Hesperian Health Guides
Egzamine kò manman an
SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 8: Fason pou egzamine yon fanm ansent > Egzamine kò manman an
Kontni yo
Chèche wè si l fè anemi
Li an sante epi li gen anpil enèji.
- Ni anndan po je l, ni zong li yo, ni jansiv li, yo tout yon tijan pal.
- Li konn gen tèt vire oswa li konn endispoze.
- Feblès ak fatig.
- Kè l bat twò vit (plis pase 100 fwa pa minit).
- Li mal pou l respire.
Yo ka fè yon egzamen san pou wè si yon moun fè anemi.
Lè yon moun fè anemi, jeneralman sa vle di li pa manje ase bagay ki gen fè ladan y. Fè a pèmèt san an pote oksijèn soti nan lè nou respire a pou l ale tout kote nan kò a. Gen kèk kalite anemi ki se rezilta maladi, se pa pwoblèm manke fè. Gen lòt anemi tou ki soti nan ras (yo rele sa anemi jenetik). Ni manje ki gen fè ni medikamen ki gen fè pa ka geri kalite anemi sa yo.
Gen anpil fanm ansent ki fè anemi, sitou fi ki pòv. Fi ki fè anemi pa gen ase fòs pou yo byen akouche, epi yo gen plis chans pou yo senyen anpil, pou yo tonbe malad apre akouchman an, oswa pou yo mouri.
Ki jan pou trete anemi
Souvan anemi kapab trete avèk manje ki gen fè (tankou pwa, patat, ak vyann), ansanm ak manje ki gen vitamin C (fwi tankou zoranj, sitwon, chadèk, ak tomat), oswa avèk medikamen ki gen fè. Apre w fin fè tretman sa yo, se pou w egzamine fi a ankò apre 4 semèn. Si l pa kòmanse fè mye, chèche konsèy medikal. Li ka gen yon maladi, oswa li ka bezwen yon pi gwo dòz medikaman ki gen fè.
Pou trete anemi avè konprime fè | ||
|
Si yon fi fè gwo anemi nan 9yèm mwa gwosès la, li dwe akouche nan yon lopital.
Chèche siy ki montre li mal nouri oswa li manke yòd
Li an sante epi li gen anpil enèji.
Siy ki montre yon moun mal nouri:
- Pa anvi manje.
- Pa gwosi.
- Feblès ak move sante.
- Maleng, gratèl, oswa lòt maladi po.
- Jansiv ki gen maleng oswa k ap senyen
- Pwoblèm lestomak oswa dyare.
- Chalè nan pye oswa pye angoudi
Siy ki montre yon moun manke yòd:
- Gwat (gwo boul anba kou)
- Timoun ki kout, ki soud, oswa ki gen ipètiwoyidi (yon maladi ki afekte mantal yo).
Gade pou wè kòman moun ka jwenn plis yòd.
Ki sa k ka fèt pou pwoblèm mal nouri a
Meyè fason pou nou ede moun ki mal nouri, oubyen anpeche pwoblèm nan, se pou nou ede yo manje pi byen. Chèche konnen ki kalite manje manman an manje. Gade Byen manje pou wè sa w ka fè pou ede manman an manje pi byen. Sonje sa: grenn vitamin avèk fòtifyan ka ede fanm ansent, men yo pa pi bon pase bonjan kalite manje.
Fi ki mal nouri gen plis chans pou yo gen pwoblèm pandan akouchman, pou yo fè pitit ki twò piti, epi yo ka pran plis tan pou yo refè apre akouchman an. Si w panse yon fi ka gen pwoblèm pandan akouchman an paske li mal nouri, chèche konsèy medikal.
Pran pwa manman an
Tikras pa tikras, manman an pran ant 9 a 18 kilo (20 a 40 liv) pandan gwosès la. Sa vle di 1 a 2 kilo (2 a 4 liv) chak mwa.
- Manman an rete tou mens oubyen li pran mwens pase 9 kilo (20 liv) pandan gwosès la.
- Manman an pran plis pase 19 kilo (42 liv) pandan gwosès la.
- Manman pran anpil pwa yon sèl kou: plis pase 2 kilo (4 liv) nan yon semèn, oubyen plis pase 4 kilo (8 liv) nan yon mwa, sitou nan 2 dènye mwa gwosès la.
Pifò nan pwa manman an pran pandan gwosès la se pwa bebe a, plasenta a, ak sak dlo a. Manman an ranmase yon ti grès tou. Sa bon pou sante l.
Si w gen yon balans, pran pwa manman an chak vizit. Si sa posib, itilize menm balans la chak fwa.
Ki sa pou w fè si w remake move siy
Manman an rete tou mens oubyen li pa pran ase pwa
Gen fi ki mens oswa ki piti, e yo ka rete konsa pandan gwosès la. Se nòmal. Men, tout fanm ansent ta sipoze pran pwa regilyèman. Si manman an pa pran ase pwa, chèche konnen poukisa. Poze manman an kesyon sou:
- Sa l manje ak apeti li.
- Siy parazit.
- Si l nan dwòg.
- Noze ak vomisman.
- VIH ak SIDA.
- Pwoblèm lajan (pa gen ase kòb pou l byen manje).
Manman an twò gwo oswa li ranmase anpil pwa
Fi tout gwosè kapab an sante epi yo ka fè yon bon akouchman. Men, lè yon fi ranmase anpil pwa, sa ka vle di li fè dyabèt. Si yon fi twò gra, oswa li ranmase twòp pwa pandan gwosès la, chèche wè si li gen senmtòm dyabèt.
Manman an pran anpil pwa toudenkou
Si manman an pran anpil pwa yon sèl kou vè fen gwosès la, petèt se yon siy li pral fè marasa oswa li fè pre-eklanmsi.
Kontwol tanperati maman an
Tanperati li apeprè 37°C (98.6°F). Kò l pa cho lè w manyen l.
Fi a gen fyèv, sa vle di tanperati li 38°C
(100.4°F) oswa plis. Kò l cho lè w manyen l.
Ki jan pou w pran tanperati
Mete yon do men w sou fwon fi a; mete lòt men an sou fwon pa w, oswa sou fwon yon lòt moun ki an sante. Si fi a gen fyèv, w ap remake kò l pi cho pase kò yon moun ki an sante.
Si w gen yon tèmomèt, lave li byen pwòp nan dlo ak savon oswa ak alkòl. Souke l jiskaske mak la desann mwens ke 36°C (97°F).
Mete tèmomèt la anba lang fi a epi fè l kenbe l ak bouch li fèmen pandan 3 minit.
Retire tèmomèt la nan bouch li epi vire l jiskaske w wè ti mak klere a. Tanperati a se nimewo kote ti mak klere a rive a.
Konn gen yon ti flèch nan valè ki “nòmal” la.
Chak fwa w fin sèvi avèk tèmomèt la, se pou w lave l avèk savon ak dlo fre oswa avèk alkòl. Pa lave l avèk dlo cho pou l pa kraze tèmomèt la.
Tèmomèt dijital |
Tèmomèt ki fèt an kristal gen ladan l yon metal likid ki rele mèki ki se yon pwazon vyolan. Se pou w pran anpil prekosyon ak tèmomèt kristal, e si l kraze, pa kite likid la touche men w. Lè w ap ranmase mèki a, bale moso yo nan yon bokal epi antere l. Pa janm kite timoun jwe ak tèmomèt oswa ak mèki a. Si w kapab, chèche yon tèmomèt dijital (elektwonik) pito.
Ki sa pou w fè si fi a gen fyèv
Bagay ki ka lakòz fyèv:
- Maladi, tankou fyèv senp oubyen malarya.
- Yon pati nan kò a gen enfeksyon, tankou vesi a, oswa matris la.
Gen kèk ti fyèv tou se dezidrasyon (kò a manke dlo) ki lakòz.
Chèche sa ki lakòz fyèv la epi fè tretman pou li. Si se yon fyèv byen cho, pandan w ap fè tretman kòz la, fò w fè fyèv la bese tousuit, tou.
Pou fè yon fyèv bese: | ||||
|
nan bouch, chak 4 a 6 èdtan. | |||
Fè li bwè yon vè dlo chak inèdtan. Si l twò malad pou l bwè dlo, ba li lavman nan twou dèyè l, oswa sewòm. Si fyèv la pa pase nan 8 èdtan, fè l al kay doktè. |
Kontwol batman kè maman an
Kè a bat 60 a 80 fwa pa minit lè manman an ap repoze.
Kè a bat omwen 100 fwa pa minit lè manman an ap repoze.
Batman an fè w konnen ak ki rapidite (vitès) kè a ap bat. Batman kè tout moun pa menm. Sa nòmal.
Ou ka jwenn batman an sou kote gòj la, anba machwè a… | oubyen sou ponyèt la anba gwo pous la. |
Ki jan pou w kontwole batman kè a
- Tann jiskaske manman an byen poze, byen rilaks.
- Mete pati anpren 2 dwèt ou yo kote batman an ye a. Pa sèvi ak gwo pous ou yo.
- Konte konbyen fwa kè a bat nan 1 minit:
- Si w gen yon mont ki kontwole segonn yo, konte konbyen fwa kè manman an bat pandan yon minit. Ekri kantite a nan dosye l la. (Okòmansman, fè yon lòt moun kontwole lè a pou ou epi pou l di w ki lè 1 minit la rive. Anpil moun pa ka konte batman kè a byen epi pou y ap kontwole lè a anmenmtan. Yo konn plis anvi konte yon batman chak segonn, menmsi kè a ap bat pi vit pase sa.)
- Si w pa gen yon mont ki ka kontwole segonn yo, kontwole batman kè a kanmenm. Ou ka aprann pou w kontwole si kè a bat twò dousman, si l nòmal, oswa si l twò vit, lè w konpare l ak batman kè pa w la, oswa batman kè lòt medam yo. Osinon, ou ka kreye pwòp metòd pa w pou ou kontwole lè a.
Ki sa pou w fè si kè manman an ap bat twò vit
Si kè manman an ap bat 100 fwa (oubyen plis) pa minit, li ka gen youn oswa kèk nan pwoblèm sa yo:
- Strès, laperèz, enkyetid, oswa depresyon.
- Anemi.
- Enfeksyon, tankou malarya, enfeksyon nan vesi, oswa enfeksyon nan matris.
- San k ap koule fò.
- Gen dwòg nan san l (tankou kokayin, metanfetamin, oswa grenn dayèt).
- Pwoblèm glann tiwoyid.
- Pwoblèm kè.
Si w ta sispèk se youn nan pwoblèm sa yo, ale nan paj nou di yo pou w jwenn plis enfòmasyon. Si w pa konnen ki sa ki lakòz kè a ap bat vit konsa, chèche konsèy medikal.
Kontwol tansyon maman a
Tansyon an sipoze rete ant 90/60 ak 140/90. Li pa dwe monte pandan gwosès la.
Tansyon an wo. Tansyon manman an wo si youn nan sa yo rive:
- Valè anwo a plis pase 140.
- Valè anba a plis pase 90.
Kè yon fi se tankou yon ponp k ap pwopaje san nan tout kò l. Lè tansyon l wo, sa vle di kè a ap fòse travay pi di pou l ka fè san an pase nan venn yo. Valè tansyon an montre ki kantite efò san an ap fè pou l ka sikile.
Lè yon fanm ansent gen tansyon wo, li vin pi difisil pou san l pote manje bay pitit ki nan vant li a. Sa fè pitit la mal pou l grandi. Epitou, tansyon wo a kapab fè manman an gen pwoblèm nan ren, emoraji nan matris anvan akouchman an, oswa emoraji nan sèvo.
Tansyon wo ka vle di fi a gen pre-eklanmsi. Pre-eklanmsi ka lakòz pitit la fèt anvan lè, emoraji, kriz, oswa manman an ka menm mouri.
Se sa k fè li enpòtan anpil pou nou kontwole tansyon manman an.
Ki jan pou w kontwole tansyon
Gen plizyè kalite aparèy pou kontwole tansyon.
Genyen ki sanble ak yon tèmomèt. | Gen lòt ki gen yon kadran tou won. | Gen lòt ki sèvi ak elektrisite pou yo gonfle tèt yo epi yo gen yon ekran elektwonik. |
Nivo
Boul kawoutchou
Manch
|
Kadran
Manch
Boul kawoutchou
|
Anvan w pran tansyon manman an, ou dwe di l ki sa w pral fè epi poukisa w ap fè l.
1. Sere manch tansyomèt la nan pati anwo ponyèt pasyan an. | 2. Sere vis ki nan boul kawotchou a pou ou ka fèmen vav la. Lè w fè sa, vis la ap vin parèt pi kout. | |
3. Avèk men w, chèche kote w santi kè a ap bat nan koub ponyèt li, yon ti kras pi ba pase manch tansyomèt la. Mete estetoskòp la kote w jwenn kè a ap bat. Apre sa, mete estetoskòp la nan zòrèy w. | 4. Ponpe boul kawotchou a pou w ka gonfle manch tansyomèt la. | |
5. Toutotan w ap ponpe, zegui ki nan kadran an ap mache. Lè zegui a rive sou 200, sispann ponpe. | 6. Desere vis la yon ti kras pou lè ki nan boul kawotchou a ka soti tou dousman. | 7. Zegui a ap kòmanse desann. (Si vis la pa desere, zegui a ap toujou rete sou 200.) | ||
8. Pandan lè a ap soti, ou pral kòmanse tande kè manman an k ap bat nan estetoskòp la.
Kontwole ki kote zegui a oswa mèki a ye toude lè sa yo:
1. Lè w kòmanse tande batman kè a (nimewo ki wo a), epitou
2. Lè w sispann tande batman kè a oubyen li fèb anpil (sa se nimewo ki ba a).
|
Si w kòmanse tande batman kè a isit,
epi w pa tande l ankò isit,
sa vle di tansyon an se 100/60, oubyen 10 sou 6. |
Kontwole tansyon manman an nan chak randevou. Ekri rezilta a nan dosye l la oswa sou yon papye yon fason pou w ka suiv jan tansyon l evolye.
Si tansyon l monte, mande l pou l retounen chak semèn jiskaske tansyon an sispann monte.
Si l monte pi wo pase 140/90, sa vle di tansyon an twò wo, epi sa kapab yon move siy.
Si tansyon an rive nan 140/90 (14 sou 9) oswa pi wo
Si tansyon manman an wo premye fwa w kontwole l, fè li kouche sou bò goch li. Ede l rilaks (strès ak krent kapab fè tansyon an monte). Apre 10 a 30 minit, kontwole tansyon an ankò.
- Si tansyon an desann nan nivo nòmal li, petèt tout bagay anfòm. Si sa posib, fè manman an tounen vin wè w nan kèk jou pou w ka kontwole tansyon l ankò. Mande l pou l kouche sou kote chak jou pou l pran yon ti repo.
- Si tansyon an pa desann, ka gen yon pwoblèm. Pou w ka wè si gen yon pwoblèm vre, kontwole tansyon l ankò pi ta nan jounen an, oswa nan demen. Si tansyon an toujou rete wo, chèche konsèy medikal. Aprann manman an konnen ki move siy ki ka anonse li pral fè pre-ecleklanmsi, epi chèche wè si li gen siy sa yo. Si l gen siy sa yo, fè l al lopital tousuit. Li ka pi bon pou l akouche nan yon lopital.
- Si valè wo a pi wo pase 150, oswa si valè ba a pi wo pase 100, fè l al lopital menm kote a. Fò l wè yon doktè. Li ka menm bezwen etène lopital la jiskaske li fè pitit la.
Tretman lakay pou tansyon ki yon tijan wo (ant 140/90 ak 150/100)
Si manman an pa ka al wè doktè, oswa si doktè a mande pou l repose lakay li, men sa pou l fè:
- Repoze souvan pandan jounen an. Li dwe repoze otank li kapab pandan jounen an, menmsi se sèlman kèk minit chak inèdtan. Si li kouche sou kabann, li pi bon pou l ret kouche sou bò goch li. Se pou l fè efò pou l vrèman rilaks kò l ak lespri l pandan moman sa yo. Li sitou enpòtan pou l repoze pandan 3 dènye mwa gwosès yo.
- Manje byen. Ankouraje fi a pou l manje yon varyete legim, fwi, ak pwoteyin. Manje ki gen anpil pwoteyin, kalsyòm, oswa magnesyòm kapab anpeche l fè eklanmsi. Pou ede tansyon l desann li ka manje konkonm, bètrav, bannann, oswa ji sitwon.
- Bwè anpil likid. Fè manman an bwè anpil dlo pwòp, te, bouyon, ak lòt likid ki bon pou sante a.
- Evite manje ki gen anpil sèl. Yon ti kantite sèl pa yon pwoblèm. Men, fi ki gen tansyon wo pa dwe manje bagay ki gen anpil sèl tankou fritay, nwa/pistach ki griye nan sèl, oswa vyann nan bwat.
Chèche siy ki endike li fè pre-eklanmsi
Pre-eklanmsi se yon pwoblèm trè danjere ki ka parèt lè fi a prèske prèt pou l akouche, pandan tranche a, oswa kèk jou apre li fin fè pitit la. Pre-eklanmsi a ka mennen nan eklanmsi, kote li ka pran kriz e li ka menm mouri.
Tansyon an rete nòmal.
2 siy ki pi sèten ki endike pre-eklanmsi se:
- Tansyon wo (140/90 oswa plis).
- Tras pwoteyin nan pipi l.
Si yon fi gen 2 siy sa yo, ou mèt sèten li gentan fè pre-eklanmsi.
Se pou l al lopital san pèdi tan.
Si tansyon fi a wo epi li gen omwen youn nan siy nou pral site la yo, konnen li gentan fè pre-eklanmsi e li dwe al lopital san pèdi tan:
- Grow tèt fè mal.
- Li vin gen pwoblèm nan je: li wè twoub oubyen flou.
- Yon gwo doulè sou bò dwat tèt vant la, anba zo kot yo, ki pa janm pase. Li ka santi se tankou doulè lè l gonfle. Si w panse se yon doulè paske l gonfle, ou mèt ba l remèd pou asid. Men, si doulè a pa pase apre 20 minit, fi a ka an danje.
- Reflèks ki twò aktif. Egzamine aktivite reflèks ki nan pye yo pou wè:
Fè fi a kouche sou do epi kenbe pye l konsa. Pouse pye a sibitman, epi lage l. | Si pye a fè omwen 2 sakad (li souke pou kò l), se yon move siy. |
Si w wè youn nan siy sa yo, chèche èd doktè tousuit:
- Bebe a sanble l twò piti. Ou mezire matris la e sanble bebe a ap grandi twò lan.
- Ti pipi. Li ap bwè ase likid men li fè sèlman yon ti pipi.
- Li mal pou l pran souf, oswa se kòmsi li gen dlo nan poumon, jan w tande l la.
Men lòt siy ki endike yon fi fè pre-eklanmsi:
- Figi l ak men l anfle (sitou si yo anfle lè l fèk leve nan maten).
- Li pran pwa sibitman.
Si li gen siy konsa, kontinye egzamine l tanzantan.
Fè egzamen pou wè si li fè pre-eklanmsi
- Pran tansyon fi a. Tansyon wo se toujou yon move siy.
- Si sa posib, chèche wè si gen pwoteyin nan pipi l. Gen 2 fason w ka fè sa:
Metòd 1: Itilize ti riban plastik yo fè pou verifye kantite pwoteyin nan pipi ki rele “Urisicks”, “Albusticks”, oubyen “Labsticks”.
Koulè vèt fonse vle di gen pwoteyin nan pipi aOu ka jwenn yo nan ti boutèy nan men moun sante piblik yo oswa nan famasi. Riban yo gen plizyè ti kare an koulè jòn k ap chanje pou vini koulè vèt fonse. Mande fi a pou l pipi sou ti riban an, apre sa konpare koule ti kare yo ak koule ki nan esplikasyon ki sou boutèy la. Si kare yo tounen vèt fonse, sa vle di gen pwoteyin nan pipi a. Sa a se metòd ki pi egzak pou fè egzamen pwoteyin.
Metòd 2: Ou ka chofe pipi manman an pou w wè si l gen pwoteyin.
Pipi aFason pou chofe pipi pou wè si l gen pwoteyinMande manman an pou l lave vajen l byen pwòp, epi fè l pipi nan yon ti bokal ki byen pwòp. Apre sa, mete pipi a nan yon tib yo konn itilize pou fè egzamen. Plen tib la rive nan 2.5 santimèt (oswa 1 pous) anba bouch tib la. Chofe pati anwo tib la sou yon ti flanm dife, tankou yon balèn, jiskaske pipi a bouyi. (Kontinye vire tib la pou dife a pa eklate vè a.)
Si pipi a rete tou klè, pa gen pwoteyin ladan l. Si pipi a vin pa klè ankò, li blanch, mete detwa gout vinèg ladan l (2% asid asetik). Si pipi a vin klè ankò, pa gen pwoteyin ladan l. Si l toujou pa klè e li vin pi blanch, gen pwoteyin ladan l. Si pipi fi a gen pwoteyin epi tansyon l wo, li fè pre-eklanmsi. Si pre-ekanmsi a grav, pipi a ka vrèman blanch e pwès.
Metòd 3: Mande manman an si l gen tèt fè mal, tèt vire, oswa si je l twoub.
Si pwoblèm sa yo grav, oswa si yo rive l souvan, sitou pandan 3 dènye mwa gwosès yo, yo kapab se siy ki montre li fè pre-eklanmsi.
Metòd 4: Gade si kò l anfle. Kò anfle se menm bagay ak sa yo rele gwosès dlo oswa edèm.Kò anfle se yon pwoblèm ki rive anpil fanm ansent, men souvan se pa yon gwo pwoblèm. Enflamasyon pa grav lè se pye yo ki anfle, epi enflamasyon an bese apre fi a mete pye l anlè, li repoze. Depi kò l anfle li dwe bwè anpil dlo, e repoze souvan pandan jounen an ak pye l anlè.
Kò anfle a ka yon siy ki montre li fè pre-eklanmsi si:
- men ak vizaj fi a anfle epi
- li anfle menm lè l fèk leve nan maten
Ki sa pou w fè lè w remake move siy
Si manman an gen move siy, fè l al kay doktè (menmsi l manke plizyè mwa pou l akouche). Li ta pi bon pou l akouche nan yon lopital. Si w oblije fè akouchman an lakay, prepare w pou w jwenn anpil pwoblèm. Li pati nan liv sa yo ki pale de emoraji, kriz, ak timoun ki fèt twò piti.
Si yo mande manman an pou l ret repoze lakay li, ankouraje l pou l suiv rekòmandasyon ki nan Tretman lakay pou tansyon ki yon tijan wo yo ki pale pou fi ki gen tansyon wo k ap ret lakay yo.
Chèche siy enfeksyon nan vesi oubyen enfeksyon nan ren
Ren yoMatrisVesiTib renIrètRen, tib ren yo, vesi pipi a, ak irèt la (kote pipi a soti nan kò a), yo tout konekte ansanm epi yo travay ansanm pou yo elimine dechè ki nan kò a. Premyèman, ren yo netwaye san an epi yo fè dechè yo tounen pipi. Apre sa, pipi a kite ren yo, li desann nan vesi a. Pipi a rete nan vesi a jiskaske w fè pipi.
Lè mikwòb antre nan irèt la, li ka vin enfekte. Enfeksyon sa a ka pwopaje nan vesi a ak ren yo fasilman
Pa gen doulè, ni gratèl, ni kanal brile (lè l ap pipi)
Doulè sou kote do a kapab jis yon efè gwosès la, oubyen li ka yon siy ki endike enfeksyon nan ren, sitou si se yon sèl bò.Enfeksyon nan vesi
- Anvi pipi toutan, menm lè l fèk sot pipi
- Doulè oswa kanal brile pandan l ap pipi oswa tousuit apre
- Doulè anba vant lan, pa anndan basen an
- Tras pwoteyin nan pipi a
Enfeksyon nan ren- Nenpòt siy enfeksyon nan vesi
- Pipi a gen koulè san oswa li pa klè
- Doulè nan senti, pafwa sou kote
- Lafyèv
- Li santi l malad owsa fèb
Pafwa yon fi ka gen enfeksyon nan vesi san l pa gen okenn move siy.(Gen anpil fanm ansent ki gen doulè nan kolòn vètebral yo a. Men, jan de doulè “senp” sa yo konn amelyore grasa masaj, egzèsis, oswa konprès cho).
Li pi fasil pou yon fi gen enfeksyon nan irèt, nan vesi, oswa nan ren pandan l ansent pase lè l pa ansent. Enfeksyon nan vesi ak nan ren kapab yon gwo danje pou manman an, e si yo pa trete l tousuit, yo ka lakòz manman an gen tranche anvan lè.
Note sa: Si kanal pipi a grate l oubyen boule l pandan fi a ap fè pipi, sa kapab yon siy ki endike li gen enfeksyon nan vajen oswa yon maladi moun pran nan fè sèks. Gade Chapit 18 pou w aprann plis sou kòman pou w trete enfeksyon sa yo.Ki sa pou w fè si w remake siy enfeksyon nan vesi a
Ankouraje manman an pou l bwè yon vè dlo chak inèdtan depi l pap dòmi. Anpil likid ede kò a lave epi rense/retire enfeksyon. Se sitou dlo ak ji fwi ki bon pou sa.
Ankouraje manman an pou l manje fwi ki gen anpil vitamin C, tankou zoranj, kiwi, ak mango.
Bouyi yon ponyen bab mayi nan dlo epi bwè 1 oswa 2 tas.Itilize remèd fèy te ki bon pou enfeksyon oubyen pou geri maladi. Men 2 kalite te nou ka bwè:
- Te bab mayi: Pran bab ki sou yon mayi, bouyi l, epi bwè l.
- Te gimov (“Althaea officinalis”): Rache rasin nan, kite l pase nuit tranpe nan dlo fre, epi bwè dlo a nan maten.
Si enfeksyon an pa kòmanse amelyore tousuit, oswa si w remake fi a gen enfeksyon nan ren, ba l antibyotik. Plis ou pran tan anvan w kòmanse trete enfeksyon an, se plis tan l ap pran pou l refè. Si fi a pa fè mye 2 jou apre li kòmanse pran antibyotik la, fè l wè yon doktè.Gade paj medikaman ki nan fen liv la anvan w preskri nenpòt medikaman, tankou sa ki nan kare a pi ba a.
Pou enfeksyon ki pa vle geri oswa pou enfeksyon nan ren - Bay 200 mg cefixime
nan bouch, 2 fwa pa jou pandan 5-14 jou Oswa
- Bay 500 miligram (mg) “amoxicillin”
nan bouch, 3 fwa pa jou pandan 7 jou Oswa - Ba li 960 mg “cotrimoxazole”
nan bouch, 2 fwa pa jou pandan 7 jou
(160 mg “trimethoprim” ak 800 mg “sulfamethoxazole”
Men, pinga w ba li “cotrimoxazole” pandan 3 dènye mwa gwosès yo.Anpeche enfeksyon nan vesi
Pou evite enfeksyon nan vesi, aprann fi a kòman pou l evite mikwòb ki nan poupou yo antre nan irèt li a. Apre li fin pipi oubyen poupou, se pou l siye anba li soti devan ale dèyè. Anplis, fè mari fi a konnen pou l lave men l ak ògàn seksyèl li anvan yo fè sèks. Epi, medam yo dwe fè pipi apre yo fin fè sèks.
Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024