Hesperian Health Guides

Kalite medikaman

Nan chapit sa:

Gen plizyè kalite medikaman ki enskri nan liv sa a: anibyotik, remèd ki pou kalme doulè, ki pou rete reyaksyon alèji oubyen ki pou rete senyen an, epi remèd ki pou trete preeklanmsi. Nan paj ki vin aprè yo, w ap jwenn enfòmasyon sou chak medikaman an patikilye. Gen yon seri medikaman ki merite yon esplikasyon espesyal.

Antibyotik

Nou sèvi ak antibyotik pou konbat enfeksyon bakteri (yon kalite mikwòb) ban nou. Antibyotik ki sanble youn ak lòt, nou di yo soti nan menm fanmi an.

Antibyotik ki soti nan menm fanmi ka byen trete menm pwoblèm nan. Si nou pa jwenn antibyotik n ap chèche a, nou gendwa sèvi ak yon lòt nan menm fanmi an.

Lè yon moun fè alèji ak yon medikaman, li fasil pou l fè alèji ak yon lòt medikaman ki soti nan menm fanmi an. Li dwe evite pran tout medikaman ki nan fanmi sa a.

MW Greenpages Page 470-5.png

Antibyotik ak fanmi yo

Fanmi penisilin: amoxicilline, ampicilline, benzathine pénicilline, benzylpénicilline, dicloxacilline, pénicilline procaïne (amoksisilin, anpisilin, benzatin penisilin, benzilpenisilin, dikloksasilin, penisilin pwokayin) ak lòt ankò

Penisilin yo bon pou trete anpil kalite enfeksyon. Yo pa fasil bay pwoblèm, epi fi ki gwo vant ak fi k ap bay tete gendwa pran yo san danje. Ou jwenn yo fasil, yo pa koute chè, epi ou ka pran yo nan bouch oubyen nan piki. Men, domaj plizyè moun fè alèji ak penisilin. Moun gentan sèvi twòp ak penisilin, epi gen mikwòb ki rive kenbe tèt ak penisilin yo.

MW Greenpages Page 471-1.png

Fanmi makwolid: Macrolides: azithromycine, érythromycine, (azitwomisin, eritwomisin) ak lòt ankò

Eritwomisin bon pou trete menm enfeksyon ki trete ak penisilin e doksisiklin yo. Fi ki gwo vant oubyen k ap bay tete, moun ki fè alèji ak penisilin, yo gendwa pran l san danje. Azitwomisin pi chè epi ou ka mal pou jwenn li, men li pa gen efè segondè menm jan ak eritwomisin, epi moun pa oblije pran l 4 fwa pa jou tankou eritwomisin.

Fanmi Tetrasiklin: Tétracyclines: doxycycline, tétracycline (doksisiklin, tetrasiklin)

Tetrasiklin ak doksisiklin ka trete divès kalite enfeksyon. Antibyotik sa yo pa koute chè, epi ou ka jwenn yo toupatou. Fi ki gwo vant, fi k ap bay tete, ak timoun ki poko gen 8 ane pa dwe pran ni tetrasiklin, ni doksisiklin.

Fanmi Silfa (silfonamid) : Sulfas (sulfonamides): sulfaméthoxazole (silfametoksazòl, ki nan cotrimoxazole), sulfisoxazole (silfisoksazòl)

Medikaman sa yo ka konbat divès kalite enfeksyon. Yo pa koute chè, epi nou ka jwenn yo toupatou. Fi ki gwo vant gendwa pran yo, men l ap pi bon si yo pran lòt kalite antibyotik. Moun fasil fè alèji ak yo. Epitou, gen mikwòb ki rive kenbe tèt ak yo.

Fanmi Aminoglikosid (Aminoglycosides) : gentamicine, streptomycine (jantamisin, estreptomisin) ak lòt ankò. Se yon seri antibyotik ki bay bon rezilta, epi ki fò anpil. Men pifò ladan yo gen efè segondè ki grav, epi se sèl nan piki nou ka pran yo. Sèvi ak yo sèlman pou trete enfeksyon ki grav lè nou pa ka jwenn lòt antibyotik. Si sa posib, fanm ansent ak fanm k ap bay tete dwe sèvi ak yon lòt kalite antibyotik.

Fanmi Sefalospor in (Céphalosporines) : céfixime, céftriaxone, céphalexine (sefiksim, seftriyaksòn, sefaleksin) ak lòt ankò.

Se yon fanmi antibyotik ki fò anpil. Antibyotik sa yo ka trete anpil enfeksyon kote mikwòb yo te rive kenbe tèt ak ansyen antibyotik yo. Yo pa bay pwoblèm ak efè segondè menm jan ak ansyen antibyotik. Men tou, yo koute chè epi moun mal pou jwenn yo. Fanm ansent ak fanm k ap bay tete ka sèvi avè yo san danje.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024