Hesperian Health Guides

Chapit 9: Preparasyon pou tranche ak akouchman

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 9: Preparasyon pou tranche ak akouchman

Nan chapit sa:

Prepare w pou akouchman an depi w wè siy ki endike manman an pral kòmanse gen tranche talè konsa.

Siy ki endike tranche a pral kòmanse

Pa gen fason pou w fin sèten ki lè yon fi pral kòmanse gen tranche, men gen kèk siy ki montre li pral kòmanse anvan lontan.

Nan kèk semèn anvan akouchman an, pitit la ka desann pi ba nan vant lan, manman an ka santi plis kontraksyon, oubyen manman an ka santi l yon jan diferan. Gen lòt siy ki ka parèt youn oswa 2 jou anvan tranche a kòmanse. Poupou manman an fè a ka yon ti jan diferan, oswa glè ki gen tras san ka soti nan vajen l. Pafwa, li pase likid.

2 women, 1 with a baby high up in the womb, just under her breasts, and another whose baby has dropped lower.

Pitit la desann pi ba nan vant la

Anpil fwa, bebe a desann pi ba nan vant manman l lan apeprè 2 semèn anvan akouchman an. Sepandan, si manman an te fè pitit deja, pitit sa a ka pa desann pi ba jiskaske tranche a kòmanse.

Kontraksyon yo ap vini pi fò epi pi souvan

Pandan tranche a, matris la ratresi epi li vin pi di. Yo rele sa kontraksyon paske matris la kontrakte, li vin sere.


Pou w ka konprann pi byen ki jan kontraksyon fèt, reflechi sou sa k pase lè w tòde dlo nan yon twal. Twal la sere epi li vin byen di. Se menm jan an matris la fè kontraksyon pandan tranche a. Ou ka wè l ap tòde tankou nan foto a.
MW Ch9 Page 149-2.png
a woman thinking while she watches and feels her belly.
Li mòl.
MW Ch9 Page 149-4.png
Li vin di!

Gen 2 kalite kontraksyon: fo kontraksyon ak kontraksyon tranche. Fo kontraksyon fèt pandan tout gwosès la. Yo fèt anwo vant lan, yo pa twò fò e yo fèt yon lè konsa. Anpil fi pa menm santi yo. Fo kontraksyon ka kòmanse epi sispann plizyè fwa. Anpil fwa yo sispann lè fi a chanje aktivite li t ap fè a. Pa egzanp, si manman an t ap mache lè kontraksyon yo kòmanse, yo ka sispann lè l chita.

Anpil fwa, fo kontraksyon ka vin pi fò epi pi souvan kèk jou anvan tranche a kòmanse.

Kontraksyon tranche kòmanse lè li prèske lè pou bebe a fèt. Yo fèt pi ba nan vant lan oswa nan do a pase fo kontraksyon yo, epi yo pi fò. Kontraksyon tranche kontinye vin pi fò e yo kapab fè mal anpil.

a man speaking to a pregnant woman who is sweeping the floor at night.
Li ta. Ba m fè sa pou w ka repoze w.

Manman an santi l yon jan diferan

Pafwa yon fi ka santi li pral gen tranche. Li ka santi li ay, li trè poze, epi li pi konsyan eta kò l. Oswa, li jis gen anvi rete lakay li pou l tann tranche a. Tout sansasyon sa yo se bagay nòmal.

Gen fi ki gen anvi netwaye epi ranje kay yo anvan tranche a kòmanse. Se yon anvi ki nòmal, men se pa lè pou fi a ap travay twò di. Tranche a ka kòmanse nenpòt ki lè, e li bezwen rete ak tout fòs li sou li. Fanmi l ka ede l fè travay sa yo pou li menm li ka repoze.

Poupou a diferan

Anpil manman fè poupou ki pi likid (dyare) lè yo pral gen tranche. Sa pèmèt kò a pran yon lavman pou fi a ka pi alez pandan tranche a ak akouchman an.

Glè nan vajen

a baby in the womb when labor is near
matris
kòl matris
vajen

Pandan prèske tout gwosès la, gen yon ti twou nan kòl matris la ki bouche ak yon glè.

Detwa jou anvan tranche a, kòl matris la kòmanse ouvri. Pafwa, lè sa a glè a konn soti nan vajen an avèk yon ti kras san.

MW Ch9 Page 150-3.png

Glè a ka soti yon sèl kou, konsa tou li ka degoute pandan plizyè jou. Lè w wè sa, ou mèt konnen kòl matris la ap vin pi fen, pi mòl, epi li kòmanse ouvri. Tranche a ka kòmanse nan youn oswa 2 jou.

Fè atansyon pou w pa konfonn glè a avèk lòt pèt ki konn koule sot nan vajen an anviwon 2 semèn anvan tranche a. Likid sa a konn yon glè ki pi klè, e li pa gen san ladan l.

Li pase likid

MW Ch9 Page 151-1.png

Lè fi a pase likid, anpil dlo ka soti toudenkou oswa li ka degoute tou dousman. Pi souvan, fi a pase likid lè l gen tranche. Si l pase likid anvan tranche a, konnen tranche a pral kòmanse nan kèk èdtan.

Si tranche a pa kòmanse nan 6 èdtan apre li fin pase likid, gen chans pou l fè enfeksyon. Plis tan ki pase apre li fin pase likid, gen plis chans pou l fè enfeksyon. Ou ka chwazi fè yon bagay pou ensite tranche a . Si 24 èdtan (yon jou ak yon nuit) pase apre li fin pase likid epi tranche a poko kòmanse, mennen l lopital.

Si w oblije ale byen lwen pou w jwenn èd medikal, ou dwe deplase pi bonè.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024