Hesperian Health Guides

Sitiyasyon ki konn gen efè sou kesyon bay bebe tete

Nan chapit sa:

Marasa

Marasa dwe tete menm jan ak tout lòt bebe. Sonje, tank yon manman bay tete, se tank kò l ap pwodui lèt. Yon manman ka bay toude bebe yo tete anmenmtan, oswa li ka ba yo tete youn apre lòt.

Yon manman ki gen marasa bezwen plis repo, plis manje, plis likid, epi li bezwen plis èd nan men manm fanmi l yo ak nan men w.

2 breastfeeding babies lying on pillows at the mother's side.
2 bon pozisyon pou bay marasa tete.
2 breastfeeding babies lying on pillows in the mother's lap.
MW Ch16 Page 292-1.png


Bebe ki twò piti ak bebe ki fèt anv anlè

Pifò bebe ki twò piti ak bebe ki fèt anvan lè bezwen lèt manman. Si bebe a twò fèb pou l pran tete, manman an ka tire lèt la alamen epi bay bebe a lèt la nan yon goblè oswa ak yon kiyè jiskaske bebe a gen ase fòs pou l pran tete. Gade pou jwenn plis enfòmasyon sou kòman pou pran swen bebe ki twò piti.

MW Ch16 Page 292-2.png

Bay bebe tete pandan gwosès

Se pa yon danje si yon fi kontinye bay pitit li tete pandan l ansent, oswa si l bay yon bebe ki fèk fèt avèk yon pitit ki pi gran tete anmenmtan. Manman an dwe manje plis manje toujou, epi li dwe repoze anpil.

Li dwe toujou bay bebe ki fèk fèt la manje anvan timoun ki pi gran an.

MW Ch16 Page 292-3.png

Lè manman an malad

Jeneralman, li pi bon pou yon manman kontinye bay tete menm lè l malad. Pou evite maladi a vin pi grav, manman an ka:

  • Bwè anpil likid.
  • Kouche pandan l ap bay tete.


Fanmi ak zanmi ka ede manman an ak travay nan kay la pou l ka repoze.

Medikaman

Si sa posib, manman k ap bay tete pa dwe pran dwòg oswa medikaman. Men, gen manman ki malad ki dwe pran medikaman. Manman sa yo dwe pran medikaman ki san danje pou moun k ap bay tete yo.

the word WARNING! above a drawing of a breastfeeding woman.
Medikaman sa a danjere pandan w ap bay tete.

Pifò remèd ki nan liv sa a, yon fi ka pran yo san danje pandan l ap bay tete. Kèk landan yo ki danjere gen siy sa a bò kote yo nan paj vèt yo nan liv sa a.

VIH/SIDA

Manman k ap bay tete dwe pwoteje tèt yo pou yo pa trape jèm VIH/SIDA.

Gen manman ki gen VIH/SIDA ki pase maladi a bay bebe a nan lèt tete a. Gen lòt manman ki gen VIH ki bay pitit yo tete san bebe a pa trape maladi a.

a health worker speaking to a pregnant woman outside a tent.
Ou gen yon desizyon ki difisil pou w pran.

Pa gen moun ki konnen egzakteman kòman fè gen bebe ki trape jèm nan tandiske gen lòt ki pa trape l. Li pi fasil pou VIH/SIDA pase pandan bebe a ap tete nan ka sa yo:

  • Manman an fèk trape maladi VIH la.
  • Maladi SIDA a aji anpil sou manman an.
  • Manman an bay bebe a lòt lèt ak lòt likid nan peryòd alètman an.
  • Pwent tete manman an blese oswa li fè yon enfeksyon nan tete.
  • Bebe a gen chank nan bouch.


Pou pifò manman, menm manman ki gen VIH, alètman se pi bon mwayen pou bay bebe a manje. Se paske, anpil kote, lèt yo vann ak lòt lèt yo lakòz anpil bebe malad oswa yo mouri ak dyare oswa ak grangou. Gen plis bebe ki mouri nan bwè lèt achte pase sa ki malad oubyen ki mouri akoz VIH yo trape pandan yo t ap tete.

Si yon manman ki gen VIH chwazi pou l bay bebe l la tete, men kèk bagay ki ka redui danje a:

MW Ch16 Page 293-2.png
Pou pwent tete a pa blese, ede bebe a ouvri bouch li byen laj lè l ap pran tete a.
  • Bay bebe a tete sèlman pandan 6 premye mwa yo. Bebe ki bwè lèt tete epi ki bwè lèt nan bwat, te, oswa lòt manje ak lòt likid gen plis chans pou yo enfekte ak jèm VIH/SIDA pase timoun ki pran lèt tete sèlman. Nenpòt lòt likid oswa lòt manje ap deranje trip bebe a.
  • Konplètman sispann bay bebe a tete apre 6 mwa.
  • Mete bebe a tete nan bon pozisyon pou evite pwent tete a blese.
  • San pèdi tan, trete tout maladi chank, pwent tete ki blese, ak enfeksyon nan tete.
  • Pa bay bebe a tete si tete a gen enfeksyon oswa absè. Olye pou w ba li l, tire lèt la jete.


Yon fi k ap pran medikaman pou trete VIH/SIDA gen mwens chans pou l pase maladi a bay bebe a pandan l ap ba l tete.

Chofe lèt manman an pou anpeche bebe a trape VIH/SIDA
Lèt tete a ka chofe jiskaske l preske bouyi pou touye jèm VIH la. Si lèt la chofe, bebe a pap trape VIH. Sa mande travay pou w chofe lèt manman an, men sa ka fèt si l gen dlo pwòp, dife, epi si l jwenn asistans.


Kòman pou chofe lèt manman an

1. Mete yon bokal lèt tete nan yon chodyè dlo. Lèt tete pa dwe bouyi.
2. Kite dlo a bouyi.
3. Retire chodyè dlo a sou dife a tousuit apre l fin bouyi. Lè lèt la fin chofe, bebe dwe bwè l nan detwa èdtan.
4. Kite lèt la frèt, epi bay bebe a li nan yon goblè oswa nan yon bibwon.




Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024