Hesperian Health Guides

Lave epi esterilize zouti yo

Nan chapit sa:

Tout zouti ki sèvi nan yon akouchman, egzamen, oswa pwosedi dwe lavi epi esterilize. Lavaj ak esterilizasyon zouti yo detwi mikwòb yo. Sa pwoteje medam yo kont maladi.

1. Mete zouti w yo tranpe

Zouti ki fin sèvi dwe tranpe pandan omwen 20 minit nan yon melanj klowòks.

2. Lave zouti w yo

MW Ch5 Page 59-1.png
Lave tout salte ki sou zouti w yo avèk anpil atansyon.

Tout zouti ak ekipman w itilize nan yon akouchman oswa lòt pwosedi dwe lave. Lave yo byen apre chak akouchman; sèvi ak bwòs pou w retire tout kras san oswa salte ki nan fant oswa ki nan kwen zouti yo. Foubi tout kote ki wouye, epi jete tout zouti ki pa file oswa ki gen domaj. Pou w pwoteje tèt ou, mete gan ki pwès pandan w ap lave zouti yo.

Apre tout bagay fin lave, tout zouti ki konn sèvi anndan kò moun dwe esterilize pou touye mikwòb yos.

3. Esterilize zouti w yo

“Esterilize” vle di detwi tout mikwòb ki sou yon bagay. Si zouti w yo esterilize, yo pap simaye mikwòb bay medam w ap pran swen yo pandan w ap itilize yo. Sa ap pwoteje medam yo kont enfeksyon.

Ou dwe esterilize tout bagay ki pral antre anndan kò yon fi, ki pral sèvi pou koupe po l, oswa ki pral sèvi pou koupe kòd lonbrik la apre akouchman an.

MW Ch5 Page 60-1.png

Esterilize bagay sa yo:

  • sereng ak zegui (piki)
  • sizo oswa jilèt ki pral koupe kòd lonbrik la
  • materyèl pou koud dechiri
  • klanps oswa emostat
  • gan
  • twal gaz
  • twal konprès
  • sereng ak aspiratè ki fèt pou ranmase glè
  • tib esterilè
  • espekilòm, nan kèk ka


Note sa: Ou pa oblije esterilize zouti ki pral sèvi deyò kò moun. Estetoskòp, santimèt, ak aparèy pou pran tansyon dwe rete pwòp men yo pa bezwen esterilize.


MW Ch5 Page 60-2.png

Lè w esterilize yon zouti, mikwòb ki sou li yo mouri, konsa w ka itilize l san danje. Men, si zouti a touche ak nenpòt ki bagay (tankou kabann nan, tab la, oswa ou menm!), li pa esterilize ankò. Mikwòb ki te sou bagay li touche a rete sou zouti a, e mikwòb sa yo ka lakòz enfeksyon lè w sèvi ak zouti a.

Nan paj apre yo nou eksplike 5 diferan fason pou w esterilize zouti: fou, presto, bouyi, vapè, ak pwodui chimik. Se fou a ak presto a ki pi bon paske yo detwi pifò mikwòb. Si w pa ka sèvi ak youn nan 2 metòd sa yo, ou mèt itilize lòt metòd yo: bouyi, vapè, oswa pwodui chimik. Itilize metòd ki pi bon pou ou a.

MW Ch5 Page 61-1.png

Mete nan fou

Itilize fou pou esterilize zouti metalik epi fil ki pral mare kòd lonbrik la. Pa mete zouti kawoutchou oswa zouti plastik nan fou, paske y ap fonn.

Kite pake a rafredi, apre sa sere l yon kote ki pwòp e ki pa mouye.

Presto

MW Ch5 Page 61-3.png

Sèvi avèk presto pou esterilize zouti metalik, zouti ki fèt ak kawoutchou, oswa ekipman plastik.

Gen klinik ak lopital ki gen yon machin espesyal pou esterilize ki rele otoklav. Yon otoklav se yon machin ki sèvi avèk presyon ak vapè pou esterilize enstriman. Si w gen yon presto ou ka esterilize zouti w yo menm jan ak yon otoklav.

Apre zouti yo fin esterilize, kite yo seche. Pa manyen yo, osinon yo pap esterilize ankò.

MW Ch5 Page 62-1.png

Sèvi avèk pens, pikèt bwa, oswa kiyè ki esterilize pou retire zouti yo nan chodyè a. Mete yo dirèkteman nan yon veso ki esterilize. Sonje, si zouti a touche nenpòt ki bagay, menmsi se men w, li pa esterilize ankò.

MW Ch5 Page 62-2.png

Kite zouti yo seche nan veso esterilize a. Kouvri veso a avèk yon twal oswa avèk yon papye ki esterilize pou pousyè pa antre.

Lè zouti yo fin sèch, mete kouvèti a sou veso a epi fèmen l byen di avèk adezif oswa ak kèk lòt materyèl pou evite mikwòb antre ladan yo.

Bouyi

Pou esterilize yo, bouyi zouti ki fèt ak metal oubyen ak kawoutchou, ekipman plastik (takou sereng pou rale glè), avèk twal.

Sèvi avèk pens, pikèt bwa, oswa kiyè ki esterilize pou retire zouti yo nan chodyè a. Mete yo dirèkteman nan yon veso ki esterilize. Sonje, nenpòt sa w manyen pap esterilize ankò.

Vapè

Sèvi ak chodyè/bonm vapè pou esterilize zouti metalik, gan, ekipman plastik, ak lot zouti.

Yon chodyè/bonm vapè gen 3 pati ki kole byen sere youn ak lòt: yon chodyè/bonm anba pou mete dlo a bouyi, yon chodyè/bonm nan mitan ki gen twou anba l, epi yon kouvèti.


MW Ch5 Page 63-1.png

Tann zouti yo sèch, apre sa sèvi avèk pens esterilize pou w retire zouti yo nan chodyè a pou mete yo nan yon veso esterilize, epi fèmen veso a byen sere.

Metòd vapè a itilize mwens dlo pase metòd bouyi a, epi zouti ki esterilize nan chodyè vapè a pa ni deranje ni kase vit tankou sa ki bouyi yo.

Yon metòd peyi Filipin
MW Ch5 Page 63-2.png

Misyon Medikal Mè nan peyi Filipin (Les Soeurs Des Mission Medicale des Phillipines) te develope yon metòd vapè pou esterilize zouti:

  1. Mete zouti pwòp yo nan yon kabare metalik.

  2. MW Ch5 Page 63-3.png
  3. Mete kabare a nan yon kaswòl.
  4. MW Ch5 Page 63-4.png
    Niwo dlo


  5. Mete dlo nan kaswòl la jiskaske dlo a rive nan mwatye kabare a.
  6. MW Ch5 Page 63-5.png


  7. Kouvri kaswòl la avèk 8 kouch fèy bannann vèt ki byen pwòp. Mare fèy yo byen sere avèk fil fèy bannann oswa fil kòs bwa. Pandan w ap fè sa, fè atansyon w pa jete dlo anndan kabare a.

  8. MW Ch5 Page 63-6.png
  9. Mete yon ti dife anba kaswòl la epi kite l bouyi pandan 1 èdtan.

  10. MW Ch5 Page 63-7.png
  11. Jete premye kouch fèy bannann yo. Ou ka itilize youn nan kouch nan mitan yo pou w depoze enstriman yo.

I tilize pw odui chim ik

MW Ch5 Page 63-8.png

Gen moun ki itilize pwodui chimik pou esterilize zouti ak ekipman ki fèt an metal, an kawoutchou, oswa an plastik. Nou pa rekòmande pou moun esterilize ak pwodui chimik.

Pifò pwodui chimik moun itilize pou esterilize zouti gen pwazon ladan yo. Yo anpwazone ni tè a ni dlo lè yo jete yo apre. Yo se pwazon pou moun k ap travay nan faktori ki prepare yo, e yo se pwazon pou moun ki itilize yo pou lave zouti.

Sepandan, gen zouti se sèlman pwodui chimik ki ka esterilize yo. Tèmomèt ak kèk kalite gan pa ka ni pase nan fou, ni bouyi, ni yo pa ka pran vap

Si w oblije itilize pwodui chimik:

Oswa  Si w pa gen klowòks, sèvi avèk youn nan pwodui chimik sa yo:

  • Etanòl (alkòl medikal) 70%
  • Alkòl izopwopil 70%
  • Pewoksid idwojèn 6%:


Oswa  Si w pa ka jwenn okenn nan pwodui chimik sa yo, ou mèt sèvi avèk:

  • Bwason alkòl ki byen fò tankou “rhum”, “whisky”, oswa lòt bwason w ka jwenn nan zòn nan.


Asire w tout zouti w yo byen pwòp anvan w esterilize yo avèk pwodui chimik. Menm yon ti kras san oubyen lòt likid ki rete sou zouti a ka anpeche pwodui chimik la gen efè. Pa sèvi ak pwodui chimik pou esterilize zouti ki prale anndan matris la.

Si w itilize pwodui chimik, pa kite yo touche ak po w, epi mete gan pandan w ap itilize yo. Pran anpil prekosyon lè w ap jete yo. Ou ka oblije jete klowòks oswa lòt pwodui nan yon latrin pou w ka sèten timoun oubyen bet pap bwè yo.

Kote pou w sere zouti ak ekipman

MW Ch5 Page 64-2.png

Gen akouchman kote w ap gen kont tan w pou w esterilize zouti ak ekipman w yo lakay manman an. Men, gen lòt akouchman kote w pap gen tan. Se poutèt sa, fè efò pou w esterilize zouti w yo ak ekipman w yo lakay ou, epi mete yo nan yon veso ki esterilize ansanm avèk lòt materyèl akouchman w yo. Li pi bon pou w mete yo nan yon bwat metalik oswa bonm ki gen yon bouchon byen sere. Itilize nenpòt nan metòd nou sot pale yo pou w ka esterilize yon veso ak zouti w pral itilize pou w kenbe e deplase zouti w yo. Pa touche anndan veso a.

Si w pa ka jwenn yon veso konsa, vlope zouti ak ekipman yo nan 4 kouch twal oswa papye pwès anvan w esterilize yo. Apre sa, kenbe zouti esterilize yo double jiskaske w pral sèvi avè yo. (Ou ka itilize twal oswa papye pwès pou double zouti sèlman si w ap esterilize yo nan fou.)

Sonje sa: mikwòb renmen imidite, e y ap tounen ankò si w sere zouti yo tou mouye. Men, si w pral itilize zouti yo tousuit, se pa yon pwoblèm si w fè sa pandan yo tou mouye. Mikwòb pran tan pou yo develope.

Ekipman ki bezwen sweb espesyal

Pake esterilize
a glove in a well-sealed packet.
a glove in a torn packet.
twou
kote ki chire
Gan sa a esterilize. Gan sa a pa esterilize.

Twal gaz, konprès, gan, ak kèk lòt ekipman konn vini nan pake esterilize. Piske anndan pake a esterilize tou, ou mèt sèvi ak ekipman an san pwoblèm kou w fin retire l nan pake a. Men, sonje sa: depi w fin retire yon bagay nan pake esterilize a epi w sèvi avè l, oswa si pake a mouye, oswa si l gen twou, ekipman an pa esterilize ankò.

Nòmalman, bagay ki vini nan pake esterilize fèt pou sèvi yon sèl fwa, apre sa pou w voye l jete. Men, gen kèk nan bagay sa yo ki ka sèvi ankò si yo lave byen pwòp epi yo esterilize chak fwa w pral sèvi avè yo. Ou ka bouyi gan oubyen pase yo nan vapè. Twal gaz ak konprès ka lave epi bouyi oswa pase nan fou.

Tèmomèt
MW Ch5 Page 65-3.png

Lave tèmomèt la avèk savon epi rense l nan dlo fre ki pwòp anvan epi apre w sèvi avè l. Pa itilize dlo cho paske sa ka kraze tèmomèt la.

Apre w fin lave l, li pi bon pou w mete tèmomèt la tranpe nan alkòl pandan 20 minit. Ou ka sèvi avèk etil, izopwopil, oswa etanòl (alkòl medikal). Pa itilize alkòl la yon dezyèm fwa. Rense tèmomèt la avèk dlo pwòp anvan w itilize l ankò.

Jilèt
Ht MW Ch5 Page 65-1.png

Souvan, jilèt ki fèt pou koupe kòd lonbrik vini nan yon pake ki esterilize. Pou pake a ka rete esterilize, double l nan twal oubyen papye ki pwòp, oswa mete l nan yon bwat ki pwòp. Si pake a mouye oswa li sal, ou pap ka ititlize jilèt la san danje ankò sof si w esterilize l ankò.

Fè efò pou w pa itilize jilèt yon dezyèm fwa, men si w oblije fè sa, ou dwe esterilize l anvan. Ou ka itilize nenpòt nan metòd yo pou w esterilize yon jilèt.

Gan

Pifò gan plastik ka bouyi oswa pase nan vapè, men gen ladan yo k ap depafini nan dlo a. Chèche gan ki djanm ki ka bouyi epi ki ka itilize plizyè fwa.

MW Ch5 Page 66-1.png
Touche sèlman anndan gan yo

Anvan w bouyi gan yo oubyen pase yo nan vapè, vire pwayè a lanvè. Apre w fin esterilize yon gan, se pati anndan gan an pou w manyen. Si w manyen deyò gan an, li pap esterilize ankò.

Si gan w genyen yo pa ka bouyi, lave yo ak anpil prekosyon epi tranpe yo nan klowòks oswa nan alkòl medikal. Apre sa, rense yo nan dlo pwòp anvan w itlize yo ankò.

MW Ch5 Page 66-2.png
Tib ak sereng pou rale glè

Lè w lave yon tib/sereng ki sèvi pou rale glè, asire w ou plen l ak dlo savon epi prije l pou dlo a soti. Fè sa plizyè fwa. Apre sa, rense l byen.

Si w ap bouyi tib/sereng pou rale glè a pou w esterilize l, asire w dlo a antre anndan tib la depi anvan li kòmanse bouyi epi prije l pou dlo a soti.

Zegui

Gen anpil moun ki pran maladi grav tankou epatit oswa VIH/SIDA paske yo sèvi ak zegui ki pa esterilize.

Sereng ki ka resèvi ak sereng ki pa ka resèvi
Gen sereng ki fèt pou resèvi plizyè e plizyè fwa. Sereng sa yo lakòz mwens dechè epi yo pèmèt nou depanse mwens lajan, men yo dwe lave ak anpil prekosyon epi yo dwe esterilize apre yo fin sèvi.

Ki jan pou lave epi esterilize sereng ak zegui ki pral resèvi

MW Ch5 Page 66-3.png
  1. Mete yon gan pwès pou w ka pwoteje tèt ou kont mikwòb.
  2. Rale melanj klowòks 5% ak zegui a pou l antre nan tib sereng nan.
  3. Pouse melanj klowòks la soti nan zegui a.
  4. Refè sa plizyè fwa. Rense tout bagay plizyè fwa avèk dlo pwòp.
  5. Demonte sereng nan ak zegui a epi bouyi yo oswa pase yo nan vapè.

Gen lòt sereng ki fèt pou w jete l apre w fin itilize l yon sèl fwa. Gen nan sereng sa yo ki ka demonte, bouyi oswa pase nan vapè, epi resèvi plizyè fwa. Men nou pa rekòmande sa, paske sereng ki pa esterilize byen ka simaye maladi.

Pa janm resèvi ak yon zegui oswa ak yon sereng san w pa lave epi esterilize l anvan!

Sonje sa:

MW Ch5 Page 67-1.png
MW Ch5 Page 67-2.png
MW Ch5 Page 67-3.png
Si w retire yon sereng nan dlo bouyi a… … epi w mete l nan poch ou… … li pa esterilize ankò. Okontrè, li danjere!


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024