI
  • Sispann bwè ibuprofène (ibipwofèn),aspirin, oubyen lòt medikaman ki sèvi pou fè doulè a pase. Si moun sèvi ak yo anpil, medikaman sa yo ka donmaje lestomak la, epi se yo ki koze pifò ilsè lestomak. (Paracétamol {parasetamòl} pi bon pou moun ki gen lestomak boule, paske li pa p donmaje lestomak la. Men nou pa gen dwa pran anpil nan grenn sa yo nonplis, ni chak jou.)
  • Pa fimen. Moun ki fimen yo pi fasil gen ilsè, epi ilsè yo pran plis tan pou yo geri.
  • Pou eseye soulaje doulè a, pa manje anpil yon sèl kou, epi bwè anpil dlo tanzantan nan jounen an.
  • Nou ka remake gen kèk manje ki fè l fè pi mal. Eseye evite manje ki gen asid ladan yo, tankou sitwon, vinèg, ak kafe. Fritay, piman pike, ak alkòl, tout sa yo ka fè doulè a vin pi rèd.
  • Tèt chaje ak kè sou biskèt kapab fè yon moun soufri ak ilsè. Lè yon moun sou tansyon, sa ka fè l fè pi mal toujou. Eseye pa kite pwoblèm lavi yo chaje tèt nou twòp. Pou chache konnen ki jan nou ka poze san nou, al gade nan Sante mantal (chapit la poko ekri).


Si nou swiv konsèy sa yo pandan kèk senmenn, epi lestomak la toujou ap fè nou mal anpil, eseye pran yon anti-asid ki pa koute chè. Si nou pran carbonate de calcium (kabonat kalsyòm) 4 fwa nan yon jou pandan 8 jou, sa ka soulaje doulè a. Gen yon kalite medikaman ki mache pi byen ; yo rele inhibiteurs de pompe à proton (IPP) (inibitè ponp pwoton), tankou oméprazole. Medikaman sa yo desann asid ki nan lestomak la, yo soulaje doulè a, epi yo ka ede ilsè a geri. Men, si doulè a tounen sou nou, fòk nou trete l avèk antibyotik pou geri l nèt.

TRÈTMAN : KI JAN POU GERI YON ILSÈ NÈT

Si ilsè yo toujou vle tounen sou nou, trete yo avèk yon konbinezon antibyotik, IPP, ak antiasid pandan 15 jou. Sa fè anpil medikaman, men, si nou swiv trètman sa a byen korèk, ilsè a ap geri, epi li pa p fasil tounen sou nou ankò.

Si nou toujou gen doulè apre nou fin swiv trètman sa a, se ka yon lòt maladi nou soufri — pa yon ilsè lestomak. Chache konkou.

SIY KI MONTRE GEN DANJE

Eske li bay siy ki fè nou konnen ilsè a ap senyen ? Eske li vomi san, oubyen eske vomi li gen koulè nwa — ki sanble ak ma kafe ? Eske watè a gen san ladann, oubyen li gen koulè nwa — tankou goudwon oubyen lwil moto ? Se ka ijan. Chache konkou doktè.

Yap vide bikabonat nan yon ti kiyè
Gen de moun ki pran bikabonat lè yo gen lestomak boule. Menm si nou ta wè li ban nou yon ti soulajman lè nou fèk pran li, l ap fè lestomak la bay plis asid toujou. Pa sèvi avè l souvan. Pa sèvi ak bikabonat si nou gen pwoblèm kè oubyen pye anfle. Li ka anvlimen pwoblèm sa yo.

Pwoblèm fyèl la

Fyèl la se yon ti sak ki kole sou fwa a. Se ladann nou jwenn yon dlo yo rele bil, ki nesesè pou desann manje ki gen grès ladan yo. Bil la ka jele epi bouche kannal nan fyèl la. Sa ka bay doulè ki dire pou kèk èdtan. Nou jwenn maladi fyèl pi fasil nan fanm ki gen plis ke 40 ane, nan moun ki gra, ak nan moun ki fè maladi sik. Men maladi sa a ka frape nenpòt granmoun.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI
  • Doulè ki dire, ki nan mitan lestomak la oubyen ki sou bò dwat anba zo kòt yo. Doulè a ka monte jis nan do a sou bò dwat anwo, oubyen jis nan zepòl la.
Yon fanm ki gen doulè ki soti nan vant li, rive sou zepòl li
doulè
  • Doulè ki vin pi rèd tanzantan, li rete konsa kèk èdtan ; lè fini, doulè a pase piti piti.
  • Doulè ki pran yon moun lè li fin manje manje ki gen anpil grès ladann. Li ka reveye l nan dòmi
  • Kè plen ak vomisman
  • Simalad la pran aspirin oubyen parasetamòl, si li chanje pozisyon li, oubyen si li fè van, anyen pa p soulaje doulè a.

Siy sa yo ka ede nou rekonèt yon pwoblèm fyèl, men pou wè pwoblèm nan klè, li mande pou nou sèvi avèk radyografi oubyen iltrason.

TRÈTMAN

Doulè nan fyèl la ka fè mal anpil, men, si pa gen lafyèv oubyen lòt siy ki ekri anba, pa gen gwo danje. Ibuprofène (ibipwofèn) ka soulaje doulè a.

SIY KI MONTRE GEN DANJE

Si yon moun ki gen pwoblèm fyèl la bay siy sa yo, li malad grav. Li mande pou yo fè li operasyon.

  • Doulè nan fyèl ki dire plis pase 4 èdtan
  • Doulè nan fyèl ki mache ak lafyèv
  • Doulè nan fyèl ki mache ak lajonis (je ak po li yo tounen koulè jòn)
KI JAN POU NOU EVITE MALADI A

Pa manje vyann, fritay, oubyen lòt manje ki gen anpil grès ladan yo. Lè yon moun ki genyen maladi fyèl manje grès, sa konn fè doulè a tounen sou li. (Men li gen dwa pran yon ti grès chak fwa li manje, paske sa ap fè bil la koule sot nan fyèl la. Lwil plant pi bon pase lwil palm, bè, oubyen mantèg.)

Si yon moun gra, li ta bon pou li pèdi pwa. Men fè l dousman. Fè ti egzèsis ase souvan ; manje mwens. Si li pèdi pwa byen vit, sa ka ba li pyè nan fyèl.

Moun, jennmoun rive granmoun, kap fè egzèsis ansanm
Moun ki abitye fè egzèsis chak jou yo pa fasil soufri ak pyè nan fyèl.

Règ (lalin, peryòd) si yon fanm gen doulè lè li gen règ

Anpil fanm gen doulè, oubyen lakranp nan anba tivant, jis anvan règ la kòmanse oubyen pandan yo genyen l. Li bon pou yo pran yon ti repo, fè ti masay sou vant lan, oubyen pran medikaman tankou ibuprofène pou soulaje doulè a.

boutèy dlo cho ak twal cho
Mete yon konprès dlo cho oubyen yon boutèy dlo cho sou vant lan pou soulaje mal la.

Enfeksyon nan anba tivant

Lè yon fanm gen doulè nan anba tivant, li ka fè enfeksyon nan manman vant lan. Genyen 2 bagay ki bay enfeksyon sa a, toulede grav. Youn rive lè mikwòb yo antre nan kò yon fanm lè li fin akouche, lè li fè foskouch, oubyen lè li fè avòtman. Lòt la rive lè li fè bagay ak yon moun ki enfekte deja. Si nou pa trete enfeksyon an, li ka monte jis nan manman vant lan.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI
  • Doulè nan anba tivant la — li ka yon ti doulè oubyen li ka fè li mal anpil.
  • Lè l ap fè lamou, sa fè l mal oubyen sa fè li bay san.
  • Li sansib lè nou peze anba tivant lan.
  • Lafyèv.
  • Ekoulman san nan kannal fi ki pa nòmal oubyen ekoulman ki santi fò
TRÈTMAN

Fòk nou trete enfeksyon an touswit avèk antibyotik. Sinon, fanm nan ka tonbe malad grav, li ka pa ka fè pitit ankò, oubyen li ka mouri menm. Si enfeksyon an rive lè li fin akouche, al gade Sante Tinouris. Si yon bon ti tan pase depi fanm nan ansent, se pou li pran lòt kalite medikaman. Al gade nan Enfeksyon moun pran nan kontak seksyèl (chapit la poko ekri).

Enfeksyon nan aparèy pipi

Lè yon moun fè enfeksyon nan aparèy pipi a, li boule l oubyen li fè l mal lè l ap fè pipi. Oubyen li gen doulè nan anba tivant lan, dèyè oubyen anwo zo basen an. Men si enfeksyon an monte jis nan ren yo, li ka santi doulè nan do a menm, oubyen sou kote. Nou jwenn enfeksyon sa yo pi fasil kay fanm. Pou chache konnen plis, al gade nan Pwoblèm nan aparèy pipi (chapit la poko ekri).

Do yon fanm ki montre nou kote ren li ap fè mal
Lè ou fè ti tap sou yon bò anba do a, epi sa fè l mal, se ka yon enfeksyon ren oubyen yon pyè nan ren li genyen.

Pyè nan ren

Pyè nan ren se ti wòch tou piti ki fòme nan ren yo, nan kannal pipi a, oubyen nan blad pipi a. Lè yo desann, yo konn bay gwo doulè. Anpil fwa, doulè a vin pi mal tanzantan, epi apre sa, li rete. Doulè a ka dire 20 minit jis inèdtan konsa chak fwa. Doulè a konn kòmanse nan yon ren sou kote, epi li ka fè mal depi nan do jis nan kanal pipi a. Kay gason, sa ka fè mal nan sak grenn li tou. Li ka wè ti san nan pipi a. Li pa fasil bay lafyèv, epi vant lan rete mou. Premye trètman yon moun ka fè se pran remèd pou kalme doulè a, epi bwè anpil dlo jis pyè a pase. Pou chache konnen plis sou ki jan nou ka evite ak trete pwoblèm sa a, al gade nan Pwoblèm nan aparèy pipi (chapit la poko ekri).

Lajonis (epatit, lafyèv jòn)

Yon fanm kap montre kote fwa li ye, sou bò dwat anwo vant li
Travay fwa a se ede netwaye san an pou wete tout pwazon ki ladann. Lè fwa a pa mache byen, sa fè li pa ka wete pwazon ak salte ki nan san an. Se sa ki rann yon moun malad.

Lajonis (epatit) se yon anflamasyon nan fwa a. Men sa ki ka bay lajonis : yon viris (mikwòb) ki atake fwa a, anpwazonnman ak pwodui chimik, oubyen paske moun te bwè twòp alkòl. Tout kalite lajonis bay menm siy, men yo chak gen yon fason diferan pou nou trape l. Genyen kèk ki pi grav pase lòt, epi genyen kèk ki dire pi lontan pase lòt. Lajonis A ak E (se non mikwòb yo) konn geri nan kèk mwa. Lajonis B ak C konn dire anpil ane, epi yo kapab koze yon kansè nan fwa a.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI
  • Kè plen ak vomisman.
  • Po li grate.
  • Pipi a touen koulè koka-kola.
  • Watè a vin pi blan.
  • Doulè sou bò dwat, oubyen tout kò ak jwenti li yo fè l mal.
  • Fatig ak fèblès k ap bat sou li pandan kèk mwa.
  • Je yo ak po a tounen koulè jòn.


Lè nou manyen vant malad la, gen de fwa nou ka remake fwa ki anfle a sou bò dwat la jis anba zo kòt yo.

KI SA POU NOU FÈ POU EDE FWA A GERI

Genyen de medikaman koulye a ki ka ede trete lajonis B ak C, men nou pa fasil jwenn yo. Al tyeke bò kote yon sant sante nan zòn kote nou rete a pou wè si nou pa ka jwenn yo. Men menm si nou pa jwenn medikaman yo, nou ka ede fwa a geri. Rete kouche, bwè anpil dlo ak lòt likid, epi evite bagay ki ka donmaje fwa a.

Moun malad la kap pran repo sou kabann li
Lajonis kraze kò yon moun. Koute sa kò ou ap di ou ; rete kouche.
  • Bwè pandan tout lajounen an — 8 vè oubyen plis. Bwè dlo, ji fwi, ak ti konsonmen ; se bwason nourisan yo ye.
  • Pa bwè kleren ni okenn bwason ki gen alkòl ladann pandan 6 mwa pou pi piti. Alkòl pa bon menm pou fwa a ; li ka donmaje l pi plis. Si nou pa ka sispann bwè pou kont nou, chache èd. Al gade nan Dwòg, alkòl ak fimen (chapit la poko ekri).
woman drinking liquid through a straw
  • Pa pran parasetamòl paske li ka akimile nan fwa a epi bay plis lot pwoblèm. Si li nesesè, pran yon lòt remèd doulè.
  • Si ou soufri ak tibèkiloz, ou ka oblije tann lajonis la geri anvan ou kòmanse trete tibèkiloz la. Si ou wè siy lajonis pandan w ap swiv trètman antitibèkiloz la, se pou ou sispann trètman an touswit, epi al wè doktè.
  • Fè atansyon ak jan ou sèvi ak medikaman. Pa sèvi ak yo san nesesite. Genyen anpil ladan yo ki ka donmaje fwa a, sitou si yon moun pran yon gwo dòz oubyen si li pran yo pandan yon bon ti tan.
KI JAN POU NOU ANPECHE MALADI LAJONIS VIN SOU NOU

Viris (mikwòb) lajonis A ak E (epatit A ak E) gaye kote moun manke fè pwopte. Nou kapab anpeche maladi sa yo gaye si nou sèvi avèk latrin epi si nou lave men nou.

Pou pwoteje lòt moun pou yo pa pran enfeksyon an, lave men nou anpil fwa pandan jounen an. Tout moun ki rete lakay nou dwe lave men yo pi souvan.

Nou jwenn mikwòb (viris) lajonis B ak C (epatit B ak C) nan san yon moun, ak nan likid sèksyèl. Lajonis sa yo se maladi moun ka pran nan fè bagay. Oubyen yo ka trape yo lè yo pran piki ak yon sereng ki sèvi deja, lè yo fè tatou, oubyen lè yo koupe po a ak zouti ki sèvi deja san yo pa esterilize yo. Sa pèmèt viris ki nan san moun malad la pase nan san yon lòt moun. Manman an ka pase epatit B ak C bay tibebe li pandan gwosès la, lè l ap akouche, oubyen lè tibebe a fin fèt.

Nan zòn kote ki genyen anpil lajonis B, tankou ann Afrik ak ann Azi, yon moun ka bay yon lòt moun maladi a menm si likid ki nan kò malad la pa p pase nan kò lòt la. Sa rive pi fasil lè yon fanmi gen yon ti kay tou piti kote yo viv youn sou lòt.

EVITE PRAN LAJONIS B AK C

pakèt presèvatif, kapòt

  • Pa pran piki sòf si li vrèman nesesè. Toujou sèvi ak yon sereng e zegwi ki tou nèf, ki pou jete apre. Si pa gen sereng ak zegwi tou nèf, fòk nou byen esterilize yo chak fwa nou sèvi ak yo. Al gade nan Medikaman, egzamen ak trètman (chapit la poko ekri).
  • Sèvi ak kapòt lè nou al nan kontak seksyèl.


Genyen vaksen ki pwoteje kont lajonis A ak B. Kote ki genyen anpil lajonis B oubyen kansè fwa a, li enpòtan anpil pou nou pran vaksen kont lajonis B.

Si w ap okipe yon moun ki malad ak lajonis, fè atansyon pou ou pa pran maladi a tou. Lave men ou souvan, epi pa touche ni san ni watè moun malad la.


Absè nan fwa

Lè yon moun enfekte ak amib, enfeksyon an ka gaye epi bay absè nan fwa a. Sa fasil rive anpil kay gason yo.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI

Malad la gen yon doulè oubyen yon pwen sansib sou bò dwat vant lan pa anwo ; li mache ak lafyèv. Doulè a ka monte nan bò dwat lestomak la. Li pi rèd lè moun nan ap mache. Pou chache konnen pi klè si li gen lajonis (epatit), absè, oubyen siwòz fwa a, al gade nan Dwòg, alkòl ak fimen (chapit la poko ekri), epi doulè nan fyèl la.

Si yon moun bay siy ki di li ka gen yon absè nan fwa a, epi li kòmanse touse yon likid ki gen koulè mawon, se absè a ki pete anndan poumon an. Fòk nou chache konkou doktè.

KI JAN POU NOU TRETE LI

Fè menm trètman ak sa nou fè pou dyare amib. Lè fini, bay diloxanide furoate (diloksanid fiwoyat) pandan 10 jou.