Hesperian Health Guides

Pale avèk manman an

Nan chapit sa:

MW Ch8 Page 109-1.png

Kòmanse konsiltasyon an avèk yon senp konvèsasyon. Mande l kòman l santi l, epi kòman gwosès la ye. Chèche konnen si l gen bagay ki ba l pwoblèm, oswa si l gen kesyon.

Obsève sante li an jeneral


Manman an sanble li an sante epi kè l kontan, pandan w ap gade l, w ap tande.

Manman an sanble li pa an sante epi kè l pa kontan, pandan w ap gade l, w ap tande l.

MW Ch8 Page 110-1.png

Pandan w ap pale ak manman an, obsève tout sa w kabab sou kondisyon sante li. Pa egzanp:

  • Èske li gen anpil enèji, oubyen èske li fatige e kò l pa bon?
  • Èske li ka fè mouvman san pwoblèm, oubyen èske kò l rèd e li fè mouvman dousman?
  • Èske li panse e pale san pwoblèm, oubyen èske lespri li bouye?
  • Èske po kò li nòmal, oubyen èske li gen maleng ak gratèl?
  • Èske sanble kè l kontan, oubyen èske li tris?


Si manman an sanble li pa an sante, ba l plis swen, menmsi w pa konnen ki pwoblèm li genyen egzakteman. Si w remake li gen yon bagay ki pa mache byen, se pou w pran sa oserye, epi fè l sonje pou l di w sa tousuit si li santi l ap vin pi mal. Li ka bezwen ale kay doktè.

Mande l si l gen noze oubyen si l vomi


Manman an pa gen noze epi li pa vomi, oswa li gen ti noze pandan premye 3 a 4 mwa gwosès yo.


  • Manman an vomi anpil; menm dlo pa vle ret nan vant li.
  • Manman an fè pipi toupiti sèman, oswa li pa ka pipi, oubyen pipi a fonse anpil.
  • Manman an gen sèlman 1 kilo (2 liv) pwa anplis pa mwa apre 3 premye mwa yo.


Gen anpil fi ki gen noze nan premye 3 a 4 mwa gwosès yo. Pa vrèman gen danje nan sa. Sepandan, si fi a ap vomi anpil, si li santi l twò malad pou l manje, oswa si li pa ka menm kenbe dlo san l pa vomi, l ap gen pwoblèm. Li menm ak bebe a ka vin mal nouri. Petèt noze a montre gen yon lòt bagay ki pa mache.

Si noze a pa twò rèd e se nan kòmansman gwosès la, gade nan Chaptit 6 pou w ka jwenn kèk remèd pou w bay manman an. Si remèd sa yo pa fè efè, oswa si vomi an toujou rèd anpil, chèche konsèy medikal. Gen medikaman ki ka ede kalme lestomak li pou l ka manje.

Si manman an gen dyare (ki likid) oswa lòt siy maladi ansanm ak vomisman an, chèche konsèy medikal. Yo dwe egzamine l pou wè si l fè enfeksyon, malarya, ilsè lestomak, ak parazit (tankou vè ak lòt tibèt ki konn nan trip moun).

Si manman an gen parazit men yo pa ba l gwo pwoblèm, li ka pi bon pou l ret tann li fin akouche anvan l pran medikaman. Gen kèk medikaman pou parazit ki pa bon pou bebe a, sitou pandan 3 premye mwa gwosès yo. Men, si parazit yo bay gwo maladi epi si kò fi a pa ka pran gwosè jan l dwe fè sa, oswa si l gen lòt siy maladi, chèche konsèy medikal.

MW Ch8 Page 111-1.png

Si likid pa ka rete nan vant manman an epi si li pa ka pipi, fè l wè doktè san pèdi tan. Li ka gentan dezidrate (kò l sèch), e sa trè danjere. L ap bezwen sewòm (likid yo bay nan venn) ak medikaman. Si w konnen ki jan pou w bay sewòm, kòmanse ba li l pandan nou sou wout pou n al kay doktè a.

Si gen lòt moun nan kominote a ki gen menm pwoblèm noze ak vomisman ak dyare a, kapab gen yon pwoblèm nan dlo moun ap bwè nan zòn nan. Nan ka sa a, sa pap ede l pou l pran medikaman pou parazit si l ap tounen pran menm parazit sa yo ankò nan move dlo l ap bwè a. Si dlo a pa bon pou moun bwè, fi a dwe bwè l sèlman lè l fin bouyi l oswa lè l fin fè manje avè l. Gade liv ki rele Kote Fanm Pa Jwenn Doktè pou wè kòman w ka trete dlo byen fasil.

Mande l si l santi feblès


Manman an gen anpil enèji.

Manman an santi feblès oswa li fatige toutan, sitou apre 4yèm mwa gwosès la.

MW Ch8 Page 111-2.png

Se toutafè nòmal pou yon fanm ansent anvi dòmi toutan pandan 3 premye mwa yo ak nan dènye 4 a 5 semèn gwosès yo. Men, pandan tout lòt lè gwosès la, li ta dwe gen anpil enèji.

Si yon fanm ansent santi li fèb oswa fatige pandan anpil tan, li ka gen youn oswa kèk nan pwoblèm sa yo:


Ede l chèche konnen ki sa ki ba l feblès la. Yon fi ki soufri ak feblès gen plis chans pou l gen pwoblèm lè l gen tranche ak lè l ap akouche a. Epitou, bebe a gen plis chans pou l malad.

Mande l si vajen l konn senyen



  • Pa gen san.
MW Ch8 Page 112-1.png
  • Gen ti tras san toupiti ki dire kèk jou pandan premye mwa gwosès yo, men pa gen lakranp.
  • Gen yon ti glè k ap soti nan vajen an ki woz oswa ki gen yon ti san, 2 ou 3 jou anvan tranche a kòmanse. Glè sa a rele plòg glè a.



  • San koule menm jan ak lè l te konn gen règ li, nenpòt ki lè pandan gwosès la.
  • San koule ansanm ak doulè, nenpòt ki lè pandan gwosès la.
  • San koule san doulè, pandan 2yèm mwatye gwosès la (sa ka vle di plasenta a desann twò ba).
San ak lakranp nan premye 6 mwa yo

Si manman an ap senyen epi li gen lakranp, gendwa se yon foskouch l ap fè. Si san an vini toupiti, li pa oblije sa a.

Chèche èd kay doktè si:

  • San an koule menm jan ak lè l te konn gen règ, oswa li pi fò toujou.
  • Manman an gen plis pase 3 mwa ansent.
  • Manman an gen fyèv.
  • Vajen l gen move sant oubyen l ap fè l mal.


GadeChapit 22 a pou aprann kòman w ka ede yon fi ki fin fè yon foskouch.

a woman's womb, showing the placenta at the bottom, under the baby's head.
Plasenta a twò ba
Plasenta a kouvri kòl matris la
Plasenta a twò ba

San ki pa vini ak doulè, sitou nan 2yèm mwatye gwosès la, ka vle di plasenta a kouvri (oswa prèske fin kouvri) kòl matris la olye pou l rete nan plas li nan tèt matris la. Lè sa a yo konn di plansenta a twò ba. Lè kòl matris la kòmanse ouvri nan fen gwosès la, bò matris la ki te kole ak plasenta a pa gen pwoteksyon ankò. Se tankou yon maleng ki ouvè. San manman an pase nan plasenta a epi l soti nan vajen an. Sa trè danjere. Manman an ak tout pitit la ka mouri.

Pinga w janm fè yon egzamen vajinal pou yon fi ki gen pwoblèm plasenta twò ba a. Gade si l pa nan eta chòk, epi mennen l kay doktè tousuit!

Mande l si li gen doulè ki pa nòmal nan vant, nan do, oswa nan janm


Pa gen doulè nan vant, nan do, oswa nan janm. Oubyen, gen ti doulè nòmal ki fè l yon tijan malalèz, tankou:


MW Ch8 Page 113-1.png


Si mannman an gen youn nan doulè sa yo, se kapab yon pwoblèm grav:

  • Lakranp oswa doulè nan vant pandan 6 premye mwa yo ki kontinye ap vin pi fò oubyen ki regilye, se kapab kòmansman yon foskouch.
  • Doulè nan yon janm ki pa janm pase kapab se san ki kaye nan janm nan.
  • Doulè san rete anba vant lan ki vire sou kote pou ale nan do a, oswa doulè nan do ki pa ka kalme menm apre repo, masaj, oswa egzèsis. Se kapab yon enfeksyon nan vesi oswa nan ren ki fè sa, sitou si mannman an gen fyèv.
  • Nenpòt doulè nan vant ansanm ak fyèv ka vle di gen yon enfeksyon nan matris la.
  • Doulè nan vant ki pa janm pase nan fen gwosès la ka vle di plasenta a ap dekole anndan matris la.
  • Doulè rèd san rete nan vant lan oswa sou kote vant lan nan premye 3 mwa yo ka vle di bebe a ap grandi nan yon twonp. (Gade pi ba a.)
Doulè san rete nan kòmansman gwosès la (gwosès nan twonp)

Doulè nan vant san rete pandan 3 premye mwa gwosès yo ka vle di bebe a kole yon move kote.

Nòmalman, bebe grandi nan matris la, kote yo dwe ye. Men, yon lè konsa, li ka kòmanse grandi nan tib ki rele twonp lan, ki konekte ovè a ak matris la. Yo rele sa yon gwosès nan twonp, e li trè danjere.

MW Ch8 Page 113-2.png
Gwosès nan twonp
Matris
Yon gwosès nan twonp pral fè twonp lan pete epi senyen.
MW Ch8 Page 113-3.png

Okòmansman, twonp lan jis detire. Men, pandan bebe a ap grandi, manman an ka santi yon ti boul k ap fè l mal sou kote l. Apre sa, anvan li gen 3 mwa ansent, twonp lan pete epi li kòmanse senyen. Souvan, san sa a rete pa anndan an, kote pèsonn pa ka wè l, men li ka touye manman an. Si w sispèk pitit la ap grandi nan twonp lan, mennen fi a lopital san pèdi tan! Gade si l pa nan eta chòk.

a woman's womb with blood in it that covers the baby's head.
plasenta a dekole
Plasenta a dekole sou matris la
san
Doulè ak san nan dènye lè gwosès la (plasenta a dekole) (detached placenta)

Doulè nan vant pandan detwa mwa anvan akouchman an ka vle di plasenta a dekole ak matris la. Yo rele sa plasenta dekole. Lè sa a, fi a ka gen anpil san k ap koule anndan l. Lè matris la chaje ak san, li ka vin di. Se yon bagay ki danjere anpil, ni manman an ni pitit la ka mouri. Voye l lopital menm kote a! Gade si l pa nan eta chòk.


Note sa: Yon fanm ansent ka gen yon doulè nan vant san sa pa gen okenn rapò ak gwosès la. Doulè a ka soti nan maladi ki rele apenndisit (enfeksyon nan yon pati nan trip yo ak fyèv, doulè sou bò kote dwat vant la, epi mank apeti), parazit (avèk noze ak dyare), oswa ilsè lestomak (pafwa avèk vomisman ak poupou ki nwa e ki pwès). Si w remake manman an gen youn nan pwoblèm sa yo, chèche konsèy medikal.

Mande l si l mal pou l pran souf (respire)


Ti pwoblèm pou l pran souf se yon bagay ki nòmal, sitou lè jou akouchman an prèske rive.

Si li vrèman mal pou l pran souf, se yon move siy, sitou si l gen lòt siy maladi tou.

a woman thinking while she breathes out and holds her chest.
Pafwa m tèlman gen pwoblèm pou m pran souf.

Gen anpil fi ki gen ti pwoblèm pou yo pran souf lè yo gen 8 a 9 mwa ansent. Se paske lè bebe a kòmanse gwo, li peze sou poumon yo epi sa vin fè gen mwens espas pou l respire. Li ka vin pi fasil pou manman an pran souf lè bebe a glise desann pi ba nan vant lan tousuit anvan tranche a kòmanse.

Men lòt bagay ki ka bay pwoblèm respirasyon:

  • Alèji
  • Anemi
  • Pwoblèm kè
  • Tibèkiloz (TB, yon maladi nan poumon ki kontagèz)
  • As (Opresyon)
  • Enfeksyon nan poumon
  • San kaye nan poumon


Si se toutan manman an mal pou l pran souf, oubyen si l te gen gwo pwoblèm pou l pran souf, menmsi se yon sèl fwa, oswa si w panse li gen nenpòt nan maladi ki pi wo yo, chèche konsèy medikal.

Chèche wè si li fè dyabèt (maladi sik)



Si yon fi gen kèk nan siy sa yo, li ka dyabetik. Fi ki dyabetik pa oblije gen tout siy sa yo. Men, plis siy fi a bay, gen plis chans pou se dyabèt li fè:

MW Ch8 Page 115-1.png
  • Li te fè dyabèt lè l te ansent lòt pitit.
  • Youn nan lòt pitit li yo te fèt twò gwo (plis pase 4 kilo oswa 9 liv), oswa lòt pitit te fèt tou malad, oswa yo te mouri san moun pa konnen poukisa.
  • Li twò gra.
  • Li swaf toutan.
  • Li gen enfenksyon chanpiyon chak lè.
  • Lè l blese, sa pran tan pou l geri.
  • Li fè pipi pi souvan pase lòt fanm ansent.
  • Matris li twò gwo pou kantite mwa li genyen depi l ansent lan.


Lè yon fi fè dyabèt, kò li pa ka itilize sik li gen nan san l. Gen yon egzamen san yo fè pou wè si yon moun dyabetik. Mande depatman sante a oswa dispansè nan zòn nan si yo ka fè egzamen an pou li. Pi bon lè pou yo fè egzamen an se apre 6 mwa (24 semèn) gwosès.


Ki jan pou ede yon fi ki dyabetik

Dyabèt ka fè yon fanm ansent malad anpil epi li ka fè akouchman an gen gwo pwoblèm.

Bebe a ka twò gwo, li ka fèt tou domaje, oswa li ka vin malad anpil epi li mouri apre l fin fèt. Souvan, yon fi ki fè dyabèt ka amelyore pandan gwosès la si l manje kòrèkteman epi li fè egzèsis. Pafwa se medikaman pou l pran pou pwoblèm nan pa vin twò grav.

Si w panse yon fi fè dyabèt, li dwe al kay doktè. Li sipoze fè pitit la nan yon lopital. Li dwe manje yon varyete bagay ki bon pou sante a, evite sirèt ak sik, epi manje yon ki kantite manje tanzantan.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou dyabèt, gade liv ki rele Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè oswa yon lòt liv medikal.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024