Hesperian Health Guides

Verifye eta fizik manman an

Nan chapit sa:

Apre akouchman an, ou dwe kontwole si manman an pa gen siy enfeksyon, pre-eklamsi, oswa emoraji (ki ka mennen nan eta chòk). Kontwole ni tansyon manman an ni batman kè l chak 30 minit. Kontwole tanperati l chak 4 èdtan. Kontwole siy sa yo pi souvan si gen move siy.

Si manman an ap senyen apre akouchman an

MW Ch13 Page 224-1.png

Pi gwo danje pou manman an pandan twazyèm etap tranche ak akouchman an se lè l ap senyen anpil.

Nòmalman, plasenta a soti deyò tousuit apre manman an fin akouche. Apre sa matris la fè lòt kontraksyon (sere, ratresi) yon fason pou san sispann koule nan plas kote plasenta a te kole a. Si manman an pap senyen epi li pa gen okenn lòt pwoblèm sante, fanmsaj la ka jis gade, l ap tann pandan fanmi an ap fè konesans ak nouvo bebe a.

Men, si manman an kòmanse senyen, fanmsaj la dwe aji tousuit. Lè manman an ap bay anpil san, sa ka lakòz li malad, li ka santi l fatige anpil apre akouchman an, oubyen li ka menm mouri. Sou tout tè a, senyen anpil apre akouchman se youn nan kòz lanmò ki touye plis fi.

Pi souvan, lè yon fi ap bay san apre akouchman an, se kote plasenta a te kole a k ap senyen. Pandan gwosès la, venn manman yo pwopaje san nan kò matris la pou san sa a ka ale nan plasenta a. Toutotan plasenta a kole ak kò matris la, manman an pap pèdi san. Men, lè plasenta a fin dekole, venn yo ka bay twòp san si matris la pa resere vit pou l gentan peze venn yo fèmen.

Si plasenta a dekole, menmsi se yon ti pati ladan l ki dekole, men l toujou anndan matris la, sa ap pèmèt matris la ret ouvri. Menm yon ti moso nan plasenta a oswa yon ti boul san kaye ki rete anndan matris la ka lakòz li rèt ouvri. Lè matris la ouvri, venn yo ap kontinye ponpe san, e sa lakòz fi a pèdi san byen vit. Kidonk, pou manman an pa senyen twòp apre akouchman an, ou dwe asire w matris la vid, epi ede l fèmen jiskaske li vin toupiti tankou yon ti boul byen di.

Fason pou w ede a depann de si plasenta a deja soti. Apre plasenta a soti, fwote matris la se yon bon fason pou matris la ratresi pou rete san an. Pou anpil fi, li nesesè pou fwote matris yo pou l ka vin resere.

MW Ch13 Page 224-2.png

Fwote matris la
Jeneralman, matris la ratresi epi san an rete lè w fwote l byen fèm. Mete men w anlè matris la epi peze, epi anmenmtan fè ti sèk avèk men an. Matris la sipoze vin pi di e li sipoze nan mitan vant lan, li pa dwe ni adwat ni agoch. Verifye matris la chak 1 a 2 minit pandan yon ti tan. Si l vin mou ankò, fwote l jiskaske li ratresi ankò. Aprann manman an ak lòt manm fanmi yo ki jan pou yo fwote matris la pou l vin di.

Medikaman ki pou ede matris la vin ratresi
Gen medikaman ki ka ede matris la kontrakte e pouse deyò tout sa k te rete anndan l. Gen medikaman ou ka bay fi a swa anvan swa apre plasenta a soti, tankou “oxytocin” ak “misoprostol”. Men, “ergometrine” fè manman an fè yon sèl gwo kontraksyon. Li ka fè kòl matris la fèmen, donk ou dwe bay li sèlman lè plasenta a fin soti, sinon plasenta a ka rete anndan manman an. Gade anbas pou plis enfòmasyon sou medikaman ou ka bay pou rete san an.

Veye si l ap senyen anpil anvan plasenta a soti

Lè plasenta a dekole ak matris la, jeneralman gen yon ti valè san ki jayi. Sa nòmal.

Menmsi kantite san sa a ta mezire yon tas oswa plis, se pa yon pwoblèm, depi l rete vit.

Men, si l ap senyen san rete pandan plasenta a anndan toujou, sa pa nòmal. Pi gwo kòz lanmò nan akouchman se lè manman an senyen twòp.

Gen 3 fason yon fi ka pèdi twòp san (emoraji) apre akouchman:

  • Senyen fò e rapid. Manman an gendwa pèdi anpil san yon sèl kou, oswa san an ka koule fò pandan plizyè minit. Souvan, li pap pran anpil tan pou manman an vin fèb epi pou l dekonpoze. Se yon ka dijans ki grav anpil.
  • San ap degoute toupiti. Li pi difisil pou w remake sa. Men, kèlkeswa jan l ap senyen an, menmsi se degoute l ap degoute sèlman, depi li pa kanpe, sa vle di manman an an danje.
MW Ch13 Page 226-1.png
  • Senyen anndan san w pa wè. Ou pa ka wè lè manman an ap senyen konsa paske san k ap koule a rete nan matris la oswa nan vajen an. Li ekstrèmman danjere, epi li fasil pou w pa konnen si l ap fèt. Lè fi a ap senyen anndan, ou ka pa wè san an, men fi a ka santi l fèb oubyen kòmsi li pral dekonpoze. Kè l ka bat swa pi vit, swa pi lan, epi si l kontinye senyen, tansyon l ap desann. Matirs la ka monte pandan l ap vin plen ak san.

Pifò san k ap koule apre yon akouchman soti nan plas kote plasenta a te kole ak matris la. San sa a klere oswa li nwa, e souvan li pwès. Souvan, si fi a senyen anvan plasenta a soti, sa vle di yon pati nan plasenta a dekole ak matris la, epi yon pati rete kole. Rès plasenta a kenbe matris la ouvri, kifè matris la pa ka ratresi pou l rete san an.

Pafwa, san k ap koule a konn soti nan vajen an ki chire, nan kòl matris la ki chire, oswa nan matris la ki chire. Jeneralman san konsa degoute piti e san rete. Souvan, san sa a gen yon koulè wouj vif e li fen (san an pa pwès).

Li pa nòmal pou manman an ap pèdi anpil san, pou l santi l ap dekonpoze oswa pou l gen tèt vire apre akouchman an. Ou dwe fè sa k nesesè pou w rete san an. Souvan, san an rete lè plasenta a soti. Si w pa ka jwenn rezon ki lakòz l ap senyen an, mennen l lopital.

Chèche siy ki endike plasenta a dekole

MW Ch13 Page 227-1.png
MW Ch13 Page 227-2.png
Li pwobab plasenta a dekole lè gen yon ti san ki jayi epi kòd lonbrit la vin pi long.

Jeneralman, plasenta a dekole ak matris la kèk minit apre akouchman an, men pafwa li ka pran yon bon ti tan anvan l soti. Men siy ki montre plasenta a dekole ak matris la:

  • Yon kantite san jayi soti nan vajen an. Yon “kantite” san se yon ponyen san ki soti yon sèl kou. San an pa ni degoute ni kontinye koule.
  • Kòd lonbrik la parèt pi long. Lè plasenta a dekole sou matris la, li desann vin pi pre vajen an. Sa fè kòd lonbrik la parèt pi long paske gen plis kòd ki deyò kò manman an.
  • Matris la monte pi wo nan kò manman. Anvan plasenta a dekole, tèt matris la desann yon tikras anba lonbrik manman an. Apre plasenta a dekole, souvan tèt matris la monte nan nivo lonbrik la oswa yon tikras pi wo.


Si 30 minit gentan pase apre akouchman an epi pa gen siy ki endike plasenta a dekole, asire w pitit la kòmanse pran tete. Lè manman an bay pitit la tete, sa fè l gen kontraksyon, epi sa ede matris la pouse plasenta a deyò. Si plasenta a pa soti apre pitit la fin tete, mande manman an pou l al pipi. Lè vesi a plen, sa fè plasenta a pran tan pou l soti. Si plasenta a pa soti toujou, gade entriksyon ki pi ba yo konsènan ki jan pou w ede manman an pouse plasenta a deyò.

Ede manman an pouse plasenta a deyò

Si plasenta a pa tonbe poukont li apre inèdtan, oubyen si manman an ap senyen fò, ede l pouse plasenta a deyò.

MW Ch13 Page 227-3.png
  1. Asire w manman an deja ap bay pitit la tete. Si li pap pèdi twòp san, li dwe eseye fè pipi.
  2. Mete gan ki pwòp nan men w.
  3. Fè manman an chita oswa fè l akoupi sou yon vaz. Mande l pouse lè l gen yon kontraksyon. Li ka eseye pouse anvan e apre kontraksyon tou. Nòmalman, plasenta a glise tonbe byen fasil.
  4. MW Ch13 Page 227-4.png
  5. Sak ki te kenbe dlo a dwe soti ansanm ak plasenta a. Si kèk rès nan sak la toujou rete anndan manman an apre plasenta a soti, kenbe plasenta a nan 2 men w, vire l tou dousman, jiskaske sak la kòde. Lè l kòde, gen mwens chans pou l dechire anndan manman an. Ansuit, byen dousman, rale rès sak la mèt deyò.
  6. Manyen matris manman an. Li dwe gwosè yon chadèk oubyen yon kokoye ki kale, oubyen pi piti, epi li dwe di. Si l pa piti, li pa di, gade anbas.

Bay manman an oksitosin (“oxytocin”)

Si manman an pa ka pouse plasenta a mèt deyò, oubyen tou, nenpòt lè l ap senyen fò, ba li oksitosin pou matris la ka kontrakte pou plasenta a soti. Anvan w ba li oksitosin nan, manyen vant manman an dousman pou asire w pa gen yon lòt bebe ladan l.

Pou ede plasenta a soti deyò
MW Ch13 Page 228-1.png
MW Ch13 Page 228-2.png
  • Ba l yon piki 10 inite oksitosin
sou kote mis janm li
(Gade Piki konsènan fason pou w bay piki san danje.)

Rale plasenta a met deyò avèk kòd lonbrik la

Si manman an ap pèdi anpil san, e li pa ka pouse plasenta a deyò poukont li, fanmsaj la ka rale plasenta a dousman mèt deyò avèk kòd lonbrik la.

Si manman an pap senyen, e pa gen yon danje, pa rale sou kòd lonbrik la. Se sèlman nan yon ka dijans ou dwe rale kòd lonbrik la pou w deplase plasenta a.


  1. Poze yon men w anlè sou zo basen manman an, epi pouse matris la monte byen dousman. Konsa w ka verifye si plasenta a dekole.
  2. MW Ch13 Page 228-4.png
    Chèche pati anba matris la. Pouse matris la monte epi veye kòd lonbrik la.
    MW Ch13 Page 229-1.png
    Si kòd lonbrik la retounen monte nan vajen an, sanble plasenta a la kole ak matris la toujou.
    MW Ch13 Page 229-2.png
    Si kòd lonbrik la rete menm kote a, sanble li gentan dekole. Ou mèt rale plasenta a soti.
  3. Pwoteje matris la. Mete yon men sou vant manman an, yon tikras pi wo zo basen an. Peze toupiti sou li pou matris la ka rete an plas.
  4. MW Ch13 Page 229-3.png
  5. Tann yon kontraksyon vini. Lè yon kontraksyon vini, byen dousman rale kòd lonbrik la desann epi deyò. Rale l yon fason ki swa. Kòd la ka chire si w rale l twò fò oswa twò vit. Mande manman an pou l pouse pandan w ap rale.
  6. Si w sispèk matris la desann pandan w ap rale kòd lonbrik la, SISPANN RALE. Si w santi kòd lonbrik la ap chire, SISPANN RALE. Si lè w ap rale kòd lonbrik la li fè manman an mal, SISPANN RALE. Si plasenta a pa soti, SISPANN RALE. Plasenta a gendwa poko dekole. Tann yon lòt kontraksyon kòmanse, epi eseye ankò.
  7. Rale kòd lonbrik la byen dousman jiskaske plasenta a soti deyò.
  8. Fwote matris la.


Si plasenta a poko ka soti, epi manman an toujou ap senyen, oswa si l santi l fèb oubyen l ap dekonpoze oubyen li gen lòt siy ki endike li nan eta chòk, li vrèman an danje. Mennen l lopital tousuit.

3 women and a man speaking; the man holds a woman, and 1 woman holds a baby.
M pa ka rete san an. Fò n al lopital.
M ap veye pitit la.
M ap leve frè m pou l ka mennen nou nan machin li.
Fè vit!

Pandan n sou wout lopital la, trete manman an pou chòk.

Retire plasenta a alamen

Si w panse manman an ap gentan mouri akoz san l ap pèdi a anvan w rive lopital la, ou ka oblije foure men w anndan matris la pou w ka dekole plasenta a epi mete l deyò.


  1. Rapidman, lave men w ak ponyèt ou rive jis nan koud ponyèt ou avèk savon ak dlo bouyi. Si w gen betadin oswa alkòl, vide enpe sou men w ak ponyèt ou. Mete gan esterilize nan men w; gan ki long, si w genyen. Ansuit, pa manyen okenn lòt bagay, sof kòd lonbrik la ak anndan manman an.

  2. Kenbe kòd lonbrik la ak yon men pou l ka rete anplas. Avèk lòt men an, suiv kòd lonbrik la ak men w monte anndan vajen an. W ap oblije foure tout men w anndan. Petèt plasenta a dekole, li senpleman chita anndan vajen an oswa nan antre matris la. Si se sa, retire l, fwote matris la jiskaske l vin di, epi bay yon piki 10 inite “oxytocin”.
  3. Si yon pati nan plasenta a toujou kole ak kò matris la, ou ka oblije foure men w anndan, epi sèvi ak dwèt ou pou w dekole plasenta a.
    MW Ch13 Page 230-1.png


    Mete lòt men an sou vant manman an pou w ka soutni matris la. Ak men ki anndan an, kenbe tout dwèt ou ansanm tankou siy ou fè lè w ap lonje yon adoken bay yon moun. Byen dousman mache men w monte kòd lonbrik la pou rive anndan matris la.

    Sou mi matris la, avèk anpil prekosyon, chèche plasenta a avèk dwèt ou yo. Sa ka bay manman an anpil anpil doulè. Fè yon moun soutni manman an, fè l mande l pou l respire byen fon.

    MW Ch13 Page 230-2.png

    Sèvi avèk pwent ti dwèt ou a pou leve pwent plasenta a soti nan kò matris la. Apre sa, ak anpil prekosyon, glise lòt dwèt ou yo nan mitan plasenta a ak matris la pou w ka dekole rès plasenta a. (Se tankou lè w ap dekale po yon zoranj oswa nenpòt lòt fwi ki gen po ki pwès.) Mete plasenta a deyò pandan w kenbe l nan pla men w. Fè atansyon pou w pa kite okenn ti moso oswa boul san kaye anndan.

  4. Ba l medikaman pou rete san k ap koule a.
Pou rete san k ap koule nan matris la lè plasenta a fin soti
MW Ch13 Page 231-1.png
MW Ch13 Page 231-2.png
  • Ba l yon piki 10 inite “oksytosin”
sou kote mis janm nan.
Ou ka ba li menm kantite a ankò apre 10 minit si san an pa rete.
oswa
  • Ba li 800 mikwogram (mkg) “misoprostol”
anba lang nan, yon sèl fwa
Fi a dwe kite konprime a fonn sou kote bouch li oswa anba lang li, apre sa se pou l vale nenpòt moso ki rete. Si li santi kòmsi li pral vomi, mete konprime yo anndan twou dèyè l. Mete gan pou w fè sa.
oswa
  • Ba li 0.2 miligram (mg) “ergometrine”
sou kote mis janm nan
oswa
  • Ba li 0.2 miligram (mg) konprime “ergometrine”
nan bouch
Ou ka ba li “ergometrine” chak 2 a 4 èdtan si l ap senyen anpil, oubyen chak 6 a 12 èdtan si l ap senyen mwens. Kontinye ba li medikaman jiskaske san an rete nèt e matris la di. Jeneralman, sa pran anviwon 48 èdtan.Piki a mache pi vit pase konprime a.


Pa bay fi a “ergometrine” si tansyon l wo.

  1. Fwote matris la pou l byen fèm oswa peze sou li ak 2 men w pou rete san an.

  2. MW Ch13 Page 231-3.png
    Ale lopital byen vit. Si manman an montre li ka antre nan eta chòk, mete tèt li anba, avèk jenou l ak janm li anlè. Si manman an pèdi anpil san, ba li sewòm si w kapab. Si w pa ka ba li sewòm, ba li sewòm oral oswa ba li likid nan dèyè l. Gen anpil risk tou pou l trape yon enfeksyon.


Si l ap pran plis pase inèdtan anvan pou l rive lopital, pou evite enfeksyon
MW Ch13 Page 231-4.png
  • Ba li 1 gram (g) (1000 miligram) “amoxicillin”
nan bouch, yon sèl fwa
epi
  • a li 1 g “metronidazole”
nan bouch, yon sèl fwa
W ap bezwen bay plis antibyotik si fi a kòmanse bay siy enfeksyon.
a woman with part of her womb outside the vagina.

Lè matris la soti ansanm ak plasenta a

Raman, matris la vire lanvè epi li soti ansanm ak plasenta a. Sa konn rive si yon moun rale kòd lonbrik la anvan plasenta a dekole ak kò matris la, oswa si yon moun peze sou matris la pou l retire plasenta a. Sa konn rive poukont li tou, san pèsonn pa fè anyen ki mal.

Sa pou w fè
  1. Byen lave men w ak ponyèt w rive nan koud ponyèt w, epi mete gan ki esterilize.
  2. Si w gen solisyon antiseptik (tankou yòd pwovidòn) vide enpe rapidman sou matris manman an.
  3. MW Ch13 Page 232-2.png

  4. Avèk anpil prekosyon, men avèk yon men fèm, fè matris la pase nan vajen an ak kòl matris la pou mete l nan pozisyon nòmal li a. Si w pa ka remete l nan plas li, ou ka oblije woule l ak dwèt ou.

    MW Ch13 Page 232-3.png

    Pati matris la ki konn pi pre kòl matris la, se li menm pou w fè antre anvan an. Apre sa kontinye mache men w jiskaske w rive nan pati anlè matris la, pouse l anndan an dènye. Pa itilize twòp fòs. Sa pral bay manman an anpil doulè. Ba l asirans, fè l pran gwo souf fon, epi mande l pou l lache kò l.

    MW Ch13 Page 232-4.png
    Si w pa ka pouse matris la tounen nan plas li dwe ye a, mete l anndan vajen an epi mennen fi a lopital. Trete l pou eta chòk.

  5. Apre matris la fin tounen nan plas li, fwote l pou l ka vin di. Ou ka oblije peze [[#2hand|l ak 2 men w pou san an ka rete. Ba li “oxytocin”, “ergometrine”, oswa “misoprostol” pou rete san an.

  6. Manman an dwe kouche sou do avèk yon zòrye, lèn, oswa lòt kalite kousen anba tay li. Ba li antibyotik pou evite enfeksyon.
a woman speaking to a woman who lies with a pillow under her hips.
Ou ka fè enfeksyon poutèt matris ou te soti. Antibyotik sa yo ap ede w.

Apre w fin remete matris la nan kò fi a, mennen l lopital.

Egzaminen plasenta a ak kòd lonbrik la

MW Ch13 Page 233-2.png

Kit plasenta a soti deyò poukont li, kit se ou menm ki te mete l deyò, ou dwe egzamine l pou w wè si tout plasenta a la a.

Jeneralman, plasenta a soti deyò ann antye, men kèk fwa yon ti moso konn rete anndan matris la. Sa ka fè li senyen apre oswa li ka fè enfeksyon. Pou wè si tout bagay soti deyò, egzamine ni pati anlè plasenta a, ni pati anba a, ansanm ak sak dlo a. Verifye kòd lonbrik la tou pou wè si l nòmal.

Mete gan lè w ap egzamine plasenta a ak sak la. Sa ap pwoteje w kont mikwòb ki nan san manman an.

Pati anlè plasenta a
Pati anlè plasenta a (pati ki te anfas bebe a) mou epi l klere. Kòd lonbrik la kole sou bò sa a, epi l branche nan yon kantite venn san ki sanble ak rasin pyebwa.

placenta with a small piece attached to it by blood vessels.
Moso anplis
placenta with the ends of blood vessels showing.
Venn sa yo pa al okenn kote

Raman, plasenta a gen yon moso anplis ki kole avè l. Gade si gen venn san sou bò plasenta a ki pa ale okenn kote. Petèt sa vle di gen yon moso anplis ki rete anndan manman an.

MW Ch13 Page 234-1.png

Rès sak dlo a
Ou ka wè rès sak dlo a lè w gade pati anlè plasenta a. L ap gentan ouvri depi lè manman an te pase likid, men verifye si tout sak la la.

gloved hands holding a placenta with a hole in it.
Moso ki manke

Pati anba plasenta a
Pati anba plasenta a (kote ki te kole ak kò matris la) gen anpil ti boul. Pafwa, anba plasenta a gen kèk tach blan ki di oswa kèk mak ki tou nwa. Se pa yon pwoblèm. Pou w ka verifye bò sa a, kenbe plasenta a nan men w pou tout ti boul yo ka kole ansanm. Gade si gen yon twou oubyen yon bò ki graj kote yon ti moso kapab manke. Ti moso sa a ka anndan manman an toujou.

Apre chak akouchman, se pou w pran tan pou w byen egzamine plasenta a menm jan w pran tan pou w byen egzamine bebe a. Sa ap pèmèt ou aprann ki sa ki nòmal, konsa w ap ka rekonèt tousuit lè gen yon bagay ki pa nòmal.

the end of a cord, showing the large vein hole and small artery holes.
Venn
Atè

Kòd lonbrik la
Si w gade pwent kòd lonbrik la byen, w ap wè 3 twou: youn ki gwo ak 2 ki pi piti. Yo se venn ak atè ki pote san pitit la ale vini nan plasenta a.

Gen kòd lonbrik ki gen 2 venn sèlman, e kèk timoun ki te gen kòd lonbrik 2 venn konn gen pwoblèm sante pi devan. Doktè ta dwe egzamine timoun sa yo.

Yon moso plasenta rete anndan matris la

Si yon moso nan plasenta a oubyen sak dlo a manke, gendwa se paske li rete anndan matris la.

Pou w ka ede manman an pouse moso a deyò, se pou w mete pitit la tete manman an, oswa ba l masaj sou pwent tete l kòmsi w ap fè lèt la soti alamen. Si manman an ap bay san, ba li “oxytocin” oswa “misoprostol”.

Si moso a pa soti, mennen l lopital.

Si fi a tèlman ap senyen ou panse li ka mouri anvan l rive lopital la, se pou w eseye retire moso yo nan matris la, ou menm.

  1. Foubi men w byen epi mete gan esterilize.
  2. MW Ch13 Page 235-1.png
    Double dwèt ou ak yon moso twal gaz. Matris la glise anpil, e twal gaz la ap ede w dekale ti moso plasenta a. (Oubyen tou, mare yon fil nan yon moso twal ki byen di tankou twal gaz, esterilize l, epi kite l nan bwat zouti w yo. Fil la ap rete deyò matris la pou w ka rale twal gaz la soti byen fasil.) Ou dwe sèvi avèk yon materyèl ki pap defèt pou l pa kite kras anndan matris la.
  3. Antre dwèt ki double ak twal gaz la anndan matris manman an epi eseye retire tout moso plasenta a oswa moso sak dlo ki te rete anndan an. Sa pral bay manman an anpil doulè. Esplike l sa w ap fè a epi poukisa w ap fè l; esplike l nenpòt moso chè ki rete anndan matris la pral rann li enposib pou matris la ratresi epi pou l sispann senyen.
  4. Apre w fin retire moso yo, ba l antibyotik pou anpeche l fè enfeksyon.


Menmsi w rive retire ti moso plasenta a nan matris la, manman an toujou bezwen asistans medikal. Li ka vle pran san, epi toujou gen risk pou l fè yon enfeksyon grav. Mennen l lopital osita w kapab.

Veye si manman an senyen apre plasenta a fin soti

Matris la rete mou

TPi gwo kòz ki fè yon manman ap bay anpil san apre akouchman se paske matris la pa ratresi. Olye de sa, matris la vin pi laj epi li rete tou mou apre plasenta a fin soti.

Matris la ka rete mou paske:

  • Vesi manman an plen ak pipi.
  • Gen yon moso plasenta oswa yon moso nan sak dlo a ki rete anndan matris la.
  • Matris la bezwen plis “oxytocin” pou l ka ratresi.
  • Matris la bezwen pou nou ankouraje l ratresi.
  • Matris la fè enfeksyon.
Sa pou w fè

Si matris la mou, gen kèk fason byen senp pou fè l vin di:

Verifye plasenta a ankò pou wè si gen yon moso ki manke.
Si gen yon moso nan plasenta a ki rete nan matris la, sa ka anpeche l fin ratresi.

MW Ch13 Page 236-1.png
MW Ch13 Page 236-2.png
Lè manman an bay pitit la tete, matris la ratresi epi san an rete.

Ede manman an bay bebe a tete
Lè bebe a ap tete, kò manman an kreye pwòp oksitosin (“oxytocin”) pa l. Oksitosin fè matris la ratresi menm jan l te fè sa lè tranche a. Sa ap ede ralanti san k ap koule a.

Ede manman an fè pipi
Lè manman an fè pipi, sa ka pèmèt matris li ratresi pi fasil. Si li pa kapab pipi apre 4 èdtan fin pase, ou ka bezwen mete yon tib katetè anndan vesi l pou l ka pipi. Gade konsènan ki jan pou w ede manman an fè pipi epi fason pou w mete yon tib katetè.

a midwife touching a woman's belly while speaking with her.
Ou santi matris ou la a?
Wi, se yon ti boul di.
Verifye l chak detwa èdtan. Si w kòmanse senyen, oubyen ou santi matris la vin mou, fwote l jiskaske l vin di ankò.

Fwote matris la
Gade w wè ki jan pou w fwote matris la. Montre manman an ak fanmi l kòman pou yo verifye matris la epi fason pou yo fwote l pou l ka ratresi.

Ba l medikaman

MW Ch13 Page 237-1.png

Si san an pa rete lè w fwote matris la, bay manman an “oxytocin”, “ergometrine”, oswa “misoprostol”.


Peze vant lan ak 2 men
Si l ap senyen anpil, epi fwote matris la pa t rete san an, eseye peze vant manman an ak 2 men.

MW Ch13 Page 237-2.png
Fè matris la fè yon boul, double l sou devan, epi peze l byen fò.

Fwote matris la jiskaske li vin di.

Fè yon demi boul ak yon men epi mete l sou tèt matris la. Mete lòt men an anwo zo basen an epi pouse matris la ale jwenn men ki fè demi boul la. Sa ta dwe fè w peze matris la nan mitan 2 men w yo.

Kou san an ralanti epi matris la vin fèm, sispann peze vant lan tikras pa tikras.

Si w konnen remèd fèy ki ka fè san rete san danje, ou mèt ba li l kounye a. Pa mete okenn remèd fèy nan vajen an.

2 women speaking while 1 of them holds a plant.
Se fèy sa a ou itilize pou rete san?
Wi. Bouyi l pou fè te, epi bay manman an bwè l.


Peze anndan vajen an
Si pa gen okenn lòt teknik ki rete san an, eseye peze pa anndan vajen an.

MW Ch13 Page 238-1.png
  1. Foubi men w epi mete gan esterilize.
  2. Esplike manman an sa w pral fè a.
  3. Fè men w pi pitit posib epi mete l anndan vajen an. Avanse men w pa dèyè vajen an, anwo kòl matris la, epi fèmen men w. Pa mete men w anndan matris la. Bouje men w tou dousman; sa pral bay manman an doulè.
  4. Avèk lòt men w, kenbe matris la sou deyò. Peze matris la desann ale jwenn men ki fèmen an, epi peze matris la pandan w ap avanse l. Matris la ta dwe kòmanse vin di.
  5. Lè w santi matris la vin di, lage tèt matris la tou dousman, epi retire lòt men an anndan vajen an. Ak men w, retire nenpòt san kaye ki anndan vajen an.
  6. Kòmanse ba li sewòm si w konn fè sa.


Byen siveye fi a jiskaske san an rete
Kontinye peze matris la jiskaske w santi li vin di epi san an rete. Si manman an gen siy ki endike li nan eta chòk, trete l pou chòk epi mennen l lopital tousuit.

MW Ch13 Page 238-2.png
MW Ch13 Page 239-1.png

Vajen an chire

Si manman an kontinye ap senyen anpil menm lè matris la di, gendwa se vajen an ki chire. Ou ka bezwen verifye anndan vajen l avèk men w ki gen gan pou w wè ki kote ki blese a. Gade konsènan dechiri e fason pou w koud yo.

Si w pa ka koud yon dechiri k ap senyen anpil, eseye ralanti san an epi mennen l lopital. Woule 10 a 15 moso twal gaz esterilize ansanm pou fè yon bagay avè l ki tankou yon kotèks epi peze l byen fò sou kote k ap bay san an. Kenbe l la jiskaske w rive lopital la.

Eta chòk

Lè yon moun ap pèdi anpil san, li ka antre nan eta chòk. Si manman an ap senyen anvan oubyen apre plasenta a soti, veye siy sa yo:

  • Tèt vire, feblès, anvi dekonpoze, oubyen dekontwole
  • Koulè kò l blèm, kò l frèt men l ap swè
  • Kè l ap bat vit, plis pase 100 fwa pa minit, men batman an fèb
  • Tansyon l ap bese
  • L ap respire rapidman
  • Pafwa, li ka pèdi konesans


Yon fi ki nan eta chòk bezwen èd san pèdi tan. Ou dwe trete l pou chòk pou w ka sove lavi l
Pou w ede fi ki nan eta chòk, mennen l lopital. Pandan w sou wout:

MW Ch13 Page 239-2.png
  • Fè manman an kouche avèk pye l pi wo pase tèt li, avèk tèt li vire sou kote.
  • Kenbe kò l cho e poze.
MW Ch13 Page 239-3.png


Petèt ou ka jwenn yon kalite rad espesyal yo fè pou moun pa antre nan eta chòk. Rad sa yo mete presyon sou janm moun nan ak sou anba rès kò l yon fason pou anpeche l antre nan eta chòk nan ka dijans.

Note sa: Fi ki pa gen bon sante anvan akouchman gen plis chans pou yo senyen anpil apre akouchman. Le w ede yon fi jwenn bonjan manje epi w ede l evite maladi pandan gwosès, se youn nan pi bon fason pou w ede l evite pwoblèm lè l akouche.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024