Hesperian Health Guides

Chapit 4: Ede medam yo rete an bon sante

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 4: Ede medam yo rete an bon sante

Nan chapit sa:

Yon fi ki byen manje epi ki byen pran swen kò l gen plis chans pou l rete an bon sante pandan gwosès la, epi pou pitit la fèt an bon sante. Anfèt, fason pou rete an sante yo site nan chapit sa a ka ede medam yo ak manm fanmi yo rete an sante pandan tout lavi yo.
<div id="Byen manje"</div>

Byen manje

Byen manje vle di manje ase manje epi manje plizyè varyete bon manje.

MW Ch4 Page 33-1.png
Byen manje ede manman an ak pitit li a gen fòs ak bon sante.

Byen manje:

  • Ede fi a reziste kont maladi pou l ka rete an sante.
  • Fè dan ak zo fi a rete solid.
  • Bay fi a fòs pou l travay.
  • Fè bebe a byen devlope nan matris manman l.
  • Anpeche fi a pèdi twòp san pandan akouchman an.
  • Ede manman an repran fòs li byen vit apre akouchman an.

Pwoblèm malnitrisyon lakòz (lè yon moun pa byen manje)

MW Ch4 Page 33-2.png

Malnitrisyon ka lakòz fatig, feblès, difikilte pou konbat enfeksyon, ak anpil lòt gwo pwoblèm sante.

Malnitrisyon pi danjere toujou pandan gwosès. Li ka lakòz fi a fè foskouch, pitit la ka fèt twò piti, oubyen li ka fèt tou domaje. Anplis, gen plis chans pou pitit la oswa manman an mouri pandan oubyen apre akouchman an.

Pale ak medam yo konsènan manje

Pale ak medam yo konsènan sa yo manje. Tank yo kòmanse manje bagay ki bon pou sante yo pi bonè, se tank yo gen plis chans pou yo gen bon sante, pou yo fè kouch nòmal, epi pou bebe yo an sante.

2 women speaking to each other.
M manje kasav chak jou, epi souvan m manje pwason, oswa pwa ak zonyon ak tomat. Apre sa mwen bwè yon kola.
Sa bon, wi! Kasav bay enèji. Pwa ak pwason bay fòs. Men, w ap jwenn plis vitamin si w manje legim ki gen koulè vèt, epi si w bwè ji natirèl olye de kola.

Pou w ka konnen si yon fi byen manje, mande l ki sa l manje, e ki kantite l manje. Pa egzanp: “Ki sa w te manje yè?” Asire w ou di l ki sa li manje ki bon pou sante l. Ansuit, ba li konsèy sou ki jan l ka manje pi byen.

Menmsi yon fi konnen ki manje ki pi bon pou sante l, li gendwa pa manje yo. Anpil fanmi pa gen mwayen pou yo achte ase manje ni pou yo achte plizyè varyete manje. Gen lòt fi ki gendwa senpleman pa renmen gou kèk manje. Pou ede yon fi manje pi byen, konseye l achte bonjan manje li gen posiblite achte, manje l ap renmen.

Manje plis

Fanm ansent ak fi k ap bay timoun tete bezwen manje plis pase sa yo te abitye manje a. Kantite yo manje anplis la ba yo ase fòs ak enèji, epi li ede pitit la devlope.

Gen kèk fanm ansent ki konn gen noze, sa lakòz yo pa vle manje. Sepandan, fanm ansent bezwen manje ase, menm lè yo pa santi yo byen. Manje senp tankou ti pen plat, kasav, oswa diri ka pi fasil pou medam sa yo manje.

Manje plizyè varyete manje

examples of the kinds of foods listed below, including flour, rice, milk, yogurt, fish, beans, oil, fruits, and vegetables.
Pou kò w ka pi an sante, manje plizyè varyete manje.

Li enpòtan pou fanm ansent (menm jan ak tout moun) manje plizyè kalite manje: manje de baz (glisid), manje ki fè moun grandi (pwoteyin), fwi ak legim (vitamin ak mineral), epi grès, luil, ak sik, san wete anpil likid.

Manje de baz (glisid)

Pifò kote sou tè a, moun manje yon manje de baz chak repa. Manje de baz sa a ka diri, mayi, ble, pitimi, manyòk, malanga, bannann, lamveritab, oswa lòt kalite manje ki gen lamidon e ki pa koute chè. Manje sa yo bay kò a enèji. Men, pou kò a devlope epi pou l ret an sante, li bezwen lòt kalite manje tou.

Manje ki fè moun grandi (pwoteyin)

Manje ki fè moun grandi genyen pwoteyin, yon bagay ki enpòtan pou devlopman mis, zo, ak san ki gen fòs. Tout moun bezwen pwoteyin pou yo ka grandi epi pou yo an sante.

Kèk manje ki fè moun grandi ki gen anpil pwoteyin:

MW Ch4 Page 35-1.png
  • Pwa (tout kalite an jeneral)
  • Nwa ak lòt grenn (seryal)
  • Vyann, pwason, ak ensèk
  • Ze
  • Fwomaj, lèt, ak yogou

Note sa: Vyann, pwason, ak fwomaj se manje ki byen nouri kò a, men si yo pa byen kuit, yo ka gen parazit ak maladi. Fanm ansent dwe manje sèlman pwason ak vyann ki byen kuit, epi fwomaj ki byen pasterize. Pwason, sitou pwason ki gen anpil grès, ka genyen kuiv (“mercure”) ak lòt pwazon paske souvan dlo yo kontamine. Pou pridan, fanm ansent pa dwe manje pwason ki gen anpil grès.


MW Ch4 Page 35-2.png
Fwi ak legim (vitamin ak mineral)

Fwi ak legim gen vitamin ak mineral ki ede kò a konbat enfeksyon. Yo kenbe je yo, po a, ak zo yo an bon sante epi solid.

Kòm yo gen anpil vitamin ak mineral, li enpòtan pou medam yo manje anpil fwi ak legim diferan kalite otank yo kapab.

Sik ak grès

Sik ak grès konn bay kò a enèji. Tout moun bezwen manje sa yo pou yo ka gen bon sante.

Sèjousi, anpil moun manje plis sik ak grès pase sa kò yo bezwen. Se paske plis moun bwè kola ki byen sikre, oswa yo manje manje ki tou prepare olye yo fè manje lakay yo. Manje tou prepare sa yo ak bagay sikre yo koute chè epi yo pa bon pou sante a. Anplis de sa, yo pa bon pou dan. Li pi bon pou manje bagay natirèl ki bay enèji, olye de sa ki vini tou prepare.

MW Ch4 Page 35-3.png

Bon manje ki gen sik:

  • Fwi
  • Siwo myèl
  • Melas
Ht MW Ch4 Page 35-4.png

Manje ki gen anpil grès:

  • Nwa ak lòt grenn (sereyal)
  • Zaboka
  • Luil vejetal, bè, ak mantèg
  • Vyann ki gra

Manje 5 kalite vitamin ak mineral enpòtan sa yo chak jou

Fanm ansent ak fi k ap bay tete bezwen 5 vitamin ak mineral sa yo plis pase lòt moun: fè, asid folik, kalsyòm, yodin, ak vitamin A. Fanm ansent dwe fè sa yo kapab pou yo pran vitamin ak mineral sa yo chak jou paske pitit la bezwen yo pou l devlope epi pou l ka an sante. Chak fanm ansent bezwen yo, ni pou li menm, ni pou pitit la.

Fè ede san an rete an sante, epi li anpeche anemi (san fèb). Yon fanm ansent bezwen anpil fè pou l ka gen ase enèji, pou l pa pèdi twòp san pandan akouchman an, epi pou l asire pitit k ap devlope a gen bonjan san k ap gen fè l ap bezwen pandan kèk mwa apre l fin fèt.

Manje sa yo gen anpil fè:

  • vyann (sitou fwa, ren, ak lòt ògàn)
  • bèt volay
  • sotrèl, krikèt, ak poudbwa
  • pwason, paloud, zuit
  • ze
Ht MW Ch4 Page 36-1.png
  • diferan kalite pwa
  • grenn flè solèy, grenn joumou, ak grenn eskwach
  • fèy legim vèt fonse
  • lamveritab
  • patat
  • kouj
  • melas


Lòt bagay ki gen fè:

  • Lè w ap manje bagay ki gen fè, manje yo ansanm avèk fwi ki soti nan menm fanmi ak zoranj, chadèk, ak sitwon, oswa avèk tomat. Vitamin C ki nan fwi sa yo ede kò fi a absòbe fè a pi byen.
a hand squeezing a lemon into a glass containing an iron nail.
  • Fè manje nan chodyè ki fèt ak fè, oswa mete yon moso fè pwòp nan chodyè k ap fè manje a. Pa egzanp, yon grenn klou ki fet ak fe. Sèvi sèlman ak klou w konnen ki fèt ak bonjan fè, ki pa melanje ak lòt metal.
  • Mete yon moso fè tankou yon grenn klou nan yon ji sitwon pandan kèk èdtan. Apre sa, ajoute dlo pwòp epi bwè l.


Li ka difisil pou yon fanm ansent jwenn ase fè, menmsi li manje bagay ki rich an fè chak jou. Si posib, li dwe bwè konprime fè oswa siwo fè tou. Yo konn rele medikaman sa yo “ferrous sulfate”, “ferrous gluconate”, “ferrous fumerate”, oswa lòt kalite non.

Nan anpil zòn, sant sante yo konn bay fanm ansent yo konprime fè. Kèk fwa, grenn sa yo melanje ak asid folik. Medikaman ki gen fè ka lakòz fi a sere (konstipe), epi poupou a ka vin tou nwa. Pwoblèm sa yo dwe amelyore apre kèk jou.

Asid folik (folat)

Lè san manman an manke asid folik, sa ka lakòz manman an fè anemi epi pitit la ka fèt ak domaj grav (defòmasyon). Pou evite pwoblèm sa yo, li trèzenpòtan pou yon fi jwenn ase asid folik anvan l ansent epi pandan premye mwa gwosès yo.

Manje sa yo gen anpil asid folik:

  • fèy legim vèt fonse
  • vyann (sitou fwa, ren, ak lòt ògàn)
Ht MW Ch4 Page 37-1.png
  • pwa ak pwa tann
  • grenn flè solèy, grenn joumou, ak grenn eskwach
  • manje angren ki komplè (diri, ble)
  • pwason
  • ze
  • djondjon

Gen fi ki pran konprime asid folik.


Konprime asid folik
MW Ch4 Page 37-3.png
  • Bay 0.4 mg (400 mcg) asid folik,
nan bouch, 1 fwa pa jou

Ht MW Ch4 Page 37-3.png
Kalsyòm

Yon pitit k ap devlope bezwen anpil kalsyòm pou l kapab fome zo, sitou nan dènye mwa gwosès yo. Medam yo bezwen kalsyòm pou yo ka gen zo ak dan ki djanm.

Manje sa yo gen anpil kalsyòm:

  • lèt, lèt kaye, yogou, ak fwomaj
  • wowoli moulen (“tahini”)
  • zamann
  • fèy legim vèt
  • legim jòn (kouj, patat)
  • bèt lanmè ki nan kokiy, pwason kòf
  • lacho (sann kabòn)
  • farin zo ak po ze
hands scraping lime into a cooking pot.


Medam yo ka jwenn kalsyòm fason sa yo tou:

  • Tranpe zo oubyen po ze nan vinèg oswa nan ji sitwon pandan kèk èdtan. Apre sa, sèvi ak dlo a pou fè bouyon oswa manje l ak lòt bagay.
  • Lè w ap kuit zo, mete ji sitwon, vinèg, oswa tomat ladan l.
  • Moulen po ze a, fè l tounen poud fen, epi mete l nan manje.
  • Tranpe mayi moulen nan lacho (sann kabòn) anvan w kuit li.
Ht MW Ch4 Page 38-2.png
Yòd (“Iode”)

Yòd anpeche gwat (gwo kou), ak lòt pwoblèm adilt konn genyen. Yon fanm ansent ki pa gen ase yòd ka lakòz pitit la soufri ipotiwoyidi (kretinis; se yon maladi nan glann tiwoyid la), yon enfimite ki afekte devlopman sèvo bebe.

Fason ki pi fasil pou yon moun jwenn ase yòd, se pou l sèvi avèk sèl ki gen yòd ladan l, olye li sèvi ak sèl òdinè.

Manje sa yo gen anpil yòd:

Ht MW Ch4 Page 38-3.png
  • fwi lanmè nan kokiy / pwason kòf (pa egzanp chèvrèt)
  • pwason
  • alg (yon plant ki grandi nan lanmè)
  • jòn ze
  • fwa bèt


Si anpil moun nan zòn kote w ye a soufri ipotiwoyidi oswa maladi gwat, chèche konnen si ministè sante nan zòn nan ka bay luil ki gen yòd pou pran nan bouch oswa si yo ka bay piki yòd. Sinon, medam yo ka sèvi ak yòd polividòn (“polyvidone iode”) pou konpoze yon siwo yòd lakay yo.

Pou konpoze siwo yòd pou bwè

Mete 1 gout yòd Lugol nan yon vè dlo pwòp oswa yon vè lèt.

Ht MW Ch4 Page 38-4.png

Nan zòn ki gen anpil gwat oswa ipotiwoyidi, tout moun, sof tibebe ki nan tete, dwe bwè yon vè siwo yòd chak mwa toutotan y ap viv. Li sitou enpòtan pou timoun ak fanm ansent. Pa pran plis yòd ke sa. Twòp yòd ka danjere.

Konsève yòd nan yon tanperati nòmal anndan kay (pa ni twò cho ni twò frèt), nan yon veso ki nwa oswa ki fonse pou pwoteje l kont limyè.

Vitamin A
MW Ch4 Page 39-1.png

Vitamin A ede moun toujou wè byen leswa, epi li ede konbat enfeksyon. Timoun ki pa gen ase vitamin A ka vin avèg. Yon fi bezwen anpil vitamin A pandan l ansent epi pandan l ap bay tete.

Gen vitamin A nan fèy legim koulè vèt fonse ak koulè jòn fonse, epi fwi ki gen koulè jòn.

Pwennvi soukes yon manje a konn afekte sante medam yo

Gen kèk kwayans sou zafè manje ki danjere, sitou lè moun kwè gason dwe manje plis pase fi, oubyen fi yo pa bezwen manje plizyè varyete manje.

Li pa bon pou tif i manje mwens pase tigason

Tifi bezwen menm kantite manje ak tigason pou yo ka devlope, aprann, epi travay. Si yon tifi pa jwenn ase manje, zo l ka pa devlope byen. Sa ka lakòz pwoblèm grav lè tifi sa a vin yon fanm k ap fè pitit.

a man speaking to a woman as she serves food to him and a child.
Vin manje avè nou!
Lè yon fi oblije bay fanmi l manje anvan, li ka pa jwenn ase pou tèt pa l

Yo ka te aprann yon fi pou l bay fanmi l manje anvan li menm li manje. Li manje sèlman sa k rete a, e souvan li pa jwenn menm kantite ak rès fanmi an. Bagay sa a pa bon pou sante a. Epi, lè yon fi ansent oswa li fèk akouche, bagay sa a ka trè danjere.

Si fanmi an pa vle ede fi a manje ase, li ka oblije swa sere manje, swa manje pandan l ap fè manje a, swa manje pandan mari l la pa la.

Manje ki prepare lakay pi bon pase manje ki vini tou prepare

Dejou anjou moun ap manje plis manje ki vini tou prepare. Gen moun ki renmen gou yo, e gen lòt moun ki panse manje sa yo pi bon pou sante a.

Yo ka di manje ki tou prepare yo pi bon pou sante a nan reklam, men se pa vre! Moun k ap fè reklam yo ka di nenpòt sa yo vle pou pwodui a ka vann. Yo ajoute vitamin ak mineral nan kèk manje ki tou prepare, men kò nou pa ka byen pwofite vitamin atifisyèl sa yo menm jan yo pwofite vitamin natirèl nou jwenn nan bon kalite manje ki tou fre. Pifò manje ki tou prepare yo gen plis sik, sèl, ak grès pase sa kò nou bezwen. Epitou, anpil ladan yo gen pwodui chimik pou fè manje a gou e pou fè l parèt bèl, e gen nan pwodui chimik sa yo yo poko byen egzamine yo pou wè si yo pa danjere.

Li ka danjere pou refize sèten manje

Anpil kote yo di fanm ansent pa dwe manje tèl manje. Nan kominote sa yo, moun yo kwè manje sa yo ka domaje timoun nan vant. Anmenmtan, yon doktè oswa yon fanmsaj ka di fi a li enpòtan pou l manje menm manje sa yo. Sa ka lage medam yo nan konfizyon.

MW Ch4 Page 40-1.png

Refize sèten manje ka danjere anpil. Pou yon fi gen bon sante pandan e apre gwosès li, li dwe manje plizyè varyete manje: manje de baz, manje ki fè moun grandi, legim ak fwi, epi grès, luil, ak sik. Manje yon sèl kalite manje pa sifi.

Si yon fi chwazi pou l pa manje yon seri manje, li dwe asire l li manje yon pòsyon nan chak kategori manje epi li jwenn ase vitamin ak mineral nan manje l yo.

Chèche solisyon ki entèlijan

Kwayans yon moun genyen sou zafè manje a pap chanje fasil. Men, ou ka jwenn fason pou ankouraje medam yo manje pi byen san w pa pase kwayans yo anba pye. Ann pran yon egzanp ki te pase toutbon:

MW Ch4 Page 40-2.png

Maria se yon fanmsaj nan peyi Gwatemala. Li menm ak moun nan zòn nan kwè gen manje ki “cho” (pike), epi gen lòt ki “frèt” (pa pike). Yo kwè fanm ansent pa dwe manje manje ki “frèt”.


Pou yo menm, pwa ak ze se manje ki “frèt” (menm lè yo kuit). Men, Maria konnen pwa ak ze se yon bon fason ki pa koute chè pou fanm ansent jwenn pwoteyin ak fè yo bezwen.


Maria vle pou medam ki ansent yo byen manje, men li konnen yo pap vle manje bagay ki “frèt”. Menm Maria panse manje ki “frèt” ka pa bon pou fanm ansent. Li jwenn yon solisyon ki senp men ki entelijan. Li di fanm ansent yo pou yo ajoute yon ti piman pike nan pwa a oubyen ze a anvan yo manje yo, oswa pou yo melanje yo ak lòt manje ki “cho”. Konsa, manje sa yo pap “frèt” ankò.


Maria jwenn yon solisyon entèlijan pou pwoblèm nan. Li jwenn yon fason pou fanm ansent yo manje pi byen san l pa derespekte kwayans zòn nan.

Manje byen menmsi lajan an piti

a thin woman holding a baby next to 2 men arguing and a richer man thinking.
Fò m manje anvan.
Non, mwen manje anvan.
Egare. Nou youn pa gen sa m genyen.
Pwoblèm grandou ak mal nouri a pap rezoud jiskaske nou tout pataje youn ak lòt yon fason ki jis.

Pi gwo problem ki fè moun pa byen nouri se povrete. Moun rich k ap viv nan gran peyi ka achte nenpòt kalite manje yo vle, tandiske moun k ap viv nan zòn ki pòv yo pa kapab. Epi, nan chak zòn, gen moun ki gen plis mwayen pou yo byen nouri pase lòt. Pifò tè ak biznis yo nan men yon ti gwoup moun k ap fè lajan sou tèt lòt yo. Menm nan yon fanmi, papa a ka manje pi byen pase madanm li ak timoun yo.

Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou sa ki lakòz povrete ak fason pou nou travay pou ka gen chanjman, gade liv ki gen pou tit: Kote Ki Pa Gen Doktè epi Helping Health Workers Learn (Ede Pwofesyonèl Lasante Yo Aprann)

MW Ch4 Page 41-2.png

Menm yon fanmi ki pòv ka manje pi byen si yo depanse lajan yo avèk sajès. Olye yon papa achte tafya ak sigarèt, li ta ka achte manje ki ka byen nouri fanmi l, oswa li ka achte yon poul ki ka ponn ze. Olye yon manman achte sirèt oubyen kola bay timoun yo, li ta ka achte ze, pwa, ak lòt manje ki bon pou sante a ki pa koute chè.

Men kèk bon konsèy fanmi yo ka suiv pou yo manje pi byen menmsi lajan yo piti:

Lèt manman

Lèt manman gratis, men l gen tout sa yon tibebe bezwen pou l byen nouri. Timoun piti pa bezwen lèt nan bwat, sitou si yo nan tete toujou epi y ap manje lòt manje.

MW Ch4 Page 41-3.png
Plante pwa ane sa a. Plante mayi lòt ane.
Pwa, pwa tann, ak pwa lantiy

Tout kalite pwa gen anpil pwoteyin ak vitamin, e souvan yo pa koute twò chè. Yo menm gen plis vitamin si w kite yo kòmanse jèmen anvan w manje yo.

Plante pwa rann tè a rich. Tè ki te gen pwa pèmèt lòt kalite manje pwodui pi byen.

MW Ch4 Page 42-1.png
Vyann ak lòt pati nan bèt ki koute mwens

San bèt ak pati ògàn yo tankou fwa, kè, ak ren gen anpil fè epi yo ka pi bon mache pase lòt vyann yo. Pwason ak poul bon pou kò a menm jan ak lòt vyann yo, e pi souvan yo mwens chè, sitou pou fanmi ki fè lapèch oswa ki gade poul.

Ze gen anpil pwoteyin, fè, ak vitamin A. Ze gen plis pwoteyin pou mwens lajan pase prèske tout lòt kalite manje.

Manje angren ki konplè

Manje angren tankou ble, diri ak mayi pi byen nouri w lè yo pa rafine (trete) yo pou yo retire koulè a. Lè yo retire koulè yo, yo pèdi kèk eleman tou ki bon pou sante a. Pen blan ak diri blan gen mwens vitamin, mineral, ak pwoteyin pase pen konplè oswa diri konplè.

MW Ch4 Page 42-2.png
Itilize sèlman yon ti kantite dlo pou kuit legim.
Legim ak fwi

Lè legim nan bouyi oswa li kuit ak vapè, gen enpe vitamin ki pèdi nan dlo ki kuit li a. Sèvi ak dlo sa a pou fè bouyon.

a cassava plant.

Anpil fwa moun jete fèy ki sou deyò plant yo, men genyen yo ka manje yo. Fèy manyòk gen plis vitamin ak pwoteyin ke manyòk la menm.

Anpil fwi mawon rich an vitamin ak sik natirèl ki bay enèji.

Evite achte vitamin nan famasi

Pi souvan moun ka jwenn ase vitamin ak mineral lè yo manje plizyè varyete manje. Lè konsa achte vitamin nan famasi se lajan gaspiye.

Sepandan, lè fi yo ansent ak lè y ap bay tete, yo ka bezwen pran vitamin anplis, plis pase sa y ap jwenn nan manje. Konprime vitamin gen menm efè ak piki vitamin, epi yo koute mwens.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024