Hesperian Health Guides

Kesyon ki fè pati istwa medikal fanm ansent lan

Nan chapit sa:

Kontni yo

Ki sa k montre li ansent?

Gen kèk siy ki byen klè, ki sèten, ki montre fi a ansent san okenn dout. Gen lòt siy ki pa fin twò sèten, ki montre petèt fi a ansent, men siy sa yo ka vle di yon lòt bagay tou.

Siy ki fè konnen petèt fi a ansent

Fi a pa gen règ li chak mwa ankò. Anpil fwa, sa se premye siy ki endike yon fi ansent. Men ki lòt bagay ki ka fè fi a pa gen règ li: li pa byen nouri, pwoblèm santimantal, oswa menopòz.


MW Ch7 Page 86-1.png

Fi a gen noze oubyen li anvi vomi. Anpil fanm ansent gen kè plen lematen (se sa k fè gen moun ki rele l “noze maten”), men gen lòt fi ki ka santi konsa pandan tout jounen an. Fi a gen noze sitou pandan 3 premye mwa gwosès yo. Lòt bagay ki ka fè fi a gen noze se maladi oswa parazit.


MW Ch7 Page 86-2.png

Fi a santi li fatige epi dòmi nan je l toutan. Sa rive anpil sitou pandan 3 oubyen 4 premye mwa gwosès yo. Lòt bagay ki ka fè sa se anemi, malnitirisyon, pwoblèm santimantal, oswa travay twòp.


MW Ch7 Page 86-3.png

Fi a pipi souvan. Sa rive pi souvan pandan premye 3 mwa gwosès yo avèk 1 ou 2 dènye mwa gwosès yo. Lòt bagay ki ka fè fi a pipi souvan se strès, enfeksyon nan vesi a, oswa dyabèt (maladi sik).

MW Ch7 Page 86-4.png


Vant fi a ap gwosi. Apre 3 oubyen 4 mwa, tout moun ka wè vant fi a vin pi gwo. Lòt bagay ki ka fè vant fi a gwosi se si fi a gen kansè oswa yon lòt maladi ki ap develope nan vant li, oubyen l ap vin pi gra.


MW Ch7 Page 87-1.png

Tete fi a vin pi gwo. Tete fanm ansent lan vin pi gwo pou yo ka kòmanse fè lèt pou bebe a. Yon lòt bagay ki ka fè tete l vin pi gwo sèke yo ka abitye vin pi gwo anvan fi a gen règ li chak mwa.


Fi a santi pitit la ap fè ti mouvman anndan l. Anpil fi kòmanse santi pitit la ap fè mouvman depi sou 16 rive 20 semèn gwosès (4 a 5 mwa). Yon lòt bagay ki ka lakoz siy sa a se gaz nan vant.


MW Ch7 Page 87-2.png
Siy ki fè konnen fi a ansent san okenn dout

Fi a santi bebe a ap bay gwo sakad nan vant li. Anpil fi kòmanse santi pitit la ap voye pye lè yo gen 5 mwa ansent.

MW Ch7 Page 87-3.png

Ou ka rekonèt kò bebe a anndan vant lan. Depi sou 6 a 7 mwa, yon fanmsaj ki abil ka manyen vant manman an epi l ap rekonèt tèt, kou, do, men, dèyè, ak pye bebe a.

MW Ch7 Page 87-4.png

Ou ka tande kè bebe a k ap bat. Apati de 5yèm oubyen 6yèm mwa gwosès la, ou ka tande kè a ap bat si w sèvi avèk yon aparèy ki fèt pou sa, tankou sa ki rele estetoskòp oubyen fetoskòp. Rive sou 7 a 8 mwa, yon fanmsaj ki abil ka tande batman kè bebe a lè l mete zòrèy li sou vant fi a.

Yon tès gwosès montre fi a ansent. Egzamen sa a kapab fèt lakay avèk yon tès gwosès oswa nan yon laboratwa avèk enpe pipi oubyen san fi a. Egzamen nan laboratwa a ka koute chè, epi li pa vrèman nesesè. Men, egzamen an ka itil, pa egzanp, si fi a bezwen konnen si l ansent anvan l pran yon medikaman ki ta ka bay pitit la pwoblèm.

a woman thinking while a health worker holds a cup of urine.
Kounye a m konnen m ansent toutb on!

Depi ki lè li ansent? Ki lè l ap akouche?

Lè fanm ansent lan vini pou premye vizit li, chèche konnen depi ki lè li ansent. Sa ap tou pèmèt ou jwenn dat bebe a ka fèt la (lè akouchman an). Gen 3 fason pou w jwenn depi ki lè l ansent, epi ki lè bebe a ka fèt:

  • Sèvi avèk dat li te gen dènye règ li a.
  • Mezire gwosè matris la.
  • Fè fi a al fè yon sonografi nan yon klinik.


Note sa: Se pa yon pwoblèm si pitit la ta fèt 3 semèn anvan oswa 2 semèn apre dat li te dwe akouche a.

Itilize dènye dat li te gen règ li pou konnen ki lè l ap akouche

Si fi a toujou gen règ li chak 4 semèn, gwosès la ap kòmanse 2 semèn apre premye jou règ la. Pou w konnen si w ka itilize metòd sa a pou w jwenn dat akouchman an, gen 3 kesyon pou w poze manman an:

  1. Èske règ ou te toujou konn vini alè, chak 4 semèn (yon fwa pa mwa)?
  2. Èske dènye règ ou a te nòmal (pa twò fèb, pa twò fò)?
  3. Èske w sonje dat premye jou dènye règ ou a?


Si fi a di “non” pou nenpòt nan 3 kesyon sa yo, ou pa ka sèten metòd sa a ap ba w dat akouchman an kòrèkteman.

Si li reponn “wi” pou tout kesyon yo, ou ka jwenn ki dat li sipoze akouche avèk konbyen tan l genyen depi l ansent.

Sonje yon gwosès dire anivwon 40 semèn oswa 280 jou. Sa fè anviwon 9 mwa oswa 10 lalin soti depi lè l te gen dènye règ li.

Itilize yon kalandrye
a woman thinking while she counts on her fingers.
Dènye règ li te kòmanse 6 me.
Si m ajoute 9 mwa, sa bay 10 fevriye. Si m ajoute 7 jou ankò, sa vle di, bebe a dwe fèt 17 fevriye.

Pou w jwenn dat akouchman an, ajoute 9 mwa ak 7 jou sou jou li te gen dènye règ li a.

(Oubyen, ou ka retire 3 mwa epi ajoute 7 jou pou w jwenn menm dat la.)

Nan paj 500, gen yon zouti ki ka ede w sèvi ak dat dènye règ la pou w jwenn dat akouchman an.

Pou w jwenn konbyen tan fi a genyen depi li ansent, pran premye jou dènye règ li, epi konte konbyen semèn ki pase depi jou sa a pou rive jodi a.

the woman thinking again.
Nan fen mw a me li te gentan gen 4 semèn ansent…
… nan fen mwa jen li te gentan gen 8 semèn.
Jodi a 12 jiyè. Donk, li gen 9 semèn ak 4 jou depi l ansent, oswa yon tikras plis ke 2 mwa
Sèvi avèk lalin

Si w pa konn itilize kalandrye, ou ka itilize lalin pou w kalkile dat akouchman an. Si fi a abitye gen règ li chak lalin (chak 4 semèn), pitit la sipoze fèt 10 lalin apre premye jou dènye règ li. Si règ fi a te kòmanse nan yon ka (¼) lalin, pitit la ap fèt 10 ka (¼) lalin apre. Si règ la te kòmanse nan yon nouvèl lin, pitit la ap fèt apre 10 nouvèl lin.

Pa egzanp:

MW Ch7 Page 89-2.png
MW Ch7 Page 89-3.png
MW Ch7 Page 89-4.png
MW Ch7 Page 89-5.png
Si règ la te kòmanse nan yon plen lin… … pwobableman li te ansent pandan nouvèl lin nan. Bebe a dwe fèt 10 mwa linè apre premye jou dènye règ li a. Nan ka sa a, 10 plen lin apre premye jou dènye règ li a.

Mezire vant lan

Lè yon fanmsaj vin abitye, li ka manyen gwosè vant yon fi pou l konnen depi konbyen tan fi a ansent. Sèvi avèk metòd sa a lè:

MW Ch7 Page 90-1.png
  • Fi a pa sonje ki lè dènye règ la te kòmanse.
  • Règ li pa toujou konn vini menm lè a.
  • Lè fi a te vin ansent, li te gen pitit nan tete, e li pa t konn gen règ toutan.


Gen 2 fason pou w mezire matris la. Pandan premye 12 semèn gwosès yo (3 mwa), ou ka fè yon egzamen ak 2 men w pou w. Apre 3 mwa ou ka mezire vant lan sou deyò a.

Fè yon sonografi

Yon aparèy sonografi voye ond son anndan matris la pou l fè foto bebe a. Lè yon sonografi fèt pandan 3 premye mwa gwosès yo, se yon mwayen ki jeneralman sèten pou montre depi konbyen tan fi a ansent. Sonografi a pa dwe yon danje pou pitit la, men li koute chè, epi li pa toujou nesesè.

Ki laj li?

Kèlkeswa laj fi a, gwosès la ka pote pwoblèm. Sepandan, fi ki trè jèn oswa ki aje gen plis chans pou yo gen pwoblèm.

MW Ch7 Page 90-2.png

Fi ki ansent anvan yo gen 17 an ka pa t gentan fin grandi yo menm. Basen yon jèn fi kapab pa gentan devlope ase pou l fè pitit la kòmsadwa. Konsa tou, jèn fi gen plis chans pou yo gen lòt pwoblèm tankou eklanmsi, tranche long, ak akouchman anvan lè. Jèn fi ki fè pitit twò bonè ka vin bonjan manman ki renmen pitit yo e ki byen pran swen yo, men anpil ladan yo ap bezwen konsèy ak sipò.

MW Ch7 Page 90-3.png

Manman ki aje yo ka gen pwoblèm pandan gwosès oubyen akouchman an.

Li pi bon pou ni fi k ap fè pitit bonè, ni fi ki ap fè pitit nan ta, pou yo al akouche nan yon lopital olye pou yo fè pitit la lakay.

Konbyen pitit li fè deja?

Si yon fi gentan fè youn oswa 2 pitit deja kote timoun yo vivan e yo gen bon sante, fi konsa ta dwe gen mwens pwoblèm lè y ap fè lòt pitit.

a pregnant woman speaking; a small child stands with her.
Mwen deja fè yon premye pitit san pwoblèm. Lòt akouchman sipoze byen pase tou.

Lòt fi ka gen plis pwoblèm. Souvan, fè yon premye pitit bay plis pwoblèm pase pitit ki vin apre yo. Li ka pi bon pou yon fi fè premye pitit li toupre yon lopital. Suiv byen pou w wè si li bay move siy, epi asire w gen transpò disponib sizoka ta gen ijans.

Yon fi ki fè 5 oswa plis pitit deja ka gen kèk nan pwoblèm nou site la yo:

  • Tranche long
  • Matris chire (apre yon tranche ki long e ki difisil)
  • Matris tonbe
  • Bebe a nan yon move pozisyon pou l fèt
  • Manman an senyen anpil apre akouchman an


Poutèt rezon sa yo, li t ap pi bon pou yon fi ki te fè 5 oswa plis pitit deja al akouche lopital, oswa toupre l.

Èske l konn fè foskouch oswa avòtman?

Foskouch

Foskouch se lè manman an pèdi bebe a anvan 6 mwa gwosès, pandan li twò piti pou l ta viv san l pa nan vant manman l lan. Anpil fwa sa rive anvan menm fi a konnen li ansent.

Pi souvan, li difisil pou yon moun konnen sa k lakòz foskouch la, men gen kèk bagay nou ka fè pou evite foskouch. Malarya, maladi moun pran nan fè sèks, blese, vyolans, avèk strès, tout sa yo se bagay ki ka fè yon fi pèdi bebe l la.

2 women using sprayers attached to pesticide tanks on their backs.
Fi ki travay avèk pestisid oswa lòt pwodui chimik gen plis chans pou yo fè foskouch.

Gendelè foskouch la fèt paske fi a pase bò kèk pwazon oubyen pwodui chimik ki danjere. Pa egzanp, fi k ap travay tè konn ap respire oswa y ap manyen pestisid ki ka lakòz yo fè foskouch. Sa fè medam sa yo konn fè plis foskouch pase lòt fi.

Gen kèk foskouch yo ka evite lè w trete manman an pou maladi ak enfeksyon, lè w ede yo chape anba vyolans, epi lè w ede yo evite pwodui chimik. Men, gen fi ki ka fè foskouch youn apre lòt san w pa ka konnen poukisa. Nan ka sa yo, ou dwe chèche konsèy nan men doktè pou w ka jwenn kòz la epi pou w ka ede manman an rive fè pitit la

MW Ch7 Page 92-1.png

Avòtman

Anpil fi konn itilize remèd fèy ak lòt medikaman pou yo kontwole règ yo, pou yo pa tonbe ansent, oswa pou yo ka jete pitit ki nan vant. Genyen nan remèd sa yo ki pa gen danje, men se pou w mande fi a si li pa konn gen pwoblèm apre li fin pran yon remèd fèy oswa yon lòt remèd, pwoblèm tankou doulè, pèdi anpil san, oswa enfeksyon.

Si yon moun, oswa fanm ansent lan li menm, fè nenpòt bagay pou l jete pitit la, sa rele avòtman. Nan peyi kote avòtman legal e li disponib, gen fason pou yon fi fè avòtman san danje, kote sa pap anpeche l fè pitit alavni. Gen 3 kalite avòtman ki ka fèt san danje:

  • Kitaj. Yon pwofesyonèl lasante ka itilize yon aparèy oswa yon sereng kitaj (MVA) pou vide matris la (gade Chapit 23). Si kitaj la fèt byen, li sipoze pa danjere.
  • Dilatasyon ak kitaj avèk yon kirèt. Yon pwofesyonèl lasante ka retire sa k nan matris la lè l grate l avèk yon zouti ki esterilize yo rele kirèt. Yon fi ki fè plis pase 3 dilatasyon ak kitaj ka rete sikatris nan matris li ki ka ba l pwoblèm lè l ansent ankò. Chèche konsèy nan men doktè.
  • Avòtman avèk medikaman. Fi a pran medikaman ki touye pitit la e ki vide matris la. Gade wè kòman w ka itilize medikaman sa yo kòrèkteman.


Nan peyi kote avòtman ilegal, yon fi k ap eseye jete pitit li ka mete tèt li an danje, oswa li ka al kot yon moun ki pa konn fè avòtman byen. Avòtman ki pa fèt byen ka lakòz emoraji oswa enfeksyon grav, li ka fè fi a pa fètil, oswa li ka menm touye l. Gade Chapit 22 a pou w wè kòman w ka ede yon fi ki sot fè yon avòtman ki te danjere.

Yon fi ki te malad, ki te blese, oswa ki te senyen anpil apre l te fin fè yon avòtman ka rete sikatris nan matris li ki ka ba l pwoblèm lè l ansent ankò oubyen lè l ap akouche. Li t ap pi bon pou l akouche nan yon lopital oswa toupre l.

MW Ch7 Page 92-2.png


Èske l te gen pwoblèm pandan lòt gwosès oswa akouchman?

Si yon fi te gen pwoblèm pandan l te ansent deja oswa pandan l te akouche, gen anpil chans pou l gen pwoblèm pandan gwosès sa a tou.

a woman speaking with a midwife.
Mwen te senyen anpil apre toude akouchman yo. Mwen te fèb pandan plizyè jou apre.
Piske w te senyen pandan lòt akouchman yo, nou dwe pare pou si w senyen anpil fwa sa a tou.

Mande manman an pou l rakonte w tout sa k te pase nan lòt gwosès ak akouchman yo. Kite l di w tout bagay: ni bon an ni move a. Apre sa, poze l kesyon ki pi ba yo pou w ka konnen plis enfòmasyon sou pwoblèm li te genyen deja yo, e ki sa w ka atann pandan gwosès sa a. Si w kapab, ekri sa w aprann. (Liv sa a bay plis detay sou anpil nan pwoblèm sa yo. Al nan paj yo site yo pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou pwoblèm yo.)

Èske l te fatige oswa fèb (fè anemi)?

Lè yon fi santi gwo fatig oswa gwo feblès pandan l ansent, jeneralman se paske li fè anemi (san l manke fè). Si l te fè anemi pandan yon lòt gwosès, li pwobab pou l fè l ankò pandan gwosès sa a. Anemi bay pwoblèm pandan gwosès ak akouchman, men fi a ka evite l si l manje anpil bagay ki gen pwoteyin ak fè, epi si l pran konprime fè

Èske l te fè tansyon?

Si l te fè tansyon pandan lòt gwosès anvan yo, li pwobab pou l fè l ankò. Tansyon wo kapab se yon siy ki endike fi fè pre-eklanmsi.

Èske l te fè pre-eklanmsi?

Si fi a te fè pre-eklanmsi pandan lòt gwosès anvan yo, gen chans pou l fè l ankò. Detanzantan pandan gwosès sa a, pran tansyon l, epi chèche lòt siy ki ka endike preeklanmsi. Si li fè pre-eklanmsi, chèche èd doktè.

MW Ch7 Page 93-2.png
Èske l te fè kriz?

Si fi a te fè kriz pandan lòt gwosès anvan yo, chèche èd nan men doktè. Siman li te fè eklanmsi. Li pwobab pou l fè l ankò, e poutèt sa li dwe akouche nan yon sant sante oswa lopital.

Èske l te fè dyabèt (maladi sik)?

Si l te fè dyabèt pandan lòt gwosès anvan yo, gen plis chans pou l genyen l ankò. Si sa posib, li ta dwe al konsilte nan men yon doktè oswa yon lòt pwofesyonèl lasante. Lè manman an dyabetik, sa ka lakòz foskouch oswa lòt kalite pwoblèm pou manman an aktout bebe a apre akouchman an.

Èske tranche a te dire anpil tan, oswa èske l te fè anpil tan ap pouse?

Èske tranche a te dire plis pase 24 èdtan lè l t ap fè premye pitit li a, oswa plis pase 12 èdtan pou lòt pitit li yo? Èske l te fè plis pase 2 èdtan ap pouse? Mande l si li menm oswa pitit la te gen pwoblèm akoz tout tan li te fè ak tranche a? Si malgre sa, akouchman an te fèt san pwoblèm epi pitit la pa t gen pwoblèm, gen anpil chans pou l pa gen pwoblèm fwa sa a nonplis. Si akouchman an pa t nòmal, mande l si l konnen poukisa tranche a te pran tout tan sa a. Èske l te fè anemi? Èske bebe a te nan yon move pozisyon oswa èske bebe a te twò gwo? Èske l te pè anpil? Ou ka bezwen chèche konsèy nan men doktè.

Èske l te gen fistil?

Si l te gen yon tranche long ki te fè l gen fisitl (kote anndan vajen an chire) li dwe akouche lopital.

Èske l te gen yon tranche tou kout (pi piti pase 3 èdtan)?

Si l te gen yon tranche tou kout lè l t ap fè lòt pitit, se pou w asire w manman an ak tout fanmi l konnen ki sa pou yo fè sizoka ou pa gentan rive lakay li anvan l akouche. Ou kapab aprann fanmi an ki jan pou yo fè yon akouchman nan ka dijans.

MW Ch7 Page 94-1.png
Èske pitit la te fèt anvan lè?

Si l te fè yon pitit anvan 8 mwa, mande l si l gen bakteri vajinal. Bakteri Vajinal se yon maladi ki ka fè moun fè pitit anvan lè. Prepare w sizoka pitit sa a vini anvan lè tou, epi chèche siy ki montre li gen tranche.

MW Ch7 Page 94-2.png
Èske l te fè yon pitit ki te twò piti (pi piti pase 2.5 kilo oswa 5 liv)?

Chèche konnen si pitit la te fèt anvan lè (li nòmal pou bebe ki vini anvan lè fèt twò piti). Si pitit la te fèt alè, mande manman an si l te fè anemi, tansyon wo, oswa pre-eklanmsi. Epitou, mande l si l te manje byen, epi si l te konn fimen oswa pran dwòg. Nenpòt nan bagay sa yo ka fè bebe a fèt twò piti.

Gade pou wè si bebe ki nan vant lan ap grandi jan pou l grandi a. Si w panse li twò piti pou laj li, manman an dwe al akouche nan yon lopital, oswa toupre l, paske bebe ki fèt twò piti gen chans pou yo gen plis pwoblèm sante.

MW Ch7 Page 94-3.png
Èske l te fè yon pitit ki te gwo anpil (plis pase 4 kilo oswa 9 liv)?

Mande si akouchman an te difisil. Si akouchman an pa t difisil, akouchman kounye a gen chans pou l byen pase tou. Chèche siy ki montre si l fè dyabèt (maladi sik). Pran tan pou w chèche wè si pitit sa a sanble l ap twò gwo tou. Si sa posib, fè manman an fè egzamen pou dyabèt.

Èske l te senyen anpil anvan oubyen apre akouchman an?

Si l te pèdi anpil san pandan gwosès oswa akouchman anvan yo, gen anpil chans pou sa rive ankò. Mande l pou l rakonte w tout sa l sonje konsènan pwoblèm nan. Èske l te bezwen asistans medikal? Èske l te fè anemi? Èske l te twò fèb pou l kanpe? Repons kesyon sa yo ap pèmèt ou konnen ki jan pou w prepare pou akouchman sa a. Si se posib, yon fi ki te senyen anpil pandan akouchman anvan yo ta dwe al fè pitit sa a lopital. Prepare w pou w trete l lè l kòmanse senyen anpil apre akouchman an.

MW Ch7 Page 95-1.png
Èske l te gen pwoblèm ak plasenta a?

Si plasenta a pa t soti byen fasil nan akouchman anvan an, li ka gen menm pwoblèm nan ankò. Prepare w pou w pran swen l lè l ap senyen. L ap pi bon pou l akouche nan yon lopital oubyen toupre youn.

Èske l te gen yon fyèv oswa enfeksyon nan matris la pandan oswa apre akouchman an?

Akouchman sa a ka byen pase, men li gen plis chans pou l gen enfeksyon pase lòt medam yo. Chèche byen pou w wè si li gen siy enfeksyon nan vajen. (Gade Chapit 18.)

MW Ch7 Page 95-2.png
Èske li te tris anpil (depresyon) apre li te fin akouche?

Si yon fi te soufri depresyon apre dènye akouchman l lan, sa ka rive ankò. Prepare w pou w ede l si sa rive.

Èske bebe a te malad oubyen l te mouri anvan, pandan, oswa apre akouchman an?

Chèche konnen si pitit la te malad oswa si l te mouri. Si li gen pitit ki te mouri, li ka gen yon pwoblèm nan san l ki rele enkonpatibilite Rh. Osinon, ka gen lòt bagay ki te lakòz bebe a (yo) mouri. Fè tès pou wè si manman an fè tansyon wo, dyabèt, anemi, malnitrisyon, oswa si l gen lòt maladi. Tout bagay sa yo ka lakòz lanmò tibebe. Chèche konsèy medikal.

Èske li gen timoun ki te fèt tou domaje?
  • Gen kèk kalite domaj timoun nan ka pran nan ras. Mande manman an si gen lòt moun nan fanmi li oswa bò kote papa a ki te fèt ak domaj. Timoun ki pral fèt la ka gen menm pwoblèm nan.
  • Gen lòt kalite domaj se maladi ki lakòz yo tankou dat/zona (chanpiyon sou po) oswa ribeyòl. Si fi a te gen dat/zona oswa ribeyòl nan gwosès anvan an, gen anpil chans pou pitit li pral fè kounye a pa gen domaj. Fanm ansent fèt pou evite rete kot moun malad.
  • Gen timoun ki fèt tou domaje paske yo te vin an kontak avèk pwodui chimik danjere, dwòg, oswa sèten medikaman.
  • Gen timoun ki fèt tou domaje akoz yo te malnouri.
  • Gen timoun ki fèt tou domaje san pèsonn pa konnen poukisa.


Gade Sa pou w fè pou bebe a pou w jwenn plis enfòmasyon sou timoun ki fèt tou domaje.

Èske l te fè sezaryèn (akouche pa mwayen operasyon)

Nan yon operasyon sezaryèn, doktè a koupe vant manman an ak matris li pou l ka retire bebe a. Lè bebe a fin soti, doktè a rekoud matris la ak vant lan. Poutèt sa, gen yon sikatris ki rete sou vant lan avèk youn ki rete sou matris la. Pafwa yo oblije fè sezaryèn nan paske pitit la pa ka pase nan basen manman an. Pafwa tou yo oblije fè sezaryèn paske pitit la an danje e yo bezwen mete l deyò byen vit.

Note sa: Operasyon sezaryèn sove anpil vi, men gen anpil kote yo fè yo twòp, swa paske li pi fasil pou doktè a, oswa paske fi mal konprann, li panse sezaryèn nan pi fasil pou li. Sezaryèn se yon bagay ki dwe fèt sèlman nan ka dijans.


Pifò fi ka toujou fè akouchman nòmal menmsi yo te fè sezaryèn anvan sa. Sepandan, gen yon ti chans piti sikatris ki sou matris la ka ouvri ankò pandan fi a gen tranche. Si sa rive, fi a ka senyen pa anndan, konsa li menm ak tout pitit la ka mouri. Poutèt sa, li pi bon pou yon fi ki te fè sezaryèn deja fè lòt pitit apre a nan yon sant sante oswa yon lopital, oubyen toupre youn. Si li pito akouche lakay li, fè aranjman pou l jwenn bonjan swen medikal pou sizoka ta gen yon pwoblèm pandan tranche a.

Si nenpòt nan bagay nou pral di la yo se verite, fi a oblije al akouche nan yon sant sante:

  • Li gen mwens pase 2 an depi l te fè sezaryèn.
  • Bebe a gwo anpil oubyen li nan yon move pozisyon nan matris la.
  • Fi a te fè sezaryèn paske basen l lan pa t byen pran fòm pandan l te timoun. Jeneneralman sa rive paske manman an te konn malnouri.
  • Direksyon sikatris ki nan matris la monte desann.
a woman with a left-to-right scar on the outside of her belly.
a woman's womb with an up-and-down scar on it.
Yon sikatris ki fèt konsa sou matris la gen plis chans pou l ouvè ankò pandan tranche a.
Yon sikatris ka fèt nan yon direksyon sou deyò… …epi sikatris ki sou matris la ka fèt nan yon lòt direksyon.

Malerezman, ou pa konnen ki jan sikatris ki sou matris la ye dapre sa w wè sou vant lan. Sikatris ki sou vant lan ka yon jan, alòske sikatris ki sou matris la yon lòt jan. Sèl fason pou w konnen se lè w gade nan dosye medikal li a nan lopital la, oswa w mande doktè ki te fè sezaryèn nan.

Èske li an sante?

Yon fi ki an sante gen plis chans pou gwosès la byen pase. Gade Chapit 4 pou w wè ki sa pou fanm ansent yo fè pou yo ka rete an sante. Epi, gade Chapit 18 pou w ka aprann kòman pou medam yo evite enfeksyon nan vajen. Gen kèk pwoblèm sante ki senp ki ka lakòz gwo pwoblèm pandan gwosès la.

MW Ch7 Page 97-1.png

Si yon fi ta soufri avèk nenpòt nan pwoblèm sa yo pandan l ansent, li dwe wè yon doktè pou yo ka ede l ak pwoblèm nan, epi pou yo ka fè l konnen si l dwe akouche lopital:


Malarya

Malarya se yon enfeksyon nan san ki lakòz moun nan gen san frèt avèk fyèv. Kèk moun ki fè malarya fasil se jèn fi, fi ki sou premye pitit yo, ak fi ki soufri lòt maladi. Malarya gen plis danje pou fanm ansent ansanm ak bebe yo. Yon fanm ansent ki gen malarya gen plis chans pou l fè anemi, foskouch, akouche anvan lè, pitit ki fèt twò piti, pitit ki fèt tou mouri, oswa pou l mouri li menm.

Li enpòtan pou fanm ansent yo evite atrape malarya, oubyen tou, yo dwe trete byen vit si yo tonbe malad. Medikaman pou malarya konn chè anpil, epi yo ka gen efè segondè; men pito yon moun pran medikaman yo olye pou l rete malad ak malarya.

Malerèzman, tretman pou malarya pa menm tout kote oubyen l pa menm pou tout moun. Nan anpil zòn, remèd yo te konn itilize pou anpeche oswa pou trete malarya yo vin pa efikas ankò. Kounye a, nan zòn sa yo se lòt kalite medikaman yo bay, oswa yo fè konbinezon medikaman. Epitou, yon moun ki trè malad ak malarya ka pa bezwen menm tretman ak yon moun ki pa twò grav. Gen kèk medikaman pou malarya ki se danje pou fanm ansent, tankou “primaquine”.

Nan zòn kote malarya ap fè anpil ravaj, yo ka bay tout fanm ansent medikaman yon fason pou apeche yo fè maladi a. Chèche konnen ki medikaman otorite sante lokal yo rekòmande.

MW Ch7 Page 98-2.png

Si yon fi gentan gen malarya, li dwe trete l tousuit. Nan anpil zòn, doktè yo rekòmande yon medikaman ki rele klowokin; fanm ansent ka pran l san danje, e yo ka trete avè l ankò si malarya a tounen. Men, klowokin nan pa mache tout kote. Gen kote yo itilize yon konbinezon medikaman ki rele “ACT” ki baze sou “artemisinin”. Gen plizyè kalite ACT, donk, se pou w chèche konnen sa otorite sante yo rekòmande nan zòn pa w la. Nou bay yon posiblite pi ba a.


Pou trete malarya ak ACT

  • Artemether + lumefantrine
  • Artesunate + amodiaquine
  • Artesunate + mefloquine
  • Artesunate with sulfadoxine + pyrimethamine
  • Dihydroartemisinin + piperaquine


Kounye a gen yon tès pou malarya ki rapid. Fanmsaj ka aprann fè l pou yo ka konnen tousuit kiyès ki bezwen tretman.

MW Ch7 Page 98-1.png

Se marengwen ki pwopaje malarya. Pou w pa pran malarya, pa kite marengwen pike w.

  • Pa kite okenn ma dlo dòmi kote w, epi evite kote ki mikte oswa ki imid kote marengwen yo rete.
  • Itilize remèd lokal pou chase marengwen yo. Gen moun ki pase luil sitwonèl sou po yo.
  • Itilize remèd ki ka repouse marengwen yo, sitou nan lè yo renmen pike moun.
  • Dòmi ak moustikè ki tou trete ak pwodui ki pou repouse marengwen.


Moustikè ki tou trete yo pa danjere, men pa flite pestisid pou marengwen (tankou Baygon) sou kabann nan, sou zòrye, oswa sou dra yo paske yo se pwazon.

VIH ak SIDA

SIDA se yon maladi ki vin devlope lè kò moun nan pa ka goumen kont enfeksyon. Mikwòb ki bay SIDA a se yon ti viris toupiti (yon jèm) yo rele VIH. Yon moun ka gen jèm VIH pandan plizyè ane anvan l kòmanse malad. Men, finalman VIH la pral fè l pi difisil pou kò moun nan goumen kont enfeksyon, konsa moun nan ap kòmanse gen pwoblèm sante. Lè moun nan kòmanse malad pi souvan, epi li pa refè fasil, sa vle di moun nan gen SIDA. Pran medikaman epi byen manje ka ede l goumen kont enfeksyon VIH lakòz yo, konsa li ka byen viv pandan lontan. Men, pa gen gerizon pou VIH.

Kò man VIH pwopaje

Jèm VIH la rete nan likid ki nan kò moun ki gen VIH la, tankou nan san, espèm, likid ki nan vajen an, ak lèt tete fi a. Jèm nan pwopaje lè likid sa yo ale nan kò yon lòt moun. Men ki jan VIH ka pwopaje:

Fè sèks san kapòt ak yon moun ki gen VIH.

MW Ch7 Page 99-2.png
Pike oswa blese avèk yon zouti ki pa esterilize ki gen jèm nan.

MW Ch7 Page 99-3.png
San kontamine ki tonbe sou yon blese oswa maleng yon lòt moun.

someone bandaging another person's bleeding arm.
Yon manman ki gen VIH ka pase l bay bebe a pandan gwosès la, pandan akouchman an, oswa lè l ap ba l tete

MW Ch7 Page 99-5.png

Nan zòn kote yo pa byen analize san pou jèm VIH la, moun konn pran jèm nan grasa tranfizyon san.

Li enposib pou konnen si yon moun gen VIH/SIDA lè w gade l sèlman. Moun ka fè yon analiz san pou sa, men si yo pa fè analiz la, pifò moun pap konnen si yo gen maladi a jiskaske yo vin malad anpil. Men, VIH la ka enfekte lòt moun nenpòt lè. Poutèt sa, li enpòtan pou tout moun pwoteje tèt yo kont VIH/SIDA lè yo fè sèks yon fason ki pridan, yo sèvi ak kapòt kòrèkteman, epi yo esterilize zouti ak lòt ekipman yo itilize yo.

Fanmsaj ka anpeche VIH gaye

VIH se yon pwobèm k ap vin pi plis toupatou. Ou menm ki fanmsaj, ou ka travay pou anpeche VIH simaye. Ankouraje tout fanm ansent ak moun ki konn fè sèks avè yo pou yo fè tès VIH/SIDA. Si yon fi gen VIH, ede l planifye gwosès li byen, oubyen ede l pou l pa tonbe ansent si se pa sa l vle (gade Chapit 17). Fanmsaj ka travay tou pou yo anpeche fi ki ansent oubyen k ap bay tete atrape VIH. Lè yon fi enfekte pandan l ap bay tete, li fasil pou l bay bebe a jèm nan tou.

Yon fason enpòtan pou w fè sa se lè w aprann fi ak gason pou yo sèvi ak kapòt. Men, sonje sa: menmsi moun yo konnen ki jan kapòt pwoteje yo kont VIH/SIDA, yo ka bezwen èd pou yo aplike konesans sa a. Pa egzanp…

  • Gen moun, sitou jèn avèk fi, ki pa gen otorite pou yo deside ki jan y ap fè sèks. Si yo pa vle fè sèks, oswa si yo vle itilize kapòt, moun yo avè l la ka pa dakò.
  • Gen moun ki senpleman pa vle sèvi ak kapòt. Yo ka vle vin ansent. Yo ka pa renmen jan kapòt la fè yo santi yo. Yo ka vle fè sèks konsa konsa, san anyen pa jennen yo. Yo ka panse si yo itilize kapòt se kòmsi yo pa fè moun yo avè l la konfyans. Gen lòt moun ki pa gen kòb pou achte kapòt la, oswa yo difisil pou jwenn.
  • Gen moun ki santi yo sanzespwa. Si gen anpil moun bò kote yo ki malad oswa k ap mouri ak SIDA, yo panse yo pa ka fè anyen pou sa, kòmsi yo pa menm bezwen eseye.


Pwoblèm konsa pa rezoud fasil. Men, sante ak avni nou tout depann de zafè ralanti VIH la, donk fòk nou fè efò. Chèche fason pou w pale ak moun epi ankouraje yo pou yo pale youn ak lòt sou ki rezon ki ka lakòz moun gen difikilte pou yo pwoteje tèt yo kont VIH/SIDA.

2 women speaking in a group of 4 women with babies.
Ki jan pou m mande mari m pou l mete kapòt?
Mari m ta sèvi avèk yo men nou pa gen kòb pou sa.
Swen pou fanm ansent ki gen VIH/SIDA

Piske SIDA touye moun san gad dèyè, tout moun pè maladi a. Poutèt sa, lòt moun maltrete moun ki fè maladi a. Move tretman sa a pap fè SIDA sispann gaye; sa sèlman lakòz plis soufrans. Ou menm ki fanmsaj, ou dwe respekte fanm ansent ki gen VIH/SIDA, epi ba yo bonjan swen, menm jan w t ap fè pou nenpòt lòt fi. Sa ap yon egzanp pou lòt moun ki nan kominote a.

Note sa: Pou anpil fi, premye fwa yo aprann yo gen VIH se lè yo ansent. Medam sa yo bezwen sipò pou yo ka fè fas ak nouvèl sa a, ak sa l pral vle di pou fanmi yo. Li enpòtan tou pou nou youn pa di lòt moun fi a gen VIH san li pa dakò sa.


Fanm ansent ki gen VIH/SIDA bezwen pran plis swen toujou ak sante yo pase lòt fi. Li sitou enpòtan pou yo byen manje, evite enfeksyon, epi trete maladi rapid. Ankouraje yon fanm ansent ki gen VIH/SIDA pou l vizite ou menm oubyen yon lòt pwofesyonèl lasante regilyèman. Veye medam konsa pou siy ki endike li fè lòt maladi moun pran nan fè sèks (gade Chapit 18. Ede yo evite malarya, epi se pou yo fè egzamen tibèkilòz (TB). Ede yo (ansanm ak mari/menaj yo tou si nesesè) jwenn tretman pou jan de maladi sa yo si yo bezwen sa.

Yon fi ki gen VIH/SIDA ki ansent 3 mwa oswa plis ka fè plis toujou pou l evite plizyè enfeksyon (tankou nemoni, dyare, malarya, ak lòt) lè l pran yon antibyotik ki pa koute chè ki rele “cotrimoxazole” chak jou.

Li enpòtan pou fanm ansent ki gen VIH/SIDA jwenn tretman pou maladi a, epi pou yo jwenn bonjan swen pandan gwosès la. Chèche swen medikal nan zòn nan pou li, sitou yon pwogram tretman VIH. Si zòn nan gen yon bon sant sante ki byen ekipe, pito manman an akouche ladan l.

MW Ch7 Page 101-1.png

Medikaman VIH ka pwoteje bebe a

Si yon fi pa fè anyen pou sa, gen yon chans 1 sou 4 pou bebe l la pran VIH la tou pandan akouchman an. Fanm ansent ki gen VIH ka pran medikaman VIH (ki rele “ART”) pandan yo ansent, e sa pral vrèman diminye chans pou pitit la trape maladi a.

Medam ki gen VIH bezwen ART pou sante pa yo. Men, gen fanm ansent ki gen VIH ki pran medikaman ART yo sèlman pou anpeche pitit la trape viris la, e yo sispann pran l apre akouchman an. Bebe a ap bezwen pran medikaman apre l fin fèt. Gade Medikaman pou VIH/SIDA pou w aprann plis sou fason yo itilize medikaman ART yo. (Epitou, gade Sitiyasyon ki konn gen efè sou kesyon bay bebe tete pou w aprann ki jan pou manman an pa bay pitit li ki nan tete viris la.)

Fi ki gen jèm VIH/SIDA nan san l ka gen plis pwoblèm lè l ansent. Men ki pwoblèm yo konn genyen pi souvan:

  • Foskouch, sitou ta nan gwosès la, tankou lè bebe a fèt tou mouri.
  • Akouchman anvan lè.
  • Pwoblèm apre akouchman an, tankou senyen ak enfeksyon.


Yon fanmsaj dwe prepare l pou pwoblèm sa yo si l ap pran swen yon fanm ansent ki gen VIH/SIDA.

Èske fi a te pran vaksen cont tetanòs? Si wi, ke lè?

Mikwòb ki lakoz tetanòs rete sitou nan fimye oswa nan poupou, e moun atrape tetanòs lè mikwòb la antre nan kò yo pa mwayen yon maleng oswa yon blese. Yon manman ka atrape tetanòs si yon moun mete yon bagay ki pa esterilize anndan matris li oswa vajen l pandan oubyen apre akouchman, oswa lè l ap fè yon avòtman. Yon bebe ka pran tetanòs si yo koupe kòd lonbrik la ak yon zouti ki pa esterilize, oswa si yo mete salte (tankou tè oubyen poupou) sou pwent kòd la.

Vaksen tetanòs

Tout moun dwe pran vaksen tetanòs pou yo pa pran maladi a. Li pi bon pou moun nan kòmanse pran vaksen sa yo lè yo timoun, konsa yo pwoteje depi yo piti.
Moun ki pran tout vaksen sa yo pap pran tetanòs menmsi yo ta atrape mikwòb tetanòs la.

a health worker holding a syringe and speaking to a pregant woman, who responds.
Vaksen sa yo pral pwoteje ou menm ak pitit la kont tetanòs… pandan yon ti tan.
Se
bon!

Fanm ansent ki pa t pran tout dòz vaksen ki nan pwogram pi wo a dwe pran 2 vaksen, youn 4 semèn apre lòt la. De vaksen sa yo ap pwoteje fi a pou sèlman 3 an. Poutèt sa, si w pa ka ba li tout vaksen yo, ou dwe ba li 2 lòt vaksen menm jan an lè li vin ansent ankò.

Lè fanm ansent pran vaksen, sa pwoteje bebe a tou pou l pa pran lafyèv tetanòs pandan 3 premye semèn apre li fin fèt. Men, apre sa, fòk bebe a vaksinen pou l ka toujou pwoteje kont maladi a.

Li difisil pou w konnen kantite pwoteksyon yon fi gentan genyen kont tetanòs. Anpil moun pa sonje si yo te gentan pran vaksen. Si w pa konnen si yon moun te pran vaksen, fè kòmsi li pa t janm pran l. Depi fi a ansent, ba l vaksen an. Yon vaksen anplis pap fè l ditò.

Èske li sou medikaman kounye a?

Ht MW Ch7 Page 103-1.png

Li pi bon pou yon fi pa pran medikaman oswa remèd fèy pandan l ansent. Gen anpil remèd ki ka deranje bebe ki nan vant.

Si yon fanm ansent bezwen pran yon medikaman, gade Medikaman (paj koulè vèt yo): izaj, dòz, ak prekosyon pou pran vèt yo ki nan fen liv la pou w ka wè si remèd la bon pou fanm ansent. Si remèd la pa nan lis la, chèche konsèy medikal.

MW Ch7 Page 103-2.png
Pye oti a (“Urtica dioica”) gen kalsyòm, vitamin K, asid folik, ak anpil lòt bon vitamin nourisan.
Men, pwoteje men w lè w ap keyi yo pou w pa pike.

Sipleman ak fòtifyan (vitamin)

Sipleman oswa fòtifyan se medikaman oswa remèd fèy ki konn pa danjere pou fanm ansent. Vitamin ak konprime fè ki pou fanm ansent konn bon pou lasante epi yo pa lakoz okenn danje. Yo ede fi a jwenn vitamin ak mineral kò a bezwen.

Gen fèy ki pa pou geri maladi, men ki ka fòtifye kò a. Fèy sa yo gen vitamin ak mineral ki ede bebe a grandi. Yo pa gen danje epi yo ede fanm ansent lan. Kèk nan fèy sa yo rele oti, trèf, epi franbwaz wouj. Fèy sa yo pa gen menm non tout kote, donk, ou dwe mande moun ki byen konnen remèd fèy anvan w bay yon fanm ansent youn nan fèy sa yo.

Èske li konn fè alèji ak medikaman?

MW Ch7 Page 103-3.png

Depi yon fi ta pran yon remèd, epi apre sa li gen yon pwoblèm sante tankou gratèl, kò anfle, oswa pwoblèm respirasyon, pa ba li remèd sa a ankò. Pwoblèm sa yo se siy ki montre li fè alèji ak remèd la. Si yon fi pran yon medikaman li fè alèji avè l, li ka tonbe malad grav oubyen li ka menm mouri. Toutotan l ap viv, alèji a ka aji sou li nenpòt ki lè.

Ekri non remèd la pou nou toude ka sonje l. Esplike fi a li pa dwe janm pran remèd sa a ankò, epi li dwe toujou fè doktè oswa lòt pwofesyonèl lasante konnen sa k te rive lè l te pran remèd la.

Note sa: Gen kèk medikaman ki nan menm “fanmi”. Yo sanble anpil. Pa egzanp, penisilin ak anpisilin soti nan menm fanmi. Se sa k fè non yo sanble. Si yon fi fè alèji ak youn nan medikaman sa yo, li pwobab pou l fè alèji ak yon lòt ki soti nan menm fanmi an. Gade Kalite medikaman pou w jwenn plis enfòmasyon.

Pa gen danje si yon fanm ansent oswa nenpòt moun pran medikaman ki pa soti nan menm fanmi ak sa ki ba yo alèji a.

Ki lòt bagay nan lavi l ki ka gen yon efè sou gwosès la ak akouchman an?

Lajan

Manke lajan lakòz anpil pwoblèm pou medam yo ak tout fanmi yo. Li ka lakòz pwoblèm fizik, tankou manke manje. Li ka lakòz pwoblèm afektif tou, tankou strès, laperèz, ak tristès. Tout pwoblèm sa yo ka bay tètchaje ni nan gwosès la, ni nan akouchman an, ni nan leve timoun.

Lè yon fi ansent, li bezwen omwen 2 bagay sa yo: manje ki bon pou li, epi bonjan swen sante nan ka dijans.

Si moun w ap ede a pa gen lajan pou bagay sa yo, ede l jwenn yo oswa ede l prete yo.

Sityasyon l ap viv la

  • Èske l ka jwenn yon kote prive ki byen pwòp pou l akouche?
  • Èske gen dlo potab?
  • Èske gen yon moun nan kay la ki gen maladi li ka atrape (maladi kontajèz)?
  • Èske gen moun ki fimen nan kay la? Èske fason you kuit manje a fè lafimen anndan kay la? Lafimen sa a nuizib anpil pou sante a.


Ede l jwenn yon kote ki pwòp epi ki san danje pou l akouche.

Distans lakay li ak lopital la

MW Ch7 Page 104-1.png
  • Èske l ka vin kote w pou konsiltasyon pandan gwosès la? Èske w ka al lakay li?
  • Si l rete lwen, èske w ka aprann li ki jan pou l fè kèk pati nan konsiltasyon an li menm poukont li?
  • Ki distans li parapò ak sant sante a, klinik la, oswa lopital la? Èske li bezwen rete yon kote ki pi pre lè akouchman an prèske rive?
  • Èske gen telefòn pou l ka rele si l gen yon ijans?

Travay

  • Ki kantite travay li fè nan kay la oubyen deyò?
a woman sewing in a factory while a pregnant woman sweeps the floor.
  • Èske li jwenn tan pou l repoze?
  • Èske travay li a mete l an danje, tankou mete l an kontak ak pwodui chimik? Èske li ka jwenn pwoteksyon kont danje sa yo nan travay li a?


Li enpòtan pou yon fanm ansent pran pòz nan travay li a detanzantan. Li dwe manje, bwè, epi pipi souvan. Travay la pa dwe fè l redi.

MW Ch7 Page 105-2.png

Fanmi

Mari ak lòt manm fanmi yo ka ankouraje manman an epi bay l bonjan sipò pandan gwosès la. Yo ka ede l fè travay nan kay la, pran swen lòt timoun yo, ede l jwenn ase manje ak tan pou l repoze, epi pataje kè kontan l lan ansanm avè l.

a woman at a stove speaking to a pregnant woman sitting nearby.
W ap bwè yon ti bouyon?
Wi, mèsi.
Gen fi ki bezwen plis atansyon

Yon fi ap bezwen plis atansyon si li pa jwenn anpil sipò nan men fanmi l, si li pa gen mari, oswa si mari a pa ba li bonjan sipò.

Manman k ap leve pitit yo poukont yo konn trè bon manman ki pran swen pitit yo avèk anpil lanmou, men, lavi a ka pi di pou yo pase fi ki gen mari. Gen moun ki ka meprize manman k ap leve pitit yo poukont yo, kòmkwa yo se vye moun imoral, e konsa yo ka pa sousye yo de bezwen manman sa yo. Men, se pou nou bay manman sa yo bonte yo merite a, epi ba yo plis swen si yo pa gen fanmi ak zanmi pou ede yo.

Manman ki trè jèn, pafwa se fòse yo te fòse yo marye avèk gason ki pi gran pandan yo te piti toujou. Jèn fi sa yo bezwen yon atansyon espesyal.

Fi ki ansanm ak gason k ap maltrete yo, k ap bwè tafya oubyen k ap pran dwòg, ki pa janm nan kay la, oswa ki gen lòt fi, tout medam sa yo bezwen atansyon espesyal nan men manm fanmi yo, zanmi yo, ak ou menm. Yon fi ka bezwen kite gason li avè l la, oswa li ka vle rete avèk li jiskaske li jwenn yon kote ki apwopriye pou l ale. Gade liv ki rele Kote Fanm Pa Jwenn Doktè pou w jwenn plis enfòmasyon sou fi k ap sibi move tretman.

Fanmi konn sove lavi
Souvan se mari ak fanmi fanm ansent lan ki pi enpòtan nan kesyon ka dijans. Chèche konnen si fi a bezwen pèmisyon anvan li ka resevwa asistans medikal nan ka dijans. Pa egzamp, si nan kominote a se mari a ki pou bay pèmisyon pou madanm li ka ale nan sant sante a oswa lopital la, mari a dwe bay pèmisyon an depi nan gwosès la. Konsa, si mari a pa la lè fi a gen tranche, yo pap bezwen pran reta pou yo chèche swen li ka bezwen pou sove lavi l.

Aprann mari a, bèlmè a, oswa lòt fanmi pwòch tout siy ki pou avize yo fòk yo mennen fi a al jwenn swen medikal.

Prepare yon mwayen transpò

Nenpòt fi ka gen pwoblèm grav ki merite yon asistans medikal. Si yon fi ap bay anpil san, si li gen enfeksyon, si l gen pre-eklanmsi, oswa si l gen kèk lòt pwoblèm grav pandan li gen tranche oubyen lè l ap pouse pitit la, li ka difisil pou l jwenn swen medikal ann ijans si fanmi an rete lwen lopital la. Si fanmi an rete lwen epi yo pa gen machin, yo ka pa gen mwayen pou yo ale. Epitou, yo ka pè ale lopital si yo pòv e yo pa gen mwayen pou yo peye lajan lopital la pral mande a.

a woman speaking in a group of men and women.
Fòk nou asire nou gen yon fason pou Devi al lopital la si l bezwen.

Si tout moun tann jis lè gen yon pwoblèm pou yo chèche konnen kòman y ap fè mennen manman an lopital, ka pa gen okenn solisyon. Men, si gen preparasyon ki fèt anvan akouchman an rive, pandan gwosès la, ni fi a, ni fanmi an, ni fanmsaj la, ni tout kominote a, yo tout ka fè preparasyon pou sove lavi manman an oswa bebe a. Fè yon plan pou nou jwenn mwayen transpò anvan akouchman an, e fè sa pou chak fi ki ansent. Lè w ap fè plan sa a, fè l ansanm avèk fanmi an ak lòt moun nan kominote a.

2 women speaking in a group of women.
Marima, 3 medam te mouri nan men w ane pase a. Èske w konnen poukisa?
Yo plis mouri pandan sezon lapli a lè wout yo pa bon.

Plan transpò nou fè ak kominote a dwe prevwa solisyon pou tout pwoblèm transpò ki ka anpeche yon moun jwenn asistans medikal lè l gen bezwen. Pou w ka konprann pwoblèm sa yo, se pou w pale ak lòt fanmsaj ki te konnen fi ak timoun ki mouri nan tranche oswa nan akouchman. Pale ak moun ki pèdi bebe oswa manman nan fanmi yo. Mande yo ki lè fanmsaj la oswa fanmi an te konnen gen yon pwoblèm, epi konbyen tan yo te rete ap tann anvan yo te jwenn asistans. Chèche konnen poukisa fanmsaj la ak fanmi an pa t al chèche èd pi bonè. Si sa posib, ankouraje fanmi sa yo pou yo chita pale youn ak lòt. Envite lidè nan kominote a pou yo vin tande sa fanmi sa yo ak fanmsaj yo gen pou yo di sou koze a.

Gen anpil rezon ki ka lakòz fanmsaj la oswa yon manm fanmi an pran reta pou yo jwenn swen ann ijans:

  • Fi a, fanmi l, oswa vwazen l yo ka kwè fòk mari a, oswa yon lòt manm nan fanmi an, bay fi a pèmisyon pou l chèche swen.
  • Fanmsaj la ka pè pou moun nan lopital la pa di se li menm ki responsab pwoblèm ki rive a.
  • Fanmi an oswa fanmsaj la ka panse pa gen okenn espwa, kòmsi ale lopital pap regle anyen ankò.
  • Fanmi an ka pa gen lajan.
  • Ka pa gen machin, kamyonèt, oswa lòt mwayen transpò.


MW Ch7 Page 107-2.png

Apre nou fin site poukisa moun nan kominote a pa jwenn èd, chèche solisyon. Ou ka jwenn solisyon nan fanmi an menm. Si mari a dwe bay pèmisyon pou fi a al lopital, li ka bay pèmisyon sa a davans pou sizoka li pa la lè fi a gen tranche. Gen pwoblèm ki ka gen pi bon solisyon lè se tout kominote a ki mete bouch ansanm. Nan kèk ti zòn, tout fanmi mete yon ti kòb ansanm chak ane. Nenpòt moun nan kominote a ki ta bezwen èd medikal ka pran nan lajan sa a pou peye transpò pou ale lopital lè gen ijans.

Si tout moun rive konprann soufrans yon fi ki gen tranche, yo ka mete tèt yo ansanm pou yo ede fi yo jwenn bonjan swen sante. Nan pale avèk fanmi ak lòt moun nan kominote a sou zafè pwoblèm lè gen ka dijans, ou ka ede yo fè yon plan ki mache.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024