Hesperian Health Guides

Maladi moun pran nan fè sèks ki afekte tout kò a

Nan chapit sa:

VIH ak SIDA

VIH se yon viris ki atake sistèm iminitè yon moun. Sa vle di, li fè kò moun nan pèdi kapasite l genyen pou l konbat kont maladi. VIH fè kò nou mal pou l konbat kont maladi li abitye konbat kont yo toutan. Moun ki gen VIH tonbe malad byen fasil ak maladi tankou diyare, nemoni, tibèkiloz, kansè, ak enfeksyon. VIH/SIDA pa gen gerizon, men gen tretman ki ka ede moun nan pou l pa malad twò fasil. Yon moun ki jwenn tretman, ki byen manje, ki pran swen kò l, tèt li, ak espri l, li ka viv plis tan e l ap plis an sante.

VIH pwopaje lè san yon moun ki enfekte ak VIH, lèt tete l, likid vajen l, oswa espèm li, antre nan kò yon lòt moun. Li pwopaje sitou fason sa yo:

fè sèks ak yon moun ki gen VIH yon manman ki enfekte pase l bay pitit li ki nan vant zegui, zouti ki koupe, ak lòt zouti ki pa esterilize
MW Ch18 Page 334-1.png
MW Ch18 Page 334-2.png
MW Ch18 Page 334-3.png


Kote yo pa ka fè tès pou VIH, moun ka pran VIH la lè yo fè yon transfizyon san. Pafwa, manman ki gen VIH/SIDA pase VIH la bay tibebe yo lè yo ba yo tete.

Siy VIH/SIDA

Moun ki gen VIH ka pa gen okenn siy pandan yon bon bout tan, menm jiska 10 an. E menmsi l pa montre okenn siy, li ka bay lòt moun viris la. Sèl fason pou sèten si yon moun gen VIH oubyen non, se si l fè yon egzamen pou sa.

Lè VIH la rive nan stad SIDA, moun nan pèdi kapasite kò l te genyen pou l konbat kont enfeksyon nan pwen li fè anpil maladi, menm maladi dwòl ki difisil pou pran san w pa gen VIH, tankou “sarcome de Kaposi” (yon tip de kansè). Yon lòt siy ki montre yon moun gen SIDA se yon egzamen san ki montre jan sistèm iminitè a fèb.

Pou anpeche VIH pwopaje, tout medam yo dwe:
a man and woman lying together on a mat.
2 moun ki pa gen VIH ki rete fidèl youn ak lòt ka fè sèks san kapòt san yo pa pran VIH nan fè sèks.
  • Fè yon egzamen VIH.
  • Chèche tretman pou nenpòt lòt enfeksyon.
  • Itilize kapòt chak fwa l ap fè sèks ak yon moun ki gen VIH, oswa ak yon moun li pa konnen si l enfekte, oswa ak yon moun ki ka gen lòt fi/gason sou kote.
  • Pa itilize sereng, zegui, oswa lòt zouti ki ka sal. Se sèlman zouti ki byen esterilize pou moun itilize lè y ap koupe po oswa ap pèse kò yo. Sa gen ladan l zouti moun sèvi pou pèse zòrèy, pou fè akiponkti, pou fè tatwaj, pou fè sikatris, oswa pou fè sikonsizyon.
  • Chèche tretman pou VIH.

Ki jan pou rete an sante lè w gen VIH

Lè VIH ap atake sistèm iminitè yon fi, li trèzenpòtan pou l evite e trete tout enfeksyon:

  • Si l gen nenpòt siy ki endike li gen yon lòt MPS, tankou gratèl, ekoulman ki pa nòmal, maleng nan pati jenital, oswa si kò l ap grate l, li dwe wè yon pwofesyonèl lasante.
  • Li bezwen manje plis e li dwe manje bagay ki bon pou kò a. Sa ka ede l tou si l pran konprime milti-vitamin.
  • Fò l pwoteje tèt li kont tibèkilòz (TB). Moun ki gen VIH mouri pi fasil ak tibèkilòz pase nenpòt lòt maladi. Yon fi ki gen VIH dwe rete lwen moun k ap soufri ak tibèkilòz, e si l gen siy tibèkilòz, li dwe wè yon pwofesyonèl lasante tousuit. Siy TB yo se tous, swè anpil pandan nuit lan, lafyèv, ak pèdi pwa.
  • Li dwe bwè sèlman dlo ki byen trete yon fason pou l evite diyare ak lòt pwoblèm. Fi ki gen VIH bezwen soutyen nan domèn afektif, tou. Ankouraje yo chèche apui nan men moun yo fè konfyans. Yo ka aprann anpil nan men moun ki gen VIH deja.


MW Ch18 Page 335-1.png

Si yon fi ki gen VIH kòmanse tonbe malad (pa egzanp si bò bouch li blese, li pèdi pwa, li gen gratèl, oswa li toujou gripe), li ka pran “cotrimoxazole” chak jou pou pwoteje l kont anpil enfeksyon e pou ede sistèm iminitè li rete an sante pandan plis tan.

Si l posib, yon fi dwe fè yon egzamen san ki rele kontaj CD4. Egzamen an montre nan ki nivo sistèm iminitè yon moun ye lè l konte kantite selil CD4 ki nan san an. Tank chif la wo se tank kò a ka pi byen konbat kont enfeksyon. Yon fi gen gen mwens pase 350 CD4 bezwen trètman pou sa.

Medikaman pou VIH/SIDA

Medikaman yo rele ART yo ka ede moun ki gen VIH gen pi bon sante epi ede yo viv plis tan. Epi, medikaman sa yo ede yon bebe pou l pa enfekte pandan gwosès ak akouchman.

Yo dwe pran medikaman ART yo chak jou nan menm lè a pou yo bay bon rezilta. Si yon fi sispann pran l, VIH li pral vin gen plis fòs, e fi a ap tonbe malad. Annapre, si l rekòmanse pran ART, VIH la ap pi difisil pou l trete avèk menm medikaman yo.

Yo toujou ap envante nouvo medikaman pou VIH/SIDA, epi medikaman ki pi bon yo ap chanje regilyèman. Medikaman ki gen anpil fòs sa yo ka gen efè segondè. Se sa k fè li enpòtan anpil pou mande otorite lokal nan zafè sante yo ki medikaman ak ki melanj medikaman ki pi bon nan zòn pa w la ak pou nivo maladi chak fi. Pou fè tretman yon moun ki gen SIDA e ki gen lòt maladi akoz SIDA a, ou dwe ba li yon melanj 3 a 4 medikaman diferan. Gendelè melanj sa a tou fèt. Ap jwenn plis enfòmasyon sou tretman VIH/SIDA, sou melanj plizyè medikaman, epi sou fason moun ka anpeche VIH simaye soti nan manman pou ale nan bebe l la.

Note sa: Nan zòn ki poko gen medikaman sa yo oswa kote medikaman sa yo twò chè, l ap difísil anpil pou medam yo jwenn medikaman yo bezwen pou yo viv byen. Men kanmenm, ou sipoze jwenn medikaman k ap ede anpeche VIH/SIDA simaye soti nan manman an pou ale nan bebe a pandan akouchman an.

Epatit B

Yon moun ki malad nan fwa se yon moun ki fè maladi epatit. Epatit B se yon viris ki lakòz yon enfeksyon grav nan fwa. Epatit B pwopaje lè san oswa lòt likid nan kò yon moun soti nan yon moun ki enfekte pou l antre nan kò yon lòt moun ki poko enfekte. Likid sa yo gen ladan yo krache, likid ki soti nan vajen, ak espèm. Epatit B simaye fasilman soti sou yon moun pou ale nan yon lòt, sitou lè y ap fè sèks. Konsa tou, yon manman ka pase l bay pitit li ki nan vant.

Siy epatit (sa gen lad an l epatit B)
  • Pa gen apeti
  • Li santi l fatige e fèb
  • Je koulè jòn epi pafwa po koulè jòn (sitou pla men ak anba pla pye)
  • Doulè nan vant ak noze
  • Pipi koulè mawon (tankou koka), epi poupou ki gen ti koulè blanch
  • Oubyen, li gendwa pa gen siy ditou
MW Ch18 Page 336-1.png
Tretman

Pa gen medikaman ki ka ede ak sa. Anfèt, medikaman ka menm fè fwa a vin pi mal. Men, pifò moun rive refè anba epatit B.

Moun ki gen epatit B ka fè mye pi vit si yo pran repo, manje bagay ki fasil pou dijere, epi yo pa bwè alkòl ditou.

Epatit B ak gwosès

Si yon fi bay siy ki endike li gen epatit B pandan li ansent, li bezwen wè yon doktè. Bebe a ap bezwen vaksen apre akouchman an pou anpeche l trape epatit B a.


Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024