Hesperian Health Guides

Chapit 17: Planin

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 17: Planin

Nan chapit sa:

MW Ch17 Page 299-1.png

Planin vle di planifye ki kantite pitit ou vle fè, ak lè w vle fè yo. Gen anpil metòd, ni metòd tradisyonèl, ni metòd modèn, moun ka itilize pou fè planin. Yo konn rele metòd planin yo kontrasepsyon/kontraseptif tou.

Poukisa yon koup ka vle sèvi ak planin?

  • Pou yo ka fini ak edikasyon yo oswa pou yo ka gentan ap travay anvan yo fè pitit.
  • Pou pèmèt gen detwa ane ant yon timoun ak yon lòt.
  • Pou yo ka fè sèlman kantite pitit yo santi yo ka pran swen nan domèn materyèl.
  • Pou evite yon gwosès danjere, pa egzanp si fi a gen yon maladi oswa si l gen mwens pase 17 an epi basen l poko fin byen fòme.


Fè pitit pa ta dwe danjere, men, nan zòn kote fi yo pòv, yo pa byen manje, epi yo pa gen aksè ak bonjan swen sante, anpil fi mouri poutèt yo pèdi anpil san oswa paske akouchman yo gen konplikasyon. Yon fi ka vle limite kantite fwa li ansent pou l ka pwoteje tèt li.

Tout fi gen dwa pou yo deside si yo vle fè pitit epi konbyen pitit yo vle fè. Sepandan, anpil fi gen difikilte pou yo fè chwa sa a. Fanmsaj ka ede medam yo gen plis chwa fason sa yo:

  • Lè yo aprann plis sou zafè planin epi yo pataje enfòmasyon sa yo.
  • Lè yo travay ak lòt moun pou bay koup yo plis chwa sou metòd planin.
  • Lè yo travay ak kominote a pou plis gason ka patisipe nan zafè planin nan.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024